Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 22

Èske w demontre ou gen “sajès ki sot anwo a” nan lavi w?

Èske w demontre ou gen “sajès ki sot anwo a” nan lavi w?

1-3. a) Ki jan Salomon te demontre li gen yon sajès ki estrawòdinè nan fason li te rezoud pwoblèm de medam yo te genyen an? b) Ki sa Jewova pwomèt pou l ban nou, e ki kesyon sa fè moun poze?

SITIYASYON an te difisil anpil. Te gen de dam ki te nan pale anpil konsènan yon tibebe. Medam sa yo t ap viv nan menm kay. Toule de te akouche prèske menm lè, toule de te fè tigason. Youn nan tibebe yo te mouri. Kounye a, toude medam yo t ap di tibebe ki vivan an se pou yo *. Pa t gen pèsonn ki te wè sa k te pase. Petèt, yo te plede ka sa a devan yon ti tribinal, men yo pa t rive rezoud pwoblèm nan. Finalman, yo vin plede ka a devan Salomon, wa nasyon Izrayèl la. Èske l ap ka konnen kiyès ki manman tibebe a vre?

2 Apre Salomon te fin koute medam yo k ap diskite pandan yon ti tan, li mande pou yo pote yon epe ba li. Apre sa, li mande pou yo koupe tibebe a an de, dekwa pou yo bay chak medam yo yon bout. Lè vrè manman an tande sa, lapoula li sipliye wa a pou l bay lòt dam nan tibebe a, tibebe l renmen anpil la. Men kanta pou lòt dam nan li menm, li te chofe pou yo koupe tibebe a an de. Kounye a, Salomon konnen kiyès ki vrè manman an. Li te konnen ki kalite lanmou yon manman ki gen kè sansib ta dwe genyen pou yon timoun ki soti nan vant li e li te sèvi ak konesans sa a pou l rezoud pwoblèm nan. Imajine jan manman sa a dwe te santi l soulaje lè Salomon te lonje tibebe a ba li. Men sa Salomon te di: “Se li ki manman pitit la.” — 1 Wa 3:16-27.

3 Se pa ti sajès Salomon te demontre! Lè pèp la tande jan Salomon te regle pwoblèm sa a, yo te sezi “paske yo te wè se Bondye ki te ba l sajès”. Pa gen manti nan sa, sajès Salomon an te yon kado Bondye te ba li. Jewova te ba l yon “sajès ak bon konprann nan kè[l]”. (1 Wa 3:12, 28.) Men, ki sa nou ka di pou nou menm? Èske nou ka jwenn sajès ki soti nan Bondye? Repons lan se wi, paske anba enfliyans lespri sen, men sa Salomon te ekri: “Se Jewova menm ki bay sajès.” ​(Pwovèb 2:6). Tout moun ki chèche gen sajès, Jewova pwomèt l ap ba yo sajès, sa vle di kapasite pou yo byen sèvi ak konesans, bon konprann ak bon jijman. Kòman nou ka vin gen sajès ki soti nan Bondye a? E kòman n ap ka demontre nou genyen l nan lavi nou?

Fason nou ka chèche gen sajès

4-7. Bay kat bagay nou bezwen fè pou nou chèche gen sajès ki soti nan Bondye a.

Èske nou bezwen entèlijan anpil oswa èske nou bezwen fè gwo klas pou nou ka vin gen sajès ki soti nan Bondye a? Non. Jewova dispoze pataje sajès li gen lakay li avèk nou san l pa gade sou fason nou te leve ak klas nou te fè (1 Korentyen 1:26-29). Men se nou menm ki pou pran devan, paske Bib la ankouraje nou pou nou ‘chèche gen konesans’, sa vle di chèche gen sajès (Pwovèb 4:7). Kòman nou ka rive fè sa?

