Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 14

Jewova bay yon “ranson pou anpil moun”

Jewova bay yon “ranson pou anpil moun”

1, 2. Ki jan Labib pale de sitiyasyon lèzòm, e ki jan yo ka chape anba sitiyasyon sa a?

“TOUT kreyasyon an kontinye ap plenn ansanm e yo kontinye ap soufri ansanm”. (Women 8:22.) Se konsa apot Pòl te pale de sitiyasyon malouk lèzòm twouve yo a. Lè yon moun ap gade sitiyasyon sa a, sanble pa gen okenn mwayen pou yon moun chape anba soufrans, peche ak lanmò. Men, Jewova pa tankou lèzòm ki gen limit (Nonb 23:19). Bondye jistis la ban nou yon mwayen pou nou soti nan sitiyasyon malouk nou ye a. Mwayen sa a se ranson an.

2 Ranson an se pi bèl kado Jewova bay limanite. Grasa ranson an, li posib pou nou vin libere anba peche ak lanmò (Efezyen 1:7). Se grasa ranson an nou gen esperans lavi ki pap janm fini an, kit se nan syèl la, kit se nan Paradi a sou tè a (Lik 23:43; Jan 3:16; 1 Pyè 1:4). Men, ki sa ranson an ye menm? Ki sa li aprann nou konsènan jistis Jewova a ki san parèy?

Poukisa yon ranson te nesesè?

3. a) Poukisa ranson an te nesesè? b) Poukisa Bondye pa t annik efase santans lanmò ki te sou do desandan Adan yo?

3 Se peche Adan an ki fè ranson an te vin nesesè. Lè Adan te dezobeyi Bondye, li te kite maladi, chagren, doulè ak lanmò pou desandan l yo (Jenèz 2:17; Women 8:20). Bondye pa t ap ka nan kè sansib pou desandan Adan yo epi annik efase santans lanmò ki te sou do yo a. Si l te fè sa, li t ap vyole pwòp lwa pa l ki fè konnen: “Sa yon moun jwenn pou peche l fè se lanmò.” ​(Women 6:23). Si Jewova te vyole pwòp prensip li mete sou pye nan domèn jistis, dezòd ak enjistis t ap gaye nan tout linivè.

4, 5. a) Kòman Satan te pale Bondye mal, e poukisa Jewova te oblije leve defi Satan te ba li a? b) Ki akizasyon Satan te lage sou do sèvitè fidèl Jewova yo?

Jan nou te wè sa nan chapit 12 la, rebelyon ki te fèt nan jaden Edenn nan te lakòz moun poze kesyon ki pi enpòtan toujou. Satan te sal repitasyon Bondye. Anfèt, li te lage akizasyon sou do Jewova, kòmkwa Jewova bay manti e li se yon diktatè ki mechan anpil ki anpeche kreyati l yo fè sa yo vle (Jenèz 3:1-5). Lefètke Satan sanble anpeche Jewova reyalize objektif li genyen pou l fè tè a vin plen ak moun ki dwat, li lage akizasyon sou do Jewova tou, kòmkwa Jewova pa ka reyalize objektif li (Jenèz 1:28; Izayi 55:10, 11). Si Jewova pa t leve defi Satan te ba li a, anpil nan kreyati entèlijan li yo, sa vle di moun ak zanj, pa t ap gen konfyans nan li antanke dirijan jan yo ta dwe fè sa.

5 Anplis de sa, Satan te pale sèvitè fidèl Jewova yo mal, li te akize yo, kòmkwa se enterè egoyis ki fè y ap sèvi Jewova e, si yo ta anba eprèv, okenn nan yo pa t ap rete fidèl devan Jewova (Jòb 1:9-11). Rezoud kesyon sa yo pi enpòtan lontan pase rezoud sitiyasyon difisil lèzòm ap viv ladan l lan. Jewova te oblije reponn akizasyon Satan lage sou do l la, kòmkwa li se yon moun ki bay manti. Men, ki jan Bondye t apral reponn kesyon sa yo e anmenmtan pou l delivre limanite?

