Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 29

Se pou nou “konnen lanmou Kris demontre a”

Se pou nou “konnen lanmou Kris demontre a”

1-3. a) Ki sa k te pouse Jezi pou l imite Papa l? b) Ki aspè nan lanmou Jezi te gen lakay li nou pral egzamine?

ÈSKE sa te janm rive w ou wè yon tigason k ap eseye imite papa l? Petèt, tigason an ap eseye imite fason papa l pale, fason l mache oswa fason l aji. Plis tigason an ap vin pi gran, li ka menm adopte prensip papa l genyen nan domèn moral ak nan domèn espirityèl. Anfèt, se lanmou ak admirasyon yon tigason gen pou papa l, ki renmen l anpil, ki pouse l imite papa l.

2 Ki sa n ta ka di konsènan relasyon ki egziste ant Jezi ak Papa l ki nan syèl la? Yon lè, men sa Jezi te fè konnen: “Mwen renmen Papa a.” (Jan 14:31). Pèsonn pa ka renmen Jewova plis pase Pitit Gason sa a ki te ansanm avèk Papa a byen lontan anvan Bondye te kreye tout lòt kreyati yo. Lanmou Pitit Gason fidèl sa a te gen pou Papa l te pouse l imite l. — Jan 14:9.

3 Nan plizyè chapit nan liv sa a, nou te egzamine kòman Jezi te byen imite pisans Jewova gen lakay li, jistis Jewova gen lakay li ak sajès li gen lakay li. Men, kòman Jezi te byen imite lanmou Papa l genyen an? Annou egzamine twa aspè nan lanmou Jezi te gen lakay li, anpalan de espri sakrifis li te demontre, kè sansib li te genyen ak dispoze li te dispoze padone.

“Pèsonn pa gen yon pi gwo lanmou pase” l

4. Kòman Jezi te bay pi bèl egzanp lanmou ki pouse moun fè sakrifis pou lòt moun?

4 Jezi te kite yon bèl egzanp anrapò ak lanmou ki pouse moun fè sakrifis pou lòt moun. Sakrifis konsa gen ladan l mete nou mete bezwen ak sousi lòt moun genyen anvan enterè pa nou. Ki jan Jezi te demontre yon lanmou ki pouse l fè sakrifis pou lòt moun? Men sa l te di: “Pèsonn pa gen yon pi gwo lanmou pase yon moun ki bay lavi l pou zanmi l.” (Jan 15:13). Jezi te aksepte bay lavi pafè li a pou nou. Se pi gwo lanmou pyès lòt moun sou tè a pa janm rive demontre. Men, gen yon lòt fason ankò Jezi te demontre lanmou ki te pouse l fè sakrifis pou lòt moun.

5. Lefètke sèl Pitit Gason Bondye fè a te kite syèl la, poukisa nou ka di se yon sakrifis ki demontre lanmou sèl Pitit Gason sa a te fè?

5 Anvan sèl Pitit Gason Bondye fè a te vin viv sou tè a antanke moun, li te gen gwo privilèj nan syèl la e li te nan gwo pozisyon. Li te gen yon relasyon sere sere avèk Jewova, e li te gen yon relasyon sere sere avèk zanj yo tou. Malgre tout avantaj sa yo Pitit Gason Bondye renmen anpil la te genyen, Pitit Gason sa a te “kite fòm li te genyen an, li te pran fòm yon esklav e li te vin tounen yon moun”. (Filipyen 2:7.) Li te aksepte vin viv nan mitan moun enpafè nan yon monn ki “anba pouvwa Mechan an”. (1 Jan 5:19.) Èske w pa dakò Pitit Gason Bondye a demontre yon lanmou ki pouse l fè sakrifis pou lòt moun?

6, 7. a) Pandan Jezi te sou tè a, kòman Jezi te montre lanmou ki te pouse l fè sakrifis la? b) Nan Jan 19:25-27, ki bèl egzanp lanmou nou jwenn?

