Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 28

“Se ou sèl ki fidèl”

“Se ou sèl ki fidèl”

1, 2. Poukisa nou kapab di wa David te byen konnen sa sa vle di enfidelite?

WA David te byen konnen sa sa vle di enfidelite. Te gen yon lè, kèk moun ki nan menm nasyon avè l t ap fè konplo anba anba kont li pou yo voye gouvènman l lan ale, yon gouvènman ki te deja gen kont pwoblèm li deja. Anplis de moun sa yo, te gen moun ki te pwòch David anpil ki te trayi l. Pa egzanp, ann pran Mikal, premye madanm David te genyen an. Okòmansman, li te “renmen David”. Pa gen dout nan sa, li te ede David nan responsablite David te genyen antanke wa. Sepandan annapre, li te kòmanse “degoute l nan kè l”, li te menm konsidere David tankou “yon nonm san sèvèl”. — 1 Samyèl 18:20; 2 Samyèl 6:16, 20.

2 Annapre, te gen Ayitofèl, konseye pèsonèl David la, ki te trayi l. Yo te konn tèlman bay konsèy Ayitofèl yo valè, se kòmsi konsèy sa yo te soti dirèkteman nan bouch Jewova (2 Samyèl 16:23). Men, rive yon lè, konseye sa a David te fè anpil konfyans te trayi l, e li t al soutni yon rebelyon yo t ap fè kont David. E kiyès ki te alatèt konplo sa a? Absalòm, pwòp pitit David! Misye te “fè yo [Izrayelit yo] vin renmen l”, konsa li t ap chèche pran plas wa a. Rebelyon an te tèlman gaye nan peyi a, wa David te oblije chape poul li pou l pa mouri. — 2 Samyèl 15:1-6, 12-17.

3. Nan ki sa David te gen konfyans?

3 Èske pa t gen yon moun ki te rete fidèl anvè David? Malgre David te nan gwo pwoblèm sa yo, li te gen konfyans gen yon moun ki t ap rete fidèl anvè l. Kiyès moun sa a? Se pa lòt moun, se te Jewova. Men sa David te di Jewova: “Ou fidèl ak moun ki fidèl.” ​(2 Samyèl 22:26). Ki sa fidelite ye? Ki pi bèl egzanp Jewova bay nan demontre kalite sa a?

Ki sa fidelite ye?

4, 5. a) Ki sa “fidelite” ye? b) Malgre nou ka gen konfyans yon bagay ap toujou la, poukisa nou pa ka di bagay sa a fidèl menm jan nou ta ka di sa pou yon moun?

4 Ann amoni ak sans mo “fidelite” a genyen nan Liv ki te ekri ann ebre yo, mo sa a gen rapò ak bonte ki atache ak yon bagay avèk amou jiskaske objektif li anrapò ak bagay sa a reyalize. Yon moun ki fidèl se yon moun ki gen lanmou *. Yon bagay ki enteresan sèke gen yon salmis ki fè remake lalin nan se “yon temwen fidèl nan syèl la”. Rezon an se paske, an jeneral, chak swa lalin nan parèt nan syèl la (Sòm 89:37). Nan sans sa a, nou gen konfyans lalin nan ap toujou la nan syèl la. Men, nou pa ka di lalin nan fidèl menm jan yon moun fidèl. Poukisa nou di sa? Se paske, lè yon moun fidèl, se yon fason li demontre li gen lanmou lakay li, yon kalite, objè yo oswa bagay ki pa vivan yo, pa ka demontre.

Yo rele lalin nan yon temwen fidèl, men se moun ak zanj ki ka imite fidelite ki soti nan Jewova.

5 Dapre sans mo fidelite a genyen nan Bib la, mo sa a bay ide yon moun ki toujou pare pou l demontre afeksyon pou lòt moun. Li gen rapò ak relasyon ki egziste ant moun ki demontre kalite sa a ak moun y ap demontre kalite sa a anvè l la. Yon fidelite konsa se pa yon kalite yo demontre yon lè konsa. Li pa tankou lanm lanmè van ap fè fè ale vini. Okontrè, fidelite oswa lanmou fidèl se yon kalite ki tèlman fò, li ka ede yon moun fè fas ak nenpòt obstak.

6. a) Jis nan ki pwen fidelite se yon kalite nou pa fasil jwenn lakay moun jodi a, e ki jan Bib la montre sa? b) Ki pi bon fason pou nou aprann konnen sa fidelite ye, e poukisa?

