Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 14

Rezon ki fè nou dwe padone

Rezon ki fè nou dwe padone

ÈSKE sa deja rive w yon moun fè w yon bagay ki mal? — Èske se pale l te pale mal avè w oswa èske se kou l te ba ou? — Dapre ou menm, èske w ta dwe remèt li sa l te fè w la? —

Gen anpil moun, lè yo fè yo yon bagay ki mal, yo tire revanj. Men, Jezi te aprann nou pou nou padone moun ki fè nou mal (Matye 6:12). E si se toutan yon moun ap fè nou bagay ki mal? Konbyen fwa nou dwe padone l? —

Se sa Pyè te bezwen konnen. Se sa k fè, yon jou, li poze Jezi kesyon sa a: ‘Èske se pou m padone l jis rive sèt fwa?’ Sèt fwa pa ase. Men repons Jezi bay: ‘Ou dwe padone l swasanndisèt fwa’, toutotan l ap peche kont ou.

Ki sa Pyè te vle konnen konsènan padon?

Sa fè anpil fwa! Nou pa t ap menm ka sonje tout kantite move bagay moun sa a fè nou, pa vre? E se sa menm Jezi te vle di nou: pa eseye sonje kantite fwa yon moun fè nou yon bagay ki mal. Si li mande nou padon, nou dwe padone l.

Jezi te vle montre disip li yo jan sa enpòtan anpil pou yo konn padone. Donk, apre l fin reponn kesyon Pyè a, li rakonte disip li yo yon istwa. Ou pa ta renmen tande l? —

Yon lè, te gen yon wa ki te bon moun anpil. Li te konn menm prete esklav li yo lajan lè yo te nan nesesite. Men, yon jou, li te vle pou yo remèt li lajan l. Yo mennen yon esklav ba li ki te dwe l 60 milyon pyès lajan. Sa fè anpil kòb!

Ki sa k te pase lè esklav la te sipliye wa a pou l ba l plis tan pou l peye dèt li a?

Men, esklav la te gentan depanse tout lajan wa a, e li pa t ka remèt wa a kòb la. Donk, wa a bay lòd pou yo vann esklav la. Wa a di tou pou yo vann madanm esklav la ak pitit li yo ak tout sa l posede. Epi, yo ta dwe bay wa a lajan yo ranmase a. Selon ou menm, ki jan esklav la te santi l? —

Li tonbe ajenou devan wa a, epi li sipliye l: ‘Tanpri, ban m yon ti tan, e m ap remèt ou tout sa mwen dwe w.’ Si w te nan plas wa a, ki sa w t ap fè ak esklav la? — Kè wa a te fè l mal pou esklav li a. Donk, wa a padone l. Li fè esklav la konnen li pa bezwen remèt okenn lajan, pa menm youn nan 60 milyon pyès lajan yo. Ala kontan esklav la dwe te kontan!

Men, ou konn sa eslav sa a te fè apre sa? Li soti epi li jwenn yon lòt esklav ki te dwe l sèlman san pyès lajan. Li met men nan kou esklav parèy li a, epi li kòmanse trangle l, li di l: ‘Remèt mwen san pyès ou dwe m nan!’ Èske w twouve sa nòmal pou l aji konsa, sitou apre wa a fèk fin padone l anpil konsa? —

Ki jan esklav la te trete esklav parèy li a ki pa t ka peye l sa l te dwe l la?

Esklav ki te dwe sèlman san pyès lajan an te pòv. Li pa t ka remèt kòb la tousuit. Donk, li tonbe ajenou nan pye esklav parèy li a, epi li sipliye l: ‘Tanpri, ban m yon ti tan, e m ap remèt ou sa mwen dwe w la.’ Èske mesye a pa ta dwe bay esklav parèy li a plis tan? — Ki sa w ta fè si se te ou? —

Mesye sa a pa t bon moun menm jan ak wa a. Li te vle yo ba l kòb li tousuit. E kòm esklav parèy li a pa t ka peye l, li fè lage l nan prizon. Lè lòt esklav yo wè sa k pase a, sa pa t fè yo plezi ditou. Sa te fè yo lapenn pou esklav ki nan prizon an. Se poutèt sa y al di wa a sa k pase a.

Wa a nonplis pa t renmen sa k te pase a. Li te vin fache anpil kont esklav ki pa t vle padone a. Donk, li rele l epi li di l: ‘Esklav mechan, èske mwen pa t efase dèt ou a? Alò, èske w pa t dwe fè menm jan an tou pou esklav parèy ou a?’

Ki sa wa a te fè esklav ki pa t vle padone a?

Esklav san pitye a te dwe pran yon leson nan men bon wa a. Men, li pa t fè sa. Donk, kounye a, wa a fè lage l nan prizon jiskaske l peye 60 milyon pyès lajan li te dwe a. Natirèlman, etan l nan prizon an, li pa t ap janm ka fè kòb pou l peye wa a sa l te dwe l la. Donk, li t ap gen pou l rete fèmen nan prizon jiskaske l mouri.

Lè Jezi fin rakonte istwa sa a, li di disip li yo: “Se konsa Papa mwen ki nan syèl la ap aji avèk nou tou, si nou chak nou pa padone frè nou ak tout kè nou.” — Matye 18:21-35.

Gen yon bagay ou bezwen konprann, nou tout nou dwe Bondye anpil anpil. Anfèt, menm lavi nou se Bondye ki ban nou li! Donk, lè n konpare sa lòt moun dwe nou ak sa nou dwe Bondye, lòt moun yo pa dwe nou anpil. Sa yo dwe nou an se tankou san pyès lajan yon esklav dwe yon lòt. Men, sa nou dwe Bondye poutèt nou konn aji mal, se tankou 60 milyon pyès lajan esklav la te dwe wa a.

Bondye bon anpil. Aktout nou konn aji mal, li padone nou. Li pa retire lavi nou nètale pou l fè nou peye sa n fè. Sepandan, nou dwe raple nou pwen sa a: se sèlman si nou padone moun ki aji mal avèk nou Bondye ap padone nou. Sa dwe fè nou reflechi, pa vre? —

Ki sa w ap fè si yon moun mande w pou w padone l?

Donk, si yon moun fè w yon bagay ki mal, men apre sa, li di li regrèt, ki sa w ap fè? Èske w ap padone l? — E si sa rive plizyè fwa? Èske w ap toujou padone l? —

Si se te nou ki t ap mande pou yo padone nou, nou t ap byen kontan pou lòt moun nan padone nou, pa vre? Ebyen, nou dwe fè menm jan an tou pou li. Sa pa sifi pou nou annik di nan bouch nou padone moun nan, men, nou dwe padone l toutbonvre ak tout kè nou. Lè nou fè sa, nou montre vrèman nou vle vin disip gran Anseyan an.

Pou nou konprann enpòtans pou nou padone, annou li tou Pwovèb 19:11; Matye 6:14, 15; ak Lik 17:3, 4.