6 Toutpandan Jezi t ap preche sou tè a, nan plizyè fason, li te demontre yon lanmou ki te pouse l fè sakrifis pou lòt moun. Li pa t janm mete enterè pa l anvan lòt moun. Li te tèlman bay tout li menm nan travay predikasyon an, li pa t janm chèche mennen yon vi alèz, jan pifò moun konn chèche fè sa. Men sa Jezi te di: “Rena yo gen twou yo, e zwazo nan syèl la gen kote pou yo jouke, men Pitit lòm nan li menm pa gen kote pou l poze tèt li.” (Matye 8:20). Etandone Jezi te yon bòs chapant ki maton, li te gendwa pran yon ti tan nan aktivite l yo pou l bati yon bèl kay pou tèt li, fè anpil mèb pou l vann dekwa pou l te ka gen yon ti kòb anplis. Men, li pa t sèvi ak metye li te genyen an pou l chèche avantaj nan domèn materyèl.

7 Nan Jan 19:25-27, Jezi kite yon bèl egzanp lanmou ki te pouse l fè sakrifis. Imajine tout bagay ki te dwe ap pase nan lespri Jezi nan aprèmidi li t apral mouri a. Toutpandan li t ap soufri sou poto a, li te gen sousi pou disip yo, pou travay predikasyon an, e li te sitou gen sousi pou entegrite l ak efè entegrite l t apral genyen sou non Papa l. An reyalite, lavni lèzòm te chita sou do Jezi. Yon ti tan anvan Jezi te mouri, li te montre li gen sousi tou pou Mari, manman l, ki nan moman sa a te yon vèv. Jezi te mande apot Jan pou l te pran swen Mari, kòmsi Mari se te manman apot Jan. Apre Jezi te fin di apot Jan sa, apot la te pran Mari lakay li. Konsa, Jezi te pran dispozisyon pou yo pran swen manman l nan domèn fizik ak nan domèn espirityèl. Se pa ti lanmou Jezi te montre lefètke li te mete enterè lòt moun anvan enterè pa l!

“Li te santi l gen pitye” pou yo

8. Gen yon mo grèk Labib itilize pou l pale de kè sansib oswa konpasyon Jezi te gen lakay li, ki sans mo sa a genyen?

8 Jezi te gen kè sansib menm jan ak Papa l. Labib pale de Jezi antanke moun ki te konn fè efò pou l ede moun ki te nan pwoblèm paske li te anvi fè sa. Pou montre jis nan ki pwen Jezi gen kè sansib oswa konpasyon lakay li, Labib sèvi ak yon mo grèk lè yo tradui l yo mete “gen pitye” pou li. Men sa yon biblis fè konnen konsènan mo sa a: “Li bay ide [...] yon santiman ki sot nan zantray yon moun.” Nan lang grèk la, se mo gen plis fòs la yo itilize pou pale de kè sansib oswa konpasyon. Ann egzamine kèk sitiyasyon kote kè sansib Jezi te genyen te pouse l aji.

9, 10. a) Ki sa k te fè Jezi ak apot yo t ap chèche yon kote ki trankil? b) Ki jan Jezi te reyaji lè l te wè foul la, e poukisa?

9 Li te santi l pouse pou l bay moun yo sa yo bezwen nan domèn espirityèl. Istwa nou jwenn nan Mak 6:30-34 la montre sa k te plis pouse Jezi demontre pitye pou lòt moun. Imajine kòman sa te pase. Apot yo te kontan apre yo te fin preche afon nan zòn yo t al preche yo. Yo te retounen kot Jezi e yo te chofe pou yo di l tout sa yo te wè ak tout sa yo te tande. Men, te vin gen yon gwo foul moun ki te rasanble, yo pa t menm bay ni Jezi ni apot li yo tan pou yo manje. Jezi, ki te yon bon obsèvatè, te remake apot yo te fatige. Men sa l te di yo: “Vin yon kote apa pou nou pran yon ti repo.” Jezi ak apot li yo te monte nan yon bato e yo te travèse pati ki nan nò lanmè Galile a pou y al yon kote trankil pou yo repoze yo. Men, foul la te wè yo prale e gen lòt moun ki te tande yo t ap kite zòn nan. Tout moun sa yo te kouri sou plaj ki sou kot nò a e yo te rive pa lòtbò lanmè a anvan bato a.

