Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 16

“Fè sa ki jis” pandan n ap mache avèk Bondye

“Fè sa ki jis” pandan n ap mache avèk Bondye

1-3. a) Poukisa nou pap janm ka peye Jewova pou sa l fè pou nou? b) Ki sa Moun ki sove nou an, ki plen lanmou, mande pou nou fè?

IMAJINE W nan yon bato k ap koule. Lè w panse pa gen okenn espwa, se nan moman sa a ou wè yon moun vin pote w sekou. Se pa ti kontan ou t ap kontan lefètke moun sa a ede w soti nan bato sa a e li di w: “Ou pa bezwen pè, ou pa an danje ankò.” Èske w pa t ap santi w gen yon dèt anvè moun sa a? Nan yon sans, ou t ap santi ou dwe moun sa a lavi w.

2 Lè w byen gade, egzanp sa a montre sa Jewova te fè pou l ede nou. Vrèmanvre, nou pap janm ka peye Jewova pou sa l fè pou nou. Anfèt, se li menm ki ban nou ranson an, sa ki fè l vin posib pou nou sove anba peche ak lanmò. Toutotan nou demontre nou gen lafwa nan sakrifis sa a ki gen anpil valè, n ap santi nou an sekirite. Konsa, n ap jwenn padon pou peche nou e n ap gen bonjan rezon pou nou kwè n ap jwenn lavi ki pap janm fini an (1 Jan 1:7; 4:9). Jan nou te wè sa nan chapit 14 la, ranson an se kokennchenn demonstrasyon lanmou ak jistis Jewova gen lakay li. Ki sa sa ta dwe pouse nou fè?

3 Li bon pou nou egzamine sa Moun ki sove nou an, ki plen lanmou, mande nou pou nou fè. Men sa Jewova te di pa mwayen pwofèt Mika: “Li fè w konnen sa ki bon, ou menm, moun ki soti nan pousyè tè. E ki sa Jewova mande w anretou, èske se pa fè sa ki jis, renmen bonte epi mache yon fason modès avèk Bondye w la?” ​(Mika 6:8). Remake youn nan bagay Jewova mande pou nou fè se pou nou “fè sa ki jis”. Kòman nou ka fè sa li mande a?

Kontinye pratike “vrè jistis” la

4. Kòman nou fè konnen Jewova atann pou nou viv ann amoni ak prensip li yo ki jis?

4 Jewova atann pou nou viv selon prensip li yo ki fè nou konnen sa ki byen ak sa ki mal. Etandone prensip li yo jis, n ap montre nou kontinye pratike jistis lè nou viv ann amoni ak prensip sa yo. Men sa Pawòl Bondye a fè konnen: “Aprann fè sa ki byen, chèche konn sa ki jis.” ​(Izayi 1:17). Labib ankouraje nou pou nou ‘chèche jistis’. (Sefànya 2:3.) Anplis de sa, Labib ankouraje nou pou nou “abiye ak nouvo pèsonalite a ki te kreye selon volonte Bondye e ki konfòm ak sa vrè jistis” la ye (Efezyen 4:24). Vrè jistis la pa gen anyen pou wè ak vyolans, salte, ak imoralite paske jan de bagay sa yo dozado ak sa ki sen. — Sòm 11:5; Efezyen 5:3-5.

5, 6. a) Poukisa se pa yon chay sa ye pou nou konfòme nou ak prensip Jewova yo? b) Kòman Labib montre n ap toujou bezwen kontinye fè efò pou nou fè sa ki jis?

5 Èske se yon chay sa ye pou nou konfòme nou ak prensip Jewova yo ki jis? Non. Yon moun ki anvi pwoche bò kote Jewova pap wè sa Jewova mande l fè yo twò lou pou l fè. Lefètke nou renmen Bondye e nou renmen bèl kalite li genyen yo, nou vle viv yon fason k ap fè l plezi (1 Jan 5:3). Pa bliye, Jewova “vrèman renmen aksyon ki jis”. (Sòm 11:7.) Si nou vle imite jistis Bondye gen lakay li toutbonvre, nou dwe renmen sa Jewova renmen e rayi sa li rayi. — Sòm 97:10.

