Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 31

“Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou”

“Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou”

1-3. a) Lè nou gade jan yon paran ak tibebe gen bon relasyon youn ak lòt, ki sa nou aprann sou fason nou fèt? b) Nòmalman, ki jan nou reyaji lè moun demontre lanmou anvè nou, e ki kesyon enpòtan sa ka fè nou poze tèt nou?

PARAN yo kontan wè tibebe yo a ap souri. Souvan, yo mete figi yo bò figi tibebe a, yo fè yon ti bo pou li, e yo souri bay tibebe a pou montre jan yo kontan. Yo chofe pou yo wè jan tibebe a pral reyaji. Apre yon ti tan, yo wè sa yo t ap tann nan: vizaj tibebe a chanje, ti twou bote l yo parèt e l ap souri. Avèk senp ti jès sa a, tibebe a kòmanse montre lanmou li gen pou paran l yo.

2 Bèl ti souri sou vizaj tibebe a fè nou sonje yon bagay enpòtan konsènan fason nou fèt. Li nòmal pou nou demontre lanmou anvè moun ki demontre lanmou anvè nou. Se konsa menm Bondye fè nou (Sòm 22:9). Toutpandan n ap grandi, nou vin pi byen ka demontre lanmou nou genyen pou moun. Petèt, ou ka sonje lè w te piti kòman paran w, fanmi w oswa zanmi w te demontre lanmou anvè w. Toutpandan w ap grandi ou te ka santi lanmou ou gen pou moun sa yo ap vin pi fò nan kè w, e sa te pouse w poze aksyon pou w demontre yo sa. Èske se konsa relasyon w ak Jewova ye? Èske w santi lanmou gen pou li ap vin pi fò?

3 Men sa Bib la fè konnen: “Kanta pou nou, nou demontre lanmou, paske li te demontre lanmou pou nou an premye.” (1 Jan 4:19). Soti nan premye pati nan liv sa a pou rive nan twazyèm pati a, nou te wè jan Jewova te demontre pisans li, jistis li ak sajès li yon fason ki montre lanmou li genyen an bon pou nou anpil. Nan katriyèm pati a, nou te wè bèl fason li demontre aklè li renmen limanite e li renmen nou chak. Donk, sa fè nou poze yon kesyon, e nan yon sans, se kesyon ki pi enpòtan nou ka poze tèt nou: ‘Ki jan m ap reyaji devan lanmou Jewova gen pou mwen?’

Ki sa gen lanmou pou Bondye vle di?

4. Nan ki sans moun yo nan konfizyon konsènan sa gen lanmou pou Bondye vle di?

4 Jewova, Moun lanmou soti nan li a, byen konnen lanmou se yon kalite ki pisan anpil ki ka pouse yon moun aji ak tout kè l. Se poutèt sa, malgre lèzòm pa sispann pase prensip Bondye yo anba pye, li te toujou gen konfyans kèk moun ap byen reyaji devan lanmou li demontre. Anfèt, plizyè milyon moun byen reyaji devan lanmou l. Men, malerezman, relijyon yo ki nan monn kòwonpi sa a kite moun yo nan konfizyon konsènan sa gen lanmou pou Bondye vle di. Gen anpil moun ki di yo renmen Bondye, men sanble yo panse renmen Bondye vle di annik di sa nan bouch. Menm jan yon senp ti souri yon tibebe fè kòmanse montre lanmou li gen pou paran l, se konsa tou pawòl ki soti nan bouch nou ka kòmanse montre lanmou nou gen pou Bondye. Sepandan, moun ki vin konprann sa gen lanmou pou Bondye vle di wè fòk yo fè plis pase sa.

5. Ki jan Bib la esplike sa lanmou pou Bondye vle di, e poukisa esplikasyon sa a ankouraje nou pou nou pwoche bò kote Bondye?

5 Jewova esplike sa sa vle di gen lanmou pou li. Men sa pawòl li a fè konnen: “Men sa lanmou pou Bondye vle di: se pou nou obeyi kòmandman l yo.” Donk, nou dwe poze aksyon pou nou ka demontre nou renmen Bondye. Se vre, gen anpil moun ki panse li difisil anpil pou yo obeyi. Men, gade sa rès vèsè a fè konnen: “Epoutan, kòmandman l yo pa lou.” (1 Jan 5:3). Jewova pa ban nou lwa l yo ak prensip li yo pou kraze nou, men, li ban nou yo pou byen nou (Izayi 48:17, 18). Pawòl Bondye a chaje ak prensip ki ka ede nou pwoche pi pre bò kote Bondye. Kòman sa? Ann fè yon ti pale ankò sou twa aspè nan relasyon nou genyen avèk Bondye. Relasyon sa a gen ladan l kominikasyon ant nou menm ak Jewova, adorasyon nou ba li ak imite nou imite l.

