Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 4

Bondye gen yon non

Bondye gen yon non

LÈ W fè konesans ak yon moun, ki premye bagay ou mande l? — Ou mande l ki jan l rele. Nou tout, nou gen yon non. Bondye te bay premye gason li te mete sou tè a yon non. Li te rele l Adan. E madanm li te rele Èv.

Men, se pa moun sèlman ki gen non. Reflechi sou lòt bagay ankò ki gen non. Pa egzanp, si yon moun fè w kado yon poupe oswa yon ti chen, èske w pap ba l yon non? — Sa montre jan yon non gen anpil enpòtans.

Reflechi sou pakèt etwal ki konn nan syèl la leswa. Ou pa panse yo gen non? — Se Bondye ki bay chak etwal ki nan syèl la yon non. Men sa Bib la di nou: “Li konte kantite etwal yo, li rele yo tout nan non yo.” — Sòm 147:4.

Èske w te konnen tout etwal yo gen non?

Ki moun ou ta di ki gen plis enpòtans nan tout linivè? — Se Bondye. Dapre ou menm, èske li gen yon non? — Jezi te di li gen yon non. Yon lè Jezi t ap priye Bondye, li di l: ‘Mwen fè disip mwen yo konnen non w.’ ​(Jan 17:26). Èske w konnen non Bondye? — Bondye li menm fè nou konnen non l. Li di: “Mwen se Jewova. Sa se non mwen.” Donk, non Bondye se JEWOVA. — Izayi 42:8.

Ki jan w santi w lè w wè moun sonje non w? — Ou santi w kontan, pa vre? — Menm jan an tou, Jewova vle pou moun konn non l. Donk, nou ta dwe di “Jewova” lè n ap pale de Bondye. Se sa gran Anseyan an te konn fè. Yon jou, Jezi te di: “Ou dwe renmen Jewova Bondye w la ak tout kè w.” — Mak 12:30.

Jezi te konnen non “Jewova” a gen anpil enpòtans. Se sa k fè li te anseye disip li yo pou yo itilize non Bondye. Li te menm di yo pou yo site non Bondye nan priyè yo. Bondye vle pou tout moun konnen li rele Jewova, e Jezi te konn sa.

Sa gen lontan, Bondye te montre yon Izrayelit ki rele Moyiz enpòtans non Li genyen. Izrayelit yo, oswa pitit Izrayèl yo, t ap viv nan peyi Ejip. Moun nan peyi sa a rele Ejipsyen. Ejipsyen yo te fè Izrayelit yo tounen esklav, e yo t ap fè yo pase anpil mizè. Lè Moyiz vin gran, li te eseye ede yon Izrayelit parèy li. Sa te vin fè Farawon, wa Ejip la, fache. Li te vle touye Moyiz! Poutèt sa, Moyiz kouri kite peyi Ejip.

Moyiz ale nan yon lòt peyi. Se te peyi Madyàn. Se nan zòn sa a Moyiz marye e li vin gen yon fanmi sou kont li. Li te travay kòm bèje tou, kote li t ap pran swen mouton. Yon jou, Moyiz te okipe ap pran swen mouton l yo toupre yon mòn, epi li wè yon bagay estrawòdinè. Te gen yon touf pikan ki pran dife, men, li pa t janm boule vre! Moyiz pwoche pi pre pou l ka wè pi byen.

Ou konn sa k te rive? — Moyiz tande yon vwa k ap pale nan mitan touf pikan ki t ap pran dife a. Vwa a rele: “Moyiz! Moyiz!” Dapre ou menm, kiyès sa a ki t ap pale a? — Se te Bondye. Bondye te gen yon travay li t apral bay Moyiz fè. Bondye di l: ‘Vini m voye w kot Farawon, wa Ejip la, pou w fè Izrayelit yo, pèp mwen an, kite peyi Ejip.’ Bondye pwomèt l ap ede Moyiz fè sa.

Ki bagay enpòtan Moyiz te aprann nan touf pikan ki t ap pran dife a?

Men, Moyiz di Bondye konsa: ‘Ann sipoze m al ann Ejip bò kote pèp Izrayèl la epi m di yo se Bondye ki voye m. E si yo mande m: “Ki jan l rele?” Sa m ap di yo?’ Bondye di Moyiz pou l di pèp Izrayèl la konsa: “Jewova voye m kote nou. E li di m ‘Jewova’ se non l pou toutan”. (Egzòd 3:1-15.) Sa montre, Bondye ap kenbe non “Jewova” a. Li pap janm chanje l. Bondye vle pou yo toujou konnen se Jewova li rele.

