Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 17

‘Ala anpil sajès Bondye genyen yo anpil!’

‘Ala anpil sajès Bondye genyen yo anpil!’

1, 2. Ki objektif Jewova te genyen pou setyèm jou a, e ki sitiyasyon nan kòmansman setyèm jou a ki t apral montre jis nan ki pwen Jewova saj?

SA TERIB! Lòm, kreyati ki pi estrawòdinè nan tout sa Bondye te kreye pandan sizyèm jou kreyasyon ki gen rapò ak tè a, tonbe nan yon kondisyon ki vrèman ba. Anvan sa, Jewova te di “tout sa l fè yo”, san wete lèzòm, te “bon nèt”. (Jenèz 1:31.) Men, nan kòmansman setyèm jou a, Adan ak Èv te deside suiv Satan ki te antre an rebelyon kont Jewova. Yo te vin peche, sa te fè yo tonbe nan enpèfeksyon e sa te mennen yo nan lanmò.

2 Sanble objektif Jewova te genyen pou setyèm jou a te echwe nèt. Menm jan ak sis jou anvan yo, setyèm jou a t ap gen pou dire plizyè milye ane. Jewova te di li mete jou sa a apa, e nan fen setyèm jou a tè a t ap gen pou vin yon paradi ki plen ak moun ki pafè (Jenèz 1:28; 2:3). Men, apre gwo rebelyon Adan ak Èv la, ki jan objektif Jewova a t apral reyalize? Ki sa Bondye t apral fè? Sitiyasyon sa a se te yon sitiyasyon ki t apral montre jis nan ki pwen Jewova saj.

3, 4. a) Lè nou gade fason Jewova te reyaji kont rebelyon ki te fèt ann Edenn nan, kòman sa fè nou wè kokenn sajès li gen lakay li? b) Toutpandan n ap egzamine sajès Jewova gen lakay li, ki verite imilite ta dwe pouse nou kenbe nan lespri nou?

3 Jewova pa t pran tan pou l reyaji. Li te kondane moun ki te antre an rebelyon kont li yo nan jaden Edenn nan, e anmenmtan li te bay yon apèsi sou yon bagay estrawòdinè ki t apral fèt. Bagay estrawòdinè sa a gen rapò ak objektif Bondye genyen pou l elimine soufrans ki te fèk kòmanse sou tè a (Jenèz 3:15). Objektif Jewova te genyen an pa t gen pou l reyalize nan jaden Edenn nan sèlman, li t ap gen pou l reyalize sou tout tè a, e sa t apral pran plizyè milye ane pou sa fèt. Objektif sa a pa konplike, men li gen anpil siyifikasyon. Objektif sa a tèlman gen anpil siyifikasyon yon moun ki renmen li Labib ka pase tout vi l ap egzamine objektif sa a epi medite sou li. Anplis de sa, objektif Jewova genyen an ap reyalize san mank. Grasa objektif sa a, pap gen mechanste, pap gen peche ak lanmò ankò, e moun ki fidèl yo ap vin pafè. Tout bagay sa yo ap fèt anvan setyèm jou a fini. Malgre tout sa k te rive yo, Jewova ap reyalize objektif li gen pou tè a ak pou limanite nan tan li te prevwa pou sa.

4 Sajès Jewova gen lakay li fè nou gen lakrentif pou li. Men sa apot Pòl te ekri: ‘Ala anpil sajès Bondye genyen yo anpil!’ ​(Women 11:33). Lè nou konsidere divès aspè sajès Jewova a gen ladan l, imilite nou gen lakay nou ta dwe pouse nou kenbe verite enpòtan sa a nan lespri nou: se yon ti kal bagay nou rive konprann nan kokennchenn sajès Jewova genyen an (Jòb 26:14). Toudabò, annou egzamine kalite sa a ki fè nou gen lakrentif pou Jewova.

Ki sa sajès Bondye a ye?

5, 6. Ki rapò ki genyen ant konesans ak sajès, e jis nan ki pwen Jewova gen konesans?

