Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 29

Èske se tout fèt ki fè Bondye plezi?

Èske se tout fèt ki fè Bondye plezi?

Poukisa fèt sa a te fè Bondye plezi?

ÈSKE w renmen al nan fèt? — Nou ka amize nou anpil ladan yo. Èske w panse gran Anseyan an t ap kontan pou nou al nan fèt? — Ebyen, li menm tou, li te ale nan yon fèt nan okazyon yon maryaj, e gen nan disip li yo ki te ale avè l. Piske yo rele Jewova “Bondye ki gen kè kontan an”, sa fè l plezi lè n ap amize nou nan fèt ki kòrèk. — 1 Timote 1:11; Jan 2:1-11.

Nan paj 29 liv sa a, nou aprann Jewova te separe lanmè Wouj la pou Izrayelit yo te pase. Èske w sonje ou te li sa? — Apre sa, pèp la te chante, li te danse e li te di Jewova mèsi. An reyalite, se te tankou yon fèt. Moun yo te kontan anpil, e nou mèt sèten Bondye te kontan tou. — Egzòd 15:1, 20, 21.

Prèske 40 an apre, Izrayelit yo te al nan yon lòt gwo fèt. Fwa sa a, moun ki te envite yo nan fèt sa a pa t menm ap adore Jewova. An reyalite, yo te menm konn pwostène pou yo adore lòt dye e yo te konn gen relasyon seksyèl ak moun ki pa marye ak yo. Èske w panse se te yon bon bagay pou yon moun ale nan yon fèt konsa? — Sa pa t fè Jewova plezi, e li te pini Izrayelit yo. — Nonb 25:1-9; 1 Korentyen 10:8.

Bib la pale tou konsènan de fèt nan okazyon anivèsè nesans. Èske youn ladan yo se te pou selebre anivèsè nesans gran Anseyan an? — Non. Toule de, se te pou selebre anivèsè nesans mesye ki pa t ap sèvi Jewova. Gen youn, se te nan okazyon anivèsè nesans wa Ewòd Antipas. Se li ki te chèf distri Galile, lè Jezi t ap viv nan zòn sa a.

Wa Ewòd te konn fè anpil bagay mal. Li te pran madanm frè l. Madanm sa a te rele Ewodyad. Gen yon sèvitè Bondye, ki te rele Jan Batis, ki te di Ewòd sa l fè a pa bon. Ewòd pa t renmen sa. Donk, li fè mete l nan prizon. — Lik 3:19, 20.

Pandan Jan te nan prizon, jou a te rive kote yo t apral selebre anivèsè nesans Ewòd. Ewòd fè yon gwo fèt. Li envite anpil gwo chabrak. Yo tout, yo t ap manje, yo t ap bwè e yo t ap pran plezi yo. Apre sa, pitit fi Ewodyad la parèt e li danse pou yo. Fason l te danse a te tèlman fè tout moun kontan, wa Ewòd te vle ba l yon kado espesyal. Li di l: “Kèlkeswa sa w mande m, m ap ba ou li, jiska mwatye nan wayòm mwen.”

Ki sa l t apral mande? Èske se lajan? Èske se bèl rad? Èske l t ap mande pou yo ba l yon palè? Kòm li pa t konnen sa pou l mande, l al kot manman l Ewodyad, epi li di l: “Ki sa m dwe mande?”

Pa bliye, Ewodyad te rayi Jan Batis anpil. Donk, li di pitit fi l la pou l mande tèt Jan Batis. Pitit fi a retounen kot wa a, epi li di l: “Mwen vle kounye a menm pou w ban mwen tèt Jan Batis nan yon plato.”

Wa Ewòd pa t vle touye Jan, paske li konnen se yon bon moun. Men, li te gentan fè yon pwomès, e li te pè pou lòt moun ki te nan fèt la pa t panse li chanje lide. Donk, li voye yon mesye al koupe tèt Jan nan prizon an. Yon ti moman apre, mesye a retounen avèk tèt Jan nan yon plato, e li remèt li bay tifi a. Apre sa, tifi a remèt li bay manman l. — Mak 6:17-29.