Ki jan Bondye te fè yo konnen non l nan lanmè Wouj?

Lè Moyiz retounen ann Ejip, Ejipsyen yo panse Jewova se yon senp ti dye Izrayelit yo genyen. Yo pa t sipoze se te Bondye tout tè a. Donk, Jewova di wa Ejip la konsa: ‘M ap fè moun konn non mwen sou tout tè a.’ ​(Egzòd 9:16). E se sa Jewova te fè. Ou konn ki jan? —

Toudabò, li ede Moyiz fè Izrayelit yo soti kite peyi Ejip. Apre sa, lè yo rive nan lanmè Wouj, Jewova fann lanmè a. Li fè yon chemen pou l pèmèt Izrayelit yo travèse san pye yo pa mouye. Men, apre Farawon ak tout lame l la antre nan menm chemen an, dlo yo, ki te tankou de mi youn chak bò, vide sou Ejipsyen yo, e yo tout mouri.

Nan yon ti moman, moun tout kote sou tè a kòmanse tande pale de sa Jewova te fè nan lanmè Wouj la. Kòman nou fè konn sa? — Ebyen, anviwon 40 an apre, Izrayelit yo rive an Kanaran, peyi Jewova te pwomèt l ap ba yo a. Nan zòn sa a, gen yon jèn dam ki rele Rahab ki t ap pale ak de Izrayelit. Men sa l di yo: “Nou tande ki jan Jewova te seche dlo lanmè Wouj la devan nou lè nou t ap soti ann Ejip.” — Jozye 2:10.

Jodi a, anpil moun sanble ak Ejipsyen sa yo. Yo pa kwè Jewova se Bondye tout tè a. Se sa k fè Jewova vle pou pèp pa l la fè lòt moun konnen kiyès li ye. Se sa Jezi te konn fè. Nan finisman lavi li sou tè a, men sa l te di Jewova nan yon priyè: “Mwen fè yo konnen non w.” — Jan 17:26.

Jezi te fè konnen non Bondye. Èske w ka montre non Bondye nan Bib la?

Èske w vle fè menm jan ak Jezi? Ebyen, fè lòt moun konnen non Bondye se Jewova. Petèt ou kapab wè anpil moun pa konn sa. Nan ka sa a, petèt w ap ka montre yo sa Bib la di nan Sòm 83:18. Annou ouvri Bib la kounye a e annou li vèsè sa a ansanm. Men sa l di: “Pou moun ka konnen, ou menm ki rele Jewova, se ou menm sèl ki Trèwo sou tout tè a!”

Ki sa vèsè sa a aprann nou? — Li fè nou konnen Jewova se non ki pi enpòtan ki egziste. Se non Bondye Toupisan an, Papa Jezi, Moun ki kreye tout bagay la. Epi pa bliye, Jezi te di nou dwe renmen Jewova ak tout kè nou. Èske w renmen Jewova? —

Ki jan nou ka montre nou renmen Jewova? — Youn nan fason nou ka fè sa, se lè nou chèche konnen l menm jan ak yon zanmi. Yon lòt fason, se lè nou di lòt moun ki jan l rele. Nou ka montre yo non l se Jewova dirèkteman nan Bib la. Epitou, nou ka esplike yo bèl bagay Jewova kreye e nou ka esplike yo tout sa l fè pou byen nou. Sa ap fè Jewova kontan anpil paske li vle moun konnen l. Nou ka ede yo fè sa, pa vre? —

Se pa tout moun k ap vle koute nou lè n ap pale de Jewova. Anpil moun te refize koute Jezi, gran Anseyan an, lè l t ap pale de Jewova. Men, sa pa t anpeche l kontinye pale de Jewova.

Donk, menm jan ak Jezi, ann kontinye pale de Jewova. Si nou fè sa, Jewova Dye ap kontan avèk nou paske l ap wè nou renmen non l.

Kounye a, annou li ansanm kèk lòt tèks nan Bib la ki montre enpòtans non Bondye genyen: Izayi 12:4, 5; Matye 6:9; Jan 17:6; ak Women 10:13.