6 Li pa fasil pou moun enpafè toujou fè sa ki jis. Nou dwe retire ansyen pèsonalite a sou nou ansanm ak vye abitid li yo epi mete nouvo pèsonalite a sou nou. Labib fè konnen nouvo pèsonalite sa a ap “renouvle” grasa konesans egzak la (Kolosyen 3:9, 10). Ekspresyon “renouvle” a fè nou konprann n ap toujou bezwen abiye ak nouvo pèsonalite a, e se yon bagay ki mande pou nou kontinye fè anpil efò. Kèlkeswa efò nou fè pou nou fè sa ki dwat, gendelè, akoz enpèfeksyon nou gen lakay nou, nou bite nan panse nou oswa nan pawòl nou oswa nan aksyon nou. — Women 7:14-20; Jak 3:2.

7. Ki jan nou ta dwe wè erè nou yo ki ka dekouraje nou nan efò n ap fè pou nou fè sa ki jis?

7 Kòman nou ta dwe wè erè nou yo ki ka dekouraje nou nan efò n ap fè pou nou fè sa ki jis? Byennantandi, nou pa vle di peche se pa yon bagay ki grav. Sepandan, nou pa dwe bay legen, ni nou pa dwe panse feblès nou fè nou pa merite pou nou sèvi Jewova. Bondye nou an ki gen konpasyon pran dispozisyon pou li ede moun ki repanti ak tout kè yo yon fason pou yo ka jwenn favè l ankò. Reflechi sou bèl pawòl sa yo apot Jan te di: “M ap ekri nou bagay sa yo pou nou ka pa fè peche.” Men sa li te rekonèt apre sa: “Sepandan, si yon moun ta fè yon peche [akoz enpèfeksyon li gen nan li], nou gen yon èd bò kot Papa a, se Jezi Kris.” ​(1 Jan 2:1). Wi, Jewova te bay Jezi kòm ranson dekwa pou nou ka sèvi l malgre nou enpafè. Èske sa pa pouse w pou w fè tout sa w kapab pou w fè Jewova plezi?

Bon nouvèl la ak jistis Bondye gen lakay li

8, 9. Lefètke Jewova fè moun anonse bon nouvèl la, kòman sa montre li gen jistis lakay li?

8 Nou ka fè sa ki jis, sa vle di imite jistis Bondye gen lakay li, lè nou patisipe nan travay preche bon nouvèl Wayòm Bondye a avèk zèl. Ki rapò ki genyen ant jistis Jewova gen lakay li ak bon nouvèl la?

9 Jewova pap detwi vye sistèm sa a san li pa avèti moun yo anvan. Nan pwofesi Jezi te bay pou l te fè konnen sa k t apral rive nan tan lafen an, men sa l te di: “Fòk yo preche bon nouvèl la anvan nan tout nasyon.” ​(Mak 13:10; Matye 24:3). Mo “anvan” an fè nou konprann t apral gen lòt evènman ki t apral fèt apre yo fin preche bon nouvèl la sou tout tè a. Evènman sa yo gen ladan yo gwo tribilasyon Jezi te anonse a, e sa pral vle di Bondye pral detwi mechan yo yon fason pou l ka etabli monn nouvo jis li a (Matye 24:14, 21, 22). Se sèten, pa gen yon moun ki ka akize Jewova, kòmkwa li aji yon fason ki enjis ak mechan yo. Lefètke li ba yo avètisman, li ba yo posiblite pou yo chanje fason y ap viv, e konsa y ap gen posiblite chape anba destriksyon. — Yona 3:1-10.

Nou demontre nou imite jistis Bondye gen lakay li lè nou pataje bon nouvèl la ak lòt moun san paspouki.

10, 11. Lefètke nou patisipe nan travay preche bon nouvèl la, kòman nou imite jistis Bondye gen lakay li?

10 Lefètke nou preche bon nouvèl la, kòman nou imite jistis Bondye gen lakay li? Toudabò, nou dwe fè tout sa n kapab pou n ede lòt moun sove lavi yo. Annou retounen sou egzanp kote yon moun te vin sove w nan bato ki t ap koule a. Lè moun sa a fin pote w sekou e ou an sekirite nan yon ti bato, sandout, ou t ap vle ede lòt moun ki toujou nan dlo a. Menm jan an tou, nou dwe ede moun k ap goumen pou yo pa fè fon nan “dlo” sistèm mechan sa a. Se vre, anpil moun pa koute mesaj n ap preche a. Men, toutotan Jewova kontinye montre pasyans, nou gen responsablite pou nou bay moun yo posiblite pou yo “rive repanti”, e konsa y ap gen posiblite pou yo gen lavi. — 2 Pyè 3:9.

