Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 19

“Sajès Bondye ki parèt nan yon sekrè sakre”

“Sajès Bondye ki parèt nan yon sekrè sakre”

1, 2. Ki “sekrè sakre” ki ta dwe enterese nou, e poukisa?

SEKRÈ! Se yon mo ki kapte atansyon moun e ki fè yo reflechi, e souvan li vrèman difisil pou moun konnen ki lè pou yo kenbe yon sekrè. Sepandan, Bib la fè konnen “Bondye konnen lè pou l kite nou konprann, se sa ki fè pouvwa li” sa vle di Bondye konnen lè pou l kenbe yon sekrè (Pwovèb 25:2, Bib la). Wi, antanke Kreyatè e antanke Chèf Souvren linivè, Jewova gen dwa kenbe yon sekrè jiskaske moman an rive pou l fè lèzòm konnen sekrè sa a.

2 Men, gen yon sekrè Jewova fè konnen nan Pawòl li ki kapte atansyon moun e ki fè yo reflechi. Sekrè sa a se “sekrè sakre sou volonte [Bondye]”. (Efezyen 1:9.) Si w chèche konnen sekrè sakre sa a, sa ap fè w jwenn plis byenfè pase l annik ede w reponn kesyon w swaf jwenn repons yo. Si w rive konnen sekrè sa a, sa ap ba w posiblite pou w sove tèt ou e pou w fè lòt moun konnen sajès Jewova genyen ki san parèy la.

Li te fè konnen sekrè sakre a tikras pa tikras

3, 4. Ki esperans pwofesi nou jwenn nan Jenèz 3:15 la te bay, e ki “sekrè sakre” oswa bagay moun pa t ka rive konprann pwofesi sa a te gen ladan l?

3 Lè Adan ak Èv te peche, objektif Jewova te genyen pou l fè tè a vin yon paradi kote moun pafè abite te sanble echwe. Men, lapoula Bondye te pran desizyon rezoud pwoblèm nan. Men sa l te di: “M ap mete yon rayisman ant ou menm [sèpan an] ak fi a, ant desandans ou ak desandans pa l. L ap kraze tèt ou e ou menm w ap blese l nan talon.” — Jenèz 3:15.

4 Pawòl sa a pa t twò klè pou moun konprann e vrè sans li te kache. Kiyès madanm nan te ye? Kiyès sèpan an te ye? Kiyès ki te “desandans” ki t apral kraze tèt sèpan an? Se sèlman devine Adan ak Èv te ka devine kiyès moun sa yo te ye. Sepandan, byenke Adan ak Èv pa t fidèl anvè Bondye, Pawòl Bondye a te bay tout pitit pitit fidèl Adan ak Èv yo yon esperans. Jistis t ap gen pou gaye toupatou e objektif Jewova t ap gen pou reyalize. Men, kòman sa t apral fèt? Se sa menm yo pa t ka rive konnen an! Bib la rele l “sajès Bondye ki parèt nan yon sekrè sakre, yon sajès ki kache”. — 1 Korentyen 2:7.

5. Bay yon egzanp ki montre poukisa se tikras pa tikras Jewova te fè sèvitè l yo konnen sekrè l la.

5 Antanke ‘Moun ki konn fè konnen sekrè’ a, Jewova t ap gen pou l bay bonjan detay sou sekrè sa a pi devan (Dànyèl 2:28). Men, li t ap gen pou l fè sa tikras pa tikras. Ann pran yon egzanp. Imajine yon papa k ap reponn kesyon yon tipitit gason l li renmen anpil poze l. Tipitit la mande l: “Papi, ki jan m te fè fèt?” Ki jan w panse papa a t ap reponn. Yon papa ki saj t ap bay tipitit li a yon repons li ka konprann. Men, tank tigason an ap grandi, papa a t ap ba l plis esplikasyon toujou. Menm jan an tou, Jewova konnen ki lè sèvitè l yo pare pou yo konprann plis bagay sou volonte l ak objektif li. — Pwovèb 4:18; Dànyèl 12:4.