5 Sajès pa menm ak konesans. Òdinatè yo ka kenbe anpil enfòmasyon, men li difisil pou n ta tande yon moun di òdinatè yo saj. Sepandan, gen yon rapò ant konesans ak sajès (Pwovèb 10:14). Pa egzanp, si w ta bezwen konsèy ki vrèman saj sou fason pou w trete yon gwo maladi, èske w t apral jwenn yon moun ki pa gen anpil konesans nan domèn lamedsin oubyen ki pa gen konesans ditou nan domèn sa a? Non, ou pa t ap fè sa, pa vre? Sa montre yon moun bezwen gen bonjan konesans pou l ka gen vrè sajès.

6 Jewova chaje ak konesans, e konesans li genyen an pa gen limit. Antanke “Wa letènite”, se sèl li menm ki la depi toutan (Revelasyon 15:3). E pandan tout tan sa a, li konn tout sa k ap fèt. Men sa Bib la di: “Pa gen anyen nan kreyasyon an ki kache devan je Bondye, men, tout bagay ekspoze aklè, san anyen pa kouvri yo, devan je sila a nou gen kont pou nou rann nan.” ​(Ebre 4:13; Pwovèb 15:3). Antanke Kreyatè, Jewova konnen sa l kreye yo byen, e l ap suiv tout sa lèzòm ap fè depi lè l fin kreye yo. Li egzamine kè chak moun, li wè tout ti detay (1 Kwonik 28:9). Li kreye nou ak kapasite pou nou chwazi, e li kontan lè l wè nou pran desizyon ki saj. Antanke moun ki konn “tande priyè”, li koute priyè yon bann ak yon pakèt moun anmenmtan (Sòm 65:2). E li bon pou nou sonje Jewova gen yon memwa ki pafè.

7, 8. Ki jan Jewova demontre li se yon moun ki gen bon konprann, li gen bon jijman e li gen sajès lakay li?

7 Se pa konesans sèlman Jewova genyen. Li menm wè tout ti detay ki gen nan yon sitiyasyon ak konsekans sa ka genyen. Li konsidere tout aspè nan yon sitiyasyon anvan l pran yon desizyon, toutpandan li wè sa ki byen ak sa ki mal, sa ki enpòtan ak sa ki pa enpòtan. Anplis de sa, li pa gade sou sa ki parèt devan je lèzòm, men pito li gade sa ki nan kè yon moun (1 Samyèl 16:7). Donk, Jewova gen bon konprann ak bon jijman lakay li, e kalite sa yo pi enpòtan pase konesans. Men, sajès pi enpòtan toujou.

8 Sajès gen ladan l konesans, bon jijman ak bon konprann. Anfèt, gen kèk mo nan lang yo te ekri Bib la, lè yo tradui yo, yo mete “sajès” pou yo. Mo sa yo vle di mo pou mo “yon travay ki efikas” oubyen “sajès pratik”. Donk, sajès Jewova gen lakay li pa jis yon teyori. Sajès li genyen an ede moun poze bon aksyon. Etandone Jewova sèvi ak kokennchenn konesans ak bon konprann li genyen an lè l ap pran yon desizyon, li toujou pran pi bon desizyon an e li aji yon fason moun pa t ap janm imajine pou l fè desizyon li pran an reyisi. Se sa ki vrè sajès la! Jewova demontre pawòl Jezi te di a se laverite. Men sa Jezi te di: “Se bagay ki jis yon moun fè ki montre li gen sajès.” ​(Matye 11:19). Tout sa Jewova kreye nan linivè a demontre sajès li gen lakay li.

Prèv ki montre Bondye gen sajès lakay li

9, 10. a) Ki jan de sajès Jewova demontre li genyen, e ki jan li sèvi ak sajès sa a? b) Kòman selil kò nou montre aklè sajès Jewova gen lakay li?