11 Piske nou preche tout moun bon nouvèl la, nou demontre jistis yon lòt fason ki enpòtan: nou montre nou pa nan patipri. Pa bliye “Bondye pa gen patipri. Nan tout nasyon, yon moun ki gen lakrentif pou li e k ap pratike sa ki jis, moun sa a fè l plezi”. (Travay 10:34, 35.) Si nou vle imite jistis Bondye gen lakay li, nou pa dwe gen prejije lakay nou. Okontrè, nou dwe pataje bon nouvèl la ak tout moun, kèlkeswa ras yo, pozisyon yo nan sosyete a oswa kantite lajan yo genyen. Konsa, nou bay tout moun ki dispoze koute posiblite pou yo tande bon nouvèl la e pou yo aksepte l. — Women 10:11-13.

Fason nou boule ak lòt moun

12, 13. a) Poukisa nou pa dwe kouri jije lòt moun? b) Ki sa konsèy Jezi te bay kote l te di “sispann jije” e “sispann kondane” a vle di? (Gade nòt anba paj la tou.)

12 Anplis de sa, nou ka demontre nou gen jistis lè nou boule ak lòt moun jan Jewova li menm boule avè yo. Se yon bagay ki fasil pou nou jije lòt moun lè nou kritike defo yo e nou mete mobil yo genyen an dout. Kiyès nan nou ki ta renmen pou Jewova ta egzamine mobil li ak feblès li yo, san l pa ta gen okenn pitye pou li? Se pa konsa Jewova boule avè n. Men sa yon salmis te fè konnen: “Si se te fot ou t ap chèche, o Ya, o Jewova, kiyès ki t ap ka kanpe?” ​(Sòm 130:3). Èske nou pa rekonesan lefètke Bondye nou an ki gen jistis ak mizèrikòd lakay li pa chwazi rete sou feblès nou yo (Sòm 103:8-10)? Ebyen, kòman nou menm nou ta dwe boule ak lòt moun?

13 Si nou montre nou rekonesan pou mizèrikòd Bondye jistis nou an gen lakay li, nou pap kouri jije lòt moun sou bagay ki pa konsène nou vrèman oswa sou bagay ki pa twò enpòtan. Men avètisman Jezi te bay nan Sèmon sou montay la: “Sispann jije dekwa pou yo pa jije nou.” ​(Matye 7:1). Selon Evanjil Lik la, men sa Jezi te di ankò: “Sispann kondane, e yo pa gendwa kondane nou.” * (Lik 6:37). Jezi te montre li rekonèt lèzòm enpafè gen tandans pou yo jije lòt moun. Nenpòt moun ki t ap koute l, ki te gen abitid jije lòt moun yon fason ki di, te dwe sispann jije lòt moun.

14. Pou ki rezon nou dwe “sispann jije” lòt moun?

14 Poukisa nou dwe “sispann jije” lòt moun? Premyèman, otorite nou genyen sou lòt moun gen limit. Disip Jak fè nou sonje “gen yon sèl moun ki fè lwa, e se li sèl ki jij”, anpalan de Jewova. Se sa k fè Jak mande kareman: “Kiyès ou ye pou w ap jije pwochen w?” (Jak 4:12; Women 14:1-4). Anplis de sa, etandone nou enpafè, li fasil pou nou jije lòt moun yon fason ki pa jis. Anpil nan atitid ak mobil nou genyen yo, tankou prejije, santiman kòmkwa yo fè nou abi, wè tèt nou sèlman, ka tòde fason nou wè lòt moun parèy nou. Nou gen lòt limit ankò. Lè nou reflechi sou limit sa yo, sa dwe anpeche nou kouri kritike erè lòt moun fè. Nou pa ka li nan kè moun, ni nou pa konnen sitiyasyon yon moun nèt. Ebyen, kiyès nan nou ki gen dwa akize yon kretyen parèy nou kòmkwa li gen move mobil oubyen pou nou ta ap kritike efò l ap fè pou l sèvi Bondye? Li ta pi bon pou nou imite Jewova lè nou chèche sa k bon lakay frè ak sè nou yo olye nou rete sou defo yo.