6. a) Poukisa yon moun fè yon alyans oswa yon kontra ak yon lòt moun? b) Poukisa se yon bagay ki estrawòdinè lefètke Jewova te fè alyans avèk moun?

6 Ki jan Jewova te fè sèvitè l yo konnen yon seri bagay sou volonte l ak objektif li? Li te sèvi ak yon seri alyans oubyen kontra pou l te fè sa. Petèt yon lè, ou te fè yon kontra ak yon lòt moun, petèt pou w te achte yon kay, oswa pou w te prete lajan nan men moun sa a, oubyen pou w te prete l lajan. Yon kontra konsa te bay yon garanti legal ki montre ou menm ak moun nan t ap respekte sa ki di nan kontra a. Men, poukisa Jewova te bezwen fè alyans oubyen kontra avèk moun? Se vre, depi Jewova fè yon pwomès, nou konnen sa l di a ap fèt kanmenm. Sepandan, an plizyè okazyon, Bondye te fè yon kontra pou l te bay garanti pawòl li di t ap reyalize. Kontra sa yo sèvitè l yo te ka fè konfyans ban nou bonjan rezon pou nou gen konfyans Jewova ap reyalize pwomès li yo. — Ebre 6:16-18.

Alyans li te fè avèk Abraram nan

7, 8. a) Ki alyans Jewova te fè avèk Abraram, e ki jan alyans sa a te bay yon ide sou sekrè sakre a? b) Kòman Jewova te fè sèvitè l yo konnen, tikras pa tikras, nan ki fanmi Desandans li te pwomèt la t ap parèt?

7 Plis pase de mil an apre Jewova te fin mete Adan ak Èv deyò nan Paradi a, men sa l te di Abraram, yon sèvitè fidèl: “San mank m ap beni w e san mank m ap fè w gen anpil desandan, tankou zetwal nan syèl la e tankou grenn sab bò lanmè. [...] Grasa desandans ou, san mank tout nasyon sou tè a ap jwenn benediksyon, paske w koute vwa m.” ​(Jenèz 22:17, 18). Pawòl sa yo te plis pase yon pwomès Jewova te fè. Lè Jewova te di Abraram pawòl sa yo, se yon kontra legal li te pase avè l, e li te sèmante li t ap respekte kontra sa a (Jenèz 17:1, 2; Ebre 6:13-15). Èske se pa t yon bagay estrawòdinè lefètke Souvren Seyè a te fè yon kontra pou l beni limanite?

“M ap beni w e [...] m ap fè w gen anpil desandan, tankou zetwal nan syèl la.”

8 Alyans Bondye te fè avèk Abraram nan te montre Desandans li te pwomèt la t ap yon moun, paske li t ap yon pitit pitit Abraram. Men, kiyès li t ap ye? Rive yon lè, Jewova te fè Abraram konnen, nan pitit gason l yo, se Izarak ki t ap zansèt Desandans li te pwomèt la. Pami de pitit gason Izarak yo, se Jakòb Bondye te chwazi (Jenèz 21:12; 28:13, 14). Pi devan, Jakòb te di pawòl sa yo, ki te yon pwofesi, sou youn nan 12 pitit gason l yo: “Baton wa a ap toujou nan men Jida, baton pou dirije a ap toujou nan mitan pye l, jiskaske Chilo vini e se li menm pèp yo ap obeyi .” ​(Jenèz 49:10). Se lè sa a yo te vin konnen Desandans lan t ap yon wa e li t ap soti nan fanmi Jida.

Alyans li te fè avèk pèp Izrayèl la

9, 10. a) Ki alyans Jewova te fè ak nasyon Izrayèl la, e ki jan alyans sa a te pwoteje nasyon an? b) Ki jan Lalwa te demontre limanite bezwen yon ranson?

