Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 9

Nou dwe reziste devan tantasyon

Nou dwe reziste devan tantasyon

ÈSKE sa deja rive w yon moun mande w fè yon bagay ki mal? — Èske se yon defi l te ba w lè sa a? Oswa, èske l te fè w konnen se yon bon bagay, sa pa vrèman grav? — Yon moun ki aji konsa, se eseye l ap eseye tante w.

Ki sa nou dwe fè lè yo tante nou? Èske nou dwe sede epi fè sa ki mal la? Sa pa t ap fè Jewova Dye plezi. Men, èske w konnen kiyès ki t ap kontan? — Wi, se Satan Ledyab.

Satan se ènmi Bondye, e se ènmi nou li ye tou. Nou pa ka wè l paske se yon espri li ye. Men li menm, li ka wè nou. Yon jou, Dyab la te eseye tante Jezi, gran Anseyan an. Ann gade ki jan Jezi te reyaji. Konsa, n ap konnen sa pou nou fè lè nou devan tantasyon.

Ki sa petèt Jezi te kòmanse sonje lè l te fin batize?

Jezi te toujou vle fè volonte Bondye. Li te montre sa aklè lè l te batize nan rivyè Jouden an. Tousuit apre batèm li, Satan te eseye tante l. Bib la di lè sa a, ‘syèl la te ouvri’ pou Jezi (Matye 3:16). Petèt sa vle di lè sa a, Jezi te kòmanse sonje vi li te gen anvan nan syèl la avèk Bondye.

Apre Jezi fin batize, li ale nan yon dezè pou l reflechi sou bagay li te kòmanse sonje yo. Jezi pase 40 jou ak 40 nuit san li pa manje anyen. Donk, nan moman sa a, li te vin grangou anpil. E se lè sa a Satan te chwazi pou l eseye tante Jezi.

Ki jan Dyab la te sèvi ak wòch pou l tante Jezi?

Dyab la di li: “Si w se yon pitit Bondye, di wòch sa yo pou yo tounen pen.” Mmm! Jan pen bon! Men, èske Jezi kapab fè wòch tounen pen? — Wi, li kapab. Li se Pitit Bondye, e li gen pouvwa estrawòdinè.

Èske w t ap fè yon wòch tounen pen si Dyab la ta mande w fè sa? — Jezi te grangou. Èske se t ap yon mal si l te annik fè sa yon sèl fwa? — Jezi te konnen se t ap yon mal si l ta sèvi ak pouvwa l nan fason sa a. Jewova te ba l pouvwa sa yo pou l atire moun vin jwenn Bondye. Li pa t dwe sèvi avèk yo nan avantaj pa l.

Donk, olye Jezi koute Satan, li fè l sonje sa ki ekri nan Bib la: ‘Lòm pa dwe viv ak pen sèlman, men ak tout pawòl ki soti nan bouch Jewova.’ Jezi te konnen sa ki pi enpòtan an se fè Jewova plezi. Se pa jwenn manje pou l manje.

Men, Dyab la eseye ankò. Li mennen Jezi Jerizalèm e li fè l kanpe yon kote ki wo nan tanp lan. Epi, Satan di Jezi: ‘Si w se yon pitit Bondye, lage kò w anba, paske dapre sa ki ekri, zanj Bondye yo ap pwoteje w pou anyen mal pa rive w.’

Poukisa Satan te di sa? — Li te di sa pou l tante Jezi e pou l pouse l fè yon bagay ki ensanse. Men, la ankò, Jezi pa koute Satan. Li di Satan: “Men sa ki ekri: ‘Ou pa dwe mete Jewova Bondye w la aleprèv.’” Jezi te konnen se t ap yon mal pou l mete Jewova aleprèv nan pran risk ak lavi l.

Men, Satan pa kite sa. Apre sa, li mennen Jezi sou yon mòn ki wo anpil. De la etan, li montre l tout wayòm ki gen nan monn nan, sa vle di tout gouvènman yo, e li montre l glwa yo genyen. Epi Satan di Jezi: “Tout bagay sa yo m ap ba ou yo si w tonbe devan m epi ou fè yon jès adorasyon pou mwen.”