Kominikasyon ant nou menm ak Jewova

6-8. a) Ki sa nou ka fè pou nou ka koute Jewova? b) Ki jan nou ka sa n ap li a nan lespri nou?

6 Men pawòl nou jwenn nan kòmansman chapit 1 nan liv sa a: “Èske w ka imajine ou menm ki nan yon konvèsasyon ak Bondye?” Nou te wè se pa yon bagay ki enposib. Annefè, Moyiz te gen yon konvèsasyon ak Bondye. E nou menm, èske li posib pou nou gen yon konvèsasyon ak Bondye? Jodi a, Jewova pa voye zanj li yo pou yo pale ak lèzòm. Men, Jewova gen lòt bon fason pou l kominike avèk nou. Kòman nou ka koute Jewova?

7 Etandone “tout sa ki nan Ekriti yo se Bondye ki enspire yo”, nou ka koute Jewova lè nou li Labib, Pawòl li a (2 Timote 3:16). Se sa k fè gen yon salmis ki te ankouraje sèvitè Jewova yo pou yo li Labib “lajounen kou lannuit”. (Sòm 1:1, 2.) Sa mande anpil efò pou nou rive fè sa. Men, nou pa gaspiye tan nou lè nou fè tout sa nou kapab pou nou li Labib. Jan nou te wè sa nan chapit 18 la, Bib la tankou yon lèt Papa nou ki nan syèl la ekri nou, e lèt sa a gen anpil valè. Donk, nou pa dwe konsidere lekti Labib kòm yon kòve. Nou dwe fè anpil efò pou nou sa n ap li a nan lespri nou. Kòman nou ka rive fè sa?

8 Lè n ap li Bib la, imajine sa k ap pase yo. Eseye wè pèsonaj biblik yo kòm moun ki te egziste toutbon. Eseye imajine kòman moun yo t ap viv, sa k te rive yo, sa k te pouse yo aji. Apre sa, byen pran san w pou w reflechi sou sa w li a. Poze tèt ou kesyon tankou: ‘Ki sa sa m li a aprann mwen sou Jewova? Ki kalite Jewova ki parèt nan sa m li a? Ki prensip Jewova vle anseye m, e ki jan m ka suiv prensip sa a nan lavi m?’ Tank ou fè tout sa w kapab pou w li Bib la, pou w medite sou sa w li a e pou w aplike sa w aprann yo, se tank Pawòl Bondye a ap vin vivan pou ou. — Sòm 77:12; Jak 1:23-25.

9. Kiyès ki “esklav fidèl ki prevwayan an”, e poukisa li enpòtan pou nou byen koute “esklav” sa a?

9 Yon lòt fason Jewova pale avè nou, se pa mwayen “esklav fidèl ki prevwayan an”. Jan Jezi te fè konn sa, gen yon ti gwoup moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki la pou bay “manje nan bon moman” pandan dènye jou difisil sa yo (Matye 24:45-47). Lè n ap li piblikasyon yo prepare pou ede nou byen konprann Bib la, e lè n ap asiste reyinyon yo ak kongrè yo, se manje n ap manje manje esklav la prepare pou nou. Etandone yo se esklav Kris, nou montre nou saj lè nou koute pawòl Jezi te di yo. Men sa l te di: “Fè atansyon ak fason n ap koute.” (Lik 8:18). Nou byen koute esklav la paske nou konnen esklav la se yon mwayen ­Jewova itilize pou l pale avèk nou.

10-12. a) Poukisa nou ka di lapriyè se yon bèl kado Jewova ban nou? b) Kòman nou ka priye yon fason pou fè Jewova plezi, e poukisa nou dwe gen konfyans li bay priyè nou yo anpil valè?

10 Men, èske nou ka kominike ak Bondye? Èske nou ka pale ak Jewova? Se yon bagay ki ta ka fè w yon ti jan pè. Si w t ap eseye pwoche bò kote dirijan ki pisan ki genyen nan peyi w la pou w esplike l pwoblèm ou, èske se t ap yon bagay ki fasil pou w fè? Gen kèk kote, si yon moun ta eseye fè yon bagay konsa, sa t ap mete lavi l an danje. Nan epòk Estè ak Mòdekay la, yo te ka touye yon moun ki ta pwoche bò kote wa peyi Pès la si wa a pa t envite l fè sa (Estè 4:10, 11). Kounye a, imajine ou menm k ap parèt devan Souvren linivè a, Sila a menm dirijan ki pi pisan yo “tankou krikèt” devan l (Izayi 40:22). Èske w t ap pè pwoche bò kote l? Non!