5 Premyèman, nou bezwen gen lakrentif pou Bondye. Pwovèb 9:10 fè konnen “lakrentif pou Jewova se kòmansman sajès [“se premye etap pou w gen sajès”, The New English Bible]”. Lakrentif pou Bondye se premye etap pou moun gen vrè sajès. Poukisa nou di sa? Pa bliye, sajès gen ladan l kapasite yon moun genyen pou l byen sèvi ak konesans li genyen. Gen lakrentif pou Bondye pa vle di nou tranble devan l tèlman nou pè l. Lakrentif pou Bondye vle di nou soumèt devan l paske nou gen respè pou li, nou renmen l e nou fè l konfyans. Yon lakrentif konsa bon pou nou e li pouse nou aji. Li fè nou sèvi ak konesans nou genyen sou volonte Bondye pou nou ka mete l an pratik nan lavi nou. Pa gen yon desizyon ki te ka pi saj pase desizyon pou n viv selon prensip Jewova yo. Moun ki suiv yo toujou jwenn anpil byenfè.

6 Dezyèmman, nou bezwen gen imilite e nou dwe modès. Yon moun pa ka gen sajès ki soti nan Bondye a san li pa gen imilite e san li pa modès (Pwovèb 11:2). Poukisa nou di sa? Si w se yon moun ki gen imilite e ou modès, w ap rann ou kont ou pa konnen tout bagay. Sa vle di sa w panse ki bon pa toujou bon vre, e ou rann ou kont se tout moun ki bezwen konnen sa Jewova panse sou yon bagay. Jewova “opoze ak moun ki ògeye”, men li kontan bay moun ki enb yo sajès. — Jak 4:6.

Pou nou ka gen sajès ki soti nan Bondye a, nou dwe fè anpil efò pou nou jwenn li.

7 Twazyèm bagay nou bezwen fè se byen egzamine Pawòl Bondye a. Jewova fè nou konnen sajès li genyen pa mwayen Pawòl li. Pou nou chèche gen sajès sa a, nou dwe fè anpil efò (Pwovèb 2:1-5). Yon katriyèm bagay nou bezwen fè se priye Bondye. Si nou priye Bondye ak tout kè nou pou l ban nou sajès, l ap ban nou l paske li donan (Jak 1:5). Li pap pa tande priyè nou fè l yo pou l ban nou lespri sen l. Anplis de sa, lespri sen l ap fè nou jwenn bèl trezò ki nan Pawòl li a ki ka ede nou rezoud pwoblèm nou genyen, l ap fè nou evite danje epi pran bonjan desizyon nan lavi nou. — Lik 11:13.

8. Si w chèche sajès ki soti nan Bondye a toutbonvre, kòman sa ap parèt aklè?

Jan nou te di sa nan chapit 17 la, sajès ki soti nan Jewova ede moun poze bon aksyon. Kidonk, si nou chèche sajès ki soti nan Bondye a toutbonvre, sa ap parèt aklè nan fason nou aji. Disip Jak te esplike ki sa sajès ki soti nan Bondye a ye. Men sa l te ekri: “Sajès ki sot anwo a se yon sajès toudabò ki pwòp, ansuit ki renmen lapè, ki rezonab, ki dispoze obeyi, ki chaje ak mizèrikòd ak bon fwi, ki pa nan patipri e ki pa ipokrit.” ​(Jak 3:17). Toutpandan n ap egzamine chak aspè ki nan sajès ki soti nan Bondye a, nou chak ka mande tèt nou: ‘Èske m demontre m gen “sajès ki sot anwo a” nan lavi m?’

‘Toudabò li pwòp, ansuit li renmen lapè’

9. Lè yon bagay pwòp, ki sa sa vle di, e poukisa li nòmal pou premye kalite yo mete pou sajès ki sot anwo a se pwòp?

9 ‘Toudabò li pwòp.’ Lè yon bagay pwòp, sa vle di li san tach e li san defo, ni pa anndan ni pa deyò. Bib la makònen sajès ak kè a. Men, sajès ki soti nan Bondye pa ka antre nan kè yon moun si kè a sal ak move panse, move dezi ak vye mobil (Pwovèb 2:10; Matye 15:19, 20). Sepandan, antanke moun enpafè, toutotan nou fè sa n kapab pou n gen yon kè ki pwòp n ap evite “fè sa ki mal, [e n ap] fè sa ki byen”. (Sòm 37:27; Pwovèb 3:7, Bib la.) Èske li pa nòmal pou premye kalite yo mete nan vèsè a se pwòp? Anfèt, si nou pa pwòp nan domèn moral e nan domèn espirityèl, ki jan n ap ka imite lòt bèl kalite Bondye genyen yo?