Yon ranson egalego

6. Ki ekspresyon Labib itilize pou l pale de mwayen Bondye te itilize pou l sove limanite a?

6 Fason Jewova te anvizaje reponn kesyon sa yo montre jan Jewova gen anpil mizèrikòd lakay li e jan li se yon Bondye ki jis. Yon moun pa t ap janm ka rive anvizaje rezoud kesyon sa yo jan Jewova te fè l la. Sepandan, solisyon an te vrèman senp. Labib pale de solisyon sa a kòm rachte yo rachte yon bagay, yon sakrifis ki rekonsilye nou ak Bondye, yon padon nou jwenn pou peche nou (Sòm 49:8; Dànyèl 9:24; Galat 3:13; Kolosyen 1:20; Ebre 2:17). Men, mo ki pi byen esplike jan Bondye te anvizaje reponn kesyon yo se mo Jezi li menm te itilize a. Men sa Jezi te di: “Pitit lòm nan pa t vini pou moun sèvi l, men li te vini pou l sèvi moun e pou l bay nanm li kòm ranson [grèk: litwon] pou anpil moun.” — Matye 20:28.

7, 8. a) Ki sa mo “ranson” an vle di nan Ekriti yo? b) Esplike nan ki sans yon ranson dwe egalego.

7 Ki sa ranson an ye? Mo grèk litwon an soti nan yon vèb ki vle di “lage” oswa “libere”. Yo te konn itilize mo sa a pou yo pale de lajan yo te konn peye pou libere yon moun yo te fè prizonye nan lagè. Jeneralman, ranson an se te yon lajan yon moun te peye pou l ka rejwenn yon bagay li te genyen. Nan liv yo te ekri ann ebre yo, mo lè yo tradui l yo mete “ranson” pou li a (kofè) soti nan yon vèb ki vle di “kouvri”. Pa egzanp, Bondye te di Noye li dwe “kouvri” ​(yon mo ki soti nan mo kofè a) lach la ak goudwon (Jenèz 6:14). Sa ede nou konprann ranson an gen ladan l tou ide kouvri peche. — Sòm 65:3.

8 Gen yon diksyonè (Theological Dictionary of the New Testament) ki fè konnen mo sa a (kofè) se yon mo ki “toujou gen sans egalego”. Pa egzanp, kouvèti lach alyans lan te gen menm fòm ak lach alyans lan, e konsa li te kouvri l nèt. Menm jan an tou, pou libere moun anba peche oswa pou kouvri peche moun, gen yon pri yo dwe peye ki koresponn ak tout domaj peche moun lakòz oswa ki kouvri tout domaj peche lakòz. Men kòmandman Bondye te bay nan Lwa li te bay pèp Izrayèl la: “Se vi pou vi, je pou je, dan pou dan, men pou men, pye pou pye.” — Detewonòm 19:21.

9. Poukisa moun ki gen lafwa nan Bondye yo te konn ofri l bèt kòm sakrifis, e ki jan Jewova te konsidere sakrifis sa yo?

9 Depi Abèl, moun ki te gen lafwa nan Bondye yo te konn ofri Bondye bèt kòm sakrifis. Konsa, yo te montre yo konnen se pechè yo ye e yo bezwen padon pou peche yo. Yo te montre tou yo gen konfyans nan pwomès Bondye te fè pou l delivre limanite pa mwayen yon “desandans”. (Jenèz 3:15; 4:1-4; Levitik 17:11; Ebre 11:4.) Jewova te aksepte sakrifis moun sa yo te konn ba li e li te gen bon relasyon ak yo. Sepandan, sakrifis bèt yo te montre gen yon sakrifis ki pi enpòtan toujou ki te gen pou fèt. Annefè, sakrifis bèt yo pa t ka kouvri peche lèzòm yo paske bèt pa gen menm valè ak moun (Sòm 8:4-8). Se sa k fè Labib fè konnen “li pa posib pou san towo bèf ak san kabrit retire peche”. (Ebre 10:1-4.) Sakrifis sa yo te reprezante sakrifis ranson ki t ap gen pou fèt pi devan an.

“Yon ranson egalego”

10. a) Moun ki t ap gen pou sèvi kòm ranson an t ap gen pou l egal ak ki moun, e poukisa? b) Poukisa li te nesesè pou se sèlman yon moun ki te ofri lavi l an sakrifis?

10 Men sa apot Pòl te fè konnen: “Nan Adan tout moun mouri.” ​(1 Korentyen 15:22). Donk, pou ranson an te gen valè, sa te mande pou yon moun egzakteman menm jan ak Adan mouri, sa vle di yon moun ki pafè oswa ki san defo mouri (Women 5:14). Pa gen okenn lòt kreyati Bondye te kreye ki te ka fè ekilib nan balans jistis Bondye a, sa vle di ki te ka egalego ak Adan. Se sèlman yon moun pafè, yon moun ki pa t anba kondanasyon peche Adan an, ki te ka ofri “yon ranson egalego”, yon ranson ki gen menm valè ak lavi pafè Adan te genyen an (1 Timote 2:6). Konsa, li pa t ap nesesè pou plizyè milyon moun mouri pou peye peche chak pitit Adan yo. Men sa apot Pòl te esplike: “Akoz yon sèl moun [Adan] peche antre nan monn nan, e akoz peche lanmò antre.” ​(Women 5:12). “Etandone se yon moun ki fè gen lanmò”, se ‘pa mwayen yon moun’ Bondye rachte limanite (1 Korentyen 15:21). Ki jan Bondye te rive fè sa?