6 Se vre, jodi a li pa fasil pou nou jwenn anpil moun ki demontre yo fidèl. Byen souvan, gen zanmi, “se pran yo vin pran” sèlman. De jou an jou, n ap tande istwa kote mari oswa madanm kite ak moun li marye avè l la (Pwovèb 18:24, Bib la; Malaki 2:14-16). Nou tèlman tande pale de zak kote moun trayi lòt moun, nou ka di menm pawòl pwofèt Mika te di a. Men sa l te di: “Pa rete moun serye nan peyi a ankò”, anpalan de moun ki fidèl (Miche 7:2, Bib la). Malgre lèzòm pa rive demontre bonte ki plen lanmou, fidelite se youn nan bèl kalite ki makònen ak pèsonalite Jewova. An reyalite, pi bon fason pou nou aprann konnen sa fidelite ye se lè nou egzamine fason Jewova demontre bèl aspè sa a ki fè pati lanmou li gen lakay li.

Fidelite san parèy Jewova genyen an

7, 8. Poukisa Bib la fè konnen se Jewova sèl ki fidèl?

7 Men sa Bib la fè konnen konsènan Jewova: “Se ou sèl ki fidèl.” ​(Revelasyon 15:4). Men tann, poukisa Bib la di yon bagay konsa? Èske, pafwa, Bib la pa pale de moun ak zanj ki demontre yon fidelite ki estrawòdinè (Jòb 1:1; Revelasyon 4:8)? E Jezi Kris menm? Èske Bib la pa rele l chèf Bondye etabli a ki “fidèl”? (Sòm 16:10.) Ebyen, poukisa Bib la fè konnen se Jewova sèl ki fidèl?

8 Toudabò, ann pa bliye fidelite se yon aspè nan lanmou Bondye. Etandone “Bondye se lanmou”, sa vle di li se lanmou an pèsòn, kiyès ki ka pi byen demontre kalite sa a pase Jewova (1 Jan 4:8)? Se vre, zanj ak moun gen kapasite pou yo imite kalite Bondye yo, men se Jewova sèlman ki fidèl nan nivo ki pi wo a. Antanke “Moun ki la pi lontan an”, Jewova se Moun ki gen plis tan depi l ap demontre bonte ki plen lanmou an anvè kreyati l yo, kit se kreyati ki sou tè a, kit se kreyati ki nan syèl la (Dànyèl 7:9). Kidonk, Jewova toujou fidèl. Li demontre kalite sa a yon fason ki san parèy. Ann pran kèk egzanp.

9. Ki jan Jewova montre li “fidèl nan tout travay” li fè?

9 Jewova “fidèl nan tout travay” li fè (Sòm 145:17). Nan ki sans? Sòm 136 (Bib la) bay repons lan. Nan chapit sa a, yo pale de yon seri aksyon Jewova te fè pou l sove pèp li a, tankou lè l te fè Izrayelit yo travèse lanmè Wouj la. Yon bagay ki enteresan sèke chak vèsè nan chapit sa a fini ak fraz sa a: “Li p’ap janm sispann renmen nou” oswa fidèl anvè nou oswa demontre bonte ki plen lanmou an anvè nou. Yo fè referans ak Sòm sa a nan paj 347, nan kare ki gen tit: “Kesyon pou nou medite sou yo.” Lè w ap li vèsè sa yo, ou pap pa santi vèsè sa yo touche kè w lè wè tout bèl fason Jewova te demontre bonte ki plen lanmou anvè pèp li a. Wi, Jewova demontre li fidèl anvè sèvitè fidèl li yo. Li fè sa lè li koute yo k ap kriye nan pye l pou l vin ede yo, e lè li pase alaksyon pou l ede yo nan moman li fikse pou sa (Sòm 34:6). Jewova pa janm demontre lanmou fidèl li pou sèvitè l yo konsa konsa. Toutotan sèvitè l yo rete fidèl anvè l, l ap toujou rete fidèl anvè yo.

10. Ki jan Jewova montre li fidèl anvè prensip li yo?

10 Anplis de sa, Jewova montre li fidèl anvè sèvitè l yo lè li pa pase prensip jis li yo anba pye. Kontrèman ak lèzòm ki toujou ap chanje lide e ki kite santiman mennen yo, Jewova pa chanje lide sou sa li di ki bon ak sou sa li di ki pa bon. Pandan plizyè milye ane, li pa janm chanje lide sou sa li di konsènan bagay ki gen rapò ak movèzespri, idolatri ak zak asasinay. Men sa Jewova te fè konnen pa mwayen pwofèt Izayi: “Jis nan vyeyès yon moun, mwen rete menm Moun nan.” ​(Izayi 46:4). Kidonk, se pou nou toujou gen konfyans n ap jwenn anpil byenfè lè nou obeyi prensip Jewova ban nou nan Bib la nan domèn moral. — Izayi 48:17-19.