Lòt anivèsè Bib la rapòte a pa t bon tou. Se te anivèsè yon wa nan peyi Ejip. Nan fèt sa a tou, wa a te fè koupe tèt yon mesye. Apre sa, li te fè pann li pou zwazo manje l (Jenèz 40:19-22). Èske w panse Bondye te dakò ak de fèt sa yo? — Èske w t ap renmen la nan fèt sa yo? —

Ki sa ki te rive nan fèt yo te òganize pou anivèsè Ewòd la?

Nou konnen tout sa ki nan Bib la se pou yon rezon. Bib la pale sèlman konsènan de fèt anivèsè nesans. E nan toule de, gen move bagay ki te fèt. Donk, dapre ou menm, ki mesaj Bondye vle ban nou konsènan fèt anivèsè nesans? Èske Bondye vle nou fete anivèsè nesans? —

An reyalite, nan fèt sa yo, jodi a, moun pa koupe tèt moun. Men, se moun ki pa t ap adore vrè Dye a ki te vini ak kesyon fete anivèsè nesans lan. Men sa yon ansiklopedi (The Catholic Encyclopedia) di konsènan selebrasyon anivèsè nesans Bib la mansyone yo: “Se pechè sèlman [...] ki fè gwo rejwisans nan okazyon jou yo te fèt.” Èske nou vle fè menm jan avèk yo? —

E gran Anseyan an? Èske li te konn fete anivèsè nesans li? — Non. Bib la pa janm pale sou fèt anivèsè nesans Jezi. An reyalite, premye disip Jezi yo pa t konn selebre anivèsè nesans Jezi. Èske w konnen poukisa apre sa, moun yo te vin chwazi selebre anivèsè nesans Jezi 25 desanm? —

Yo te chwazi dat sa a paske, selon sa yon ansiklopedi (The World Book Encyclopedia) fè konnen, “moun nan Wòm te deja konn selebre l kòm fèt Satin, pou yo fete anivèsè nesans solèy la”. Donk, moun yo chwazi selebre anivèsè nesans Jezi nan dat yo te konn fete yon fèt payen!

Èske w konnen poukisa li enposib pou Jezi te fèt nan mwa desanm? — Se paske Bib la di lè Jezi te fèt, gen bèje ki t ap pase nuit yo nan savann (Lik 2:8-12). Piske, nan zòn kote Jezi te fèt la, nan mwa desanm li fè frèt e konn gen lapli, bèje yo pa t apral pase nuit yo nan savann.

Poukisa li enposib pou Jezi te fèt yon 25 desanm?

Anpil moun konnen Nwèl se pa anivèsè nesans Jezi. Yo menm konnen payen yo te konn fè yon fèt ki pa t fè Bondye plezi nan jou sa a. Men, sa pa anpeche yo fete Nwèl kanmenm. Sa ki plis enterese yo, se fete, se pa chèche konnen ki sa Bondye panse vrèman de fèt yo a. Men, nou menm, nou vle fè Jewova plezi, pa vre? —

Donk, lè n ap fè yon fèt, nou vle sèten Jewova ap dakò ak fèt nou an. Nou ka fè fèt nenpòt lè nan ane a. Nou pa bezwen tann yon jou espesyal. Nou ka manje kèk manje espesyal, e nou ka jwe kèk jwèt ki enteresan. Ou ta renmen fè sa? — Petèt ou ka pale sa ak paran w pou yo ede w òganize yon fèt. Sa t ap yon bèl bagay, pa vre? — Men, anvan w kòmanse fè preparasyon pou yon fèt, li bon pou w verifye si sa ap fè Bondye plezi.

Ki jan nou ka sèten fèt n ap òganize yo fè Bondye plezi?

Yo montre nou tou enpòtans pou nou toujou fè sa Bondye dakò, nan Pwovèb 12:2; Jan 8:29; Women 12:2; ak nan 1 Jan 3:22.