Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 26

Bondye “dispoze padone” nou

Bondye “dispoze padone” nou

1-3. a) Ki chay lou salmis la t ap pote, e ki jan li te rive jwenn soulajman? b) Apre nou fin fè yon peche, ki chay lou nou ka ap pote, men ki sa Jewova fè nou konnen?

“PECHE M yo fè pil, yo kouvri tèt mwen. Y’ap kraze m tankou yon chay ki twò lou pou mwen. Mwen san fòs, tout zo nan kò m kraze.” ​(Sòm 38:4, 8, Bib la). Pawòl sa a nou sot li la a, se salmis David ki te ekri l. David te byen konnen jan yon konsyans k ap kale yon moun te yon gwo chay pou moun pote. Men, li te rive jwenn soulajman. Li te konprann menm lè Jewova rayi peche, Jewova pa rayi moun k ap fè peche a si moun sa a repanti toutbonvre e li kase tèt tounen kite sa l t ap fè ki pa bon an. David te kwè ak tout kè l Jewova dispoze fè moun ki repanti toutbonvre a mizèrikòd. Men sa l te fè konnen: “O Jewova, ou [...] dispoze padone.” — Sòm 86:5.

2 Se menm bagay la pou nou tou, lè nou peche, konsyans nou k ap bat nou ka vin tankou yon gwo chay k ap kraze nou. Lefètke nou santi nou koupab, se yon bon bagay sa ye. Sa ka pouse nou aji yon fason pou korije erè n te fè yo. Sepandan, si nou kite santiman ki fè n santi n koupab la pote nou ale nèt, sa ka vin yon danje pou nou. Konsyans nou ka tèlman ap bat nou, li ka fè nou panse Jewova pap padone nou, menm lè nou repanti toutbonvre. Si nou ta kite santiman sa a “fini avè” nou, Satan ka eseye fè nou sispann sèvi Jewova, paske nou panse nou pa gen okenn valè nan je Jewova oswa nou twò move moun pou nou sèvi Jewova. — 2 Korentyen 2:5-11.

3 Èske se konsa Jewova wè bagay yo? Non! Padon se yon aspè nan gwo lanmou Jewova genyen pou nou an! Nan Bib la, Bondye fè nou konnen lè nou repanti ak tout kè nou, li dispoze padone (Pwovèb 28:13). Pou ede nou pi byen konprann sa, ann egzamine rezon ki fè Bondye padone nou e ki jan li fè sa.

Rezon ki fè Jewova “padonnen peche nou yo”

4. Ki sa Jewova sonje sou fason nou fèt, e ki jan sa gen efè sou fason li boule avè nou?

4 Jewova konnen nou gen limit. Men sa Sòm 103:14 fè konnen: “Li konnen byen ak ki sa nou fèt, li sonje nou se pousyè.” Jewova pa bliye se ak pousyè nou fèt, e lefètke nou enpafè, nou gen defo lakay nou. Ekspresyon “ak ki sa nou fèt” la fè nou sonje Bib la konpare Jewova ak yon potye, e li konpare nou ak veso li fè ann ajil * (Jeremi 18:2-6). Gran Potye a boule avè nou selon defo nou gen lakay nou akoz peche nou, e selon fason nou reyaji devan prensip li yo, kit nou byen reyaji kit nou mal reyaji.

5. Ki jan liv Women an esplike gwo pouvwa peche genyen?

5 Jewova byen konprann gwo efè peche genyen sou nou. Pawòl li a pale de peche kòm yon fòs ki pisan anpil ki kenbe lèzòm anba grif li. Jis nan ki pwen li kenbe nou di anba grif li? Nan liv Women an, apot Pòl te esplike nou “anba pouvwa peche”, menm jan yon sòlda anba pouvwa oswa otorite kòmandan l (Women 3:9). Peche kontinye ap “domine” sou limanite menm jan ak yon wa (Women 5:21). Peche “abite” nan nou (Women 7:17, 20). E “lalwa” peche kontinye travay nan nou, l ap eseye mennen nou (Women 7:23, 25). Antanke moun enpafè, se pa ti fòs peche genyen sou nou! — Women 7:21, 24.

6, 7. a) Ki jan Jewova wè moun ki repanti toutbonvre yo e k ap chèche jwenn mizèrikòd li? b) Poukisa nou pa dwe met nan tèt nou, kèlkeswa sa nou fè, Bondye ap toujou padone nou?

