Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 27

Kiyès ki dye w?

Kiyès ki dye w?

POUKISA li enpòtan pou w konnen kiyès ki Dye w? — Se paske moun adore anpil dye (1 Korentyen 8:5). Yon lè, apot Pòl te sèvi ak pouvwa Jewova ba li pou l geri yon moun ki pa t janm mache depi l fèt. Lè sa a, moun yo rele byen fò: “Dye yo pran fòm moun e yo desann vin jwenn nou!” Moun yo te vle adore Pòl ansanm ak zanmi l Banabas. Yo rele Pòl Èmès, e yo rele Banabas Zes. Non sa yo se non de fo dye pami sa yo genyen yo.

Men, Pòl ak Banabas pa t ap kite moun adore yo. Yo vole antre nan mitan foul la e yo di: ‘Vire do bay bagay sa yo ki pa vo anyen, epi vire bò kote Bondye vivan an.’ ​(Travay 14:8-15). Kiyès ki “Bondye vivan an” ki kreye tout bagay? — Se Jewova, li menm ki “Trèwo sou tout tè a”. Jezi te rele Jewova “sèl vrè Dye a”. Donk, kiyès sèlman ki merite pou yo adore l? — Se sèl Jewova! — Sòm 83:18; Jan 17:3; Revelasyon 4:11.

Poukisa Pòl ak Banabas pa t kite moun yo pwostène devan yo?

Pifò moun adore lòt dye, men yo pa adore “sèl vrè Dye a”. Souvan, yo adore bagay yo fè an bwa, an wòch oswa an metal (Egzòd 32:4-7; Levitik 26:1; Izayi 44:14-17). Menm gason ak fi ki vin selèb, yo konn rele yo dye, vedèt oswa idòl. Èske se byen pou nou bay moun sa yo glwa? —

Apre Sol te vin apot Pòl, men sa li te ekri: “Dye sistèm de choz sa a avegle entèlijans non kwayan yo.” ​(2 Korentyen 4:4). Kiyès dye sa a? — Se Satan Ledyab! Satan reyisi fè moun adore anpil moun ak anpil bagay.

Èske w sonje ki sa Jezi te di Satan, lè Satan t ap eseye fè l pwostène devan l pou l adore l? — Li te di: “Se Jewova Dye w la ou dwe adore, e se li menm sèl ou dwe bay yon sèvis sakre.” ​(Matye 4:10). Donk, Jezi montre aklè se sèl Jewova ki gen dwa resevwa adorasyon. Annou li istwa kèk jènjan ki te konprann sa. Non yo se te Chadrak, Mechak ak Abednego.

Jènjan Ebre sa yo te fè pati nasyon Izrayèl la e yo te mennen yo kòm prizonye nan peyi Babilòn. Nan peyi sa a, gen yon wa ki rele Neboukadnetsa ki te bati yon kokennchenn estati annò. Yon jou, li bay lòd, depi yo jwe mizik, pou tout moun pwostène devan estati a. Li fè konnen ‘nenpòt moun ki pa pwostène e ki pa adore, y ap lage l nan founèz dife ki byen cho a.’ Ki sa w t ap fè ou menm? —

Poukisa mesye sa yo te refize pwostène devan estati a?

An jeneral, Chadrak, Mechak ak Abednego te konn fè tout sa wa a te mande yo. Men, fwa sa a, yo refize. Ou konn poukisa? — Se paske lwa Bondye a di: ‘Ou pa dwe gen okenn lòt dye anwetan mwen menm. Ou pa dwe fè yon imaj taye pou ou, e ou pa dwe pwostène devan l.’ ​(Egzòd 20:3-5). Donk, Chadrak, Mechak ak Abednego te pito obeyi lwa Jewova a olye pou yo obeyi lòd wa a.

Wa a te fache anpil. Donk, tousuit, li fè mennen twa jèn Ebre yo devan l. Li mande yo: ‘Èske se vre nou pap sèvi dye m yo? Bon, m ap ban nou yon lòt chans. Kounye a, lè nou tande mizik la, se pou nou pwostène e se pou nou adore estati mwen fè a. Si nou pa fè sa, y ap lage nou nan founèz dife ki byen cho a. E kiyès dye ki kapab delivre nou anba men m?’

Ki sa jènjan yo t apral fè kounye a? Si se te ou, ki sa w ta fè? — Yo di wa a konsa: ‘Dye nou an n ap sèvi a kapab delivre nou. Men, menmsi l pa fè sa, dye w yo, se pa yo menm n ap sèvi. Nou pap pwostène devan estati annò ou a.’

Wa a vin fache anpil. Men lòd li bay: ‘Chofe founèz la sèt fwa plis pase jan yo abitye chofe l!’ Apre sa, li mande kèk gason vanyan li genyen pou yo mare Chadrak, Mechak ak Abednego, e pou yo lage yo nan founèz la. Founèz la te tèlman cho, flanm nan touye sèvitè wa yo. E twa Ebre yo?

Chadrak, Mechak ak Abednego tonbe nan mitan dife a. Men apre sa, yo leve kanpe! Anyen mal pa rive yo. E yo pa mare ankò. Kòman sa fè rive? — Lè wa a gade nan founèz la, sa l wè a fè l pè. Li mande: ‘Se pa twa gason nou te lage nan dife a?’ Sèvitè l yo reponn: “Wi, o wa!”

Ki jan Jewova te sove sèvitè l yo nan founèz dife a?

Apre sa, wa a di: ‘Gade! Mwen wè kat moun k ap mache la a, e dife a pa fè yo anyen.’ Èske w konn kiyès ki katriyèm moun sa a? — Se yon zanj Jewova. Li pwoteje twa Ebre yo pou dife a pa fè yo anyen.

Ebyen, lè wa a wè sa, li parèt nan pòt founèz la, e li rele: ‘Chadrak, Mechak ak Abednego, nou menm, sèvitè Dye Trèwo a, soti, vin isit!’ Lè yo soti, tout moun wè yo pa boule. Yo pa t menm gen sant lafimen sou yo. Lè sa a wa a di: ‘Benediksyon pou Dye Chadrak, Mechak ak Abednego a, ki te voye yon zanj pou l sove sèvitè l yo paske yo pa t vle adore okenn lòt dye, eksepte Dye pa yo a.’ — Danyèl, chapit 3.

Ki idòl moun yo bay glwa jodi a?

Nou ka pran yon leson nan sa k te rive a. Jodi a tou, moun yo fè imaj oswa zidòl pou moun adore. Men sa yon ansiklopedi (The Encyclopedia Americana) fè konnen: “Menm jan ak kwa, drapo se bagay ki sakre.” Yo ka fè imaj oswa zidòl ak bwa, ak wòch, ak metal oswa ak twal. Premye disip Jezi yo te konn refize adore anperè women yo. Gen yon istoryen (Daniel Mannix) ki fè konnen yo ka konpare sa yo te fè a ak “refize salye drapo oswa refize repete sèman obeyisans lan”.

Donk, èske w panse sa fè yon diferans pou Bondye, kit yon imaj relijye fèt an twal, an bwa, an wòch oswa an metal? — Èske se ta byen pou yon sèvitè Jewova adore yon bagay konsa? — Chadrak, Mechak ak Abednego pa t fè sa, e sa te fè Jewova plezi. Ki jan w ka suiv egzanp yo? —

Moun k ap sèvi Jewova pa ka adore okenn lòt moun ni okenn lòt bagay. Li sa yo di sou pwen sa a nan Jozye 24:14, 15, 19-22; Izayi 42:8; 1 Jan 5:21; ak nan Revelasyon 19:10.