Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 3

Moun ki kreye tout bagay la

Moun ki kreye tout bagay la

Kiyès ki fè tout sa ki vivan?

MWEN konnen yon bagay, se yon mèvèy li ye. Ou vle m di w ki sa? — Gade men w. Pliye dwèt ou. Kounye a pran yon bagay. Ou ka fè anpil bagay avèk men w, e ou ka fè yo byen. Èske w konnen kiyès ki fè men nou? —

Se menm Moun nan ki fè bouch nou, nen nou ak je nou. Se Bondye, Papa gran Anseyan an. Èske nou pa kontan Bondye ban nou je? — Grasa je nou, nou ka wè anpil bèl bagay. Nou ka wè flè, nou ka wè gazon vèt, nou ka wè lè syèl la ble. Nou ka menm wè ti zwazo ki vle manje, jan sa parèt nan foto a. Vrèman, se yon mèvèy dèske nou ka wè tout bèl bagay sa yo! Sa w di? —

Men, kiyès ki fè bagay sa yo? Èske se yon moun sou tè a? Non. Lèzòm ka fè yon kay, men okenn moun pa ka fè zèb pouse. Lèzòm pa ka fè ni yon ti zwazo ni yon flè. Yo pa ka fè anyen ki vivan. Ou te konn sa? —

Se Bondye ki fè tout bagay sa yo. Bondye fè syèl la ak tè a. Li fè moun tou. Se li ki te kreye premye gason an ak premye fi a. Jezi, gran Anseyan an, te esplike sa. — Matye 19:4-6.

Kòman Jezi fè konnen se Bondye ki te fè ni gason, ni fi? Èske l te wè lè Bondye t ap fè yo? — Wi, li te wè. Jezi te ansanm ak Bondye lè Bondye t ap fè fi ak gason. Jezi se premye moun Bondye te kreye. Jezi se te yon zanj e li t ap viv nan syèl la ansanm ak Papa l.

Dapre sa Bib la fè nou konnen, Bondye te di: “Annou fè lòm.” ​(Jenèz 1:26). Èske w konnen ak kiyès Bondye t ap pale? — Se ak Pitit Gason l lan li t ap pale. Annapre, Pitit sa a te vin sou tè a, e se li yo te rele Jezi.

Èske se pa estrawòdinè? Reflechi yon ti moman! Ou imajine lè n ap koute Jezi, se zanj ki te ansanm ak Bondye lè Bondye t ap fè tè a ak tout lòt bagay yo k ap anseye nou! Jezi te aprann anpil bagay etan l t ap travay ak Papa l nan syèl la. Nou pa etone dèske Jezi se gran Anseyan an!

Èske w panse anvan Bondye te fè Pitit Gason l lan, li te tris poutèt li te poukont li? — Non, li pa t tris. Nan ka sa a, poukisa li te fè lòt kreyati? — Se paske li se yon Bondye lanmou. Li te vle pou lòt moun tou vin jwi lavi. Nou ta dwe di Bondye mèsi poutèt li ban nou lavi.

Bondye montre lanmou nan tout sa l fè. Li fè solèy la ki klere nou e ki chofe nou. Si pa t gen solèy, tout bagay t ap frèt e pa t ap gen lavi sou tè a. Ou pa kontan pou solèy la Bondye te fè a? —

Se Bondye ki fè lapli tonbe tou. Gende lè nou pa renmen lapli paske nou pa ka sot deyò pou n al jwe lè lapli ap tonbe. Men, lapli ede flè yo pouse. Donk, lè nou wè bèl flè, kiyès n ap di mèsi pou sa? — Se Bondye. E kiyès nou ta dwe di mèsi lè n ap manje fwi ak legim ki gen bon gou? — Se Bondye nou ta dwe di mèsi, paske se solèy li kreye ak lapli li fè tonbe ki fè bagay yo grandi.