10, 11. a) Poukisa li enpòtan pou nou chèche fè lapè? b) Si w panse ou ofanse yon kretyen parèy ou, ki jan ou ka demontre ou renmen fè lapè? (Gade nòt anba paj la tou.)

10 ‘Ansuit li renmen lapè.’ Sajès ki soti nan Bondye a pouse nou chèche fè lapè, ki se youn nan kalite ki fè pati fwi lespri sen Bondye a (Galat 5:22). Nou fè tout posib nou pou n pa kase “chenn inyon lapè a” ki fè pèp Jewova a rete ini (Efezyen 4:3). Anplis de sa, nou fè tout sa n kapab pou gen lapè ankò lè vin gen pwoblèm. Poukisa li enpòtan pou nou fè sa? Men sa Bib la fè konnen: “Kontinye viv anpè, e Bondye lanmou an, Bondye lapè a, ap avèk nou.” ​(2 Korentyen 13:11). Donk, toutotan nou kontinye viv anpè, Bondye lapè a ap avèk nou. Relasyon nou genyen ak Jewova depann de fason nou boule ak kretyen parèy nou yo. Ki jan nou ka demontre nou se moun ki renmen fè lapè? Ann pran yon egzanp.

11 Ki sa w ta dwe fè si w panse ou te ofanse yon kretyen parèy ou? Men sa Jezi te di: “Donk, si w ap pote ofrann ou devan lotèl la, e pandan w la ou sonje yon frè w gen yon bagay avè w, kite ofrann ou an la, devan lotèl la, epi ale. Fè lapè ak frè w la anvan, apre sa, lè w tounen w a bay ofrann ou an.” ​(Matye 5:23, 24). Ou ka mete konsèy sa a an pratik lè w pran devan pou w al kote frè w la. Nan ki objektif ou dwe fè sa? Pou w “fè lapè”avè l *. Pou sa ka rive fèt vre, w ap bezwen rekonèt ou blese santiman l, e ou pa dwe minimize sa l santi. Si w al bò kote l nan objektif pou w fè lapè avè l e pou w bat pou se konsa sa toujou ye, kèlkeswa mezantant nou genyen, n ap ka regle yo san pwoblèm. Konsa, n ap ka padone youn lòt san grate tèt. Lè w fè tout sa w kapab pou w fè lapè, w ap demontre ou kite sajès ki soti nan Bondye a dirije w.

‘Li rezonab e li dispoze obeyi’

12, 13. a) Ki sa mo lè yo tradui l yo mete “rezonab” pou li nan Jak 3:17 la vle di? b) Ki jan nou ka demontre nou se yon moun ki rezonab?

12 ‘Li rezonab.’ Ki sa sa vle di pou yon moun rezonab? Dapre sa kèk biblis fè konnen, mo orijinal nan lang grèk lè yo tradui l yo mete “rezonab” pou li nan Jak 3:17 la pa fasil pou moun tradui. Gen tradiktè ki mete “dou”, “pasyans” oswa “konsiderasyon” pou tradui mo sa a. Mo grèk la vle di mo pou mo “dispoze sede”. Kòman nou ka demontre aspè sa a, ki fè pati sajès ki soti nan Bondye a, nan lavi nou?