10 Èske Jezi te fache paske foul la pa t kite l repoze? Non! Lè Jezi te wè foul la, ki te gen plizyè milye moun k ap tann li, sa te touche kè l. Men sa Evanjil Mak fè konnen: “Li wè yon gwo foul moun, li te santi l gen pitye pou yo, paske yo te tankou mouton ki san bèje. Epi, li kòmanse anseye yo anpil bagay.” Jezi te wè moun sa yo kòm moun ki te grangou nan domèn espirityèl. Li te wè yo tankou mouton ki te lage poukont yo, san yo pa t gen yon bèje pou gide yo e pou pwoteje yo. Jezi te konnen chèf relijye yo, ki te gen kè di, pa t bay moun ki nan mas pèp la sa yo bezwen nan domèn espirityèl, alòske se chèf relijye sa yo ki te sipoze pran swen yo antanke bèje (Jan 7:47-49). Kè Jezi te fè l mal pou moun yo. Se sa k fè li te kòmanse pale yo “konsènan wayòm Bondye a”. (Lik 9:11.) Remake, kè Jezi te fè l mal pou moun yo anvan l te wè jan yo t apral reyaji devan sa l t apral anseye a. An reyalite, se pa t fason foul la t apral reyaji devan sa Jezi t apral anseye yo a ki te pouse l anseye foul la, men pito se kè sansib li te genyen ki te pouse l anseye yo.

“Li lonje men l, li touche l.”

11, 12. a) Nan tan biblik yo, ki jan yo te boule ak moun ki te gen lèp yo, men ki reyaksyon Jezi te genyen lè yon mesye ki te “chaje ak lèp” te pwoche bò kote l? b) Ki efè manyen Jezi te manyen mesye ki te gen lèp la te gen sou li, e kòman eksperyans yon doktè te fè montre sa?

11 Li te santi l pouse pou l retire soufrans moun yo. Moun ki te soti tout kote te konnen Jezi kòm yon moun ki gen kè sansib oswa konpasyon lakay li, se sa k fè yo te santi yo anvi pwoche bò kote l. Sa te sitou parèt aklè lè yon mesye ki te “chaje ak lèp” te pwoche bò kote Jezi. Lè sa a, te gen yon foul moun ki t ap suiv Jezi (Lik 5:12). Nan tan biblik yo, yo te konn mete moun ki te gen lèp yo apa yon fason pou lòt moun pa pran maladi a (Nonb 5:1-4). Sepandan, pi devan chèf relijye juif yo pa t gen okenn pitye pou moun ki te gen lèp yo, e yo te mete pwòp règ pa yo pou toupizi moun ki te gen lèp yo *. Men, remake kòman Jezi te boule ak moun ki te gen lèp la: “Gen yon mesye ki te gen lèp ki vin jwenn li, ki menm met ajenou pou l sipliye l, li di: ‘Depi w vle, ou ka geri m.’ Lè l wè sa, kè l fè l mal pou li, li lonje men l, li touche l, e li di l: ‘Wi, mwen vle. Ou geri.’ Lamenm, lèp la disparèt sou mesye a.” (Mak 1:40-42). Jezi te konnen lalwa te entèdi yon moun ki te gen lèp pou l rete kote lòt moun te ye. Jezi pa t voye mesye a ale, olye de sa, Jezi te fè yon bagay moun pa t ap janm ka imajine li t ap fè. Tèlman kè l te fè l mal pou mesye a, li te manyen l!