Ann sipoze yon moun ta mande w èske se Bondye ki te fè ni moun ni bèt, ki sa w t ap reponn? — Ou t ap byen reponn si w ta di: “Se Bondye ki te fè ni moun ni bèt.” Men, e si moun nan pa kwè, oswa si l di se bèt ki bay moun? Bib la pa di sa. Bib la di se Bondye ki kreye tout sa ki vivan. — Jenèz 1:26-31.

Piske se yon moun kanmenm ki fè kay la, kiyès ki fè flè yo, pyebwa yo ak bèt yo?

Men, yon moun ka di w li pa kwè nan Bondye. Lè sa a, ki sa w ap reponn li? — Poukisa w pa montre l yon kay? Epi poze moun nan kesyon sa a: “Kiyès ki te fè kay sa a?” Tout moun konnen se yon moun kanmenm ki te fè l. Se sèten kay la pa t fèt poukont li! — Ebre 3:4.

Apre sa, mennen moun nan nan yon jaden, montre l yon flè, epi mande l: “Kiyès ki fè flè a?” Se pa yon moun sou tè a ki fè l. Ebyen, menm jan kay la pa fèt poukont li, se konsa flè sa a pa fèt poukont li tou. Gen yon moun ki fè l. Se Bondye.

Di moun nan pran tan pou l koute yon zwazo k ap chante. Epi, mande l: “Kiyès ki fè zwazo yo e ki te montre yo chante?” Se Bondye. Se Bondye ki fè syèl la ak tè a ak tout sa ki vivan! Se li menm ki bay lavi.

Malgre sa, yon moun ka di se sèlman sa l wè li kwè. Li kapab di: ‘Si m pa ka wè yon bagay, mwen pap kwè l.’ Donk, gen moun ki di yo pa kwè nan Bondye paske yo pa ka wè li.

Se vre nou pa ka wè Bondye. Bib la di: ‘Pèsonn pa ka wè Bondye.’ Pa gen okenn gason, okenn fi, ni okenn timoun sou tè a ki ka wè Bondye. Donk, pèsonn pa ta dwe eseye fè yon imaj pou reprezante Bondye. Dayè, Bondye di nou pou nou pa fè imaj li. Donk, sa pa t ap fè Bondye plezi pou nou ta gen bagay konsa lakay nou. — Egzòd 20:4, 5; 33:20; Jan 1:18.

Men, si nou pa ka wè Bondye, ki jan nou fè konnen li egziste toutbon? Fè yon ti reflechi sou sa nou pral di la a: Èske w ka wè van? — Non. Pèsonn pa ka wè van. Men ou ka wè sa van fè. Ou ka wè fèy yo k ap sekwe lè van ap soufle nan branch yon pyebwa. Se sa k fè ou kwè gen van.

Ki jan w fè konnen van egziste?

Menm jan an tou, ou ka wè bagay Bondye fè yo. Lè w ap gade yon bèl flè oswa yon zwazo, ou wè yon bagay Bondye fè. Donk, ou kwè Bondye egziste toutbon.

Yon moun ta gendwa mande w: ‘Kiyès ki te fè solèy la ak tè a?’ Men sa Bib la di: “Bondye te kreye syèl la ak tè a.” ​(Jenèz 1:1). Wi, se Bondye ki te fè tout bèl bagay sa yo! Ki sa w panse? —

Èske se pa yon bèl bagay dèske n ap viv? Nou ka tande bèl chan zwazo. Nou ka wè bèl flè, nou ka wè lòt bagay Bondye fè. Epitou nou ka manje manje Bondye ban nou.

Nou dwe di Bondye mèsi pou tout bagay sa yo. Sitou, nou dwe di l mèsi pou lavi li ban nou. Si nou gen rekonesans toutbon pou Bondye, gen yon bagay n ap fè. Ou konn ki sa? — N ap koute Bondye, e n ap fè sa l di nou nan Bib la. Konsa, n ap ka montre nou renmen Moun ki kreye tout bagay la.

Nou ta dwe montre rekonesans nou pou Bondye pou tout sa l fè. Ki jan nou ka fè sa? Li sa ki ekri nan Sòm 139:14; Jan 4:23, 24; 1 Jan 5:21; ak nan Revelasyon 4:11.