9 Èske sa deja rive w ou ret bouch ouvè devan bèl bagay yon atis fè ki montre li gen anpil talan lakay li? Travay atis la fè a se yon fòm sajès (Egzòd 31:1-3). Se nan Jewova vrè sajès soti. Men sa David te di konsènan Jewova: “M ap louwe w paske mwen fèt yon fason ki bay lakrentif, yon fason ki estrawòdinè. Travay ou yo estrawòdinè, e nanm mwen konn sa trè byen.” ​(Sòm 139:14). Vrèmanvre, tank n ap aprann konnen jan Jewova fè kò nou, se tank sajès li gen lakay li fè nou gen lakrentif pou li.

10 Ann pran yon egzanp: Nou tout te kòmanse egzistans nou nan vant manman nou antanke yon sèl selil. Sa vle di yon spèm papa nou te vin rankontre ak yon ovil ki nan vant manman nou, epi yo bay selil sa a. Yon ti tan apre sa, selil sa a te kòmanse divize. Kòm rezilta, nou vin gen anviwon 100 000 milya selil nan kò nou. Selil yo piti anpil. Si w ta mete anviwon 10 000 selil ki gen yon gwosè nòmal ansanm, yo pa t ap pi gwo pase yon tèt zepeng. Sepandan, selil yo tèlman konplike, sèvo nou pa ka fin konprann jan yo fonksyone. Yo pi konplike lontan pase kèlkeswa aparèy oubyen kèlkeswa izin lèzòm rive fè. Syantifik yo fè konprann yon selil tankou yon vil ki byen pwoteje. Anndan selil la, gen yon sistèm transpò, gen yon kontwòl k ap fèt ni sou sa k ap antre ni sou sa k ap soti, gen yon rezo kominikasyon, gen yon sistèm pou ranmase bagay ki fin sèvi yo e pou transfòme yo pou fè lòt bagay k ap itil. Anplis de sa, gen yon sistèm ki la pou pwoteje selil la, e nan mitan l gen yon bagay ki sèvi kòm yon otorite k ap òganize tout sa k ap fèt anndan l. Anplis de sa, selil la ka bay yon lòt selil ki menm jan avè l nan kèk èdtan sèlman.

11, 12. a) Ki sa k lakòz selil ki nan yon anbriyon k ap devlope divize, e sa k fè nou ka di sa ann amoni ak Sòm 139:16? b) Nan ki sans sèvo nou montre Jewova fè nou ‘yon fason estrawòdinè’?

11 Natirèlman, tout selil ki nan kò nou pa menm. Pandan selil ki nan yon anbriyon kontinye ap divize, chak selil vin ap jwe wòl pa l. Kèk selil vin fòme nè nou yo, gen lòt ki vin fòme zo nou yo, mis nou yo, san ki nan kò nou ak je nou. Se nan ADN nan, ki tankou yon “bibliyotèk” ki anndan selil la, tout travay sa yo deja pwograme. Se avèk rezon David te di pawòl sa yo Jewova te enspire l pou l di: “Je w te wè anbriyon mwen epi nan liv ou a tout pati l yo te enskri.” — Sòm 139:16.

12 Nou gen kèk pati nan kò nou ki konplike anpil. Pa egzanp, ann pran sèvo nou. Gen kèk moun ki di sèvo nou se bagay ki pi konplike ki egziste nan linivè a. Nan sèvo a gen anviwon 100 milya selil ki fòme nè yo, yon kantite ki anviwon kantite zetwal ki gen nan galaksi nou an. Chak selil sa yo konekte ak plizyè milye lòt selil. Syantifik yo fè konnen sèvo yon moun ka kenbe enfòmasyon ki nan tout bibliyotèk ki egziste sou tè a. An reyalite, nou ka pa janm rive konnen kapasite sèvo a genyen pou l kenbe enfòmasyon. Malgre syantifik yo pase plizyè dizèn ane ap etidye sèvo a ki ‘fèt yon fason estrawòdinè’, yo rekonèt yo ka pa janm fin konprann jan l fonksyone.