15. Ki pawòl e ki konduit ki pa gen plas yo nan mitan sèvitè Bondye yo, e poukisa?

15 E pou moun nan fanmi nou menm? Malerezman, jounen jodi a, yon moun ka wè se anndan lakay li yo jije l pi di, alòske li ta dwe santi l an pè lè l lakay li. Souvan, nou tande istwa kote mari, madanm, oswa paran ap joure youn lòt, oubyen ap goumen youn ak lòt. Men, pawòl pouri, pase moun nan rizib yon fason ki blesan ak maltrete lòt moun pa gen plas yo nan mitan sèvitè Bondye yo (Efezyen 4:29, 31; 5:33; 6:4). Lè fanmi yo lakay yo, yo dwe aplike konsèy Jezi te bay pou yo “sispann jije” e pou yo “sispann kondane” a. Pa bliye, demontre jistis gen ladan l boule ak lòt moun jan Jewova boule avèk nou. E Bondye nou an pa janm boule avè nou yon fason ki di oswa ki mechan. Okontrè li “gen anpil konpasyon” pou moun ki renmen l yo (Jak 5:11). Ala yon bon egzanp li ban nou pou nou imite!

Ansyen yo ap travay ‘pou gen jistis’

16, 17. a) Ki sa Jewova mande pou ansyen yo fè? b) Lè yon moun fè yon peche grav e li pa repanti sensèman, ki sa ansyen yo oblije fè e poukisa?

16 Se nou tout ki gen responsablite pou nou demontre jistis nan kongregasyon an. Men, se ansyen yo sitou ki gen pou fè sa. Men sa Izayi te anonse konsènan “prens” yo, sa vle di ansyen yo: ‘Gade! Yon wa pral domine pou lajistis. E kanta prens yo, yo pral dirije kòm prens pou gen jistis.’ ​(Izayi 32:1). Wi, Jewova atann pou ansyen yo travay pou gen jistis nan kongregasyon an. Kòman yo ka rive fè sa?

17 Gason kalifye sa yo byen konnen, pou gen jistis nan kongregasyon an, kongregasyon an dwe rete pwòp nan domèn moral ak nan domèn espirityèl. Pafwa, ansyen yo konn oblije jije yon moun ki fè yon peche grav. Lè yo fè sa, yo montre yo imite jistis Bondye gen lakay li lè yo chèche demontre mizèrikòd lè sa posib pou moun sa a. Konsa, yo fè efò pou yo ede moun ki fè peche a repanti. Men, e si moun ki fè peche a pa montre li repanti toutbonvre malgre yo fè tout sa yo kapab pou ede l? Ebyen, jistis pafè Bondye gen lakay li parèt aklè nan direksyon li bay ansyen yo pou yo konnen kòman pou yo aji ak moun sa a. Men sa Pawòl Bondye a fè konnen: “Retire mechan an nan mitan nou.” Sa vle di ansyen yo dwe retire moun sa a nan kongregasyon an (1 Korentyen 5:11-13; 2 Jan 9-11). Sa fè ansyen yo mal lè yo oblije aji konsa, men yo rekonèt li nesesè pou yo fè sa dekwa pou yo pwoteje kongregasyon an nan domèn moral e nan domèn espirityèl. Menm lè ansyen yo aji konsa, yo toujou gen espwa yon lè moun ki fè peche a ap retounen nan kongregasyon an. — Lik 15:17, 18.

18. Ki sa ansyen yo dwe sonje lè y ap bay lòt moun konsèy ki soti nan Bib la?

18 Anplis de sa, lefètke ansyen yo ap travay pou gen jistis, lè y ap bay konsèy yo itilize Bib la lè sa nesesè. Byennantandi, se pa chèche ansyen yo ap chèche jwenn fot lakay yon moun, ni yo pa chèche korije tout fot yon moun fè. Labib fè konnen yon kretyen ka “fè yon fo pa san l pa rann li kont”. Lè ansyen yo sonje Bondye pa janm demontre jistis li yon fason ki mechan oswa ki di, sa fè yo ‘eseye redrese yon moun avèk dousè’. (Galat 6:1.) Donk, ansyen yo pap pale di ak yon moun ki fè erè oswa yo pap di moun sa a pawòl ki blesan. Okontrè, konsèy yo bay ki plen lanmou ap ankouraje moun ki resevwa konsèy la. Menm lè ansyen yo ap korije yon moun, kote y ap montre l aklè konsekans move aksyon l yo genyen, yo toujou sonje kretyen parèy yo a ki fè peche a se yon timouton Jewova * (Lik 15:7). Lè se lanmou ki pouse ansyen yo bay konsèy oubyen korije yon moun ki peche, moun sa a ap pi fasil kite yo redrese l.

