Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 7

Obeyisans pwoteje w

Obeyisans pwoteje w

ÈSKE w ta renmen gen posiblite fè tout sa w vle? Èske gende lè ou pa ta renmen pèsonn di w sa pou w fè? Di m franchman sa w panse. —

Poukisa w dwe koute moun ki pi gran pase w?

An reyalite, ki sa ki pi bon pou ou? Èske li vrèman saj pou w fè tout sa w vle? Èske sa pa pi bon pou ou lè w obeyi papa w ak manman w? — Bondye di ou dwe obeyi paran w. Si l di sa, li dwe gen yon bon rezon pou sa. Annou chèche konprann pou ki rezon.

Ki laj ou? — Èske w konn ki laj papa w genyen? — E manman w, e granmè w, e granpè w, ou konn laj yo? — Yo tout yo viv pi lontan pase w. Plis yon moun gen lontan l ap viv, se plis li gen tan pou l aprann. Chak ane ki pase, li tande plis bagay, li wè plis bagay e li reyalize plis bagay. Donk, yon moun ki pi piti ka aprann nan men yon moun ki pi gran pase l.

Èske w konn yon moun ki pi piti pase w? — Ou menm avè l kiyès ki konn plis bagay? — Sa k fè sa? — Se paske w viv pi lontan pase l. Ou gen plis tan depi w ap aprann pase yon moun ki pi piti.

Kiyès k ap viv depi pi lontan pase ni ou, ni mwen, ni tout moun ki egziste? — Se Jewova Dye. Li konn plis bagay pase ni ou, ni mwen. Lè li di nou pou nou fè yon bagay, nou mèt sèten se sa nou dwe fè, menmsi sa gendwa difisil. Èske w konnen te gen yon lè, menm gran Anseyan an te nan yon sitiyasyon kote li te difisil pou l obeyi? —

Gen yon lè, Bondye te mande Jezi pou l fè yon bagay ki difisil anpil. Jan w wè l nan foto a la a, Jezi te priye sou sa. Men sa l te di: ‘Si w vle, retire koup sa a pou mwen.’ Nan priyè sa a, Jezi montre sa pa toujou fasil pou yon moun fè volonte Bondye. Men, èske w konnen ki sa Jezi te di lè l t ap fini priyè l la? —

Ki sa nou ka aprann nan priyè Jezi a?

Men dènye pawòl Jezi te di nan priyè l la: “Se pa volonte pa m ki pou fèt, men se volonte pa w.” ​(Lik 22:41, 42). Annefè, se volonte Bondye li te vle ki pou fèt, se pa t volonte pa l. E li te fè sa Bondye te mande l la, olye pou l fè sa l panse ki ta ka pi bon.

Ki sa nou ka aprann nan istwa sa a? — Nou aprann li toujou bon pou nou fè sa Bondye di, menmsi sa gendwa pa fasil. Men, nou aprann yon lòt bagay tou. Èske w konn ki sa? — Nou aprann Bondye ak Jezi se pa menm moun yo ye, jan kèk moun konn di sa. Jewova Dye pi gran pase Jezi, Pitit Gason l lan, e li konnen plis bagay pase l.

Lè nou obeyi Bondye, nou montre nou renmen l. Men sa Bib la di: “Men sa lanmou pou Bondye vle di: se pou nou obsève kòmandman l yo.” ​(1 Jan 5:3). Donk ou wè? Nou tout, nou bezwen obeyi Bondye. Èske w vle obeyi l ou menm tou? —

Annou ouvri bib nou kounye a pou n wè sa Bondye di timoun yo pou yo fè. Nou pral li sa Bib la di nan Efezyen chapit 6, vèsè 1, 2 e 3. Men sa l di: “Timoun, se pou nou obeyi paran nou ann akò ak Seyè a, paske sa jis. ‘Onore papa w ak manman w’. Sa a se premye kòmandman ki mache ak yon pwomès: ‘Pou tout bagay ka mache byen pou ou e pou w ka rete lontan sou tè a.’”