9 Nan ane 1513 anvan epòk nou an, Jewova te pran dispozisyon pou l te fè konnen lòt bagay ankò konsènan sekrè sakre a. Li te fè yon alyans ak pitit pitit Abraram yo ki te fòme nasyon Izrayèl la. Byenke jodi a nou pa anba Lwa Jewova te bay pa mwayen Moyiz la, lwa sa a te jwe yon wòl enpòtan nan objektif Bondye te genyen pou l fè Desandans li te pwomèt la vin sou tè a. Ki jan Lalwa te rive fè sa? Ann egzamine twa fason li te fè sa. Premyèman, Lalwa te pwoteje nasyon Izrayèl la (Efezyen 2:14). Kòmandman ki te nan Lalwa a te tankou yon miray ki te separe Juif yo ak moun ki pa t juif yo. Konsa, Lalwa te jwe yon wòl enpòtan nan pwoteje fanmi kote Desandans Bondye te pwomèt la t ap soti a. Grasa pwoteksyon sa a, nasyon an te toujou egziste nan moman Bondye te fikse pou Mesi a fèt nan tribi Jida a.

10 Dezyèmman, Lalwa te montre limanite te bezwen yon ranson. Lalwa, ki te pafè, te montre lèzòm ki gen peche nan yo pa t ka rive obeyi kòmandman ki nan Lalwa a nèt. Konsa, li te “fè peche parèt aklè, jiskaske desandans yo te fè pwomès la vini”. (Galat 3:19.) Lalwa te pèmèt moun touye bèt pou ofri kòm sakrifis pou peche. Men, jan apot Pòl te fè konn sa, etandone “li pa posib pou san towo bèf ak san kabrit retire peche”, sakrifis sa yo se reprezante sèlman yo te reprezante sakrifis Kris t apral fè a (Ebre 10:1-4). Konsa, pou Juif ki te fidèl yo, alyans sa a te vin tounen “yon gid k ap mennen [yo] bay Kris”. — Galat 3:24.

11. Ki bèl posiblite alyans Lalwa a te bay nasyon Izrayèl la, men ki sa nasyon an antanke gwoup te pèdi?

11 Twazyèmman, grasa alyans sa a, nasyon sa a te vin gen yon bèl posiblite ki ouvri devan yo. Jewova te di yo, si yo te respekte alyans lan, yo t ap vin “yon wayòm prèt [...] ak yon nasyon ki sen”. (Egzòd 19:5, 6.) Anfèt, se nan Izrayèl selon lachè a premye moun ki fè pati wayòm prèt la te soti. Men, antanke nasyon, Izrayelit yo pa t respekte alyans Lalwa a, yo te rejte Desandans lan, anpalan de Mesi a, e yo te pèdi bèl posiblite yo te genyen an. Donk, ki rès moun ki t apral vin fè wayòm prèt la? E ki rapò nasyon Bondye te chwazi a genyen ak Desandans Li te pwomèt la? Bondye t apral fè konnen bagay sa yo ki nan sekrè sakre a nan moman li te fikse pou sa.

Alyans li te fè ak David pou yon Wayòm

12. Ki alyans Jewova te fè ak David, e ki lòt enfòmasyon Bondye te bay sou sekrè sakre a pa mwayen alyans lan?

12 Nan 11yèm syèk anvan epòk nou an, Jewova te bay lòt enfòmasyon sou sekrè sakre a lè li te fè yon lòt alyans. Li te pwomèt wa David ki te fidèl: “M ap fè yon desandan w [...] ranplase w e m ap fè wayòm li an rete solid. [...] M ap fè wayòm li an rete solid pou toutan.” ​(2 Samyèl 7:12, 13; Sòm 89:3). Donk, Desandans Bondye te pwomèt la t ap gen pou soti nan fanmi David. Men, èske yon senp moun t ap ka dirije “pou tan endefini”? (Sòm 89:20, 29, 34-36.) Èske yon wa konsa t ap ka libere limanite anba peche ak lanmò?

13, 14. a) Ann amoni ak Sòm 110, ki pwomès Jewova te fè Wa li te chwazi a? b) Ki lòt bagay kèk pwofèt Jewova te fè konnen konsènan Desandans ki t ap gen pou vini an?