Fè yon ti reflechi sou sa Satan ofri a. Èske tout wayòm sa yo, oswa tout gouvènman sa yo se pou li yo ye toutbonvre? — Jezi pa t di yo pa pou Satan. Se sa l t ap di si se pa t pou Satan yo ye. An reyalite, Satan se chèf tout nasyon ki nan monn nan. Bib la menm rele Satan “chèf monn sa a”. — Jan 12:31.

Poukisa Satan te ka ofri Jezi tout wayòm sa yo?

Ki sa w t ap fè si Dyab la ta pwomèt ou l ap ba w yon bagay si w adore l? — Jezi te konnen se t ap mal pou l adore Dyab la, kèlkeswa sa li ta resevwa kòm rekonpans. Donk, Jezi di: ‘Al fè wout ou, Satan! Paske Bib la di se Jewova Dye w la ou dwe adore, e se li menm sèl ou dwe sèvi.’ — Matye 4:1-10; Lik 4:1-13.

Ki sa w ap fè si w jwenn tantasyon?

Nou menm tou, nou konn jwenn tantasyon. Èske w ka site kèk ou konnen? — Men yon egzanp: manman w gendwa fè yon bon ti gato pou l bay apre manje, epi li di w pa pran ladan l anvan lè manje a rive. Men, kòm ou grangou anpil, ou santi w tante pou w manje ladan l. Èske w ap obeyi manman w? — Satan ta byen renmen w dezobeyi.

Sonje egzanp Jezi. Li te grangou anpil tou. Men, li te konnen fè Bondye plezi pi enpòtan pase manje. Lè w obeyi manman w, se Jezi w ap imite.

Ann sipoze gen timoun ki ofri w kèk konprime epi yo di w lè w fin vale yo, w ap santi w vrèman byen! Men, konprime sa yo, gendwa se dwòg. Yo ka fè w malad anpil e yo ka menm fè w mouri. Gen moun tou ki gendwa ofri w yon sigarèt e yo ba w defi pou w fimen l. E sigarèt se dwòg tou. Ki sa w ap fè? —

Sonje ki jan Jezi te reyaji. Satan te eseye fè Jezi riske vi l lè l te di l pou l rete sou tèt tanp lan epi pou l lage kò l anba. Men, Jezi pa t fè sa. E ou menm, ki sa w ap fè si yon moun ba w defi pou w fè yon bagay ki gen danje ladan l? Jezi pa t koute Satan. Ou menm tou, ou pa dwe koute okenn moun k ap eseye pouse w fè sa ki mal.

Poukisa li mal pou nou sèvi ak imaj pou n adore Bondye?

E si yon jou, yo ta mande w pou w adore yon imaj, yon bagay Bib la di nou pa dwe fè (Egzòd 20:4, 5)? Gendwa se nan lekòl ou yo mande w sa. Yo gendwa menm di w y ap mete w deyò nan lekòl la si w refize fè sa. Sa w ap fè? —

Li fasil pou nou fè sa ki dwat lè se sa tout lòt moun ap fè. Men, sa gendwa trè difisil lè lòt moun ap eseye pouse nou fè sa ki mal. Yo ka di sa y ap fè a pa tèlman mal pase sa. Men, sa ki pi enpòtan nou bezwen konnen, se ki sa Bondye di sou sa. Li pi byen konnen pase nou.

Donk, kèlkeswa sa lòt moun ap di, nou pa dwe janm fè sa Bondye di ki mal. Konsa, n ap toujou fè kè Bondye kontan, e nou pap janm fè Dyab la plezi.

N ap jwenn plis enfòmasyon sou fason pou nou reziste devan tantasyon pou nou fè sa ki mal, nan Sòm 1:1, 2; Pwovèb 1:10, 11; Matye 26:41; ak nan 2 Timote 2:22.