13, 14. a) Ki jan foumi yo ak lòt bèt Bondye kreye montre yo gen yon ‘sajès yo fèt avè l’, e ki sa sa aprann nou sou Moun ki kreye bèt sa yo? b) Poukisa nou ka di gen yon seri bagay, tankou twal arenyen, ki fèt “avèk sajès”?

13 Sepandan, lèzòm se jis youn nan egzanp ki montre sajès Jewova gen lakay li. Men sa Sòm 104:24 fè konnen: “Ou fè anpil bagay, o Jewova! Yo tout ou fè yo avèk sajès. Tè a chaje ak sa w pwodui.” Nou ka wè sajès Jewova toutotou nou, sètadi nan tout sa li kreye. Pa egzanp, foumi gen yon ‘sajès li fèt avè l’. (Pwovèb 30:24.) Annefè, foumi yo viv an gwoup e yo byen òganize. Menm jan yon moun konn gade bèt, gen gwoup foumi ki pran swen ti bèt yo rele pichon an. Foumi yo gade ti bèt sa a yon fason pou foumi yo gen manje pou yo manje. Gen lòt foumi ki travay kòm kiltivatè. Yo kiltive yon kalite chanpiyon e yo “rekòlte” yo. Gen lòt bèt, Bondye kreye yo pou yo fè yon seri bagay estrawòdinè, e yo fè bagay sa yo tou natirèlman. Yon mouch k ap vole ka chanje direksyon byen vit, yon bagay avyon ki ta pi sofistike a pa ka fè. Gen zwazo ki konn deplase sot nan yon zòn al nan yon lòt. Sa k konn ede yo jwenn direksyon pou yo ale kote yo prale a se zetwal yo, chan mayetik tè a oswa yon bagay pa anndan yo ki tankou yon kat jeyografik k ap gide yo. Gen byolojis ki pase plizyè ane ap etidye konpòtman ki tou pwograme nan bèt sa yo men ki pa fasil pou konprann. Vrèmanvre, se pa ti saj Bondye saj!

14 Syantifik yo aprann anpil bagay lè yo etidye sa Jewova kreye yo, e bagay li kreye yo montre li gen anpil sajès. Yo menm vini ak yon syans yo rele byomimetik, sa vle di yon syans kote y ap chèche imite sa ki nan kreyasyon an. Petèt ou te gade yon twal arenyen e ou te mande tèt ou kòman arenyen an te rive fè twal sa a. Men, yon enjenyè k ap gade twal arenyen an ka wè jan twal sa a fèt la se yon mèvèy. Menm ti fil arenyen ki sanble pa twò solid yo pi solid pase yon moso fil asye ki ta menm gwosè avèk yo, e yo gen plis rezistans pase sa yo itilize pou yo fè yon jilèpabal. Se pa ti solid fil arenyen an solid! Imajine ta gen yon twal arenyen ki men lajè, menm yon gwo avyon k ap vole ak tout vitès t ap kole nan twal arenyen sa a. Wi, Jewova fè tout bagay sa yo “avèk sajès”.

Kiyès ki fè kreyati ki sou tè a ak “sajès yo fèt avè l” la?

Sajès Bondye genyen parèt nan linivè

15, 16. a) Kòman kò selès yo montre aklè sajès Jewova genyen? b) Kòman pozisyon Jewova gen nan syèl la antanke Kòmandan an chèf yon gwo lame zanj montre aklè Moun k ap jere tout zanj sa yo se yon moun ki saj?

