Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 2

Yon lèt Bondye ki renmen nou ekri nou

Yon lèt Bondye ki renmen nou ekri nou

ÈSKE w ka di m ki liv ou pi renmen? — Gen timoun, se liv ki pale sou bèt yo renmen. Gen lòt timoun ki renmen liv ki gen anpil foto. Liv sa yo gendwa trè enteresan pou yon moun li.

Men meyè liv ki egziste yo, se liv ki di nou laverite sou Bondye. Gen youn nan liv sa yo ki gen plis valè pase tout lòt yo. Ou konn ki liv sa a? — Se Bib la.

Èske w konn poukisa Bib la enpòtan konsa? — Paske se Bondye ki ban nou li. Li pale nou konsènan Bondye e konsènan bon bagay li pral fè pou nou. Epi li di nou sa nou dwe fè pou nou fè Bondye plezi. Se tankou yon lèt Bondye ekri nou.

Bondye te gendwa ekri tout Bib la nan syèl la epi apre sa li bay lòm li. Men se pa t sa l te fè. Menmsi panse ki nan Bib la se panse pa Bondye, li itilize sèvitè li genyen sou tè a pou yo ekri prèske tout Bib la.

Ki jan Bondye te fè sa? — N ap pran yon egzanp pou w ka konprann. Lè nou tande vwa yon moun k ap pale nan radyo, gendwa se yon moun ki rete byen lwen k ap pale. Lè n ap gade televizyon, nou ka menm wè moun ki nan lòt peyi, e nou ka tande sa y ap di.

Lèzòm ka menm pran fize pou y al nan lalin nan ki lwen anpil, epi pandan yo la, yo ka menm voye mesaj sou tè a. Ou te konn sa? — Ebyen, si lèzòm ka fè sa, èske w panse Bondye pa ka voye mesaj etan li nan syèl la? — Se sèten li kapab fè sa! E li te fè sa lontan anvan lèzòm te fè radyo ak televizyon.

Ki jan nou fè konnen Bondye ka rete byen lwen pou l pale avèk nou?

Moyiz se yon moun ki te tande Bondye k ap pale. Moyiz pa t ka wè Bondye, men, li te ka tande vwa l. Lè sa te rive, te gen plizyè milyon moun ki te la. Jou sa a, Bondye te fè yon mòn tranble, e te gen zèklè ak loray. Moun yo te konnen se Bondye ki te pale, men yo te pè anpil. Se sa k fè yo te di Moyiz konsa: “Pa kite Bondye pale avèk nou paske nou pè pou nou pa mouri.” Apre sa, Moyiz ekri bagay Bondye te di yo. E n ap jwenn sa Moyiz te ekri yo nan Bib la. — Egzòd 20:18-21.

Se Moyiz ki te ekri senk premye liv ki nan Bib la. Men se pa li menm sèl ki te patisipe nan ekri Bib la. Bondye te sèvi ak 40 gason antou. Mesye sa yo te egziste sa gen trè lontan, e sa te pran anpil ane pou yo fin ekri Bib la. Sa te pran 1 600 ane anviwon! Sa ki estrawòdinè, sèke menmsi plizyè nan mesye sa yo pa t janm rankontre youn ak lòt, tout sa yo ekri yo ann amoni nèt.

Èske w konn non ekriven biblik sa yo?

Gen nan moun Bondye te itilize pou ekri Bib la ki te selèb, men se pa t yo tout. Malgre Moyiz te yon bèje, li te vin alatèt nasyon Izrayèl la. Salomon li menm se te yon wa, se moun ki te gen plis sajès ak plis richès nan lemonn. Men, gen lòt ekriven ki pa t selèb konsa. Pa egzanp, Amòs se pyebwa ki fè yon fwi ki rele fig frans li te konn okipe.

Gen yon lòt ekriven biblik, se medsen li te ye. Ou konn non li? — Li rele Lik. Gen youn menm ki te konn ranmase taks. Li rele Matye. Epi gen yon lòt ekriven, li menm se te yon espesyalis nan lwa relijyon Juif yo. Li te ekri plis liv nan Bib la pase tout lòt yo. Èske w konn ki jan l rele? — Li rele Pòl. Te gen Pyè ak Jan, de disip Jezi ki te pechè pwason, yo menm tou yo te ekri kèk pati nan Bib la.