13 Men sa Bondye te enspire David pou l ekri: “Deklarasyon Jewova pou Seyè mwen an: ‘Chita adwat mwen jiskaske mwen plase ènmi w yo tankou yon tabourè [“yon ti ban”, Bib la] anba pye w.’ Jewova fè sèman (e li pap regrèt): ‘Ou se prèt pou tan endefini tankou Mèlkisedèk!’” ​(Sòm 110:1, 4). Pawòl David te ekri a te gen rapò dirèkteman ak Desandans Bondye te pwomèt la, oubyen Mesi a (Travay 2:35, 36). Wa sa a pa t ap gen pou l dirije detan l Jerizalèm, men se detan l nan syèl la, “adwat” Jewova, li t ap gen pou l dirije. Sa pa t ap ba l otorite pou l dirije peyi Izrayèl sèlman, men tou tout tè a (Sòm 2:6-8). Gen yon lòt bagay Bondye te fè konnen nan pawòl li te di a. Remake Jewova te sèmante Mesi a t ava “prèt [...] menm jan ak Mèlkisedèk”. Menm jan ak Mèlkisedèk ki te sèvi kòm prèt e kòm wa nan epòk Abraram nan, Desandans ki t ap gen pou vini an t ap gen pou l sèvi antanke prèt e antanke wa, e se Bondye dirèkteman ki t ap nome l. — Jenèz 14:17-20.

14 Pandan plizyè ane Jewova te sèvi ak pwofèt li yo pou l bay plis enfòmasyon toujou sou sekrè sakre a. Pa egzanp, pwofèt Izayi te fè konnen Desandans lan t ap gen pou l bay vi l an sakrifis pou nou (Izayi 53:3-12). Pwofèt Mika te anonse ki kote Mesi a t ap gen pou l fèt (Mika 5:2). Pwofèt Dànyèl te menm fè konnen ki lè egzakteman Desandans lan t ap gen pou l parèt e ki lè egzakteman li t ap gen pou l mouri. — Dànyèl 9:24-27.

Yo vin konnen sekrè sakre a!

15, 16. a) Kòman Pitit Gason Jewova a te fè “soti nan vant yon fi”? b) Etandone paran Jezi te genyen sou tè a te Juif, ki dwa Jezi te genyen, e nan ki ane Desandans Bondye te pwomèt la te parèt?

15 Fason pwofesi sa yo t apral reyalize te rete yon mistè jiskaske Desandans lan te parèt aklè. Men sa Galat 4:4 fè konnen: “Lè tan an te rive nan dènye limit li, Bondye te voye Pitit li a, ki te soti nan vant yon fi.” Nan ane 2 anvan epòk nou an, men sa yon zanj te fè yon fi juif ki rele Mari konnen: “Gade! W ap vin ansent, w ap fè yon pitit gason, e ou dwe rele l Jezi. L ap vin yon moun enpòtan, y ap rele l Pitit Trèwo a. E Jewova Dye ap ba li twòn David, papa li. [...] Lespri sen ap vin sou ou, e pisans Trèwo a ap kouvri w. Se pou rezon sa a tou, timoun k ap fèt la, y ap rele l sen e y ap rele l Pitit Bondye.” — Lik 1:31, 32, 35.

16 Pi devan, Jewova te pran lavi Pitit li a mete nan vant Mari. Konsa, se yon fi ki te vin manman Jezi. Mari se te yon moun enpafè. Etandone Jezi se te “Pitit Bondye”, li pa t eritye enpèfeksyon nan men Mari. Etandone paran Jezi te genyen sou tè a te Juif e yo te desandan David, Jezi te gen dwa pou l eritye David (Travay 13:22, 23). Lè Jezi t ap batize nan ane 29 epòk nou an, Jewova te vide lespri sen l sou li e li te di l: “Men Pitit Gason m nan, pitit mwen renmen anpil la.” ​(Matye 3:16, 17). Finalman, Desandans lan te parèt (Galat 3:16)! Se te moman pou nou te konnen plis bagay toujou sou sekrè sakre a. — 2 Timote 1:10.