“Yon ranson egalego.”

11. a) Nan ki sans moun ki t ap sèvi kòm ranson an t ap gen pou l “goute lanmò pou tout moun”? b) Poukisa Adan ak Èv pa ka benefisye ranson an? (Gade nòt anba paj la.)

11 Jewova te pran dispozisyon pou yon moun pafè bay lavi l an sakrifis, e moun sa a te dispoze fè sa. Men sa Women 6:23 fè nou sonje: “Sa yon moun jwenn pou peche l fè se lanmò.” Donk, moun ki t ap sèvi kòm ranson an t ap gen pou l “goute lanmò pou tout moun”, sa vle di li t ap gen pou l peye peche Adan an (Ebre 2:9; 2 Korentyen 5:21; 1 Pyè 2:24). Aksyon sa a t ap vle di anpil bagay pou lèzòm. Etandone ranson an t ap elimine santans lanmò a sou desandan Adan ki obeyisan yo, ranson an t ap elimine efè peche genyen sou nou *. — Women 5:16.

12. Bay yon egzanp ki montre, lefètke yon sèl moun peye yon dèt, sa ka pote byenfè pou anpil moun.

12 Ann pran yon egzanp: Imajine w ap viv nan yon vil kote pifò moun yo ap travay nan yon gwo faktori. Ou menm ak vwazen w yo t ap byen touche e nou t ap mennen yon bèl vi. Rive yon lè, yo fèmen faktori a. Sa k fè sa? Direktè faktori a te tonbe nan koripsyon e sa lakòz konpayi an fè fayit. Bridsoukou, ou menm ak vwazen w yo vin pèdi travay nou e nou vin pa ka rive peye dèt nou. Fanmi w ak fanmi vwazen w ansanm ak moun faktori a dwe lajan ap soufri akoz yon sèl moun te tonbe nan koripsyon. Èske gen yon fason pou yo soti nan sitiyasyon sa a? Wi! Gen yon moun ki chaje lajan ki deside fè yon bagay pou yo. Konpayi an gen anpil valè pou li. Mete sou sa, li vrèman gen konpasyon pou moun ki t ap travay yo e pou fanmi moun sa yo. Se sa k fè li pran dispozisyon pou l peye dèt konpayi an yon fason pou faktori a ka ouvri ankò. Lefètke li peye dèt konpayi an, sa soulaje plizyè moun k ap travay nan faktori a, sa soulaje fanmi yo ak moun konpayi an dwe lajan. Menm jan an tou, lefètke gen yon moun ki peye pou peche Adan an, sa pèmèt plizyè milyon moun jwenn byenfè.

Ki moun ki bay ranson an?

13, 14. a) Ki jan Jewova te bay ranson an pou limanite? b) Kiyès yo te peye ranson an, e poukisa sa te nesesè?

13 Se Jewova sèlman ki te ka bay “Timouton [...] k ap retire peche monn nan”. (Jan 1:29.) Men, Bondye pa t annik voye nenpòt zanj pou l sove limanite. Olye de sa, li te voye sèl moun ki te ka bay yon repons final ak akizasyon Satan te lage sou do sèvitè Jewova yo. Pa gen manti nan sa, se Jewova ki te fè pi gwo sakrifis la lè l te voye sèl Pitit li te fè a, “sila li te espesyalman atache avè l la”, vin mouri pou nou (Pwovèb 8:30). Pitit Bondye a te dakò “kite fòm li te genyen” nan syèl la, li te kite vi li t ap mennen nan syèl la (Filipyen 2:7). Jewova te fè yon mirak lè l te pran lavi sèl Pitit li te fè a, ki te nan syèl la avè l, epi li te mete l nan vant Mari pou Pitit sa a te fèt antanke yon moun pafè, sa vle di ki san peche (Lik 1:27, 35). Yo te vin rele Pitit sa a Jezi. Legalman, yo ka rele l dezyèm Adan an paske li te egalego ak Adan (1 Korentyen 15:45, 47). Konsa, Jezi te ka bay vi l kòm ranson pou peye peche limanite.