6 Kidonk, menm lè nou ta anvi fè tout sa nou kapab pou nou toujou obeyi Jewova, Jewova konnen nou pap ka obeyi l nèt. Avèk amou, Jewova fè nou konnen lè nou chèche mizèrikòd li ak tout kè nou, l ap padone nou. Men sa Sòm 51:17 fè konnen: “Sakrifis ki pou Bondye se yon espri brize. Yon kè ki brize, ki kraze, o Bondye ou pap meprize l.” Lè yon moun gen “yon kè ki brize” akoz li santi konsyans li ap kale l anpil, Jewova pap janm voye moun sa a jete oswa vire do ba li.

7 Men, èske sa vle di nou dwe met nan tèt nou n ap toujou jwenn padon nan men Bondye, kòmkwa nou ka sèvi ak enpafè nou enpafè a kòm eskiz pou nou fè peche? Non! Jewova pa kite santiman mennen l. Mizèrikòd li gen limit. Jewova pap janm padone moun ki fè espre pratike peche e ki pa vle repanti (Ebre 10:26). Yon lòt bò, lè Jewova wè nou repanti toutbonvre, li dispoze padone. Kounye a, ann egzamine kèk ekspresyon yo itilize nan Bib la ki esplike bèl aspè sa a, anpalan de padon, ki fè pati lanmou Jewova gen lakay li.

Jis nan ki pwen Jewova padone?

8. Ki sa Jewova fè lè l padone peche nou yo, e ki konfyans sa ban nou?

8 Men sa David, yon moun ki te repanti, te di: “Peche mwen an, finalman mwen te konfese l ba ou, e fot mwen an, mwen pa t kache l. [...] E ou menm, ou te padone fot peche m yo.” ​(Sòm 32:5). Mo ebre lè yo tradui l yo mete “padone” pou li a vle di mo pou mo “leve” oswa “pote”. Lè yo sèvi ak mo sa a la a, li vle di retire “peche, transgresyon ak santiman moun konn genyen ki fè yo santi yo koupab”. Donk, Jewova te leve peche David yo e l te pote yo ale lwen David. Lè Jewova te fè sa, sandout, santiman David te genyen ki te fè l santi l koupab la pa t la ankò (Sòm 32:3). Nou menm tou, nou ka gen yon konfyans total, lè yon moun chèche jwenn padon nan men Jewova sou baz sakrifis ranson Jezi a, Jewova ap pote peche moun sa a ale lwen l. — Matye 20:28.

9. Jis nan ki pwen Jewova voye peche nou yo jete byen lwen nou?

9 David te itilize yon bèl ekspresyon pou l esplike jan Jewova konn padone. Men sa l te di: “Menm jan lès byen lwen ak lwès, se konsa Li retire peche nou yo pou l voye yo jete byen lwen nou.” ​(Se nou ki mete mo yo ann italik; Sòm 103:12, The Amplified Bible). Ki gwo distans ki genyen ant lès ak lwès? Nan yon sans, lès pap janm rive rankontre ak lwès tèlman youn lwen parapò ak lòt. Gen yon biblis ki fè konnen ekspresyon “lès byen lwen ak lwès” la vle di: “Pi lwen otank posib, pi lwen pase sa nou ta ka imajine”. Pawòl sa yo Bondye te enspire David pou l ekri yo fè nou konnen, lè Jewova padone nou, li mete peche nou yo pi lwen pase sa nou ta ka imajine.

‘M ap fè peche nou yo vin blan kou lanèj.’

10. Lè Jewova padone peche nou, poukisa nou pa bezwen santi nou toujou gen tach peche sa yo sou nou pou tout rès vi nou?

10 Èske sa te janm rive w ou te eseye retire yon tach nan yon rad ki gen yon koulè pal? Petèt, malgre tout sa w te fè, tach la te toujou rete nan rad la. Men ki jan Jewova esplike kapasite l genyen pou l padone: ‘Menmsi peche nou yo ta tache wouj kou san sou tout kò nou, m ap lave nou. M ap fè nou vin blan kou lanèj. Nou te mèt tache wouj fonse, m ap blanchi nou, m ap fè nou blan kou lenn mouton.’ * (Se nou ki mete mo yo ann italik; Ezayi 1:18, Bib la). Youn nan koulè ki pi fonse yo te konn itilize pou chanje rad koulè se te koulè “wouj fonse” a. Nou pa t ap janm ka retire tach peche kite nan nou an ak pwòp fòs pa nou. Epoutan, Jewova ka pran peche ki nan nou ki ta wouj kou san, oswa wouj fonse, pou fè l vin blan tankou lanèj oswa fè l vin blan tankou lèn ki san tach. Donk, lè Jewova padone peche nou, nou pa bezwen santi nou toujou gen tach peche sa yo sou nou pou tout rès vi nou.