12 Lefètke Jezi te manyen mesye ki te gen lèp la, èske w ka imajine sa sa te vle di pou mesye sa a? Ann pran yon egzanp pou n ka konprann sa byen. Paul Brand, yon doktè ki se yon espesyalis nan pran swen moun ki gen lèp, rakonte yon eksperyans li te fè avèk yon moun ki gen lèp li t ap trete nan peyi End. Pandan doktè a t ap konsilte moun ki gen lèp la, li te pase men l nan kou l e, pa mwayen yon entèprèt, li te esplike moun ki gen lèp la tretman l t ap gen pou suiv la. Bridsoukou, moun ki gen lèp la te tonbe kriye. Doktè a te mande l: “Èske m di yon bagay mwen pa t dwe di?” Entèprèt la te tradui kesyon an pou moun ki gen lèp la e li te fè doktè a konnen repons mesye a te bay la. Men sa entèprèt la te di doktè a: “Non, dòk, li di l ap kriye paske w te pase men w nan kou l. Sa gen plizyè ane depi moun pa t janm manyen l.” Manyen Jezi te manyen mesye ki te gen lèp ki te pwoche bò kote l la te vle di plis bagay toujou pou mesye sa a, paske mesye sa a te tou geri.

13, 14. a) Lè Jezi t ap pwoche toupre vil Nayin, ak ki antèman li te rankontre, e ki sa k fè sitiyasyon an te tris anpil? b) Ki jan kè sansib Jezi te genyen te pouse l ede vèv Nayin nan?

13 Li te santi l pouse pou l retire lapenn moun yo. Lapenn lòt moun te genyen te konn touche Jezi anpil. Pa egzanp, ann egzamine istwa nou jwenn nan Lik 7:11-15 lan. Istwa sa a te pase lè Jezi t ap pwoche toupre Nayin, yon vil nan Galile, e lè sa a li te gentan pase anviwon mwatye nan tan li ap preche sou tè a. Lè Jezi te prèske rive nan vil la, li te rankontre yon foul moun ki nan yon antèman. Sitiyasyon an te vrèman tris. Yon jèn gason, ki te sèl pitit manman l, te mouri. Sa k pi rèd la manman an te vèv. Anvan sa, li te deja antere mari l. Men fwa sa a, se pitit li l t apral antere. Petèt, se te sou pitit sa a tout espwa l te ye. Foul moun ki te nan antèman an avè l la te ka gen ladan l moun ki t ap kriye ak moun ki t ap jwe mizik ki tris (Jeremi 9:17, 18; Matye 9:23). Sepandan, sa k te plis atire atansyon Jezi se manman sa a ki te nan gwo lapenn, e san dout manman sa a t ap mache toupre branka yo te pote kadav pitit li a.

14 ‘Kè Jezi te fè l mal’ pou manman sa a ki te nan tristès. Men sa Jezi te di l avèk asirans: “Sispann kriye.” Jezi, ki pa t menm nan antèman an, te pwoche e li te touche branka a. Moun ki t ap pote branka a, e ­petèt tout rès foul la, te kanpe. Jezi te pale avèk otorite e li te di kadav la: “Jennonm, mwen di w: Leve!” Ki sa k te rive apre sa? “Mò a leve chita, li kòmanse pale”, menm jan ak yon moun yo fèk leve nan dòmi. Apre sa, nou jwenn youn nan fraz ki pi touchan nan Evanjil yo. Men sa fraz la di: “Epi Jezi remèt manman l li.”

15. a) Kòman istwa nou jwenn nan Bib la konsènan pitye Jezi te gen pou moun montre relasyon ki genyen ant konpasyon ak aksyon? b) Ki jan nou ka imite Jezi nan sans sa a?

