Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 23

Rezon ki fè moun malad

Rezon ki fè moun malad

ÈSKE w konnen yon moun ki malad? — Siman ou menm tou ou konn malad. Ou ka gripe, oswa w ka gen vant fè mal. Gen moun ki malad anpil. Yo pa menm ka kanpe san yon moun pa ede yo. Sa rive souvan lè yo granmoun anpil.

Tout moun konn malad. Èske w konn poukisa moun malad, poukisa yo vyeyi e poukisa yo mouri? — Yon jou, yo mennen yon mesye ki pa t ka mache bay Jezi, e Jezi te montre rezon ki fè moun malad epi yo mouri. Ban m esplike w sa k te pase.

Jezi te fè yon ti rete nan yon kay nan yon vil ki toupre lanmè Galile. Yon foul moun vin wè Jezi kote l te ye a. Tèlman te gen anpil moun nan kay la, pa t gen kote ankò pou lòt moun antre. Pèsonn pa t ka menm pwoche bò pòt la. Epi moun kontinye ap vini! Te gen yon gwoup moun ki mennen yon mesye ki paralize ki pa t menm ka mache. Se kat gason ki te oblije pote l sou yon ti kabann yo rele branka.

Èske w konn poukisa yo te vle mennen mesye sa a ki malad la bay Jezi? — Yo te gen lafwa Jezi te ka ede l. Yo te kwè Jezi te ka geri l anba maladi l la. Èske w konn ki jan yo fè mennen mesye ki paralize sa a kote Jezi malgre te gen tout moun sa yo nan kay la? —

Ebyen, foto nou wè la a montre nou ki jan yo te fè. Toudabò, yo pote mesye a sou tèt kay la ki te plat. Apre sa, yo fè yon gwo twou nan tèt kay la. Finalman, yo file mesye malad la ki sou branka a desann anndan chanm nan nan twou yo te fè a. Yo te vrèman gen anpil lafwa!

Tout moun nan kay la te etone lè yo wè mesye paralize ki sou branka a desann dirèkteman nan mitan yo. Èske Jezi te fache poutèt sa mesye yo te fè a? — Non, okontrè! Li te kontan wè jan yo te gen lafwa. Li di mesye ki paralize a: “Peche w yo padone.”

Ki sa Jezi te mande mesye ki paralize a pou l fè?

Gen nan moun yo ki panse Jezi pa t gen dwa di yon bagay konsa. Yo pa t panse Jezi te gen pouvwa pou l padone peche. Donk, pou Jezi montre li gen pouvwa pou l fè sa, li di mesye ki paralize a: “Leve, pran branka w epi al lakay ou.”

Kou Jezi di sa, mesye a geri, li pa paralize ankò! Kounye a, li vin ka leve poukont li, li vin ka mache. Moun yo ki te wè mirak sa a te etone. Pandan tout vi yo, yo pa t janm wè yon mèvèy konsa! Yo louwe Jewova pou gran Anseyan sa a li ba yo a, yon gran Anseyan ki te menm gen pouvwa pou l geri moun ki malad. — Mak 2:1-12.

Ki sa nou aprann nan mirak sa a?

Ki sa nou aprann nan mirak sa a? — Nou aprann Jezi gen pouvwa pou l padone peche e pou l geri malad. Men tou, nou aprann yon lòt bagay, yon bagay ki trèzenpòtan: Se peche ki lakòz moun malad.

Piske nou tout nou konn malad, èske sa vle di nou tout nou se pechè? — Wi, Bib la di nou tout nou fèt ak peche. Èske w konnen sa sa vle di yon moun fèt ak peche? — Sa vle di nou fèt ak defo. Pafwa, nou fè sa ki mal, menmsi nou pa ta renmen fè sa. Èske w konnen ki jan nou tout nou rive gen peche nan nou? —

Nou fèt ak peche paske Adan, premye gason an, pa t obeyi Bondye. Li te peche lè l te dezobeyi lwa Bondye a. E nou tout nou eritye peche nan Adan. Èske w konnen ki jan sa rive fèt? M ap eseye esplike w sa yon fason pou w ka konprann.

Ki jan nou tout fè vin peche?

Petèt ou te deja wè yon moun k ap fè gato oswa k ap fè pen nan yon moul. Ki sa k ap rive gato a oswa pen an si moul lan kolboso? Èske w konnen? — Menm mak kolboso a ap parèt sou tout pen oswa sou tout gato ki fèt nan moul sa a, pa vre? —

Adan te tankou moul sa a, e nou menm, nou tankou pen an oswa gato a. Adan te vin gen defo lè l te dezobeyi lwa Bondye a. Se kòmsi li te vin kolboso, oswa li te vin pran yon move mak. Donk, sa k t apral rive pitit li pral fè yo? — Tout pitit li yo t apral resevwa menm mak la: yo t ap vin gen defo tou.

Pifò timoun pa fèt ak yon gwo defo moun ka wè. Pa egzanp, yo pa manke yon bra oswa yon janm. Men, defo yo genyen an tèlman grav sa fè yo malad, e rive yon lè, yo mouri.

Nou konnen gen moun ki malad pi fasil pase lòt. Poukisa? Èske se paske yo fèt ak plis peche? — Non. Tout moun fèt ak menm kantite peche a. Nou tout fèt ak defo. Donk, yon lè kanmenm n ap malad. Menm moun ki fè efò pou yo obeyi tout lwa Bondye yo e ki pa vrèman fè anyen ki mal ka malad.

Ki jan sante nou ap ye lè nou pa gen peche nan nou ankò?

Men, poukisa gen moun ki malad pi souvan pase lòt? — Gen anpil rezon ki fè sa. Petèt yo pa gen ase manje pou yo manje. Oswa yo ka pa manje sa yo ta dwe manje. Petèt yo manje twòp bagay dous. Yon lòt rezon ki konn fè sa, se kapab paske y al dòmi twò ta e yo pa dòmi ase. Oswa, lè l fè frèt, yo pa met rad ki pou chofe kò yo ase. Gen moun kò yo frajil e yo pa ka lite kont maladi, menmsi yo pran swen tèt yo.

Èske ap janm gen yon lè moun pap malad ankò? Èske n ap janm libere anba peche? — Ebyen, ki sa Jezi te fè pou mesye ki te paralize a? — Jezi te padone peche l yo epi li te geri l. Nan fason sa a, Jezi te montre ki sa l pral fè yon jou pou tout moun k ap lite pou yo fè sa ki dwat.

Si nou montre nou pa vle fè peche e nou rayi sa ki mal, Jezi ap geri nou. Gen yon jou k ap vini, l ap retire defo nou gen kounye a. L ap fè sa antanke Wa nan Wayòm Bondye a. Se pa yon sèl kou n ap libere anba peche. Se ofiramezi. Apre sa, lè peche nou yo disparèt, nou pap janm malad ankò. Nou pral gen yon sante pafè. Ala yon benediksyon sa pral ye!

Pou nou byen konprann ki jan peche a aji sou tout moun, li Jòb 14:4; Sòm 51:5; Women 3:23; 5:12; ak Women 6:23.