14 Ki moun yo t apral peye ranson an? Sòm 49:7 fè konnen se “Bondye” yo t apral peye ranson an. Men, èske se pa t Jewova ki te pran dispozisyon pou bay ranson an? Wi. Men, èske sa pa fè ranson an sanble ak yon senp aksyon ki fèt san reflechi, tankou lè yon moun pran yon lajan nan pòch li epi li mete l nan yon lòt pòch? Li bon pou nou konprann ranson an pa yon senp echanj, men li se yon aksyon ki ann amoni ak sa jistis Bondye mande. Lefètke Jewova te peye ranson an, byenke sa te koute l chè anpil, Jewova montre li toujou respekte pwòp lwa pafè li yo ki jis. — Jenèz 22:7, 8, 11-13; Ebre 11:17; Jak 1:17.

15. Poukisa li te nesesè pou Jezi soufri epi pou l mouri?

15 Nan prentan ane 33 epòk nou an, Jezi Kris te dakò soufri pou Bondye te ka peye ranson an. Pou rezon sa a, li te kite yo arete l apre yo te fin lage fo akizasyon sou do l. Li te kite yo deklare l koupab epi kloure l sou yon poto soufrans. Èske l te vrèman nesesè pou Jezi soufri konsa? Wi, paske te dwe gen yon repons final ki bay pou kesyon ki gen rapò ak fidelite sèvitè Bondye yo. Kòm nou konnen, Bondye pa t kite Ewòd touye Jezi lè Jezi te timoun (Matye 2:13-18). Men, lè Jezi te vin gran, li te kapab rete tennfas devan atak Satan t ap fè sou li yo, e li te byen konprann tout sa sa t ap mande pou l reponn akizasyon Satan yo *. Lefètke Jezi te yon moun ki te toujou “fidèl, ki inosan, ki san tach, ki pa tankou pechè yo”, malgre yo te maltrete l anpil, li te montre, yon fason san parèy, Jewova gen sèvitè l ki rete fidèl anba eprèv (Ebre 7:26). Donk, nou ka konprann rezon ki fè anvan Jezi te mouri, li te ka di avèk anpil fyète: “Sa reyalize!” — Jan 19:30.

L ap fin fè travay li antanke Moun k ap delivre nou

16, 17. a) Kòman Jezi te kontinye travay li antanke Moun k ap delivre nou? b) Poukisa li te nesesè pou Jezi parèt “pou nou devan Bondye”?

16 Jezi te gen pou l fin fè travay li antanke Moun k ap delivre nou. Sou twazyèm jou apre l te fin mouri, Jewova te leve l sot nan lanmò (Travay 3:15; 10:40). Gwo aksyon Jewova te fè a pa t sèlman rekonpanse Pitit Gason l lan pou fidelite l, men li te ba l posiblite pou l fin fè travay li antanke Moun k ap delivre nou kòm Gran Prèt (Women 1:4; 1 Korentyen 15:3-8). Men sa apot Pòl fè konnen: “Lè Kris te vini antanke gran prèt, [...] li pa t antre nan Trèsen an ak san kabrit, ni ak san jèn towo bèf, men se ak pwòp san pa l li te antre, yon fwa pou tout, e li te jwenn yon delivrans etènèl pou nou. Paske, Kris pa t antre nan yon Trèsen ki fèt ak men, ki se kopi sa ki vrè a. Men, se nan syèl la menm li te antre pou l parèt kounye a pou nou devan Bondye.” — Ebre 9:11, 12, 24.

17 Kris pa t ka pote san l nan syèl la (1 Korentyen 15:50). Donk, li te pote sa san l te reprezante a: valè legal lavi pafè li te genyen antanke imen an. Kidonk, lè l te parèt devan Bondye, li te prezante valè lavi pafè li te genyen an kòm ranson pou peche limanite. Èske Jewova te aksepte sakrifis sa a? Wi, e sa te parèt aklè nan Pannkòt ane 33 epòk nou an lè Jewova te vide lespri sen l sou 120 disip ki te reyini nan Jerizalèm (Travay 2:1-4). Byenke evènman sa a te estrawòdinè, sa k te rive a se te yon apèsi sou gwo byenfè ranson an pral fè nou jwenn pi devan.

Byenfè nou jwenn grasa ranson an

18, 19. a) Etandone san Jezi pèmèt moun rekonsilye ak Bondye, ki de gwoup ki jwenn byenfè nan sa? b) Bay kèk nan byenfè ranson an pèmèt moun k ap fè pati “gwo foul” la jwenn depi kounye a e bay kèk nan byenfè yo pral jwenn alavni.