11 Jewova ban nou yon mwayen ki senp pou nou pwoche bò kote l fasil fasil. Mwayen sa a se lapriyè. Menm yon timoun piti ka pwoche bò kote Jewova grasa lapriyè, si l fè sa avèk lafwa e nan non Jezi (Jan 14:6; Ebre 11:6). Sepandan, grasa lapriyè, nou ka pale ak Jewova sou santiman ak panse k ap trakase nou, e li ka menm rive wè sa k ap fè nou mal, menmsi nou pa jwenn pawòl pou n di l yo (Women 8:26). Lè n ap priye Jewova, nou pa bezwen ap eseye enpresyone Jewova ak pawòl nou di oswa ak tan nou pase ap priye l (Matye 6:7, 8). Yon lòt bò, Jewova pa di nou ki kantite tan nou dwe fè ap priye l, oswa ki kantite fwa nou dwe priye l. Pawòl li a ankouraje nou pou nou “priye toutan”. — 1 Tesalonisyen 5:17.

12 Sonje, se Jewova sèl yo rele ‘Moun ki konn tande priyè a’, e lè l ap koute priyè nou yo, li mete l nan plas nou (Sòm 65:2). Èske Jewova annik koute priyè sèvitè l yo fè l? Non. Jewova pran plezi koute priyè nou fè l yo. Pawòl li a konpare priyè sa yo ak lansan, yon bagay lè l ap boule ki bay bon sant e ki kalme Jewova (Sòm 141:2; Revelasyon 5:8; 8:4). Èske sa pa fè nou kontan lefètke nou konnen priyè nou fè ak tout kè nou yo monte al jwenn Souvren linivè a e yo fè l plezi? Donk, si w vle pwoche bò kote Jewova, avèk imilite, pa sispann priye l e fè sa chak jou. Vide kè w ba li nan lapriyè (Sòm 62:8). Fè l konnen sa k ap ba w pwoblèm e sa k fè kè w kontan. Di Papa w ki nan syèl la mèsi e louwe l pou sa l fè. Konsa, relasyon w gen avè l ap vin pi solid.

Adorasyon nou bay Jewova

13, 14. Ki sa adore Jewova vle di, e poukisa nou dwe adore l?

13 Lè n ap pale ak Jewova, nou pa annik koute sa l ap di epi nou reponn li, menm jan nou fè sa lè n ap pale ak yon zanmi nou oswa yon fanmi nou. Anfèt, adore Jewova se ba li onè ak respè li vrèman merite. Vrè adorasyon an dwe enfliyanse tout sa n ap fè nan lavi nou, e fason n ap adore Jewova dwe montre lanmou ak atachman nou gen pou li. Anplis de sa, vrè adorasyon an ini tout kreyati fidèl Jewova yo, kit yo nan syèl la, kit yo sou tè a. Nan yon vizyon, apot Jan te tande yon zanj bay kòmandman sa a: “Adore Moun ki fè syèl la, tè a, lanmè a ak sous dlo yo.” — Revelasyon 14:7.

14 Poukisa nou dwe adore Jewova? Ann fè yon ti reflechi sou kalite nou te egzamine nan liv sa a. Nou te egzamine kalite sa yo: pisans, metriz, jistis, kouraj, mizèrikòd, sajès, imilite, lanmou, konpasyon, fidelite, bonte ak sen yon moun sen. Nou te wè se Jewova ki bay pi bèl egzanp nan demontre kalite sa yo ki gen anpil valè, e se li menm ki modèl ki pi estrawòdinè nan demontre kalite sa yo. Lè nou reflechi sou tout kalite Jewova genyen yo, nou ka rive konprann Jewova pa sèlman yon Moun ki merite pou nou admire l, men tou, li gen yon glwa ki san parèy e li siperyè nou lontan (Izayi 55:9). Pa gen dout nan sa, se Jewova ki gen dwa dirije nou antanke Souvren, e se sèten li merite pou nou adore l. Men, ki jan nou ta dwe adore Jewova?