13 Men sa Filipyen 4:5 fè konnen: “Se pou tout moun konnen nou kòm moun ki rezonab.” Men sa yon lòt tradiksyon Labib di: “Se pou moun wè w kòm yon moun ki rezonab.” ​(The New Testament in Modern English, se J. B. Phillips ki fè tradiksyon sa a.) Yon bagay pou nou remake sèke se pa nou menm ki dwe wè tèt nou kòm yon moun ki rezonab, men se lòt moun ki dwe wè nou kòm moun ki rezonab. Yon moun ki rezonab pap twò strik sou jan yon bagay dwe fèt ni li pap toujou ensiste bagay la fèt jan l vle a. Olye de sa, li dispoze koute lòt moun e li dispoze sede lè gen bonjan rezon pou sa. Epitou, li se yon moun ki dou, ki pa aji di ak lòt moun. Se vre, se tout kretyen ki dwe gen kalite sa a, men li pi enpòtan toujou pou ansyen yo gen kalite sa a. Lè yon ansyen dou, sa fè moun santi yo alèz pou yo pwoche bò kote l (1 Tesalonisyen 2:7, 8). Li bon pou nou tout poze tèt nou kesyon sa yo: ‘Èske moun konnen m kòm yon moun ki gen konsiderasyon pou lòt moun? Èske moun konnen m kòm yon moun ki dispoze sede e ki dou?’

14. Ki jan nou ka demontre nou se moun ki “dispoze obeyi”?

14 ‘Li dispoze obeyi.’ Mo grèk lè yo tradui l yo mete “dispoze obeyi” pou li a pa parèt okenn lòt kote nan Liv yo te ekri an grèk yo. Dapre yon biblis, “souvan yo itilize [mo sa a] lè y ap pale de disiplin ki gen nan lame”. Mo sa a fè moun panse ak yon moun ki “fasil pou yo konvenk li” e ki “dispoze soumèt”. Yon moun ki kite sajès ki soti nan Bondye a dirije lavi l toujou pare pou l soumèt devan sa Bib la di. Moun pa konnen moun sa a kòm yon moun ki gen tèt di, kòmkwa, lè l fin deside yon bagay, pa gen anyen ki pou fè l chanje desizyon l lan, menmsi yo ta ba l prèv sa l deside a pa bon. Okontrè, moun sa a pa pran tan pou l fè chanjman lè yo itilize Bib la pou yo montre l sa l deside a oswa sa l panse a pa bon. Èske se konsa lòt moun wè w?

‘Li chaje ak mizèrikòd ak bon fwi’

15. a) Ki sa mizèrikòd vle di? b) Poukisa se avèk rezon Labib pale de “mizèrikòd” ak “bon fwi” ansanm nan Jak 3:17?

15 ‘Li chaje ak mizèrikòd ak bon fwi. * Mizèrikòd se yon aspè ki enpòtan anpil nan sajès ki soti nan Bondye a, paske Labib fè konnen sajès Bondye a “chaje ak mizèrikòd”. Remake Labib pale de “mizèrikòd” ak “bon fwi” ansanm. Se avèk rezon yo fè sa, paske, souvan nan Bib la, lè yo pale de mizèrikòd yon moun genyen, sa mache ak aksyon ki montre sousi moun sa a genyen pou lòt moun ki pouse l fè anpil bèl aksyon pou yo. Gen yon ouvraj referans ki defini mo mizèrikòd la konsa: “Se lè kè yon moun fè l mal pou yon lòt moun ki nan yon move sitiyasyon e lè li eseye fè sa l kapab pou ede moun nan.” Kidonk, lè Bondye ap demontre sajès li, li pa fè sa yon fason ki montre li pa gen bonjan afeksyon pou nou, oswa li pa gen pitye pou nou. Okontrè, lè l ap demontre sajès li, li montre li gen afeksyon ak pitye pou nou. Ki jan nou ka demontre nou se moun ki chaje ak mizèrikòd?

16, 17. a) Anplis de lanmou nou gen pou Bondye, ki sa k pouse nou patisipe nan travay predikasyon an, e poukisa nou fè travay sa a? b) Bay kèk fason nou ka demontre nou se moun ki chaje ak mizèrikòd.

