Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 33

Jezi kapab pwoteje nou

Jezi kapab pwoteje nou

Ki jan w konsidere Jezi: tankou yon Wa pisan oswa tankou yon tibebe san defans?

LÈ JEZI te vin gran e li aprann lè l te piti yo te pwoteje l, èske w panse li te priye Jewova pou l di l mèsi? — Ki sa w panse Jezi te ka di Mari ak Jozèf lè l aprann yo te mennen l ann Ejip pou yo sove lavi l? —

Natirèlman, Jezi pa yon tibebe ankò. Li pap menm viv sou tè a ankò. Men, ou pa remake jis kounye a gen moun ki toujou pran Jezi pou yon tibebe nan yon manjwa? — Nan epòk Nwèl pa egzanp, anpil kote moun yo prezante Jezi kòm yon tibebe.

Menmsi Jezi pap viv sou tè a ankò, èske w kwè li vivan? — Wi, li te resisite, e kounye a li se yon Wa pisan nan syèl la. Dapre ou menm, ki sa l ka fè pou l pwoteje disip li yo? — Ebyen, lè Jezi te sou tè a, li te montre li gen pouvwa pou l pwoteje moun ki renmen l. Annou wè ki jan l te fè sa yon jou, etan li te nan yon bato avèk disip li yo.

Li te byen ta nan apre midi. Jezi te pase tout jounen an ap anseye arebò lanmè Galile, yon gwo lak ki gen 20 kilomèt longè ak 12 kilomèt lajè. Li di disip li yo: “Annou travèse lòt bò lak la.” Konsa, yo pran yon bato e yo kòmanse travèse lak la. Kòm Jezi fatige anpil, l al pa dèyè, e li kouche sou yon zorye. Nan yon ti moman, li gentan nan fon somèy.

Ki sa Jezi ap di van an ak vag yo la a?

Disip yo rete je klè pou yo ka dirije bato a. Pandan yon moman, tout bagay ale byen. Men, apre sa, gen yon gwo van ki leve e ki tonbe soufle, yon van ofiramezi k ap vin pi fò, e vag yo vin pi gwo. Vag yo kòmanse frape bato a, e dlo kòmanse ap ranpli bato a.

Disip yo pè pou bato a pa koule. Men, Jezi pa pè. Li ret ap dòmi pa dèyè nan bato a. Finalman, disip yo reveye l e yo di l: ‘Anseyan, Anseyan, sove nou. Nou sanlè mouri nan tanpèt sa a.’ Lè Jezi tande sa, li leve e li pale ak van an ak vag yo. Li di: “Silans! Pe la!”

Tousuit, van an sispann soufle e lak la vin kalm. Disip yo sezi. Yo potko janm wè yon bagay konsa. Youn kòmanse ap di lòt konsa: “Kiyès sa a menm, paske li menm bay van ak dlo lòd, e yo obeyi l?” — Lik 8:22-25; Mak 4:35-41.

Èske w konn kiyès Jezi ye? — Èske w konn kote li jwenn gwo pisans li genyen an? — Disip yo pa t dwe pè pandan Jezi te avèk yo, paske Jezi pa t yon moun òdinè. Li te ka fè yon seri bagay estrawòdinè okenn lòt moun pa t ka fè. Kite m rakonte w yon lòt bagay li te fè pandan yon lòt tanpèt.

Sa pase kèk tan apre, nan yon lòt jou. Li gentan aswè, e Jezi di disip li yo pou yo pran devan nan yon bato e pou yo ale lòt bò lanmè a. Apre sa, Jezi monte nan mòn nan poukont li. Se yon andwa trankil kote li ka priye Papa l, Jewova Dye.

Disip yo monte nan bato a e yo kòmanse navige. Men, yon ti moman apre, yon van kòmanse soufle. Ofiramezi van an vin soufle pi fò. Kounye a li lannuit. Mesye yo desann vwal la e yo kòmanse rame. Men, yo pa ka al lwen paske gwo van an ap konbat yo. Bato a ap monte desann nan mitan yon seri gwo vag, e l ap pran dlo. Mesye yo fè anpil efò pou yo wè si y a rive atè, men yo pa kapab.

Jezi toujou poukont li nan mòn nan. Li rete la yon bon moman. Men, kounye a, li rann li kont disip li yo an danje nan mitan gwo vag yo. Donk, li desann mòn nan l al sou plaj la. Jezi vle ede disip li yo, se sa k fè li kòmanse mache al jwenn yo sou lanmè a ki fin dechennen!

Si w ta eseye mache sou dlo, ki sa ki t ap rive? — Ou t ap plonje, e ou ta ka menm nwaye. Men, pou Jezi, se pa menm bagay: li gen yon pouvwa espesyal. Jezi gen yon bon mache pou l fè pou l rive bò bato a. Se sa k fè, li prèske fè jou lè disip yo wè Jezi k ap mache sou dlo a pou l vin jwenn yo. Men, yo pa ka kwè sa yo wè a. Yo tèlman pè, yo pran rele. Lè Jezi wè sa, li di yo: “Pran kouraj, se mwen menm. Nou pa bezwen pè.”

Poukisa Jezi te konn fè mirak?

Kou Jezi monte nan bato a, tanpèt la sispann. Yon lòt fwa ankò, disip yo sezi. Yo pwostène devan Jezi e yo di: “Vrèmanvre ou se Pitit Gason Bondye.” — Matye 14:22-33; Jan 6:16-21.

Èske w pa t ap renmen viv nan epòk sa a pou w ta wè Jezi k ap fè mirak sa yo? — Èske w konnen poukisa Jezi te konn fè yo? — Li te konn fè yo paske li renmen disip li yo e li vle ede yo. Men tou, li te fè sa pou l montre gwo pouvwa li genyen, pouvwa li pral itilize antanke Chèf nan Wayòm Bondye a.

Ki jan Jezi pwoteje disip li yo jodi a?

Menm jodi a, Jezi konn sèvi ak pisans li pou l pwoteje disip li yo kont efò Satan ap fè pou l anpeche yo pale ak lòt moun konsènan Wayòm Bondye a. Men, Jezi pa sèvi ak pisans li a pou l pwoteje disip li yo kont maladi oswa pou l geri yo lè yo malad. Menm apot Jezi yo, finalman yo tout te mouri. Pa egzanp, yo te touye Jak, frè Jan an, e Jan li menm, yo te mete l nan prizon. — Travay 12:2; Revelasyon 1:9.

Se menm bagay la jodi a. Kit yon moun ap sèvi Jewova, kit li pap sèvi l, tout moun ka malad e tout moun ka mouri. Men, talè konsa, pandan rèy Jezi antanke Wa nan gouvènman Bondye a, bagay yo pral chanje. Lè sa a, pèsonn pap bezwen pè ankò, paske Jezi pral sèvi ak pouvwa l pou byen tout moun ki obeyi l. — Izayi 9:6, 7.

Lòt tèks biblik ki montre gwo pouvwa Jezi genyen, li menm Bondye mete Chèf nan Wayòm li an, se Danyèl 7:13, 14; Matye 28:18; ak Efezyen 1:20-22.