Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 27

“Ala bonte w anpil!”

“Ala bonte w anpil!”

1, 2. Ki fason konsa moun ka wè bonte Bondye gen lakay li, e kòman Bib la mete aksan sou kalite sa a?

DETWA zanmi chita ansanm y ap manje, y ap ri toutpandan yo pran plezi ap gade yon bèl kouche solèy. Yon lòt bò, yon kiltivatè ap souri lè l wè tan an mare e kèk ti gout lapli kòmanse tonbe. Yon mari ak madanm li kontan ap gade pitit yo ki fèk kòmanse mache.

2 Kit moun sa yo rann yo kont, kit yo pa rann yo kont, yo tout ap pwofite menm bagay la: bonte Jewova gen lakay li. Souvan, moun ki konn al legliz yo konn di “Bondye bon”. Remake Bib la pale de kalite sa a Bondye gen lakay li, e li fè konnen nan ki degre Jewova demontre kalite sa a. Men sa Bib la fè konnen: “Ala bonte w anpil!” ​(Sòm 31:19). Men, sanble se kèk grenn moun jodi a ki konprann sa pawòl sa yo vle di. Ki sa bonte Jewova gen lakay li a vle di, e ki efè kalite sa a genyen sou nou chak?

Yon aspè estrawòdinè nan lanmou Bondye

3, 4. Ki sa bonte ye, e poukisa nou ta kapab di bonte se yon kalite ki montre jan Jewova gen lanmou?

3 Jodi a, nan anpil lang, mo “bonte a” se yon mo yo itilize konsa konsa. Se pa konsa Bib la itilize mo sa a. Bib la fè konnen mo sa a gen rapò ak yon wo nivo nan domèn moral. Nan yon sans, nou ta ka di bonte parèt nan tout sa Jewova fè. Tout kalite Jewova yo, tankou pisans li, jistis li, ak sajès li, bon nèt. Donk, nou ta kapab di bonte se yon kalite ki montre jan Jewova gen lanmou pou nou. Poukisa nou di sa?

4 Bonte se yon kalite ki mande pou yon moun poze aksyon. Selon sa apot Pòl fè konnen, kalite sa a pi atiran pase jistis (Women 5:7). Yon moun ki jis ka fè tout sa l kapab pou l suiv sa lalwa mande, men, yon moun ki gen bonte lakay li fè plis pase sa. Moun sa a pran devan nan chèche fè sa ki byen nan enterè lòt moun. Jan nou pral wè sa, Jewova montre li gen bonte lakay li fason sa a. Sa klè, bonte sa a soti nan lanmou san parèy Jewova genyen an.

5-7. Poukisa Jezi te refize yo rele l “Bon Anseyan”, e konsa, ki verite enpòtan li te fè konnen?

5 Anplis de sa, se Jewova sèlman ki bon. Yon ti tan anvan Jezi te mouri, gen yon mesye ki te pwoche bò kote l pou l poze l yon kesyon. Men sa mesye a te di Jezi anvan l poze l kesyon an: “Bon Anseyan.” Men sa Jezi te di mesye a: “Poukisa w rele m bon? Pa gen yon moun ki bon, eksepte yon sèl: Bondye.” ​(Mak 10:17, 18). Sa Jezi te di mesye a te ka fè w yon ti jan sezi, e ou te ka ap mande tèt ou: Poukisa Jezi te korije mesye a? Anfèt, èske Jezi pa yon “Bon Anseyan” vre?

6 Mesye a te itilize tit “Bon Anseyan” an pou l te glorifye Jezi. Jezi, ki rekonèt limit li, te vle pou se Papa l ki nan syèl la ki resevwa glwa sa a, paske se Papa a ki gen yon bonte ki san parèy (Pwovèb 11:2). Nan repons Jezi te bay mesye a, li te fè konnen yon verite enpòtan tou. Se Jewova sèlman ki fè konnen ki sa ki bon. Se li menm sèl ki gen dwa pou l bay prensip sou sa ki byen ak sa ki mal. Lè Adan ak Èv te dezobeyi Bondye lè yo te manje nan pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la, se chèche yo t ap chèche fè yon dappiyanp sou dwa sa a. Kontrèman ak Adan ak Èv, avèk imilite, Jezi te kite se Papa l ki deside sa ki byen ak sa ki mal.

