Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 31

Kote w ap jwenn konsolasyon

Kote w ap jwenn konsolasyon

ÈSKE sa konn rive ou santi w tris, ou santi w poukont ou? — Èske w konn gen enpresyon pèsonn pa renmen w? — Gen timoun ki konn santi yo konsa. Men, Bondye fè pwomès sa a: “Mwen menm, mwen pap bliye w.” ​(Izayi 49:15). Sa a se yon bèl pwomès, pa vre? — Wi, Jewova Dye renmen nou toutbon!

Dapre ou menm, ki jan ti mouton sa a ki pèdi a santi l?

Gen yon ekriven biblik ki di: “Si sa ta rive pou papa m ak manman m kite m, Jewova li menm t ap ranmase m.” ​(Sòm 27:10). Konnen nou konnen sa sèlman, sa konsole nou, pa vre? — Annefè, Jewova di nou: “Pinga w pè, paske mwen avèk ou. [...] M ap ede w toutbon.” — Izayi 41:10.

Sepandan, kèk fwa, Jewova konn kite Satan ban nou pwoblèm. Jewova konn menm kite Satan pase sèvitè l yo anba eprèv. Gen yon lè, Dyab la te tèlman fè Jezi soufri, Jezi rele Jewova, li di: ‘Bondye m, Bondye m, poukisa w kite m?’ ​(Matye 27:46). Menmsi Jezi t ap soufri, li te toujou konnen Jewova renmen l (Jan 10:17). Men, Jezi te konnen tou pafwa Bondye kite Satan pase sèvitè l yo anba eprèv, e li konn pèmèt Satan fè yo soufri. Nan yon lòt chapit, n ap esplike poukisa Bondye kite Satan aji konsa.

Pafwa, li nòmal pou nou pè pandan nou timoun. Pa egzanp, èske sa konn rive ou pral yon kote epi ou pèdi? — Ou pa t pè lè sa a? — Se konsa anpil timoun t ap santi yo. Yon lè, gran Anseyan an te rakonte yon istwa konsa. Men, se pa t yon timoun ki te pèdi. Se te yon mouton.

Nan yon sans, ou tankou yon mouton. Kòman sa? Ebyen, mouton yo pa gwo anpil e yo pa gen anpil fòs. Epitou, yo bezwen yon moun pou pran swen yo e pou pwoteje yo. Se travay sa a yon bèje fè.

Nan istwa Jezi a, li pale de yon bèje ki te gen san mouton. Men, vin gen youn ladan yo ki pèdi. Petèt mouton sa a te vle wè sa k ap pase lòt bò mòn nan. Men, nan yon ti moman, li te gentan byen lwen lòt mouton yo. Èske w imajine jan mouton sa a te santi l lè li gade tout kote epi li wè li poukont li? —

Ki sa bèje a te fè lè l wè gen yon mouton ki pa la? Èske li te di se fòt mouton an, donk li pap enkyete l pou li? Oswa èske li t ap kite 99 lòt yo yon kote an sekirite, pou l al chèche sèl mouton ki pèdi a? Èske sa te vo lapèn pou l bay tèt li tout traka sa a pou yon sèl mouton? — Si w te nan plas mouton ki pèdi a, èske w t ap renmen pou bèje a al chèche w? —

Kiyès ki sanble ak bèje ki t al sove mouton l lan?

Bèje a te renmen tout mouton l yo anpil, menm sa k te pèdi a. Se sa k fè, l al chèche mouton ki pa la a. Ala kontan mouton sa a dwe te kontan lè l wè bèje a k ap vini! E, selon sa Jezi di, bèje a te kontan dèske li te jwenn mouton l lan. Li te plis kontan pou li pase pou 99 mouton ki pa t pèdi yo. Kounye a, kiyès ou ta di ki sanble ak bèje a nan istwa Jezi te rakonte a? Kiyès ki gen sousi pou nou menm jan bèje a te gen sousi pou mouton l lan? — Jezi di se Papa li ki nan syèl la. E Papa li se Jewova.

Jewova Dye se Gran Bèje sèvitè li yo. Li renmen tout moun k ap sèvi l, san wete timoun tankou w yo. Li pa vle okenn nan nou blese oswa detwi. Sa vrèman rekonfòtan pou nou konnen Bondye gen sousi pou nou nan pwen sa a! — Matye 18:12-14.

Èske w konsidere Jewova kòm yon moun toutbon, menm jan ak papa w oswa ak yon lòt moun ou konnen?

Èske w kwè nan Jewova Dye toutbon? — Èske li se yon moun toutbon pou ou? — Se vre nou pa ka wè Jewova, paske li se yon Espri e li gen yon kò je nou pa ka wè. Men, li se yon moun toutbon, e li ka wè nou. Li konnen lè nou bezwen èd. Epitou, nou ka pale avè l nan lapriyè, menm jan nou konn pale ak yon moun k ap viv sou tè a. Dayè, Jewova vle nou pale avè l.

Donk, si w santi w tris oswa ou santi w poukont ou, ki sa pou w fè? — Se pou w pale avèk Jewova. Pwoche bò kote l, e l ap rekonfòte w, l ap ede w. Pa bliye sa, Jewova renmen w, menm lè ou santi se kòmsi ou poukont ou. Annou ouvri bib nou nan Sòm 23. N ap kòmanse nan vèsè 1 an. Men sa nou li: “Se Jewova ki bèje m. Mwen pap manke anyen. Kote ki chaje ak zèb, se la li fè m kouche, l ap mennen m al pran repo kote ki byen wouze.”

Gade sa ekriven an ajoute nan vèsè 4 la: “Menmsi m ap mache nan vale fènwa pwès la, mwen pa pè okenn malè, paske w avè m. Bagèt ou ak baton w lan se bagay ki konsole m.” Se konsa moun ki gen Jewova kòm Bondye yo santi yo. Yo jwenn konsolasyon lè yo nan pwoblèm. Èske se sa w santi tou? —

Menm jan yon bèje ki gen lanmou pran swen twoupo l, se konsa Jewova pran swen sèvitè l yo. Li montre yo chemen pou yo mache a, e yo kontan suiv li. Menm lè gen danje toutotou yo, yo pa bezwen pè. Yon bèje konn sèvi ak bagèt li oswa ak baton l pou l pwoteje mouton yo kont bèt ki ta ka fè yo mal. Bib la fè konnen, lè David te yon jèn bèje, li te pwoteje mouton l yo kont yon lyon ak yon lous (1 Samyèl 17:34-36). E pèp Bondye a konnen Jewova ap pwoteje yo tou. Yo mèt santi yo an sekirite, paske Bondye avèk yo.

Menm jan ak yon bèje k ap pwoteje mouton l yo, kiyès ki ka ede nou lè nou an danje?

Jewova renmen mouton l yo toutbon e li pran swen yo avèk tandrès. Men sa Bib la di: ‘Tankou yon bèje, l ap mennen mouton l yo.’ — Izayi 40:11.

Èske w pa kontan aprann se konsa Jewova ye? — Èske w vle vin youn nan mouton l yo? — Mouton koute vwa bèje yo. Yo rete pwòch li. Èske w koute Jewova? — Èske w rete pwòch li? — Si w fè sa, ou pa bezwen janm pè anyen. Jewova ap avèk ou.

Avèk amou, Jewova pran swen moun k ap sèvi l yo. Annou li ansanm sa Bib la di sou sa, nan Sòm 37:25; 55:22; ak nan Lik 12:29-31.