15. Ki jan nou ka adore Jewova “avèk lespri ak laverite”, e ki okazyon reyinyon nou yo ban nou pou nou fè sa?

15 Men sa Jezi te di: “Bondye se yon Espri, e moun k ap adore l yo dwe adore l avèk lespri ak laverite.” (Jan 4:24). Pou nou adore Jewova “avèk lespri”, nou dwe gen lespri l e nou dwe kite lespri l gide nou. Adorasyon n ap bay la dwe ann amoni tou ak laverite, anpalan de konesans egzak nou jwenn nan Pawòl li a. Chak fwa nou reyini ak lòt sèvitè Jewova yo se yon bèl okazyon nou genyen pou nou adore Jewova “avèk lespri ak laverite”. (Ebre 10:24, 25.) Lè nou chante louwanj pou Jewova, lè nou koute priyè yo fè nan reyinyon yo, lè nou fè kòmantè sou Pawòl Bondye a e nou koute kòmantè lòt moun ap fè, se adore n ap adore Jewova jan nou dwe adore l la e se montre n ap montre l lanmou nou gen pou li.

Reyinyon yo se bèl okazyon nou genyen pou nou adore Jewova.

16. Ki youn nan pi gwo kòmandman Bondye bay vrè kretyen yo, e poukisa nou santi nou pouse pou nou obeyi kòmandman sa a?

16 Nou adore Jewova tou lè n ap pale de li ak lòt moun, sètadi lè n ap louwe l piblikman (Ebre 13:15). Annefè, preche bon nouvèl Wayòm nan se youn nan pi gwo kòmandman Bondye bay vrè kretyen yo (Matye 24:14). Nou chofe pou nou obeyi kòmandman sa a paske nou renmen Jewova. Lè nou reflechi sou jan Satan Ledyab, “dye sistèm sa a”, ap bay tout kalite manti sou Jewova pou l “bouche lespri moun ki pa kwayan yo”, èske nou pa chofe pou nou fè moun yo konnen sa ki verite konsènan Bondye nou an (2 Korentyen 4:4; Izayi 43:10-12)? E lè nou reflechi sou bèl kalite Jewova genyen yo, kòman pou n ta fè rete san n pa pale de li ak lòt moun? Vrèmanvre, pa gen pi gwo privilèj pase ede lòt moun konnen Papa nou ki nan syèl la dekwa pou yo vin renmen l menm jan ak nou.

17. Ki lòt aspè adorasyon n ap bay Jewova a gen ladan l, e poukisa nou dwe adore Jewova avèk entegrite?

17 Adorasyon n ap bay Jewova a gen lòt aspè ladan l toujou. Li enfliyanse kèlkeswa sa n ap fè (Kolosyen 3:23). Si nou vrèman aksepte Jewova antanke Souvren Seyè nou, n ap chèche fè volonte l nan tout aspè nan lavi nou, kit se nan fanmi nou, nan travay nou, nan relasyon nou genyen ak lòt moun ak nan detant n ap pran. N ap fè efò pou n sèvi Jewova “ak yon kè ki konplè” e avèk entegrite (1 Kwonik 28:9). Konsa, n ap sèvi Jewova ak tout kè nou, e nou pap mennen yon vi doub, sa vle di nou pap bay enpresyon n ap sèvi Jewova toutpandan n ap pratike peche an kachèt. Yon moun ki entèg pap aji konsa. Yon moun ki gen lanmou rayi ipokrizi. Anplis de sa, lakrentif nou gen pou Bondye ap ede nou pou nou pa aji ak ipokrizi paske selon Labib, gen yon rapò sere sere ant lakrentif nou gen pou Jewova ak bonjan zanmitay nou gen avè l. — Sòm 25:14.

Imite Jewova

18, 19. Poukisa nou gen rezon pou nou panse lèzòm enpafè ka imite Jewova?

18 Nan fen chak pati nan liv sa a, gen yon chapit ki pale sou fason pou “nou imite Bondye, antanke pitit li renmen”. (Efezyen 5:1.) Li enpòtan pou nou sonje, byenke nou enpafè, nou ka imite Jewova nan fason li itilize pisans li, nan fason li egzèse jistis li, nan fason li aji avèk sajès e nan fason li demontre lanmou. Ki jan nou fè konnen nou ka imite Toupisan an toutbonvre? Pa bliye, siyifikasyon non Jewova fè nou konnen li ka vin tounen sa l chwazi tounen an yon fason pou l akonpli objektif li. Nou gen rezon rete bouch ouvè devan kapasite sa a Jewova genyen. Men, èske li enposib pou nou imite Jewova nan sans sa a? Non.