7 Anplis de sa, Jezi konnen se nan Jewova tout bon bagay soti. Se Jewova ki bay “tout bèl don ak tout kado pafè”. (Jak 1:17.) Ann egzamine jan bonte Jewova gen lakay li montre aklè jan li renmen bay.

Bonjan prèv ki montre Jewova gen anpil bonte lakay li

8. Kòman Jewova montre bonte l anvè tout moun?

8 Tout sa ki vivan benefisye bonte Jewova. Men sa Labib fè konnen: “Senyè a [“Jewova”, NW] bon pou tout moun san patipri”. (Se nou ki mete mo yo ann italik; Sòm 145:9, Bib la). Ki egzanp konsa ki montre tout aspè ki genyen nan bonte Bondye? Men sa Bib la fè konnen: “Li pa t sispann bay temwayaj sou tèt li paske li fè byen pou nou: li ban nou lapli ki soti nan syèl la ak sezon kote rekòt yo donnen anpil, li ban nou anpil manje e li ranpli kè nou ak lajwa.” ​(Travay 14:17). Èske w konn pran plezi manje yon bon ti manje? Si Jewova pa t gen bonte pou l fè tè a yon fason pou toujou gen dlo ki filtre e ki pwòp pou tonbe sou li e yon fason pou toujou gen ‘rekòt ki donnen anpil’, nou pa t ap jwenn manje pou nou manje. Jewova pa sèlman demontre bonte l nan fason sa a anvè moun ki renmen l, men tou li fè sa pou nou chak. Jezi te fè konnen Jewova “fè solèy li leve ni sou moun ki mechan ni sou moun ki bon, e li fè lapli tonbe ni sou moun ki jis ni sou moun ki enjis”. — Matye 5:45.

Jewova “ban nou lapli ki soti nan syèl la ak sezon kote rekòt yo donnen anpil”.

9. Kòman fwi ki rele pòm nan montre bonte Jewova gen lakay li?

9 Lefètke moun toujou kontinye ap jwenn chalè ak limyè solèy la, lapli ak sezon kote rekòt yo donnen anpil, sa fè anpil moun pa bay sa Bondye ban nou yo anpil valè. Pa egzanp, ann fè yon ti reflechi sou fwi ki rele pòm nan. Pòm se yon fwi ki donnen nan zòn sou tè a kote tanperati a pa ni twò cho ni twò frèt. Li se yon bèl fwi, li gen bon gou, li gen anpil ji ladan l e li chaje ak vitamin. Èske w te konnen gen anviwon 7 500 diferan kalite pòm ki egziste nan lemonnantye? Gen tout kalite koulè, genyen ki wouj, genyen ki jón, genyen ki vèt. Gen tout kalite gwosè, genyen ki yon ti jan pi gwo pase yon seriz, e genyen menm ki gwosè yon chadèk. Si w ta kenbe youn nan ti grenn ki anndan pòm nan nan men w, li pa t ap sanble anyen. Men, lè l pouse nan tè a, pyebwa li bay la vin tounen youn nan pyebwa moun pi renmen (Chan Salomon 2:3). Pye pòm kòmanse fleri nan sezon prentan, e lè sa a li bèl. Se nan sezon otòn li donnen. Chak ane, yon pye pòm bay an mwayèn 20 kès pòm, e chak kès pòm prèske peze menm pwa ak yon ti sak diri. E pafwa, pye pòm konn donnen konsa pandan 75 ane.

Vyepti grenn sa a ap bay yon pyebwa ki bèl e ki ka bay manje pandan plizyè dizèn ane.