17. Ki esplikasyon Labib te bay tikras pa tikras sou Jenèz 3:15?

17 Lè Jezi t ap preche, li te fè konnen aklè sèpan yo pale nan Jenèz 3:15 lan reprezante Satan, e desandans sèpan an reprezante disip Satan yo (Matye 23:33; Jan 8:44). Pi devan, Labib te fè konnen jan ni Satan ni desandans li an t ap gen pou detwi pou toutan (Revelasyon 20:1-3, 10, 15). Anplis de sa, Labib te vin montre aklè madanm nan reprezante “Jerizalèm anwo a”, anpalan de òganizasyon Jewova a ki nan syèl la ki fòme ak kreyati espirityèl, yon òganizasyon ki tankou yon madanm pou Bondye *. — Galat 4:26; Revelasyon 12:1-6.

Nouvo alyans lan

18. Ki sa “nouvo alyans” lan t apral fè vin posib?

18 Petèt, se nan lannuit anvan Jezi te mouri a li te fè disip li yo konnen bagay ki pi enteresan nan sekrè sakre a, lè l te pale yo de yon “nouvo alyans”. (Lik 22:20.) Menm jan ak Lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la, nouvo alyans lan ki t apral ranplase Lwa sa a te gen pou bay “yon klas prèt”. (Egzòd 19:6; 1 Pyè 2:9.) Sepandan, nouvo alyans lan pa t ap gen pou bay yon nasyon selon lachè, men li t ap gen pou l bay yon nasyon espirityèl, “Izrayèl Bondye a”, ki t ap fòme sèlman ak disip fidèl Kris te chwazi pou al nan syèl yo (Galat 6:16). Moun sa yo Jezi te fè alyans avèk yo a t apral fè limanite jwenn benediksyon.

19. a) Ki jan nouvo alyans lan te bay yon “wayòm prèt”? b) Poukisa yo rele moun Bondye chwazi pou y al nan syèl yo “yon nouvo kreyati”, e konbyen moun ki pral dirije nan syèl la ak Kris?

19 Men, poukisa nouvo alyans lan bay yon “wayòm prèt” ki pral fè limanite jwenn benediksyon? Rezon an se paske nouvo alyans lan pa kondane disip Kris yo paske yo se pechè. Olye de sa, li fè li vin posib pou yo jwenn padon pou peche yo grasa sakrifis Jezi a (Jeremi 31:31-34). Yonfwa yo vin pwòp nan je Jewova, li chwazi yo pa mwayen lespri sen e li adopte yo pou yo vin fè pati fanmi li gen nan syèl la (Women 8:15-17; 2 Korentyen 1:21). Konsa, yo vin ‘fèt yon lòt fwa ankò pou yo vin gen yon esperans ki vivan ki rezève pou yo nan syèl la’. (1 Pyè 1:3, 4.) Etandone pozisyon sa a se yon bagay ki nouvo pou lèzòm, yo rele moun Bondye chwazi pou y al nan syèl la “yon nouvo kreyati”. (2 Korentyen 5:17.) Labib fè konnen se 144 000 moun, moun Bondye rachte yo, ansanm ak Kris k ap gen pou dirije, detan yo nan syèl la. — Revelasyon 5:9, 10; 14:1-4.

20. a) Ki sa Bondye te fè sèvitè l yo konnen nan ane 36 epòk nou an konsènan sekrè sakre a? b) Kiyès ki pral benefisye pwomès Bondye te fè Abraram nan?

