Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 25

Èske moun k ap fè sa ki mal ka chanje?

Èske moun k ap fè sa ki mal ka chanje?

OU PA panse se t ap yon bèl bagay si tout moun te toujou ap fè sa ki byen? — Men, pa gen pèsonn ki rive fè sa. Èske w konnen poukisa de tanzantan nou tout nou fè yon bagay ki mal, menm lè se sa ki byen nou vle fè? — Se paske nou tout, nou fèt ak peche. Men, gen moun ki fè anpil move bagay. Yo rayi lòt moun e yo fè espre pou yo fè yo soufri. Èske w panse yo ka chanje epi pou yo aprann aji byen? —

Gade jennonm ki nan foto a k ap veye rad moun k ap kalonnen Etyèn ak kout wòch yo. Li rele Sol. (Se konsa l rele ann ebre, men non women li se Pòl.) Li byen kontan poutèt y ap touye Etyèn, yon disip gran Anseyan an. Annou wè poukisa Sol ap aji mal konsa.

Sol se manm yon gwoup relijye juif yo rele Farizyen. Farizyen yo gen Pawòl Bondye a nan men yo, men yo plis suiv ansèyman kèk nan chèf relijye yo ba yo. Se poutèt sa Sol ap fè sa ki mal.

Se devan Sol yo arete Etyèn nan Jerizalèm. Yo mennen Etyèn nan tribinal. Pami jij yo, gen Farizyen. Menmsi yo di move bagay sou do Etyèn, li pa pè. Li ranmase kouraj li pou l bay jij yo yon bon temwayaj sou Jewova Dye ak Jezi.

Men, jij yo pa renmen sa yo tande a. Yo deja konn anpil bagay sou Jezi. Anfèt, sa pa gen twò lontan se yo menm ki te fè touye Jezi! Men apre sa, Jewova te fè Jezi retounen nan syèl la. Kounye a, olye jij yo chanje fason y ap aji, yo pito atake disip Jezi yo.

Jij yo met men sou Etyèn e yo mennen l pa deyò vil la. Yo vide l atè e y ap tire wòch sou li. Epi, jan ou wè sa nan foto a, Sol rete la l ap gade. Li panse se nòmal pou yo touye Etyèn.

Poukisa Sol panse se nòmal pou yo touye Etyèn?

Èske w konnen poukisa Sol panse konsa? — Ebyen, Sol te yon Farizyen tout vi li, e li te kwè ansèyman Farizyen yo te kòrèk. Li te pran mesye sa yo kòm egzanp. Donk, li te imite yo. — Travay 7:54-60.

Ki sa Sol fè apre yo fin touye Etyèn? — Ebyen, li chèche elimine rès disip Jezi yo! L al jis anndan lakay yo e li rale gason kou fi mete deyò. Apre sa, li fè mete yo nan prizon. Anpil nan disip yo oblije kite Jerizalèm. Men, yo pa sispann preche konsènan Jezi. — Travay 8:1-4.

Sa vin fè Sol rayi disip Jezi yo plis toujou. Donk, l al kot Kayif, gran prèt la, epi li jwenn pèmisyon pou l arete kretyen yo ki nan vil Damas. Sol vle mennen yo Jerizalèm kòm prizonye yon fason pou l fè pini yo. Men, etan l sou wout pou l al Damas, gen yon bagay estrawòdinè ki rive.

Kiyès k ap pale ak Sol la a, e ki sa l voye l al fè?

Gen yon limyè ki flache sot nan syèl la, epi li tande yon vwa ki di: “Sol, Sol, poukisa w ap pèsekite mwen?” Se Jezi ki rete nan syèl la k ap pale! Limyè a tèlman klere, sa fè Sol vin avèg, e moun ki avèk li yo oblije pran men l pou mennen l Damas.

Twa jou apre, nan Damas, Jezi parèt sou youn nan disip li yo nan yon vizyon. Disip sa a rele Ananyas. Jezi di Ananyas pou l al vizite Sol, pou l fè l wè ankò e pou l pale avè l. Lè Ananyas pale avèk Sol, Sol aksepte laverite sou Jezi. Li vin wè ankò. Tout lavi li chanje, e li vin yon sèvitè Bondye ki fidèl. — Travay 9:1-22.