15 Ki sa nou aprann nan istwa sa yo? Remake gen yon relasyon ant konpasyon ak aksyon nan chak istwa. Jezi pa t ka wè lòt moun ap soufri san sa pa t fè l pran pitye pou yo, e konpasyon li te gen pou moun yo te pouse l aji pou l ede yo. Kòman nou ka suiv egzanp Jezi? Antanke kretyen, nou gen obligasyon pou nou preche bon nouvèl la e pou nou fè disip. Toudabò, se lanmou nou gen pou Bondye ki pouse n fè travay sa a. Men, li bon pou nou sonje travay predikasyon an mande pou nou gen konpasyon pou moun yo. Lè nou mete nou nan plas lòt moun, menm jan Jezi te fè sa, kè nou ap pouse nou fè tout sa nou kapab pou nou pataje bon nouvèl la avèk yo (Matye 22:37-39). Ki jan n ap montre konpasyon pou kretyen parèy nou k ap soufri oswa ki nan lapenn? Nou pa ka fè mirak pou geri yo, oswa pou nou resisite yo. Men, nou ka montre konpasyon pou yo lè nou di yo bon ti pawòl ki montre nou gen sousi pou yo oswa lè nou ede yo yon fason pratik. — Efezyen 4:32.

“Papa, padone yo”

16. Lè Jezi te sou poto soufrans lan, ki sa l te di ki montre aklè li te dispoze padone?

16 Gen yon lòt fason ankò Jezi te byen imite lanmou Papa l genyen an: li te “dispoze padone”. (Sòm 86:5.) Sa parèt aklè menm lè li te sou poto soufrans lan. Byenke Jezi t apral mouri nan lawont, e li te gen klou ki t ap dechire men l ak pye l, ki sa l te di? Èske li te mande Jewova pou l pini moun ki t ap touye l yo? Se pa sa ditou Jezi te fè. Men youn nan dènye pawòl Jezi te di anvan l te mouri: “Papa, padone yo, paske yo pa konn sa y ap fè a.” — Lik 23:34 *.

17-19. Ki jan Jezi te montre li padone apot Pyè?

17 Petèt, yon pi bèl egzanp ki ka montre jan Jezi konn padone se jan li te boule ak apot Pyè. Pa gen moun ki te ka di Pyè pa t renmen Jezi anpil. Nan dènye nuit Jezi te pase sou tè a, nan jou 14 Nizan an, men sa Pyè te fè l konnen: “Seyè, mwen pare pou m al nan prizon avè w, e pou m mouri avè w.” Epoutan, kèk èdtan annapre, Pyè te nye Jezi twa fwa. Men sa Bib la fè nou konnen sou sa k te pase lè Pyè te nye Jezi twazyèm fwa a: “Seyè a vire gade Pyè.” Pyè te tèlman wè peche l la te grav li te santi l boulvèse, li “sot deyò a, li kriye ak anpil lapenn”. Pita nan jounen sa a, lè Jezi te mouri, apot sa a te ka ap mande tèt li: ‘Èske Seyè m nan padone m?’ — Lik 22:33, 61, 62.

18 Pyè pa t bezwen tann anpil tan anvan l te jwenn repons kesyon sa a. Bondye te resisite Jezi jou ki te 16 Nizan an, nan maten, e sanble se nan menm jou sa a Jezi te vizite Pyè (Lik 24:34; 1 Korentyen 15:4-8). Poukisa Jezi te bay apot sa a, ki te nye l twa fwa, yon atansyon espesyal konsa? Petèt, Jezi te vle fè Pyè, ki te vin repanti, konnen Seyè l la toujou renmen l, e li gen anpil valè nan je l. Men, gen lòt bagay ankò Jezi te fè pou ede Pyè konnen li renmen l e li gen anpil valè nan je l.