11. Nan ki sans Jewova voye peche nou yo jete dèyè do li?

11 Izkiya te konpoze yon bèl chante pou montre rekonesans li te gen nan kè l pou Jewova ki te fè l chape anba yon maladi ki te manke touye l. Men sa l te di Jewova: “Ou voye tout peche m yo jete dèyè do ou.” ​(Izayi 38:17). La a, yo pale de Jewova, kòmsi li te pran peche yon moun ki te mal aji e ki vin repanti, e li voye peche sa yo jete dèyè do li kote li pap wè yo ankò. Selon yon ouvraj, men kòman yo fè konprann pwen sa a: “Ou fè [peche m] yo vin tankou yo pa t janm egziste.” Èske sa pa rekonfòtan?

12. Kòman pwofèt Mika montre lè Jewova padone yon moun, li voye peche moun sa a lwen l nèt?

12 Anrapò ak yon pwomès Jewova te fè pou l fè tout bagay tounen jan yo te ye anvan an, pwofèt Mika te fè konnen jan li kwè Jewova t apral padone pèp Li a ki repanti. Men sa l te di: ‘Kiyès ki yon Dye tankou w, yon Dye ki padone fot e ki pase sou peche rès eritaj li a? W ap voye tout peche yo fè yo jete nan fon lanmè.’ ​(Mika 7:18, 19). Imajine ki siyifikasyon pawòl sa yo te genyen pou moun ki t ap viv nan tan biblik yo. Èske te gen yon ti chans pou yo te rejwenn yon bagay yo te fin voye “nan fon lanmè”? Kidonk, pawòl Mika yo montre lè Jewova padone nou, li retire peche nou nèt.

13. Lè Jezi te di “padone dèt nou”, ki sa l te vle di?

13 Jezi te pale de relasyon ki egziste ant moun ki prete yon lòt moun kòb ak moun li prete a pou l pale de padone Jewova konn padone a. Jezi te ankouraje n pou nou priye konsa: “Padone dèt nou.” ​(Matye 6:12, nòt anba paj). Jezi te konpare peche nou ak dèt (Lik 11:4, nòt anba paj). Lè nou peche, nou se “moun ki dwe” Jewova. Gen yon ouvraj referans ki fè konnen vèb grèk lè yo tradui l yo mete “padone” pou li a ka vle di tou: ‘Anile yon dèt oswa ba l vag, lè nou pa kontinye mande l’. Nan yon sans, lè Jewova padone yon moun, li anile dèt moun sa a te gen pou li. Sa ka fè moun ki repanti a santi l soulaje. Donk, Jewova pap janm fè nou peye pou yon dèt li deja anile. — Sòm 32:1, 2.

14. Ki imaj ekspresyon “pou peche nou ka efase” a fè vin nan lespri nou?

14 Nan Travay 3:19, nou ka wè plis toujou jan Jewova konn padone. Men sa vèsè a fè konnen: “Kidonk, se pou nou repanti, e se pou nou kase tèt tounen, pou peche nou ka efase.” Dènye mo nan fraz sa a, yon vèb grèk lè yo tradui l yo mete efase pou li, ka vle di “siye, [...] anile oswa detwi”. Dapre kèk biblis, mo sa a gen rapò ak yon moun k ap efase yon bagay yon moun te ekri. Kòman sa fè posib? Lank yo te abitye itilize nan tan lontan an te yon melanj ki te fèt ak kabòn, gonm e ak dlo. Tousuit apre yon moun ta fin ekri ak lank lan, li te ka pran yon eponj ki mouye pou l efase sa l te ekri a. Sa se yon bèl egzanp ki montre mizèrikòd Jewova gen lakay li. Lè li padone nou pou peche nou, se kòmsi li te pran yon eponj pou l efase peche nou.

Jewova vle nou konnen li “dispoze padone” peche nou yo.

15. Ki sa Jewova vle nou konnen sou li?

15 Lè nou reflechi sou bèl pawòl sa yo, èske sa pa montre aklè Jewova vle nou konnen li dispoze padone peche nou yo depi li wè nou repanti ak tout kè nou? Nou pa dwe ap enkyete nou, kòmkwa li pral pini nou pi devan pou peche sa yo nou te fè. Egzanp sa yo montre yon lòt bagay ankò ki montre mizèrikòd Jewova gen lakay li: Lè li padone, li bliye.