16 Se sèten, yon fason enpòtan nou ka demontre nou se moun ki chaje ak mizèrikòd se lè nou pataje bon nouvèl Wayòm Bondye a ak lòt moun. Ki sa k pouse n fè travay sa a? Premyèman, se lanmou nou gen pou Bondye ki pouse n fè travay sa a. Anplis de sa, nou fè travay sa a paske nou gen mizèrikòd ak konpasyon pou lòt moun (Matye 22:37-39). Anpil moun jodi a “depafini e yo [...] lage tankou mouton ki san bèje”. (Matye 9:36.) Chèf relijye yo pa pran swen yo nan domèn espirityèl e yo anpeche yo konn laverite sou Bib la. Kòm rezilta, yo pa konnen konsèy saj ki nan Pawòl Bondye a, e yo pa konnen benediksyon Wayòm nan pral pote sou tè a talè konsa. Lè nou reflechi sou bezwen espirityèl moun yo ki toutotou nou, konpasyon nou gen nan kè nou dwe pouse nou fè tout sa nou kapab pou nou fè yo konnen bèl objektif Jewova genyen pou limanite.

Lè nou montre nou gen mizèrikòd oswa konpasyon pou lòt moun, nou montre nou gen “sajès ki sot anwo a”.

17 Ki lòt fason nou ka demontre nou se moun ki chaje ak mizèrikòd? Sonje egzanp Jezi te bay sou Samariten ki te jwenn yon mesye ki t ap vwayaje ki te lonje arebò wout la. Vòlè te bat mesye a e yo te pran tout sa l te genyen. Konpasyon Samariten an te gen pou mesye a te fè l poze aksyon ki “montre l gen pitye pou li”, li te panse blese mesye a e li te pran swen l (Lik 10:29-37). Èske egzanp sa a pa montre mizèrikòd mache ak bonjan aksyon ki fèt pou ede moun ki nan bezwen? Men sa Bib la ankouraje nou pou nou fè: “Fè byen ak tout moun, men sitou ak moun ki fanmi nou nan lafwa.” ​(Galat 6:10). Ann reflechi sou kèk posiblite nou genyen pou nou fè byen ak lòt moun. Ka gen yon kretyen parèy nou ki aje ki bezwen woulib pou l al nan reyinyon e pou l retounen lakay li apre reyinyon an. Ka gen yon vèv nan kongregasyon an ki bezwen yon moun ede l fè kèk ti reparasyon lakay li (Jak 1:27). Yon frè oswa yon sè ki dekouraje ka bezwen yon moun di l “bon pawòl” pou fè kè l kontan (Pwovèb 12:25). Lè nou fè bèl aksyon, nou demontre nou gen mizèrikòd, e sa montre aklè nou gen sajès ki sot anwo a nan lavi nou.

‘Li pa nan patipri, e li pa ipokrit’

18. Si nou kite sajès ki soti nan Bondye a dirije nou, ki sa n ap derasinen nan kè nou, e poukisa?

18 ‘Li pa nan patipri.’ Sajès ki soti nan Bondye a pa gen anyen pou wè ak prejije moun genyen sou ras yon moun soti oswa peyi l soti. Si nou kite sajès ki soti nan Bondye a dirije nou, n ap derasinen tout kalite patipri ki nan kè nou (Jak 2:9). Nou pa dwe demontre patipri pou yon moun akoz klas li fè, kantite lajan li genyen oswa responsablite li genyen nan kongregasyon an. E nou pa dwe meprize yon kretyen parèy nou, menmsi li ta sanble malere anpil. Si Jewova renmen yon moun malgre li malere anpil, kiyès nou ye pou nou pa demontre lanmou pou moun sa a?

19, 20. a) Bay kèk detay sou mo grèk lè yo tradui l yo mete “ipokrit” pou li a. b) Ki jan nou ka demontre nou gen “afeksyon ki san ipokrizi pou frè yo”, e poukisa sa enpòtan?

19 ‘Li pa ipokrit.’ Mo grèk lè yo tradui l yo mete “ipokrit” pou li a gen rapò ak “yon aktè k ap jwe yon wòl”. Nan tan lontan, aktè grèk yo ak aktè women yo te konn mete yon gwo mas nan figi yo lè yo t ap jwe teyat. Kidonk, mo grèk lè yo tradui l yo mete “ipokrit” pou li a te vin vle di yon moun k ap fè tèt li pase pou yon moun li pa ye vre. Aspè sa a ki nan sajès Bondye a pa sèlman gen enfliyans sou fason nou boule ak kretyen parèy nou, men tou li gen enfliyans sou fason nou wè yo.