11. Bay kèk egzanp ki montre Jewova toujou kenbe pwomès li.

11 Anplis de sa, Jewova montre li fidèl lè li kenbe pwomès li fè nou nan Bib la. Lè Jewova fè yon pwomès, se kòmsi sa l di a deja reyalize. Se sa k fè Jewova te di pawòl sa a: “Pawòl [...] ki sot nan bouch mwen [...] pap retounen vin jwenn mwen san rezilta, men, se sèten, l ap fè sa ki fè m plezi, e l ap reyisi san mank nan sa m voye l fè a.” ​(Izayi 55:11). Lefètke Jewova kenbe pawòl li, se yon fason li montre fidelite l anvè pèp li a. Li pa kite yo ap tann yon bagay li pa gen nan lide l pou l fè. Jewova tèlman gen yon bon repitasyon nan domèn sa a, Jozye, yon sèvitè l, te kapab di: “Pa gen yon pwomès nan tout bèl pwomès Jewova te fè pèp Izrayèl la ki pa t reyalize. Yo tout nèt te reyalize.” ​(Jozye 21:45). Donk, nou mèt gen konfyans Jewova pap janm pa reyalize pwomès li fè yo. — Izayi 49:23; Women 5:5.

12, 13. Nan ki sans Jewova “p’ap janm sispann” demontre bonte ki plen lanmou an?

12 Jan nou te deja wè sa, Bib la fè konnen Jewova “p’ap janm sispann” demontre bonte ki plen lanmou an anvè nou (Sòm 136:1, Bib la). Kòman Jewova demontre sa? Lè Jewova padone peche nou, li padone peche nou nèt. Jan nou te egzamine sa nan chapit 26 la, Jewova pap retounen sou fot li te padone yo. Piske “tout moun peche, e yo pa rive reflete kalite Bondye yo”, se nou chak ki dwe montre nou rekonesan lefètke Jewova pap janm sispann renmen nou oswa fidèl anvè nou. — Women 3:23.

13 Men, gen yon lòt fason ankò Jewova pap janm sispann demontre bonte ki plen lanmou an anvè nou. Pawòl li a fè konnen moun ki jis la ap “vin tankou yon pyebwa ki plante bò kouran dlo, ki bay fwi lè sezon l rive, fèy li pa fennen, e tout sa l fè ap reyisi”. (Sòm 1:3.) Imajine yon pyebwa fèy li pa janm fennen! Se menm jan an tou, lè nou pran plezi pou nou li pawòl Bondye a, n ap viv anpil tan, n ap anpè e sa nou fè ap reyisi. Etandone Jewova fidèl, li pral vide benediksyon sou sèvitè fidèl li yo, e benediksyon sa yo pap janm fini. Vrèmanvre, nan monn nouvo ki jis Jewova pral fè vini an, moun ki obeyisan yo pral kontan benefisye bonte ki plen lanmou Jewova genyen an pou toutan. — Revelasyon 21:3, 4.

Jewova “pap abandone fidèl li yo”

14. Kòman Jewova montre li apresye efò sèvitè l yo ap fè pou yo sèvi l?

14 Se pa ni de ni twa fwa Jewova demontre li gen fidelite lakay li. Etandone Jewova pafè, li toujou demontre fidelite anvè sèvitè fidèl li yo. Men sa yon salmis te ekri: “Mwen te yon jèn gason, apre sa mwen vin vyeyi. Epoutan mwen pa wè okenn moun jis ki abandone konplètman, ni m pa wè desandan li ap chèche pen. Paske, Jewova renmen jistis e li pap abandone fidèl li yo.” ​(Sòm 37:25, 28). Vrèmanvre, antanke Kreyatè, Jewova merite pou nou adore l (Revelasyon 4:11). Epoutan, lefètke Jewova fidèl, li bay efò n ap fè pou nou sèvi l yo anpil valè. — Malaki 3:16, 17.