19 Yon ti tan apre sa, Jezi te parèt devan disip yo bò lanmè Galile a. Nan okazyon sa a, Jezi te poze Pyè (ki te nye l twa fwa) menm kesyon an an twa fwa pou l wè si Pyè renmen l. Sou twazyèm fwa a, men sa Pyè te reponn: “Seyè, ou konn tout bagay. Ou konnen byen mwen gen afeksyon pou ou.” Anfèt, Jezi, ki te ka li sa k nan kè moun, te konnen Pyè te renmen l e li te gen afeksyon pou li. Sepandan, Jezi te bay Pyè okazyon pou l fè l konnen lanmou li gen pou li. Anplis de sa, Jezi te bay Pyè responsablite pou l “bay timouton [l] yo manje” e pou l “pran swen” yo (Jan 21:15-17). Anvan sa, Jezi te di Pyè pou l preche (Lik 5:10). Men kounye a, Jezi te montre Pyè jan li fè l konfyans. Jezi te ba l yon gwo responsablite, li t ap gen pou l pran swen moun ki t ap gen pou vin disip Kris yo. Yon ti tan apre sa, Jezi te bay Pyè jwe yon gwo wòl nan aktivite disip yo t ap gen pou fè (Travay 2:1-41). Se pa ti kontan Pyè dwe te kontan pou l konnen Jezi te padone l e li te toujou fè l konfyans!

Èske w “konnen lanmou Kris demontre a”?

20, 21. Ki jan n ap ka vin “konnen lanmou Kris demontre a” pi byen toujou?

20 Vrèmanvre, Pawòl Jewova a esplike lanmou Kris genyen an yon fason ki bèl. Men, kòman nou dwe reyaji devan lanmou Jezi genyen an? Labib ankouraje nou pou nou “konnen lanmou Kris demontre a, yon lanmou ki depase konesans”. (Efezyen 3:19.) Jan nou te wè sa, istwa nou jwenn nan Evanjil yo ki pale sou lavi Jezi ak travay predikasyon an aprann nou anpil bagay sou lanmou Kris la. Sepandan, pou nou vin “konnen lanmou Kris demontre a”, sa ap mande pou nou aprann konnen plis pase sa Bib la di sou Jezi.

21 Ekspresyon grèk lè yo tradui l yo mete “konnen” pou li a vle di “byen konnen, oswa viv ak”. Lè nou demontre lanmou menm jan ak Jezi, sa vle di lè nou mete enterè lòt moun anvan enterè pa nou, lè nou montre nou gen kè sansib devan sa moun yo bezwen e lè nou padone yo ak tout kè nou, n ap byen konprann lanmou Jezi li menm te genyen an. Konsa, n ap “konnen lanmou Kris demontre a, yon lanmou ki depase konesans”. Annou pa janm bliye, plis nou imite Kris se plis n ap vin pi pwòch Moun Jezi te byen imite a, anpalan de Jewova, Bondye lanmou an.

^ § 11 Dapre lalwa chèf relijye juif yo te fè, yon moun te dwe rete nan yon distans kat koude (anviwon 1 mèt 80) parapò ak moun ki te gen lèp la. Men, si van an t ap vante, moun ki te gen lèp la te dwe rete nan yon distans 100 koude (anviwon 45 mèt) parapò ak lòt moun. Midrash Rabbah (pi gwo koleksyon liv Juif yo te fè pou entèprete Ekriti yo) fè konnen yon raben te kache pou yon lepre, e te gen yon lòt raben ki te tire wòch sou yon lepre pou anpeche l pwoche bò kote l. Donk, moun ki te gen lèp yo te konnen sa sa vle di soufrans akoz moun rejte yo e yo te santi yo pa t gen okenn valè nan je lòt moun.

^ § 16 Gen kèk ansyen maniskri ki retire premye pati ki nan Lik 23:34 la. Sepandan, etandone pawòl sa yo nan anpil maniskri ki fè otorite, yo mete yo nan Tradiksyon monn nouvo a, e yo mete yo nan anpil lòt tradiksyon ankò. Sa klè, Jezi t ap pale konsènan sòlda women yo ki te kloure l sou poto a. Yo pa t konnen sa yo t ap fè. Yo pa t konnen kiyès Jezi te ye toutbonvre. Natirèlman, pa t gen eskiz pou chèf relijye yo ki te patisipe nan fè touye Jezi, paske yo te byen konnen sa yo t ap fè. Pou anpil nan yo, pa t gen okenn padon. — Jan 11:45-53.