10, 11. Kòman kapasite Jewova ban nou yo montre bonte Jewova gen lakay li?

10 Nan bonte san parèy Jewova gen lakay li, li fè nou “yon fason ki estrawòdinè”. Li fè nou yon fason ki pèmèt nou apresye sa l kreye yo epi pran plezi ladan yo (Sòm 139:14). Ann fè yon ti pale ankò sou egzanp nou te bay yo ki nan kòmansman chapit sa a. Ki bagay konsa moun sa yo te ki te fè kè yo kontan? Sa k te fè paran yo kontan se lè yo te wè pitit yo a fèk kòmanse ap mache. Kiltivatè a li menm te kontan lè l te wè lapli t ap tonbe sou jaden l lan. E zanmi yo te pran plezi ap gade bèl koulè nan syèl la pandan solèy la t ap kouche, koulè tankou wouj, jón ak vyolèt. Bondye fè nou yon fason pou je nou ka rive wè plis pase 300 000 koulè. E kapasite nou genyen pou nou tande a ede nou rekonèt vwa yon moun nou renmen anpil, bri van an ap fè nan pyebwa yo, tande lè yon timoun fè yon ekla ri. Poukisa nou pran plezi nan sa nou wè ak nan sa nou tande? Men sa Bib la di: “Se Senyè a [“Jewova”, NW] ki ban nou je pou nou ka wè, se li menm ki ban nou zòrèy pou nou ka tande.” ​(Pwovèb 20:12, Bib la). Men se sèlman de nan kapasite nou genyen yo nou sot pale la a.

11 Kapasite nou genyen pou nou pran sant lan montre aklè bonte Jewova gen lakay li tou. Bondye fè nou yon fason pou nen nou ka rive pran anviwon 10 000 sant. Annou reflechi sou kèk ladan yo. Nou konn pran sant manje nou pi renmen, respire bon sant ki soti nan flè yo, respire sant fèy ki tonbe atè e nou konn pran sant lafimen. Kapasite nou genyen pou nou santi lè kò nou touche ak yon bagay pèmèt nou santi lè yon ti van fre ap pase sou figi nou. Li pèmèt nou santi lè yon moun ban nou akolad, e nou ka menm santi jan po yon fwi swa anba men nou. Kounye a, ann fè yon ti pale sou kapasite nou genyen pou nou pran gou a. Lè w fè k pran yon dan nan yon fwi, ou gen kapasite pou w pran bon ti gou fwi sa a genyen. Nan moman w fin goute yon fwi, gen yon pakèt gou ou pran akoz tout sa Bondye mete nan fwi a. Wi, nou gen bonjan rezon pou nou di Jewova pawòl sa a: “Ala bonte w anpil, bonte ou sere avèk swen pou moun ki gen lakrentif pou ou!” ​(Sòm 31:19). Men, nan ki sans Jewova “sere avèk swen” bonte li gen lakay li a pou moun ki gen lakrentif pou li?

N ap ka jwenn byenfè pou tout tan grasa bonte Bondye

12. Ki dispozisyon ki pi enpòtan Jewova pran, e poukisa Jewova pran dispozisyon sa a?

12 Men sa Jezi te fè konnen: “Men sa ki ekri: ‘Lòm pa dwe viv ak pen sèlman, men li dwe viv ak tout pawòl ki soti nan bouch Jewova.’” ​(Matye 4:4). Pa gen manti nan sa, manje espirityèl Jewova bay ka fè nou jwenn plis byenfè lontan pase manje fizik nou jwenn pou kò nou. Rezon an se paske manje espirityèl la ka fè nou jwenn lavi ki pap janm fini an. Nan chapit 8 la, nou te egzamine fason Jewova itilize pisans li genyen pou l fè bagay yo tounen jan yo te ye anvan an pou gen yon paradi espirityèl nan dènye jou yo. Yon bagay enpòtan ki genyen nan paradi sa a se manje espirityèl ki genyen agogo.