15. Ki jan fason Jewova te boule ak Izrayelit yo montre li gen fidelite lakay li?

15 Etandone Jewova gen bonte ki plen lanmou an, se pa ni de ni twa fwa li te vini pou ede pèp li a lè yo te nan pwoblèm. Men sa yon salmis te fè konnen: “Li pwoteje nanm fidèl li yo. Li delivre yo anba men mechan yo.” ​(Sòm 97:10). Ann egzamine fason Jewova te boule ak pèp Izrayèl la. Apre Jewova te fin fè yon mirak pou l fè Izrayelit yo travèse lanmè Wouj la, men sa Izrayelit yo te di nan yon chante yo te chante pou Jewova: “[Ou] gen lanmou e w fidèl, ou dirije pèp ou sove a.” ​(Egzòd 15:13). Se sèten, lè Jewova te fè Izrayelit yo travèse lanmè Wouj la, se yon fason li te montre li fidèl anvè pèp la. Se sa k fè Moyiz te di Izrayelit yo pawòl sa yo: “Se pa paske nou te pèp ki gen plis moun pami tout pèp yo ki fè Jewova te montre li gen afeksyon pou nou e ki fè li te chwazi nou, dayè, pami tout pèp yo se nou menm ki te pi piti. Men, se paske Jewova te renmen nou e paske li te respekte sèman li te fè zansèt nou yo, ki fè Jewova te fè nou soti ann Ejip ak fòs ponyèt li, e li te retire nou nan esklavaj anba men Farawon, wa Ejip la.” — Detewonòm 7:7, 8.

16, 17. a) Jis nan ki pwen Izrayelit yo pa t montre yo gen Jewova rekonesans, epoutan ki jan Jewova te montre li gen konpasyon pou yo? b) Ki sa pifò Izrayelit yo te fè ki te montre “pa t gen gerizon” pou yo, e kòman sa sèvi nou avètisman?

16 Byennantandi, nasyon Izrayèl la pa t toujou montre yo apresye lanmou ak fidelite Jewova gen lakay li, paske, apre Jewova te fin delivre yo, ‘yo pa t sispann fè peche kont li, yo te konn revòlte kont Bondye ki anwo nan syèl la’. (Sòm 78:17, Bib la.) Pandan plizyè syèk, Izrayelit yo pa t sispann rebele kont Jewova, sa vle di yo pa t sispann vire do ba li pou yo t al sèvi fo dye, sa ki te lakòz yo te tonbe nan fè sa k pa bon nan je Bondye. Malgre sa, Jewova te toujou kenbe alyans li te fè avèk yo a. Pa mwayen pwofèt Jeremi, men sa Jewova te mande pèp li a pou yo fè: “Nou menm moun peyi Izrayèl ki te vire do ban mwen, tounen vin jwenn mwen. Mwen [...] [“fidèl”, NW], mwen p’ap fache sou nou.” ​(Jeremi 3:12, Bib la). Men, jan nou te wè sa nan chapit 25 lan, pifò Izrayelit pa t koute Jewova, “yo te kontinye pase mesaje vrè Dye yo nan rizib, yo te kontinye meprize pawòl li yo e yo te kontinye fawouche pwofèt li yo”. Ki konsekans sa te genyen? Finalman, “Jewova te vide kòlè l avèk raj sou pèp li a e pa t gen gerizon pou yo ankò.” — 2 Kwonik 36:15, 16.

17 Ki sa nou aprann nan sa k te rive a? Fidelite Jewova pa baze sou senp santiman ni sa pa fè li kite moun twonpe l. Se vre, Jewova ‘chaje lanmou, li fidèl’ e li kontan demontre mizèrikòd li lè gen bonjan rezon pou sa, men, kòman Jewova reyaji lè yon moun fè yon peche e li refize chanje? Nan ka sa a, Jewova rete kole ak prensip li yo ki jis, e li kondane moun sa a. Jan Moyiz te fè konn sa, Jewova “pap pa pini moun ki koupab” la. — Egzòd 34:6, 7.

18, 19. a) Lefètke Jewova detwi mechan yo, kòman sa montre li fidèl? b) Ki jan Jewova pral demontre li fidèl anvè sèvitè l yo yo te pèsekite jiskaske yo mouri?

18 Lefètke Bondye te pase alaksyon pou detwi mechan yo, se yon lòt fason li montre li fidèl. Ki bagay ki montre sa? Youn nan bagay ki montre sa se lòd Jewova te bay sèt zanj yo, lòd nou jwenn nan liv Revelasyon an. Men sa l te di yo: “Al vide sèt bòl kòlè Bondye yo sou tè a”. Lè twazyèm zanj lan te vide bòl li a “nan rivyè yo ak nan sous dlo yo”, yo tounen san. Apre sa, men sa zanj lan di Jewova: “Ou menm ki la e ki te la, ou menm ki fidèl, ou jis, paske ou bay santans sa yo, poutèt yo te vèse san moun ki sen yo ak san pwofèt yo. E ou ba yo san pou yo bwè. Se sa yo merite”. — Revelasyon 16:1-6.