15 Sajès Bondye genyen parèt aklè nan tout sa li kreye nan linivè a. Nan chapit 5 lan, nou te deja fè yon bon ti pale de syèl la ki chaje ak zetwal. Se pa konsa konsa zetwal yo nan pozisyon yo ye nan syèl la. Jewova sèvi ak sajès li pou l mete ‘lwa k’ap gouvènen tout bagay nan syèl la’, e konsa li òganize kò selès yo an galaksi. Apre sa, li pran plizyè dizèn galaksi li gwoupe yo ansanm. Konsa, li pran gwoup sa yo pou l fòme lòt lo ki pi gwo toujou (Jòb 38:33, Bib la). Sa pa fè n sezi lefètke Jewova pale de bagay ki nan syèl la tankou yon “lame”. (Izayi 40:26.) Men, gen yon lòt lame ki montre sajès Jewova gen lakay li pi byen.

16 Kòm nou te deja wè sa nan chapit 4 la, yo bay Bondye pote tit “Jewova Chèf lame yo” akoz pozisyon li gen nan syèl la antanke Kòmandan an chèf yon gwo lame ki gen plizyè milyon zanj. Sa montre Jewova gen anpil pisans. Men, ki rapò ki genyen ant pisans Bondye ak sajès li? Fè yon ti reflechi: Jewova ak Jezi pa janm sispann travay (Jan 5:17). Donk, li nòmal pou nou panse zanj yo k ap sèvi Trèwo a toujou gen bagay pou yo fè. E pa bliye, yo pi fò pase nou lontan, yo gen plis fòs pase nou e yo pi entèlijan pase nou (Ebre 1:7; 2:7). Malgre sa, pandan plizyè milya ane Jewova pa janm pa bay zanj yo travay pou yo fè, e zanj yo kontan fè travay Jewova ba yo fè a, yo “ koute sa [l ap] di” e yo ‘fè tou sa li mande yo fè’. (Sòm 103:20, 21, Bib la.) Se pa ti saj Moun k ap jere tout zanj sa yo saj!

Se Jewova “sèl ki saj”

17, 18. Poukisa Bib la di se Jewova “sèl ki saj”, e poukisa sajès li fè nou gen lakrentif pou li?

17 Lè nou egzamine tout bagay sa yo, èske sa ta dwe fè nou sezi lefètke Bib la pale de Jewova antanke Moun ki pi saj la? Pa egzanp, Bib la fè konnen se Jewova “sèl ki saj”. (Women 16:27.) Se Jewova ki saj nan yon degre ki san parèy. Se nan li tout vrè sajès soti (Pwovèb 2:6). Se pou rezon sa a, byenke Jezi se kreyati Jewova ki pi saj la, li pa janm pale selon sajès li, men li pale sa Papa l ba l lòd pou l di. — Jan 12:48-50.

18 Remake kòman apot Pòl te pale de sajès san parèy Jewova genyen an: “Ala anpil [“pwofondè”, Bib Kreyòl La] richès ak sajès ak konesans Bondye genyen yo anpil! Ala sa enposib pou moun dekouvri jijman l yo e pou yo rive jwenn tras chemen l yo!” ​(Women 11:33). Nan lang Pòl te ekri pawòl sa yo, li te kòmanse yo ak mo “o” a. Sa montre lè l t ap pale a, te gen anpil santiman ki t ap travèse l e li te gen anpil lakrentif pou Bondye. Mo grèk yo mete “pwofondè” pou li a se yon mo ki gen yon rapò sere sere ak mo “twou san fon an”. Donk, mo li te itilize yo ede nou pi byen konprann pwofondè sajès Bondye gen lakay li. Lè nou pran tan pou nou medite sou sajès Jewova gen lakay li, se kòmsi nou t ap gade nan yon twou san fon, yon twou pèsonn pa ka rive konn pwofondè l oswa bay detay sou li (Sòm 92:5). Lè nou reflechi ak sa, èske sa pa fè nou santi nou piti devan Jewova?

19, 20. a) Poukisa èg reprezante sajès Bondye gen lakay li? b) Kòman Jewova montre li gen kapasite pou l konnen sa k pral rive alavni?