13, 14. a) Ki sa pwofèt Ezekyèl te wè nan yon vizyon, e ki sa vizyon sa a vle di pou nou jodi a? b) Ki mwayen Jewova te itilize pou pèmèt pèp li a jwenn lavi ki pap janm fini an?

13 Nan Bib la, youn nan pwofesi ki pale de pisans Jewova genyen pou l fè bagay yo tounen jan yo te ye anvan an se vizyon Bondye te bay pwofèt Ezekyèl sou tanp lan ki te tounen jan li te ye anvan an e ki te bèl anpil. Te gen dlo ki t ap soti nan tanp lan e ki t ap koule tankou yon rivyè. Tank dlo sa a ap desann se tank l ap vin pi laj e l ap vin pi fon, jiskaske “kouran dlo a vin de fwa pi gwo”. Kèlkeswa kote rivyè sa a te pase li te pote benediksyon. Arebò rivyè a, gen yon bann ak yon pakèt pyebwa ki byen fre k ap bay bonjan manje e ki fè moun jwenn gerizon. Rivyè a menm fè lanmè Sale a vin gen lavi ladan l (Ezekyèl 47:1-12). Men, ki sa tout bagay sa yo vle di?

14 Vizyon Ezekyèl te wè a ede nou konprann Jewova t apral pran dispozisyon pou vrè adorasyon an retounen jan li te ye anvan an, jan tanp Ezekyèl te wè nan vizyon an montre sa. Menm jan ak rivyè Ezekyèl te wè nan vizyon an, dispozisyon Bondye pran pou pèp li a ka jwenn lavi pa t ap sispann ogmante. Depi lè Jewova te fin mete vrè adorasyon an kanpe sou pye ankò an 1919, li te bay pèp li a mwayen pou yo jwenn lavi ki pap janm fini an. Kòman li te rive fè sa? Li sèvi ak Bib la, piblikasyon ki baze sou Bib la, reyinyon yo ak kongrè yo pou ede plizyè milye moun jwenn laverite. Grasa dispozisyon sa yo, Jewova ede moun konnen dispozisyon ki pi enpòtan an, anpalan de sakrifis Kris te bay kòm ranson an. Dispozisyon sa a fè tout moun ki renmen Bondye e ki gen lakrentif pou li vin pwòp nan je l, e li fè yo gen posiblite pou yo jwenn lavi ki pap janm fini an *. Kidonk, nan dènye jou sa yo, pandan monn nan ap soufri grangou nan domèn espirityèl, pèp Jewova a ap byen manje nan domèn espirityèl. — Izayi 65:13.

15. Nan ki sans Jewova pral demontre bonte l anvè moun ki fidèl yo pandan Rèy mil an Kris la?

15 Rivyè Ezekyèl te wè nan vizyon an pa t sispann koule menm lè sistèm mechan sa a ap rive nan bout li. Okontrè, rivyè sa a pral kontinye koule plis toujou pandan Rèy mil an Kris la. Lè sa a, grasa Wayòm Mesi a, Jewova pral ede lèzòm pwofite sakrifis Jezi a tikras pa tikras, dekwa pou yo ka vin pafè. Se pa ti kontan n ap kontan benefisye bonte Jewova gen lakay li!

Lòt aspè nan bonte Jewova gen lakay li

16. Kòman Bib la montre gen lòt kalite ki mache ak bonte Jewova gen lakay li, e ki kalite sa yo ye?

16 Bonte Jewova gen lakay li vle di plis pase renmen bay. Men sa Bondye te di Moyiz: “M ap fè w wè tout bon bagay mwen gen lakay mwen, e m ap pwoklame non m, Jewova, devan w.” Pi devan, men sa Bib la fè konnen: “Jewova te pase devan Moyiz e li te di: ‘Jewova, Jewova, yon Dye ki gen mizèrikòd ak konpasyon, ki pa fè kòlè fasil, ki gen anpil lanmou, ki fidèl, ki toujou di laverite.’” — Egzòd 33:19; 34:6.