Anpil nan ekriven biblik sa yo te ekri davans sa Bondye t apral fè pita. Men, ki jan yo te fè konnen bagay sa yo anvan menm yo rive? — Se Bondye ki te di yo sa.

Nan epòk Jezi, gran Anseyan an, te sou tè a, yon bon pati nan Bib la te gentan fin ekri. Men, pa bliye se nan syèl la gran Anseyan an t ap viv e li te konnen sa Bondye te fè. Èske l te kwè Bib la se pawòl Bondye? — Se sa menm li te kwè.

Jezi te konn li nan Bib la pou l pale ak moun yo konsènan sa Bondye fè. Pafwa, li te konn site Bib la pakè. Epitou, Jezi fè nou jwenn plis enfòmasyon toujou sou Bondye. Men sa Jezi te di: “Se bagay mwen te tande nan bouch li yo menm mwen di nan monn nan.” ​(Jan 8:26). Jezi te tande anpil bagay nan bouch Bondye, paske li t ap viv ansanm avè l. Ki kote nou ka li bagay sa yo Jezi te di a? — Nan Bib la. Yo te ekri tout Bib la pou nou kapab li l.

Natirèlman, lè Bondye te sèvi ak moun pou ekri Bib la, yo te ekri nan lang yo abitye pale chak jou. Se sa k fè, apa kèk pati ki te ekri ann arameyen, pifò Bib la te ekri ann ebre, e yon bon pati te ekri an grèk. Kòm pifò moun jodi a pa ka li lang sa yo, yo te oblije tradui Bib la nan lòt lang. Jodi a, Bib la egziste, swa ann antye swa an pati, nan plis pase 2 260 lang. Ou ka imajine sa? Bib la se yon lèt Bondye voye pou moun tout kote sou tè a. Epitou, menmsi yo te rekopye Bib la yon pakèt fwa, mesaj ki ladan l lan se toujou mesaj Bondye.

Mesaj ki nan Bib la enpòtan pou nou. Yo te ekri l sa gen trè lontan. Men, li pale konsènan bagay k ap rive jodi a. Epi Bib la di nou ki sa Bondye pral fè talè konsa. Sa Bib la di yo vrèman pasyonan! Li ban nou yon bèl espwa!

Ki bagay ou ka aprann etan w ap li Bib la?

Bib la di nou tou ki jan Bondye vle pou nou viv. Li fè nou konnen sa ki byen ak sa ki mal. Ni ou ni mwen nou bezwen konn sa. Bib la pale nou de moun ki te aji mal, e li fè nou konnen sa k te rive yo, yon fason pou nou evite tonbe nan menm pwoblèm avèk yo. Li pale nou tou de moun ki te fè sa ki byen, e li fè nou konnen bon rezilta yo te jwenn. Se pou byen nou yo te ekri tout Bib la.

Men, pou nou pwofite Bib la o maksimòm, nou dwe jwenn repons yon kesyon. Men kesyon an: Kiyès ki ban nou Bib la? Sa w ta di? — Wi, se Bondye ki ban nou tout Bib la. Nan ka sa a, ki jan nou ka montre nou vrèman saj? — Se lè nou koute Bondye e se lè nou fè sa l di.

Donk, nou bezwen pran tan pou nou li Bib la ansanm. Lè yon moun nou renmen anpil ekri nou yon lèt, nou li lèt sa a plizyè fwa. Nou ba l anpil enpòtans. Nou ta dwe fè menm jan an pou Bib la paske se Moun ki renmen nou pi plis la ki voye l ban nou. Wi, Bib la se yon lèt Bondye ki renmen nou ekri nou.

Kounye a, pran yon ti tan anplis pou w li pasaj sa yo ki pwouve Bib la se vrèman Pawòl Bondye, e se pou byen nou yo ekri l: Women 15:4; 2 Timote 3:16, 17; ak 2 Pyè 1:20, 21.