Donk, ou wè sa se Jewova Dye li menm ki di w pou w obeyi papa w ak manman w. Sa sa vle di “onore” yo? Sa siyifi respekte yo. E Bondye pwomèt si w obeyi paran w, sa ap “mache byen pou ou”.

Kite m rakonte w yon istwa konsènan kèk moun ki te chape anba lanmò paske yo te obeyisan. Moun sa yo t ap viv sa gen trè lontan nan vil Jerizalèm ki te yon gran vil nan epòk sa a. Pifò moun nan vil sa a pa t konn koute Bondye. Donk, Jezi te avèti yo Bondye pral detwi vil yo a. Anmenmtan, Jezi tou di yo ki jan yo ta ka chape si yo renmen sa ki byen. Men sa l di yo: ‘Lè nou va wè lame toutotou Jerizalèm, n ap konnen li toupre pou l detwi. Lè sa a, se moman pou n kite Jerizalèm e pou n kouri al nan mòn.’ — Lik 21:20-22.

Ki jan moun sa yo te sove lavi yo dèske yo te obeyi lòd Jezi te ba yo a?

Jan Jezi te di l la, gen lame ki te vin atake Jerizalèm. Lame women an te vin kanpe toutotou l. Epi, san nou pa konn pou ki rezon, sòlda yo retire kò yo. Pifò moun te panse pa t gen danje ankò. Donk, yo rete nan vil la. Men, èske w sonje sa Jezi te di pou yo fè? — Si w t ap viv Jerizalèm, ki sa w t ap fè? — Moun ki te kwè toutbon nan Jezi yo kite lakay yo e yo kouri al nan mòn, byen lwen Jerizalèm.

Yon ane pase, anyen pa rive Jerizalèm. Nan dezyèm ane a, anyen pa rive. E twazyèm ane a pase, anyen pa rive. Gen moun petèt ki panse moun ki te kite vil la te sòt. Men, nan katriyèm ane a, lame women an tounen ankò e yo kanpe toutotou Jerizalèm. Fwa sa a, li te twò ta pou moun chape. Fwa sa a, lame women an detwi vil la. Pifò moun ki te anndan vil la mouri, e yo mennen sa ki pa t mouri yo kòm prizonye.

Men, ki sa k rive moun ki te obeyi Jezi yo? — Yo te an sekirite. Yo te byen lwen Jerizalèm. Se sa k fè anyen mal pa t rive yo. Obeyisans te pwoteje yo.

Èske obeyisans ka pwoteje w tou? — Petèt paran w gendwa di w pou w pa janm al jwe nan lari a. Poukisa yo di sa? — Paske machin ka frape w. Men, yon jou, ou ta gendwa di tèt ou: ‘Pa gen machin k ap pase kounye a. Anyen mal pap rive m. Gen lòt timoun k ap jwe nan lari a epi mwen pa janm wè anyen mal rive yo.’

Poukisa w dwe obeyi menm lè w pa wè okenn danje?

Se konsa pifò moun nan Jerizalèm te reflechi. Apre lame women an te deplase, se kòmsi pa t gen danje ankò. Gen lòt moun ki te rete nan vil la. Donk, yo rete tou. Yo te avèti yo, men yo pa t koute. Kòm rezilta, yo pèdi lavi yo.

Ann pran yon lòt egzanp. Èske w konn jwe ak alimèt? — Sa parèt amizan pou w ap gade flanm dife lè w pase yon alimèt. Men, jwe ak alimèt gen danje ladan l. Tout kay la ka pran dife, e ou ka mouri!

Pa bliye sa, obeyi kèk fwa sèlman pa sifi. Men, si w toujou obeyi, sa ap vrèman pwoteje w. Epi, kiyès ki di timoun yo: “Timoun, se pou nou obeyi paran nou”? — Se Bondye. Epitou, toujou sonje si l di w sa, se paske li renmen w.

Kounye a, li vèsè sa yo ki montre enpòtans obeyisans genyen: Pwovèb 23:22; Eklezyas 12:13; Izayi 48:17, 18; ak Kolosyen 3:20.