17. Kòman Jewova boule ak moun enpafè, e ki kalite ki pouse l fè sa?

17 Vèsè sa a aprann nou anpil bagay sou fason Jewova boule ak kreyati l yo. Jewova pa sovaj, li pa frèt ni li pa aji tankou yon diktatè, jan, an jeneral, moun ki gen anpil pouvwa yo konn ye. Okontrè, Jewova janti e li gen bonte. Pa egzanp, men sa Jewova te di Abraram: “Leve je w, tanpri, epi, detan kote w ye a, gade nan nò, nan sid, nan lès ak nan lwès.” ​(Jenèz 13:14). Gen anpil tradiksyon Labib ki pa mete mo “tanpri” a. Men, gen biblis ki fè remake mo ki nan lang orijinal la montre ton pawòl Jewova di Abraram nan pa yon lòd, men se pito yon demann ki fèt avèk jantiyès. Gen lòt egzanp ki montre Jewova konn pale konsa (Jenèz 31:12; Ezekyèl 8:5). Fè yon ti reflechi, Souvren linivè a di “tanpri” lè l ap pale ak lèzòm! Souvan, nan monn sa a n ap viv ladan l lan, nou jwenn moun ki aji di youn ak lòt, moun ki fòse moun fè sa yo vle ak moun ki malelve. Èske sa pa fè w kontan pou w wè jan Jewova gen jantiyès lakay li?

18. Nan ki sans Jewova “toujou di laverite”, e poukisa pawòl sa yo fè kè nou kontan?

18 Nan menm vèsè a, nou jwenn pawòl sa a: ‘Li toujou di laverite’. Jodi a, moun yo nan monn nan bay manti pou ti krik ti krak. Men, Bib la fè nou sonje: “Bondye pa tankou yon moun pou l ap bay manti.” ​(Nonb 23:19). An reyalite, men sa Tit 1:2 fè konnen: “Bondye [...] pa ka bay manti.” Jewova, ki gen anpil bonte lakay li, pap janm fè yon bagay konsa. Donk, nou mèt gen konfyans pwomès Jewova fè yo ap toujou reyalize. Pawòl ki sot nan bouch li ap reyalize san mank. Labib fè konnen tou Jewova se “yon Bondye ki kenbe pawòl li”. (Sòm 31:5, Bib la.) Li pa annik pa bay manti, men tou, li toujou di laverite. Jewova pa kache ki moun li ye, ni li pa chèche kache enfòmasyon ki ka itil nou. Okontrè, li sèvi ak sajès san parèy li genyen an pou l bay sèvitè fidèl li yo anpil enfòmasyon pou ede yo *. Li menm anseye yo kòman pou yo viv ann amoni ak verite li bay yo dekwa pou yo “kontinye [...] mache nan laverite”. (3 Jan 3.) An jeneral, kòman bonte Jewova gen lakay li gen efè sou nou chak?

Se pou nou “kontan anpil” pou bonte Jewova gen lakay li

19, 20. a) Ki jan Satan te fè Èv pèdi konfyans li te gen nan bonte Jewova gen lakay li a, e ki konsekans sa te genyen? b) Ki efè bonte Jewova gen lakay li a ta dwe gen sou nou, e poukisa?

19 Lè Satan te tante Èv nan jaden Edenn nan, anba anba li te kòmanse mete konfyans Èv te gen nan bonte Jewova a an dout. Men sa Jewova te di Adan: “Ou mèt manje nan fwi tout pyebwa ki nan jaden an jan w vle.” Pami plizyè milye pyebwa ki te nan jaden an, se yon sèl Jewova te ba yo lòd pou yo pa manje ladan l. Sepandan, gade ki jan Satan te poze Èv premye kesyon l lan. Li te di l: “Èske se vre Bondye di nou pa dwe manje fwi nan okenn pyebwa ki nan jaden an?” ​(Jenèz 2:9, 16; 3:1). Satan te tòde pawòl Jewova yo dekwa pou l fè Èv panse Jewova t ap kache l yon bon bagay. Malerezman, Èv te pran nan pyèj Satan an. Èv, menm jan ak anpil moun, te vin gen dout sou bonte Bondye gen lakay li, alòske se Bondye ki te ba l tout sa l te genyen.