19 Gen yon lòt rezon ki fè nou ka di se Jewova “sèl ki saj”: Se sèl li menm ki ka konnen sa k pral rive alavni. Pa bliye, Jewova itilize èg ki gen kapasite pou l wè byen lwen, pou reprezante jistis li gen lakay li. Gen yon èg yo rele èg wayal ki ka peze apèn 5 kilogram, men je l pi gwo pase je yon moun. Èg gen kapasite pou l wè byen e pou l wè lwen, konsa, lè l ap vole, li ka wè nenpòt ti bèt ki nan yon distans plizyè santèn mèt. Men sa Jewova te fè konnen sou èg: “Li te mèt byen lwen, [l ap] wè yo ak je li.” ​(Jòb 39:29). Menm jan an, nan yon sans, Jewova wè “byen lwen”, sa vle di li konnen sa k pral fèt pi devan.

20 Bib la gen anpil prèv ki kore sa nou sot di la a. Li gen plizyè santèn pwofesi ak istwa yo te deja ekri alavans. Nan kèk sitiyasyon, Labib te fè konnen, plizyè santèn ane alavans, fason yon gè ap fini, ki jan pisans mondyal yo t ap parèt e ki jan yo t ap tonbe, e li menm pale de kèk estrateji kèk kòmandan lame t ap itilize. — Izayi 44:25–45:4; Dànyèl 8:2-8, 20-22.

21, 22. a) Poukisa nou pa gen okenn rezon pou nou kwè Bondye deja konnen tout desizyon nou pral pran nan lavi nou? Bay yon egzanp. b) Kòman nou fè konnen Jewova pa demontre sajès li gen lakay li a yon fason ki frèt oswa ki montre li pa enterese nan nou?

21 Sepandan, èske sa vle di Bondye deja konnen desizyon nou pral pran nan lavi nou? Moun k ap anseye doktrin desten an t ap reponn wi. Sepandan, yon ide konsa minimize sajès Jewova gen lakay li, kòmkwa li pa ka kontwole kapasite li genyen pou l konnen sa k pral fèt pi devan. Ann pran yon egzanp: Si w ta konn chante e ou gen yon vwa ki bèl anpil, èske sa t ap vle di ou t ap oblije chante toutan? Yon ide konsa pa t ap lojik! Menm jan an tou, Jewova gen kapasite pou l konnen sa k pral rive pi devan, men li pa toujou chwazi fè sa. Si l ta fè sa, sa ta ka vle di li pa respekte libète nou genyen pou nou chwazi a. Jewova pa t ap janm retire kado ki gen anpil valè sa a nan men nou. — Detewonòm 30:19, 20.

22 Sa k pi rèd la, doktrin desten an fè konprann Jewova frèt nan fason li demontre sajès li, li pa enterese nan moun, li san konpasyon e li pa renmen nou vre. Men, ide sa a se yon manti kri! Bib la fè konnen Jewova “gen sajès nan kè l”. (Jòb 9:4.) Sa pa vle di Jewova gen yon kè menm jan avèk nou. Souvan, Bib la sèvi ak mo sa a pou l pale de moun nou ye pa anndan an ki gen ladan l sa ki pouse nou aji, santiman nou yo tankou lanmou. Donk, se lanmou ki pouse l demontre sajès li genyen an, menm jan sa ye pou lòt kalite li genyen yo. — 1 Jan 4:8.

23. Lefètke nou konnen Jewova pi saj pase nou lontan, ki sa sa ta dwe pouse nou fè?

23 Natirèlman, nou gen yon konfyans total nan sajès Jewova genyen an. Jewova pi saj pase lèzòm lontan, se poutèt sa Pawòl Bondye a ban nou ankourajman sa a: “Mete konfyans ou nan Jewova ak tout kè w epi pa konte sou entèlijans ou. Sonje l nan tout sa w ap fè, epi li menm l ap fè chemen w yo dwat.” ​(Pwovèb 3:5, 6). Se poutèt sa, nou tout ta dwe pran plezi pou nou egzamine sajès Jewova genyen an, konsa sa ka fè nou pwoche pi pre Bondye nou an ki gen yon sajès ki san parèy.