20 Apot Pyè te fè konnen, lè nou “obeyi laverite” sa ap fè nou gen yon “afeksyon ki san ipokrizi pou frè yo”. (1 Pyè 1:22.) Wi, afeksyon nou genyen pou frè nou yo pa dwe yon bagay nou fè pou fè wè. Nou pa mete yon mas nan figi nou, oswa nou pap eseye jwe yon wòl yon fason pou nou twonpe moun. Afeksyon nou gen pou moun dwe sensè, li dwe soti nan kè nou. Si se konsa nou ye, kretyen parèy nou yo ap fè nou konfyans paske y ap konnen moun nou parèt nou ye a se moun sa a nou ye vre. Bèl konduit konsa pèmèt gen bonjan zanmitay pami kretyen yo, e sa fè youn fè lòt konfyans nan kongregasyon an.

“Konsève sajès pratik” la

21, 22. a) Kòman Salomon montre li pa t konsève sajès pratik la? b) Kòman nou ka konsève sajès pratik la, e ki byenfè n ap jwenn lè nou fè sa?

21 Sajès ki soti nan Bondye a se yon gwo kado, se yon kado nou pa dwe janm lage. Men sa Salomon te di: “Pitit gason m, [...] konsève sajès pratik ak kapasite pou reflechi.” ​(Pwovèb 3:21). Malerezman, Salomon li menm pa t suiv konsèy sa a. Li te yon moun ki saj toutotan li te gen yon kè ki obeyisan. Men pi devan, bann madanm li te genyen yo, ki te soti nan lòt peyi, te fè l vire do bay Jewova (1 Wa 11:1-8). Egzanp Salomon an montre aklè, menmsi nou gen konesans, sa pap itil nou anyen si nou pa byen sèvi avè l.

22 Kòman nou ka konsève sajès pratik la? N ap ka fè sa, nonsèlman lè nou li Bib la regilyèman ak lè nou li piblikasyon ki baze sou Bib la “esklav fidèl ki prevwayan an” ban nou, men tou lè nou mete sa nou aprann yo an pratik nan lavi nou (Matye 24:45). Nou gen bonjan rezon pou nou kite sajès ki soti nan Bondye a gide lavi nou. Lè nou fè sa, lavi nou ap bèl depi kounye a. Grasa sajès Bondye bay la, n ap kapab “kenbe lavi toutbon an fèm”, anpalan de lavi nan monn nouvo Bondye pwomèt la (1 Timote 6:19). E sa k pi enpòtan an, lè nou kite sajès Bondye a dirije nou, sa ap fè nou vin pi pwòch Jewova, Bondye nou an, li menm ki gen yon sajès ki san parèy.

^ § 1 De medam sa yo se pwostitye yo te ye. Men sa yon piblikasyon (Étude perspicace des Écritures) fè konnen: “Medam sa yo te ka de pwostitye, men se pa t nan sans kote moun te konn vann kò yo. Petèt medam sa yo te Juif oswa yo te soti nan lòt nasyon. Yo te pwostitye paske yo te fè fònikasyon.” — Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

^ § 11 Ekspresyon grèk lè yo tradui l yo mete “fè lapè” a soti nan yon vèb ki vle di “‘Pou fè vin gen yon chanjman, pou ranplase’ konsa moun yo ka ‘rekonsilye’.” Donk, objektif la se pou fè gen chanjman, pou retire, si sa posib, rankin ki ta ka gen nan kè moun nou te ofanse a. — Women 12:18.

^ § 15 Men ki jan yon lòt tradiksyon Labib tradui ekspresyon “chaje ak mizèrikòd ak bon fwi” a: “Chaje ak konpasyon ak bon aksyon.” — A Translation in the Language of the People, se Charles B. Williams ki fè tradiksyon sa a.