18 Nan lèt apot Pòl te voye bay kretyen Kolòs yo, li te esplike yo Bondye te pran plezi rekonsilye tout bagay ak li pa mwayen Kris. Konsa, grasa san Jezi ki te koule sou poto soufrans lan, li rive fè lapè ak nou. Apot Pòl te esplike tou gen de gwoup moun ki rekonsilye ak Bondye: “bagay ki nan syèl la” ak “bagay ki sou tè a”. (Kolosyen 1:19, 20; Efezyen 1:10.) Premye gwoup lan gen ladan l 144 000 kretyen ki gen pou yo sèvi nan syèl la antanke prèt epi dirije sou tè a antanke wa ansanm ak Kris Jezi (Revelasyon 5:9, 10; 7:4; 14:1-3). Pa mwayen kretyen sa yo, tikras pa tikras, moun ki obeyisan yo pral jwenn byenfè ranson an ap pote, e sa pral fèt pandan mil an. — 1 Korentyen 15:24-26; Revelasyon 20:6; 21:3, 4.

19 “Bagay ki sou tè a” se moun ki gen esperans pou yo genyen yon lavi pafè nan Paradi sou tè a. Nan Revelasyon 7:9-17, yo pale de moun sa yo tankou “yon gwo foul moun” ki pral chape anba “gwo tribilasyon” ki gen pou vini an. Men, yo pa oblije tann jis lè moman sa a rive pou yo jwenn byenfè ranson an pote. Yo deja “lave wòb long yo, e yo blanchi yo nan san Timouton an”. Lefètke yo demontre lafwa nan ranson an, depi kounye a, yo resevwa byenfè espirityèl grasa dispozisyon sa a ki plen lanmou. Bondye deklare yo jis antanke zanmi l (Jak 2:23). Sou baz sakrifis Jezi a, yo ka “pwoche bò kote twòn favè san parèy la”. (Ebre 4:14-16.) Lè yo fè peche, Bondye ka padone peche yo toutbon (Efezyen 1:7). Byenke yo gen peche, yo gen yon konsyans ki pwòp (Ebre 9:9; 10:22; 1 Pyè 3:21). Konsa, pou yo menm, rekonsilye ak Bondye pa yon senp espwa yo genyen, men se yon bagay yo deja ap viv (2 Korentyen 5:19, 20). Pandan rèy mil an, tikras pa tikras, yo pral “libere anba esklavaj yon kò k ap depafini”, e finalman yo “pral gen libète pitit Bondye yo genyen an nan laglwa”. — Women 8:21.

20. Lè w reflechi sou ranson an, kòman sa touche w pèsonèlman?

20 “Mèsi Bondye grasa Jezi Kris” pou ranson an (Women 7:25)! Ranson an se yon bagay ki parèt senp, men lè nou byen egzamine l, sa fè nou gen lakrentif pou Bondye (Women 11:33). E lè nou pran tan pou nou reflechi sou ranson an, sa touche kè nou e sa fè nou pwoche pi pre Bondye jistis la. Menm jan ak salmis la, nou gen anpil rezon pou nou louwe Jewova antanke Bondye ki ‘renmen ladwati e ki renmen jistis’. — Sòm 33:5.

^ § 11 Adan ak Èv pap ka benefisye ranson an. Men yon prensip ki te nan Lalwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la konsènan yon moun ki te fè espre li touye yon lòt moun: “Nou pa dwe aksepte okenn ranson pou n sove lavi yon asasen ki merite lanmò.” ​(Nonb 35:31). Etandone se espre Adan ak Èv te fè lè yo te dezobeyi Bondye e yo te byen konnen sa yo t ap fè a, li klè yo te merite mouri. Konsa, yo te voye posiblite yo te genyen pou yo viv pou toutan jete.

^ § 15 Pou Jezi te ka efase efè peche Adan an genyen, li te dwe mouri, pa antanke yon timoun pafè, men antanke yon granmoun pafè. Pa bliye, se espre Adan te fè lè l te peche, li te byen konnen sa l t ap fè a ak sa k t ap tann li. Jezi te dwe byen reflechi sou desizyon li t ap pran pou l rete fidèl anvè Jewova, dekwa pou l kouvri peche nou e pou l te ka vin tounen “dènye Adan an”. (1 Korentyen 15:45, 47). Donk, tout lavi Jezi, sa gen ladan l sakrifis li te fè pou l te bay vi l pou nou, te tankou “yon sèl aksyon ki jis”. — Women 5:18, 19.