“Mwen p’ap chonje peche yo ankò”

16, 17. Lè Bib la fè konnen Jewova padone peche nou yo, ki sa l vle di e poukisa se konsa w reponn?

16 Men sa Jewova te pwomèt moun ki fè pati nouvo alyans lan: “M’a padonnen sa yo fè ki mal, mwen p’ap chonje peche yo ankò.” ​(Jeremi 31:34, Bib la). Èske sa vle di lè Jewova padone li pa ka sonje peche nou te fè yo ankò? Se pa sa vèsè sa a vle di. Labib pale de peche anpil moun te fè, e Jewova te padone yo. Youn nan moun li te padone yo se David (2 Samyèl 11:1-17; 12:13). Sa parèt klè, Jewova toujou konnen peche yo te fè yo. Lefètke Bondye te fè ekri nan Bib la peche moun sa yo te fè, repanti yo te repanti ak padone li te padone yo, sa itil nou (Women 15:4). Men, ki sa Labib vle di lè l fè konnen Jewova pa “chonje” peche moun li te padone yo te fè?

17 Vèb ebre lè yo tradui l yo mete “mwen p’ap chonje” pou li a vle di plis pase annik sonje sa k te pase. Gen yon liv (Theological Wordbook of the Old Testament) ki fè konnen vèb sa a gen ladan l tou “aji yon fason ki nesesè”. Donk, nan yon sans, “sonje” peche gen ladan l aji kont moun ki fè peche a (Ocheya 9:9). Men, lè Bondye di “mwen p’ap chonje peche yo ankò”, li vle fè nou konnen, yon fwa li padone peche yon moun te fè ki repanti ak tout kè l, pi devan li pap pini moun sa a pou peche moun nan te fè (Ezekyèl 18:21, 22). Kidonk, nan yon sans, lè Jewova padone peche yon moun, li bliye peche moun nan te fè. Se kòmsi li pa kenbe peche moun nan nan lespri l ankò pou l ta toujou sèvi ak peche moun nan te fè a pou l akize l oswa pini l. Èske sa pa rekonfòtan pou nou konnen Bondye nou an pa sèlman padone, men li bliye tou?

Èske Bondye anpeche moun sibi konsekans peche yo?

18. Lefètke Bondye padone moun ki repanti ak tout kè yo, poukisa sa pa vle di l ap anpeche yo sibi konsekans move aksyon yo?

18 Lefètke Jewova dispoze padone yon moun ki repanti ak tout kè l, èske sa vle di moun sa a pap sibi konsekans peche l yo? Non. Nou pa ka peche e pou nou pa soufri akoz peche nou fè a. Men sa apot Pòl te ekri: “Kèlkeswa sa yon moun simen, se sa l ap rekòlte tou.” ​(Galat 6:7). N ap sibi konsekans aksyon nou. Sa pa vle di, apre Jewova fin padone nou, l ap lage malè sou nou. Lè yon kretyen vin gen pwoblèm, li pa dwe di tèt li: ‘Petèt, se Jewova k ap pini m pou peche m te konn fè yo.’ ​(Jak 1:13). Sepandan, Jewova pap anpeche nou sibi tout konsekans move aksyon nou an ka lakòz. Malerezman nou ka pa ka evite sibi move konsekans, tankou divòs, ansent san nou pa vle, maladi seksyèl trapan ak yon move repitasyon. Pa bliye, menm lè Bondye te fin padone David pou peche David te fè ak Batcheba ak sa David te fè rive Ouriya a, Jewova pa t anpeche David sibi move konsekans aksyon l yo. — 2 Samyèl 12:9-12.

19-21. a) Kòman lwa ki nan Levitik 6:1-7 la te pèmèt ni yon moun ki te fè yon peche ni moun ki te viktim nan jwenn byenfè? b) Si peche nou fè yo lakòz lòt moun soufri, ki aksyon nou dwe fè pou n fè Jewova plezi?

