Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 18

Èske w konn sonje di mèsi?

Èske w konn sonje di mèsi?

ÈSKE w te manje jodi a? — Ou konn kiyès ki te prepare manje a? — Petèt se manman w oswa yon lòt moun. Men, poukisa nou dwe di Bondye mèsi pou sa? — Se paske se Bondye ki fè manje donnen. Sepandan, nou dwe di moun ki prepare manje a oswa moun ki ban nou l lan mèsi tou.

Pafwa, nou bliye remèsye moun ki rann nou sèvis, pa vre? Lè gran Anseyan an te sou tè a, te gen kèk lepre ki te bliye di mèsi.

Ou konn ki sa yon lepre ye? — Yon lepre, se yon moun ki gen yon maladi ki rele lèp. Maladi sa a ka menm lakòz chè moun nan pouri sot tonbe. Lè Jezi te sou tè a, lepre yo te oblije viv lwen lòt moun. E si yon lepre te wè yon moun ap vini, li te dwe rele byen fò pou l di moun nan pa pwoche, pou l pa pran maladi lèp la tou.

Jezi te konn byen aji ak lepre yo. Yon jou, Jezi te sou wout pou l al Jerizalèm, li te gen pou l pase nan yon ti vilaj. Pandan l ap pwoche bò vilaj la, dis lepre vin rankontre l. Yo te aprann Bondye bay Jezi pouvwa pou l geri tout kalite maladi.

Lepre yo pa t pwoche bò kote Jezi. Yo te ret a distans. Men, yo te kwè Jezi te ka retire lèp yo a. Donk, lè yo wè gran Anseyan an, yo rele l byen fò: ‘Jezi, Anseyan, ede nou!’

Èske kè w fè w mal pou moun ki malad? — Kè Jezi te fè l mal. Li te konnen jan sa tris pou yon moun viv antanke lepre. Donk, li reponn yo, li di: “Al fè prèt yo wè nou.” — Lik 17:11-14.

Ki sa Jezi ap di lepre sa yo pou yo fè?

Poukisa Jezi te di yo pou yo fè sa? Se akoz lwa Jewova te bay pèp Li a konsènan lepre yo. Selon lwa sa a, yon prèt Bondye te dwe egzamine chè moun ki gen lèp la, e se li ki te dwe di si maladi a pa la ankò. Si lepre a geri, li t ap kapab retounen viv ak moun ki an sante. — Levitik 13:16, 17.

Men, lepre sa yo te toujou malad. Donk, èske yo te al kot prèt yo jan Jezi te di yo a? — Wi, se sa yo te fè san pèdi tan. Siman mesye sa yo te kwè Jezi t ap geri yo. Ki sa k te pase?

Ebyen, etan yo nan wout pou yo al kot prèt yo, maladi yo a kite yo, chè yo geri. Yo te vin gen lasante ankò. Yo te gen rezon kwè nan pouvwa Jezi genyen. Se pa ti kontan yo te kontan! Men, kounye a, ki sa yo te dwe fè pou yo demontre rekonesans yo? Si se te ou, sa w t ap fè? —

Ki sa lepre sa a te sonje fè?

Youn nan mesye ki te geri yo retounen kot Jezi. Li kòmanse bay Jewova glwa, l ap di bon bagay konsènan Bondye. Sa l te fè a te bon paske se Bondye ki te bay Jezi pouvwa pou l fè gerizon sa a. Epitou mesye a met ajenou nan pye gran Anseyan an e li di l mèsi. Li te vrèman rekonesan pou sa Jezi te fè pou li a!

Men, e nèf lòt mesye yo? Men sa Jezi di: ‘Te gen dis lepre ki te geri, pa vre? Kote nèf lòt yo? Èske se yon sèl ki retounen vin bay Bondye glwa?’

Wi, se vre. Sou dis mesye yo, se youn sèlman ki te bay Bondye glwa, e ki te retounen vin di Jezi mèsi. Epi se te yon Samariten, moun yon lòt peyi. Nèf lòt mesye yo pa t di Bondye mèsi, e yo pa t di Jezi mèsi tou. — Lik 17:15-19.

Ak kiyès nan mesye sa yo ou sanble? Nou ta renmen sanble ak Samariten an, pa vre? — Donk, lè yon moun fè yon bon bagay pou nou, ki sa nou dwe sonje fè? — Nou dwe di l mèsi. Li fasil pou yon moun bliye di mèsi, men, li bon pou nou fè sa. Lè nou di mèsi, sa fè Jewova Dye ak Jezi, Pitit Gason l lan, kontan.

Ki jan w ka imite lepre ki te retounen kot Jezi a?

Si w fè yon ti reflechi, w ap wè gen moun ki fè anpil bagay pou ou. Pa egzanp, èske w konn malad? — Petèt ou pa t janm malad menm jan ak dis lepre yo, men, ou te gendwa gen yon gwo grip oswa yon vant fè mal. Èske gen yon moun ki te pran ka w? — Petèt yo te ba w kèk medikaman e yo te fè lòt bagay pou ou. Ou pa t kontan dèske yo te pran swen w? —

Jezi te kontan paske Samariten li te geri a te di l mèsi. Ou pa panse manman w oswa papa w ap kontan si w di yo mèsi lè yo fè kichòy pou ou? — Wi, y ap kontan.

Poukisa li enpòtan pou nou sonje di mèsi?

Gen moun ki rann ou sèvis chak jou oswa chak semèn. Petèt se djòb yo pou yo fè sa. Yo gendwa byen kontan fè sa. Men, petèt ou bliye di yo mèsi. Pa egzanp, pwofesè lekòl ou gendwa fè tout sa l kapab pou l ede w aprann. Se travay li. Men, l ap kontan si w di l mèsi pou ede li ede w aprann.

Pafwa, sa moun fè pou nou, se pa gwo bagay. Se gendwa yon pòt yo kenbe pou nou pase, oswa yo ka sèvi nou manje. Menm pou ti bagay sa yo, li bon pou nou di mèsi.

Si nou sonje di moun sou tè a mèsi, siman nou pap bliye di Papa nou ki nan syèl la mèsi tou. E gen anpil bagay nou dwe di Jewova mèsi pou yo! Li ban nou lavi e li ban nou tout bon bagay ki rann lavi a bèl. Donk, nou gen tout rezon pou nou bay Bondye glwa lè nou pale an byen de li chak jou.

Konsènan fason pou nou eksprime remèsiman, li Sòm 92:1; Efezyen 5:20; Kolosyen 3:17; ak 1 Tesalonisyen 5:18.