19. Ki jan de desizyon ansyen yo konn oblije pran e sou ki sa yo baze desizyon sa yo?

19 Souvan, ansyen yo konn oblije pran desizyon ki ka gen efè sou kretyen parèy yo. Pa egzanp, detanzantan, ansyen yo konn reyini pou yo egzamine si lòt frè nan kongregasyon an kalifye pou yo vin ansyen oswa asistan ministeryèl. Ansyen yo konnen jan li enpòtan pou yo pa gen patipri. Yo kite prensip Bondye yo gide yo lè y ap pran jan de desizyon sa yo. Yo pa aji sou santiman. Konsa, yo “byen egzamine bagay yo anvan [yo] pran yon desizyon, pou [yo] pa fè anyen nan paspouki.” — 1 Timote 5:21.

20, 21. a) Ki efò ansyen yo fè, e poukisa yo fè efò sa yo? b) Ki sa ansyen yo ka fè pou yo ede moun ki tris yo?

20 Ansyen yo demontre jistis Bondye gen lakay li a yon lòt fason ankò. Apre Izayi te fin fè konnen ansyen yo t ap travay pou gen “jistis”, men sa l te di ankò: “Yo chak dwe vin tankou yon kachèt kont van, tankou yon refij kont tanpèt lapli, tankou rigòl dlo nan yon tè sèk, tankou lonbray yon mas wòch nan yon tè ki depafini.” ​(Izayi 32:2). Ansyen yo fè anpil efò pou yo ankouraje e pou yo rekonfòte kretyen parèy yo.

21 Jodi a, anpil moun bezwen ankourajman akoz gen pwoblèm ki ka dekouraje yo. Si w se yon ansyen, ki sa w ka fè pou w ede “moun ki tris yo”? (1 Tesalonisyen 5:14.) Koute yo avèk konpasyon (Jak 1:19). Moun sa yo ka bezwen yon moun yo fè konfyans pou yo ka fè konnen “tèt chaje” yo genyen (Pwovèb 12:25, Bib la). Ou dwe fè yo konnen ni Jewova ni frè ak sè yo renmen yo e yo gen anpil valè nan je moun sa yo (1 Pyè 1:22; 5:6, 7). Anplis de sa, ou ka priye avèk moun sa yo e ou ka priye pou yo. Lè yon moun konsa tande yon ansyen k ap priye pou li, sa ap rekonfòte l anpil (Jak 5:14, 15). Bondye jistis la pap pa remake bonjan efò w fè pou w ede moun ki tris yo.

Ansyen yo imite jistis Bondye gen lakay li lè yo ankouraje moun ki tris yo.

22. Bay kèk fason nou ka imite jistis Jewova gen lakay li, e di ki rezilta sa bay.

22 Vrèmanvre, nou ka vin pi pwòch Jewova lè nou imite jistis li gen lakay li. Lè nou soutni prensip jis li yo, lè nou pataje bon nouvèl la ak lòt moun, yon bon nouvèl k ap pèmèt yo sove lavi yo, e lè nou chèche wè sa k bon lakay lòt moun olye nou rete sou defo yo, nou demontre nou imite jistis Bondye gen lakay li. Si w se yon ansyen, w ap demontre ou imite jistis Bondye gen lakay li lè w veye pou kongregasyon an toujou rete pwòp nan domèn espirityèl ak nan domèn moral, lè w bay konsèy ki sot nan Bib la pou w ankouraje lòt moun, lè w pran desizyon san patipri ak lè w ankouraje moun ki tris yo. Ala kontan sa dwe fè Jewova kontan pou l ap gade pèp li a sou tè a k ap fè tout sa yo kapab pou yo “fè sa ki jis” pandan y ap mache avè l!

^ § 13 Gen kèk tradiksyon Labib ki mete “pa jije” e “pa kondane”. Fason yo tradui vèsè sa yo fè konprann yon moun ‘pa dwe kòmanse jije’ e li ‘pa dwe kòmanse kondane’. Sepandan, moun ki te ekri pawòl sa yo nan Bib la te itilize vèb yo nan fòm negatif e nan tan prezan (aksyon an kontinye fèt). Donk, moun ki te kontinye ap fè aksyon sa yo te dwe sispann.

^ § 18 Nan 2 Timote 4:2, Bib la fè konnen, pafwa, ansyen yo oblije “korije, reprimande, ankouraje”. Mo grèk lè yo tradui l yo mete “ankouraje” pou li nan vèsè sa a se parakaleo. Gen yon lòt mo grèk (parakletos), ki gen rapò ak mo parakaleo a, ki fè referans ak yon avoka k ap defann yon kòz lajistis. Konsa menm lè ansyen yo bay yon reprimann yon fason ki fèm, yo dwe la pou yo ede moun ki bezwen èd nan domèn espirityèl.