Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 13

Premye disip Jezi yo

Premye disip Jezi yo

Kiyès mesye sa a ye, e ki jan l fè vin disip Jezi?

KIYÈS ki pi gran sèvitè Bondye? — Se Jezi Kris. Dapre ou menm, èske nou ka imite l? — Bib la di li kite yon egzanp pou nou suiv. E li envite nou pou nou vin disip li.

Èske w konnen sa sa vle di pou yon moun disip Jezi? — Sa vle di anpil bagay. Toudabò, nou dwe aprann nan men l. Men sa pa sifi. Nou dwe kwè sa l di toutbonvre. Si nou kwè sa l di, n ap fè sa l mande nou.

Anpil moun di yo kwè nan Jezi. Èske w panse yo tout yo se disip li toutbonvre? — Non, pifò nan moun sa yo pa vrèman disip Jezi. Yo gendwa konn al legliz, men anpil ladan yo pa janm pran tan pou yo aprann sa Jezi te konn anseye. An reyalite, se sèlman moun ki suiv egzanp Jezi ki disip li.

Ann fè yon ti pale konsènan kèk moun ki te vin disip Jezi pandan l t ap viv kòm òm sou tè a. Youn nan premye moun ki te vin yon disip, se Filip. Filip al chèche zanmi li Natanayèl (ki rele Batèlmi tou). Se li menm ou wè ki chita anba pyebwa a. Lè Natanayèl vin kot Jezi, Jezi di: ‘Gade, men yon nonm onèt, yon vrè pitit gason Izrayèl.’ Natanayèl sezi, e li mande: “Ki jan w fè konnen m?”

Kiyès sa yo Jezi ap rele la a pou vin disip li?

Jezi di: “Anvan Filip te rele w, etan w te anba pye fig frans lan, mwen te wè w.” Natanayèl etone dèske Jezi te konnen egzakteman kote l te ye. Donk, Natanayèl di: “Ou se Pitit Gason Bondye, ou se Wa Izrayèl.” — Jan 1:49.

Jida Iskaryòt, Jida (yo rele l Tade tou), Simon.

Gen lòt moun ki te vin disip Jezi lavèy Filip ak Natanayèl te vin disip. Se te Andre ak frè li ki rele Pyè, ansanm ak Jan e petèt Jak, frè Jan (Jan 1:35-51). Sepandan, kèk tan apre, kat mesye sa yo retounen nan aktivite lapèch yo. Epi, yon jou pandan Jezi ap mache bò lanmè Galile, li wè Pyè ak Andre k ap lage yon filè pèch nan lanmè. Jezi rele yo, li di yo: “Vin suiv mwen.”

Jak (pitit Alfe), Toma, Matye.

Jezi al yon tikras pi lwen, li wè Jak ak Jan. Yo nan yon bato ansanm ak papa yo, y ap repare filè pèch yo. Jezi rele yo vin suiv li tou. Ki sa w t ap fè si Jezi ta rele w? Èske w t apral ansanm avèk li tousuit? — Mesye sa yo konnen kiyès Jezi ye. Yo konnen se Bondye ki voye l. Donk, lamenm yo kite aktivite lapèch yo a e yo suiv Jezi. — Matye 4:18-22.

Natanayèl, Filip ak Jan.

Èske kou mesye sa yo vin disip Jezi, sa vle di apre sa, yo te toujou fè sa ki byen? — Non. Ou ka sonje mesye sa yo te menm konn ap diskite antre yo pou yo konnen kiyès nan yo ki pi enpòtan. Men, yo te konn koute Jezi, e yo te dispoze chanje. Si nou dispoze chanje, nou menm tou, nou ka vin disip Jezi.

Jak (frè Jan), Andre, Pyè.

Jezi te konn envite tout kalite moun vin disip li. Yon jou, gen yon jèn chèf rich ki vin kot Jezi, e li mande l sa pou l fè pou l gen lavi etènèl. Apre jèn chèf rich la fè konnen l ap obeyi kòmandman Bondye yo depi l toupiti, Jezi fè l envitasyon sa a: ‘Vin suiv mwen.’ Ou konn ki jan jennonm nan te reyaji? —

Ebyen, lè misye aprann vin disip Jezi dwe gen plis enpòtans pase vin rich, sa te fè l tris anpil. Kòm li te renmen lajan pase Bondye, li pa t vin disip Jezi. — Lik 18:18-25.

Apre prèske yon ane edmi Jezi te pase ap preche, li chwazi 12 nan disip li yo pou yo vin apot. Apot yo se te yon seri mesye li te voye fè yon travay espesyal. Èske w konn non apot yo? — Ann wè si w ka aprann yo. Li non ki bò kote chak foto sa yo, epi, eseye di yo san w pa gade.

Kiyès medam sa yo ki te konn ede Jezi lè l te konn al preche?

Finalman, gen youn nan 12 apot yo ki vin mechan. Se te Jida Iskaryòt. Apre sa, yo te chwazi yon lòt disip pou ranplase l kòm apot. Ou konn non l? — Li te rele Matyas. Annapre, Pòl ak Banabas yo menm tou, yo te vin apot, men yo pa t fè pati 12 apot yo. — Travay 1:23-26; 14:14.

Tankou nou te wè sa nan premye chapit liv sa a, Jezi te enterese nan timoun piti yo. Dapre ou menm, poukisa? — Se paske li te konnen yo ta ka vin disip li tou. Anfèt, byen souvan, timoun yo konn pale yon fason ki ka menm fè granmoun yo koute gran Anseyan an e ki kapab fè yo anvi konnen plis bagay sou li.

Te gen anpil medam tou ki te vin disip Jezi. Genyen ki te konn vwayaje avè l lè l te konn al preche nan lòt vil. Pa egzanp, Mari Magdalèn, Jàn ak Sizàn te konn fè sa. Petèt yo te konn ede l nan fè manje ak fè lesiv pou li. — Lik 8:1-3.

Èske w vle vin yon disip Jezi? — Sonje sa, annik di nou se youn nan disip li yo pa fè nou vin yon disip li pou sa. Nou dwe aji kòm yon disip kèlkeswa kote nou ye, pa sèlman lè n al nan reyinyon. Ki lòt kote konsa? —

Nou dwe fè sa lakay nou. Men, nou dwe fè sa nan lekòl nou tou. Ni mwen, ni ou, nou pa dwe bliye pwen sa a: si nou vle montre nou se yon vrè disip Jezi, nou dwe aji menm jan Jezi te konn aji, pandan tout moman nan jounen an, chak jou, kèlkeswa kote nou ye.

Ki kote li enpòtan pou nou aji kòm yon disip Jezi?

Kounye a, annou li ansanm sa Bib la di konsènan disip Jezi yo, nan Matye 28:19, 20; Lik 6:13-16; Jan 8:31, 32; ak nan 1 Pyè 2:21.