19 Nou fèt pòtre ak Bondye (Jenèz 1:26). Donk, nou pa fèt menm jan ak okenn lòt kreyati k ap viv sou tè a. Jewova pa annik fè nou tou pwograme pou nou aji yon fason kèlkonk oswa pou nou annik aji selon tandans nou genyen oswa pou nou annik kite anviwònman n ap viv ladan l lan gen enfliyans sou sa n ap fè. Jewova ban nou yon bèl kado, anpalan de libète nou genyen pou nou deside a. Malgre nou gen limit e nou enpafè, nou gen libète pou nou chwazi ki kalite moun nou vle vin ye. Èske w vle vin yon moun ki renmen moun, yon moun ki saj e ki byen sèvi ak kapasite li genyen? Grasa èd lespri sen, ou kapab vin yon moun konsa. Fè yon ti reflechi sou kantite byen w ap ka fè lè sa a.

20. Ki bèl aksyon n ap fè lè nou imite Jewova?

20 N ap fè Papa nou ki nan syèl la plezi e n ap fè kè l kontan (Pwovèb 27:11). N ap ka menm “fè l plezi nèt” paske l konprann limit nou (Kolosyen 1:9, 10). Toutpandan n ap fè efò pou nou pi byen imite bèl kalite Papa nou renmen anpil la genyen yo, n ap gen yon bèl privilèj. N ap tankou yon lanp ki klere nan monn fènwa sa a ki lwen Bondye (Matye 5:1, 2, 14). Konsa, devan tout moun sou tout tè a, n ap reflete bèl pèsonalite Jewova genyen an. Ala yon bèl privilèj nou genyen!

“Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou”

Se pou w kontinye pwoche pi pre Jewova.

21, 22. Nan yon sans, ki vwayaj ki pap janm fini moun ki renmen Jewova yo pral fè?

21 Pawòl nou jwenn nan Jak 4:8 la pa jis yon objektif, men, nan yon sans, se yon vwayaj li ankouraje nou fè. Tank nou rete fidèl, vwayaj sa a pap janm fini. Nou pap janm sispann vin pi pwòch Jewova. Anfèt, n ap toujou gen bagay pou n aprann sou Jewova. Nou pa dwe panse liv sa a aprann nou tout sa nou gen pou n aprann sou Jewova. Se apèn si n te egzamine kèk nan bagay Labib fè nou konnen sou Bondye nou an. E menm Labib pa di nou tout bagay konsènan Jewova. Apot Jan te fè konnen, si yo ta ekri tout sa Jezi te fè nan aktivite li te konn mennen sou tè a, “lemonnantye pa t ap kapab kenbe woulo yo t ap ekri yo”. (Jan 21:25.) Si apot Jan te rive di yon pawòl konsa konsènan Pitit Gason an, nou pa bezwen mande sa l t ap di pou Papa a!

22 Menm lè nou gen lavi ki pap janm fini an, nou pap rive konnen tout bagay sou Jewova (Eklezyas 3:11). Donk, fè yon ti reflechi ak sa k ap tann nou pi devan. Apre nou fin gen plizyè santèn ane depi n ap viv, oswa plizyè milye ane, oswa plizyè milyon ane oubyen menm plizyè milya ane depi n ap viv, n ap rive konnen plis bagay toujou sou Jewova pase sa nou konnen kounye a. Epoutan, n ap toujou santi gen yon pil ak yon pakèt bèl bagay nou poko aprann sou Jewova. N ap anvi aprann plis bagay sou Jewova, paske n ap toujou gen bonjan rezon pou n di pawòl sa a salmis lan te di nan yon chante li te fè: “Pwoche bò kote Bondye bon pou mwen.” (Sòm 73:28). Lè nou gen lavi ki pap janm fini an, nou pral jwenn byenfè nou pa t ap janm imajine, e y ap anpil. Pi gwo byenfè nou pral jwenn se pwoche nou pral kontinye pwoche pi pre bò kote Jewova.

23. Ki sa yo ankouraje nou fè?

23 Se pou nou renmen Jewova, li menm ki renmen nou, e se pou nou fè sa ak tout kè nou, ak tout nanm nou, ak tout lespri nou e ak tout fòs nou (Mak 12:29, 30)! Se pou nou fidèl nan lanmou n ap demontre pou li a, e se pou nou pa kite anyen brannen lanmou sa a. Nan desizyon n ap pran chak jou yo, kit se ti desizyon, kit se gwo desizyon, se pou nou toujou aji yon fason k ap fè relasyon nou genyen ak Papa nou ki nan syèl la vin pi sere. Sa k pi enpòtan an, se pou w toujou kontinye pwoche pi pre Jewova e se pou l toujou kontinye pwoche pi pre bò kote w pou toutan gen tan!