19 Gen lòt konsekans toujou peche nou fè yo ka fè nou sibi, sitou si sa nou te fè a te lakòz lòt moun soufri. Pa egzanp, ann pale sou youn nan sitiyasyon yo pale nan Levitik chapit 6 la. Lalwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la te pale konsènan peche ki grav yon moun fè lè l pran byen materyèl Izrayelit parèy li, swa lè l vòlè, li dechèpiye, oswa li bay manti. Moun ki fè peche a ka di li pa koupab, e li ka menm sèmante sa l di a se vre. Sitiyasyon sa a se yon sitiyasyon kote moun yo akize a demanti moun ki pote plent lan. Sepandan, pi devan, konsyans moun ki te fè peche a ka kòmanse kale l, e l al fè konnen peche l te fè a. Pou Bondye te ka padone moun sa a, moun sa a te gen twa bagay pou l fè: remèt sa l te pran an, peye viktim nan yon dedomajman ki 20 pousan valè sa l te vòlè a, epi li te dwe ofri yon belye kòm sakrifis pou peche l te fè a. Men sa lalwa te fè konnen: “Prèt la ap ofri l devan Jewova pou l pirifye moun nan anba peche e moun nan ap jwenn padon.” — Levitik 6:1-7.

20 Lwa sa a se te yon dispozisyon ki montre mizèrikòd Bondye gen lakay li. Grasa lwa sa a, viktim nan te jwenn byenfè. Li te ka rejwenn sa yo te pran an, sandout, li te kontan lè moun ki te fè peche a te rekonèt peche l. Anmenmtan, moun ki te fè peche a, men ki te vin repanti epi aji pou l korije sa l te fè a, te jwenn byenfè tou. Anfèt, si l te refize chanje, Bondye pa t ap padone l.

21 Byenke nou pa anba Lalwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la, lwa sa a ede nou konprann jan Bondye wè bagay yo, san wete fason li wè padon (Kolosyen 2:13, 14). Si peche nou te fè yo lakòz lòt moun soufri, Bondye kontan wè lè n ap fè tout sa nou kapab pou nou korije sa nou te fè yo (Matye 5:23, 24). Sa ka mande pou nou rekonèt nou antò, fè konnen peche nou te fè a, e menm al mande moun nou te fè soufri a eskiz. Apre sa, nou ka sipliye Jewova sou baz sakrifis Jezi a pou li padone nou. Konsa, n ap ka santi nou rive jwenn padon nan men Jewova. — Ebre 10:21, 22.

22. Ki sa k ka rive byenke Jewova padone yon moun?

22 Yon paran ki renmen pitit li ka disipline pitit li akoz sa pitit li a te fè ki pa t bon, byenke li padone l. Menm jan tou, Jewova ki plen lanmou ka disipline yon moun, byenke li padone l (Pwovèb 3:11, 12). Yon kretyen ki repanti pou peche l ka pèdi privilèj li genyen antanke ansyen, asistan ministeryèl, oswa li pa nan sèvis aplentan ankò. Sa ka fè l mal pou l pèdi, pandan yon bon ti tan, privilèj li te renmen anpil la. Sepandan, yon disiplin konsa pa vle di Jewova pa padone moun sa a. Nou pa dwe bliye, lè Jewova disipline yon moun, sa se yon prèv li renmen moun nan. Lè nou aksepte disiplin Jewova yo e nou suiv konsèy li ban nou yo, sa ap fè nou jwenn anpil byenfè. — Ebre 12:5-11.

23. Poukisa nou pa dwe janm panse nou pap janm rive jwenn mizèrikòd Jewova, e poukisa nou dwe imite Jewova nan kesyon padone lòt moun nan?

23 Ala kontan nou kontan pou nou konnen Bondye nou an “dispoze padone” peche nou yo! Malgre erè nou fè deja yo, nou pa dwe janm met nan tèt nou nou se yon ka pèdi, kòmkwa nou pap janm ka jwenn mizèrikòd nan men Jewova. Si nou repanti toutbonvre, si nou fè tout sa nou kapab pou nou korije sa nou te fè ki pa bon e nou mande Bondye pou l padone nou sou baz sakrifis Jezi a, nou mèt gen yon konfyans total Jewova ap padone nou (1 Jan 1:9). Annou dispoze padone lòt moun, menm jan Jewova dispoze padone nou. Anfèt, si Jewova, li menm ki pa janm fè peche, dispoze padone moun, èske nou menm ki fè peche pa ta dwe dispoze fè tout sa nou kapab pou nou padone lòt moun?

^ § 4 Mo ebre lè yo tradui l yo mete ekspresyon “ak ki sa nou fèt” pou li a, se menm mo yo itilize lè y ap pale de veso ki fèt ann ajil yon potye fè. — Izayi 29:16.

^ § 10 Gen yon biblis ki fè konnen yon bagay ki gen koulè wouj san “pap blanchi oswa pap pèdi koulè l. Ni lawouze, ni lapli, ni sèvi yo sèvi avè l, ni lave yo lave l anpil pap fè koulè a soti”.