Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 16

Sa ki vrèman enpòtan

Sa ki vrèman enpòtan

Ki pwoblèm mesye sa a te genyen?

YON jou, yon mesye vin wè Jezi. Li konnen Jezi se yon moun ki gen anpil sajès. Donk, li di l: ‘Anseyan, di frè m nan pou l ban m yon pati nan sa l posede.’ Mesye a te panse li gen dwa pou l jwenn bagay sa yo.

Si w te nan plas Jezi, sa w t ap reponn? — Jezi te wè misye gen yon pwoblèm. Anfèt, se pa bezwen l te bezwen bagay frè l la te posede yo. Pwoblèm nan, sèke li pa t konnen sa ki vrèman enpòtan nan lavi a.

Annou fè yon ti reflechi sou pwen sa a. Ki sa ki ta dwe pi enpòtan pou nou? Èske se bèl jwèt, oswa rad nèf? — Non. Gen yon bagay ki pi enpòtan pase sa. E se sa Jezi vle fè nou konprann. Se sa k fè li rakonte istwa yon mesye ki bliye Bondye. Ou vle tande istwa sa a? —

Se yon mesye ki te rich anpil. Li te posede jaden ak magazen. Li te tèlman fè bèl rekòt, magazen l yo pa t gen plas ankò pou estoke tout sa l rekòlte. Donk, sa l t apral fè? Ebyen, li di tèt li: ‘Mwen pral kraze magazen m yo e m ap bati sa ki pi gwo, epi m ap mete tout sa m rekòlte ak tout bon bagay mwen genyen nan nouvo magazen sa yo.’

Mesye sa a ki te rich la te panse se meyè bagay li te ka fè. Li te panse li te trè entèlijan poutèt li sere anpil bagay. Li te di tèt li: ‘Mwen sere anpil bon bagay. Y ap sèvi m pandan plizyè ane. Donk, mwen ka rilaks kòm kounye a. M ap manje, m ap bwè e m ap jwi lavi m.’ Men, fason misye te reflechi a pa t bon. Ou konn poukisa? — Li t ap panse sèlman ak tèt li e ak pwòp plezi pa l. Li te bliye Bondye.

Sou ki sa mesye rich sa a ap reflechi la a?

Se sa k fè Bondye di l: ‘Egare! W ap mouri aswè a. Kounye a, bagay ou ranmase yo, pou kiyès y ap ye?’ Èske mesye rich la t ap ka sèvi ak bagay sa yo apre l fin mouri? — Non. Yon lòt moun t ap jwi yo. Jezi di: ‘Se konsa sa ye pou yon nonm k ap anpile trezò pou tèt li men ki pa rich anvè Bondye.’ — Lik 12:13-21.

Ou pa ta renmen sanble ak mesye rich sa a, pa vre? — Sa k te pi enpòtan pou li nan lavi a se te ranmase byen materyèl. Se te yon erè. Li te toujou vle gen plis. Men li pa t “rich anvè Bondye”.

Anpil moun sanble ak mesye rich sa a. Yo toujou vle gen plis. Men, sa ka kreye gwo pwoblèm. Pa egzanp, ou gen jwèt, pa vre? — Di m ki jwèt ou genyen? — Ann sipoze youn nan zanmi w yo gen yon balon oswa yon poupe oswa kèk lòt jwèt ou menm ou pa genyen. Èske l ta bon pou w mande papa w oswa manman w pou yo achte youn pou ou? —

Gende lè, yon jwèt ka sanble gen anpil enpòtans. Men, sa k konn rive jwèt sa a apre kèk tan? — Li pa nèf ankò. Li ka kraze e lè sa a ou pap menm vle l ankò. An reyalite, ou gen yon bagay ki pi enpòtan lontan pase jwèt. Ou konn sa l ye? —

Ki sa w genyen ki pi enpòtan pase jwèt ou yo?

Se lavi w. Lavi w enpòtan anpil, paske san li, ou pa ka fè anyen. Men pou w gen lavi, ou dwe fè sa Bondye renmen, pa vre? — Donk, pa chèche sanble ak mesye rich sa a ki te bliye Bondye.

Se pa timoun sèlman ki konn fè egare tankou mesye rich sa a. Anpil granmoun konn fè sa tou. Gen ladan yo ki toujou vle posede plis pase sa yo genyen. Yo gendwa gen kont manje pou yo manje chak jou, yo ka gen rad pou yo mete ak yon kote pou yo rete, epi sa pa kont pou yo. Yo vle gen anpil rad, yo vle gen pi gwo kay. E kòm bagay sa yo koute chè, konsa, yo travay di pou yo fè anpil kòb. E tank y ap fè kòb, se tank yo vle gen kòb.

Gen granmoun ki vin tèlman okipe nan eseye gen lajan, yo pa gen tan pou yo ret ansanm ak fanmi yo. Yo pa gen tan nonplis pou Bondye. Èske lajan yo a ka anpeche yo mouri? — Non. Èske yo ka sèvi ak lajan yo a lè yo mouri? — Non. Rezon an se paske mò yo pa ka fè anyen ditou. — Eklezyas 9:5, 10.

Èske sa vle di li pa bon pou moun gen lajan? — Non, se pa sa. Avèk lajan, nou ka achte manje ak rad. Bib la di lajan se yon pwoteksyon (Eklezyas 7:12). Men, si nou renmen lajan, lè sa a, n ap gen gwo pwoblèm. N ap tankou mesye rich sa a, egare a, ki te sere trezò pou tèt li e ki pa t rich anvè Bondye.

Sa sa vle di pou nou rich anvè Bondye? — Sa vle di pou nou mete Bondye an premye nan lavi nou. Gen moun ki di yo kwè nan Bondye. Yo panse depi yo kwè, sa sifi. Men, èske toutbon yo rich anvè Bondye? — Non. Yo menm jan ak mesye rich ki te bliye Bondye a.

Jezi pa t janm bliye Papa li ki nan syèl la. Li pa t eseye fè anpil lajan. E li pa t gen anpil byen materyèl. Jezi te konnen sa ki te vrèman enpòtan nan lavi a. Èske w konn ki sa? — Se pou nou rich anvè Bondye.

Ki sa timoun sa a ap fè ki vrèman enpòtan?

Dapre ou menm, ki jan nou ka rich anvè Bondye? — Nou ka rich anvè Bondye lè nou fè sa ki fè l plezi. Men sa Jezi te di: “Mwen toujou fè sa ki fè l plezi.” ​(Jan 8:29). Bondye kontan lè nou fè sa li vle nou fè. Kounye a, di m non: ki sa w ka fè pou w fè Bondye plezi? — Ou ka li Labib, ou ka al nan reyinyon, ou ka priye Bondye, e ou ka ede lòt moun aprann konnen l. Se bagay sa yo ki vrèman pi enpòtan nan lavi a.

Piske Jezi te rich anvè Bondye, Jewova te pran swen l. Kòm rekonpans, li bay Jezi lavi etènèl. Si nou imite Jezi, Jewova ap renmen nou e l ap pran swen nou tou. Donk, annou imite Jezi, epi annou pa janm sanble ak mesye rich sa a ki te bliye Bondye.

Men kèk vèsè biblik ki montre fason pou nou byen konsidere bagay materyèl yo: Pwovèb 23:4; 28:20; 1 Timote 6:6-10; ak Ebre 13:5.