20 Jezi ansanm ak moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo te vin tounen “desandans Abraram” nan * (Galat 3:29). Premye moun Bondye te chwazi yo se te moun ki te soti nan nasyon Juif la. Men nan ane 36 epòk nou an, te gen yon lòt aspè nan sekrè sakre a Bondye te vin fè sèvitè l yo konnen. Bondye te fè konnen li t ap chwazi moun ki pa t Juif yo pou y al nan syèl tou (Women 9:6-8; 11:25, 26; Efezyen 3:5, 6). Èske se sèlman moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ki t ap gen pou benefisye pwomès Bondye te fè Abraram nan? Non, sakrifis Jezi a t ap pote byenfè pou tout limanite (1 Jan 2:2). Pi devan, Jewova te vin fè konnen t apral gen “yon gwo foul moun” moun pa ka konte ki t ap gen pou chape lè sistèm Satan an ap gen pou l detwi (Revelasyon 7:9, 14). Plizyè milya moun ki pral resisite ap gen posiblite pou yo viv pou toutan sou tè a k ap tounen yon paradi. — Lik 23:43; Jan 5:28, 29; Revelasyon 20:11-15; 21:3, 4.

Sekrè sakre a demontre sajès Bondye genyen

21, 22. Nan ki sans Jewova te montre li saj lefètke li te fè konnen sekrè sakre a?

21 Sekrè sakre a montre yon fason estrawòdinè “divès aspè ki gen nan sajès Bondye” a (Efezyen 3:8-10). Se pa ti saj Jewova montre li saj lefètke li fè nou konnen tikras pa tikras sekrè sa a! Avèk sajès, li te montre li pran limit lèzòm genyen an konsiderasyon, e li te pèmèt yo montre sa yo vrèman gen nan kè yo. — Sòm 103:14.

22 Anplis de sa, Jewova te montre yon sajès san parèy lefètke li te chwazi Jezi kòm Wa. Pami tout kreyati entèlijan ki nan linivè a, se Pitit Gason Jewova a ki merite pou yo fè l plis konfyans. Lè l t ap viv sou tè a, li te pase anba anpil eprèv. Li te byen konprann pwoblèm lèzòm ap rankontre (Ebre 5:7-9). Men, ki sa nou ka di konsènan moun ki t apral dirije ak Jezi yo? Pandan plizyè syèk, Bondye te chwazi ni fi ni gason ki soti nan tout ras, nan tout lang, nan tout kilti, pou y al viv nan syèl la. Pa t gen yon pwoblèm moun sa yo pa t reyisi fè fas avè l (Efezyen 4:22-24). Se pa ti kontan nou pral kontan viv anba dominasyon wa ak prèt sa yo ki gen mizèrikòd lakay yo!

23. Ki privilèj kretyen yo genyen ki gen rapò ak sekrè sakre Jewova a?

23 Men sa apot Pòl te ekri: “Sekrè sakre a ki te kache depi nan sistèm ki pase yo e depi nan jenerasyon ki pase yo [...] parèt klè pou moun pa l yo ki sen.” ​(Kolosyen 1:26). Moun Jewova te chwazi yo ki sen te vin konprann sekrè sakre a e yo te vin fè plizyè milyon moun konnen l tou. Ala yon bèl privilèj nou tout genyen! Jewova “fè nou konnen sekrè sakre sou volonte l” la (Efezyen 1:9). Annou fè lòt moun konnen sekrè estrawòdinè sa a yon fason pou yo menm tou ka vin wè sajès san parèy Jewova genyen an.

^ § 17 Anplis de sa, pa mwayen Jezi, Jewova te fè konnen sa “sekrè sakre atachman pou Bondye a” ye (1 Timote 3:16). Pandan plizyè ane, lèzòm t ap mande: Èske gen yon moun ki t ap ka rete fidèl ak Jewova kèlkeswa sa k rive? Sa te rete yon sekrè pou yo. Jezi te ede yo jwenn repons kesyon sa a. Li te rete fidèl malgre tout eprèv Satan te fè l sibi. — Matye 4:1-11; 27:26-50.

^ § 20 Anplis de sa, Jezi te fè “yon alyans [...] pou yon wayòm” avèk yo (Lik 22:29, 30). Annefè, Jezi te fè yon alyans ak “ti twoupo” sa a pou y al dirije nan syèl la antanke pati segondè desandans Abraram nan. — Lik 12:32.