Avèk fidelite, Jewova ap sonje moun ki te rete fidèl anvè l jiska lanmò, e l ap resisite moun sa yo.

19 Remake toutpandan zanj lan t ap bay mesaj jijman sa a, li te pale de Jewova kòm Moun “ki fidèl” la. Poukisa li te di sa? Se paske, lè Jewova detwi mechan yo, se yon fason li demontre fidelite l anvè sèvitè l yo, e gen anpil nan yo yo te pèsekite yo jiskaske yo mouri. Etandone Jewova fidèl, li toujou kenbe moun sa yo vivan nan memwa l. Se pa ti anvi li anvi bay moun sa yo lavi ankò! Labib ban nou asirans Jewova ap rekonpanse moun sa yo lè l resisite yo (Jòb 14:14, 15). Jewova pa bliye sèvitè fidèl li yo paske yo mouri. Okontrè, “pou li, yo tout vivan”. (Lik 20:37, 38.) Objektif Jewova genyen pou l bay tout moun ki nan memwa l yo lavi ankò montre aklè gwo fidelite li gen lakay li.

Nazi yo te touye Bernard Luimes (agoch) ak Wolfgang Kusserow (nan mitan an).

Moun nan yon gwoup politik te touye Moses Nyamussua (adwat) ak lans.

Lanmou fidèl Jewova genyen bay moun posiblite pou yo sove

20. Kiyès ki “veso [...] mizèrikòd yo”, e ki jan Jewova demontre fidelite anvè yo?

20 Pandan tout listwa, Jewova te montre yon fidelite estrawòdinè anvè moun fidèl yo. An reyalite, pandan plizyè milye ane, Jewova “tolere moun ki tankou veso li gen pou l devide kòlè l sou yo, veso ki merite destriksyon”. Poukisa li tolere yo? Se “yon fason pou l ka fè moun ki tankou veso li deside fè mizèrikòd yo konnen kokenn glwa li genyen, moun li te prepare davans pou jwenn glwa yo”. (Women 9:22, 23.) “Veso [...] mizèrikòd yo” se moun ki nan bon dispozisyon yo, moun Bondye chwazi pou al nan syèl la pou dirije ansanm ak Jezi nan wayòm nan, e li chwazi moun sa yo grasa lespri sen (Matye 19:28). Lefètke li bay veso mizèrikòd yo posiblite pou yo sove, Jewova demontre fidelite anvè Abraram, moun li te fè alyans avè l la. Men sa li te fè Abraram konnen: “Grasa desandans ou, san mank tout nasyon sou tè a ap jwenn benediksyon, paske w koute vwa m.” — Jenèz 22:18.

Piske Jewova fidèl, tout sèvitè fidèl li yo ka gen bonjan espwa pou demen.

21. a) Kòman Jewova te demontre fidelite anvè “gwo foul moun” ki gen posiblite pou yo chape anba “gwo tribilasyon an”? b) Lefètke Jewova fidèl, ki sa sa pouse nou fè?

21 Jewova demontre yon fidelite menm jan an anvè “gwo foul moun” ki gen posiblite pou yo chape anba “gwo tribilasyon an” e pou yo viv pou toutan sou tè a k ap tounen yon paradi (Revelasyon 7:9, 10, 14). Malgre sèvitè l yo enpafè, avèk fidelite, Jewova ba yo posiblite pou yo viv pou toutan nan Paradi a. Kòman li fè sa? Se grasa ranson an ki se pi bèl fason ki montre fidelite Jewova gen lakay li (Jan 3:16; Women 5:8). Lefètke Jewova gen fidelite lakay li, li atire moun ki swaf wè jistis fèt (Jeremi 31:3). Èske w pa anvi pwoche pi pre Jewova akoz fidelite li deja demontre e li pral demontre? Etandone nou anvi pwoche bò kote Bondye, annou pran detèminasyon pou nou byen reyaji devan lanmou Bondye demontre lè nou sèvi l avèk fidelite.

^ § 4 Yon bagay ki enteresan sèke mo lè yo tradui l yo mete “fidelite” pou li nan 2 Samyèl 22:26 la, gen kèk lòt kote, pou yo tradui l, yo mete “bonte ki plen lanmou” oswa “lanmou fidèl” pou li.