Kounye a, èske w wè poukisa Sol te konn aji mal? — Se akoz fo ansèyman yo te ba li. Li te konn suiv moun ki pa t fidèl ak Bondye. E li te fè pati yon gwoup moun ki te bay panse lèzòm plis enpòtans pase Pawòl Bondye. Men, poukisa Sol te chanje fason l t ap viv, e li te kòmanse aji byen, malgre lòt Farizyen yo te kontinye konbat pèp Bondye a? — Se paske Sol pa t vrèman rayi laverite. Donk, lè yo te montre l sa ki dwat, li te tou pare pou l suiv li.

Èske w konn kiyès Sol te vin ye annapre? — Se li menm yo vin rele apot Pòl, yon apot Jezi. E pa bliye, Pòl te ekri plis liv nan Bib la pase nenpòt lòt moun.

Gen anpil moun tankou Sol ki ka chanje. Men, sa pa fasil, paske gen yon moun k ap travay di pou l fè moun aji mal. Ou konn kiyès sa a? — Jezi te pale de li lè l te parèt sou Sol nan wout Damas la. Lè sa a, Jezi ret nan syèl la, li pale ak Sol epi li di l: ‘M ap voye w pou w ouvri je moun yo, pou w fè yo vire sot nan fènwa al nan limyè, sot anba otorite Satan al jwenn Bondye.’ — Travay 26:17, 18.

Wi, se Satan Ledyab k ap eseye fè tout moun fè sa ki mal. Èske w pa wè li pa toujou fasil pou w fè sa ki dwat? — Nou tout nan menm sitiyasyon an, e se Satan ki lakòz. Men, gen yon lòt rezon ki fè li pa toujou fasil pou nou fè sa ki dwat. Èske w konn ki rezon? — Se paske nou fèt nan peche.

Se peche sa a nou fèt avè l la ki fè byen souvan li pi fasil pou nou fè sa ki mal pase pou nou fè sa ki byen. Donk, ki sa nou dwe fè? — Nou dwe lite pou nou fè sa ki dwat. Lè nou fè sa, nou mèt sèten Jezi, ki renmen nou, ap ede nou.

Lè Jezi te sou tè a, li te montre li renmen moun ki te konn aji mal ki vin chanje. Li te konnen jan sa difisil pou yo chanje. Pa egzanp, te gen kèk medam ki te konn gen relasyon seksyèl avèk plizyè gason. Natirèlman, se te yon bagay ki te mal. Bib la rele medam sa yo pwostitye.

Poukisa Jezi te padone dam sa a ki te konn fè sa ki mal?

Yon lè, youn nan medam sa yo tande pale de Jezi, e li vini kote Jezi te ye a, lakay yon Farizyen. Li vide luil sou pye Jezi e li sèvi ak cheve l pou l siye dlo ki sot nan je l ki tonbe sou pye Jezi. Kòm li te regrèt peche l yo anpil, Jezi padone l. Men, Farizyen an li menm pa t panse yo ta dwe padone l. — Lik 7:36-50.

Èske w konnen ki sa Jezi te di kèk Farizyen yon lòt fwa? — Li te di yo: “Pwostitye yo ap pran devan nou nan wayòm Bondye a.” (Matye 21:31). Jezi di sa paske pwostitye yo te kwè nan li, e yo te chanje move fason yo te konn aji. Men, Farizyen yo te kontinye fè disip Jezi yo sa ki mal.

Donk, lè Bib la fè nou konnen fason n ap aji a pa bon, nou dwe dispoze chanje. E lè nou aprann ki sa Jewova vle nou fè, nou dwe anvi fè sa tousuit. Lè sa a, Jewova ap kontan avèk nou e l ap ban nou lavi etènèl.

Annou li vèsè sa yo ki ban nou bon konsèy k ap ede nou evite fè sa ki mal: Sòm 119:9–11; Pwovèb 3:5-7; ak Pwovèb 12:15.