20 Lefètke Èv te vin gen dout sou bonte Jewova gen lakay li, sa lakòz limanite tonbe nan gwo pwoblèm e yo vin gen anpil lapenn. Donk, ann fè yon ti reflechi sou pawòl nou jwenn nan Jeremi 31:12 (Bib la). Men sa vèsè sa a di: “Y’a kontan anpil pou tou sa Senyè a [“Jewova”, NW] pral ba yo.” Bonte Jewova gen lakay li dwe fè nou gen kè kontan. Nou pa gen okenn rezon pou nou gen dout sou sa k pouse Bondye nou an aji, li menm ki gen yon bonte ki san parèy. Nou mèt gen yon konfyans total kapital nan li paske li vle sa k pi bon an pou moun ki renmen l yo.

21, 22. a) Di kèk bagay ou ta ka fè pou montre rekonesans ou pou bonte Jewova gen lakay li. b) Ki kalite Jewova gen lakay li nou pral egzamine nan chapit ki vin apre a, e ki sa k fè kalite sa a pa menm bagay ak bonte?

21 Anplis de sa, lè nou jwenn posiblite pou nou pale ak lòt moun sou bonte Bondye gen lakay li a, sa fè nou kontan. Men sa Sòm 145:7 fè konnen konsènan pèp Jewova a: “Lè yo tande pale jan w gen anpil bonte, y ap gen anpil lajwa.” Chak jou nan lavi nou, nou benefisye bonte Jewova gen lakay li a yon fason oswa yon lòt. Poukisa nou pa pran abitid di Jewova mèsi pou bonte li genyen? Èske nou pa ta ka di l egzakteman poukisa nou di l mèsi a? Lè nou reflechi sou kalite sa a e nou pran tan chak jou pou nou di Jewova mèsi epi pou nou di lòt moun jan Jewova gen bonte lakay li, sa ap ede nou imite Bondye nou an ki bon. Toutpandan n ap chèche okazyon pou nou fè sa ki bon pou lòt moun, jan Jewova fè sa, n ap santi nou vin pi pwòch Jewova. Men sa apot Jan te fè konnen lè li te vin granmoun anpil: “Byenneme, pa imite sa ki mal, men imite sa ki byen. Moun k ap fè sa ki byen soti nan Bondye.” — 3 Jan 11.

22 Bonte Jewova gen lakay li a mache ak lòt kalite Jewova genyen. Pa egzanp, Labib fè konnen Bondye “gen anpil lanmou” oswa lanmou fidèl lakay li (Egzòd 34:6). Jewova demontre bonte pou tout moun, men li pa demontre lanmou fidèl pou tout moun. Lanmou fidèl se yon kalite Jewova demontre sitou anvè sèvitè fidèl li yo. Nan chapit ki vin apre a, nou pral egzamine kòman li fè sa.

^ § 14 Ranson an se pi bon egzanp ki demontre bonte Jewova gen lakay li. Pami tout milya zanj ki genyen yo, Jewova te chwazi sèl Pitit li te fè e li renmen anpil la pou vin mouri pou nou.

^ § 18 Se avèk rezon Labib makònen verite ak limyè. Men pawòl nou jwenn nan yon chante yon salmis te fè: “Voye limyè w ak verite w.” ​(Sòm 43:3). Jewova bay moun ki dispoze aprann nan men l yo anpil limyè nan domèn espirityèl. — 2 Korentyen 4:6; 1 Jan 1:5.