Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 36

Kiyès k ap resisite? E ki kote yo pral viv?

Kiyès k ap resisite? E ki kote yo pral viv?

NAN de dènye chapit nou sot wè yo, konbyen moun nou te aprann ki te resisite? — Se te senk. E konbyen timoun ki te gen ladan yo? — Twa, e te gen yon katriyèm yo di se te yon jenòm. Dapre ou menm, ki sa sa montre? —

Ebyen, sa montre Bondye renmen jèn yo. Men, l ap resisite anpil lòt moun tou. Èske se moun ki te konn aji byen sèlman Bondye ap resisite? — Nou ta ka panse sa. Epoutan, gen anpil moun ki pa t janm aprann laverite sou Jewova ak Pitit Gason l lan. Donk, yo te konn aji mal paske yo te aprann yo move bagay. Èske w panse Jewova pral resisite moun sa yo? —

Bib la di “pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis ni pou moun ki enjis”. (Travay 24:15.) Poukisa yo pral resisite moun ki pa t jis, oswa ki pa t konn aji byen? — Se paske yo pa t janm gen posiblite pou yo konnen Jewova, ni pou yo aprann sa li vle pou nou fè.

Poukisa gen moun ki pa t konn aji byen Bondye ap resisite?

Dapre ou menm, ki lè moun ki mouri yo pral resisite? — Ou sonje, lè Laza te mouri, Jezi te pwomèt Mat, sè Laza a, ‘frè l la ap leve’. Lè sa a, Mat te reponn: “Mwen konnen li gen pou l leve nan rezirèksyon ki gen pou fèt nan dènye jou a.” ​(Jan 11:23, 24). Ki sa Mat te vle di lè l te di Laza t ap resisite nan “dènye jou a”? —

Paradi Jezi ap pale de li ak mesye a, ki kote l ap ye?

Mat te konnen Jezi te fè pwomès sa a: ‘Tout moun ki nan tonm souvni yo pral soti.’ ​(Jan 5:28, 29). Donk, “dènye jou a” se lè tout moun ki nan memwa Bondye yo pral retounen viv ankò. Dènye jou sa a se pa yon jou ki gen 24 è. Li pral dire mil an. Nan jou sa a, selon sa Bib la di, ‘Bondye pral jije moun ki sou tè a’. Pami moun l ap jije yo, moun ki resisite yo ap ladan l tou. — Travay 17:31; 2 Pyè 3:8.

Imajine kè kontan jou sa a pral pote! Pandan jou sa a, k ap dire mil an, plizyè milyon moun ki te mouri pral resisite. Jezi rele kote yo pral viv apre rezirèksyon an Paradi. Annou wè ki kote Paradi a pral ye e ki jan l ap ye.

Twazèdtan anviwon anvan Jezi mouri sou yon poto soufrans, li pale de Paradi a ak yon mesye ki sou yon lòt poto toupre l. Y ap touye mesye a pou krim li komèt. Men, etan kriminèl sa a ap obsève Jezi e li tande sa y ap di sou Li, li kòmanse kwè nan Jezi. Se sa k fè li di: “Sonje m wi lè w a antre nan wayòm ou an.” Men repons Jezi ba li: “Vrèman mwen di w sa jodi a: w ap avèk mwen nan Paradi a.” — Lik 23:42, 43.

Lè n ap reflechi sou Paradi a, ki imaj ki ta dwe vin nan lespri nou?

Ki sa Jezi vle di lè l di pawòl sa a? Èske w konn ki kote Paradi a ap ye? — Fè yon ti reflechi: Ki kote premye Paradi a te ye? — Pa bliye, Bondye te mete Adan, premye gason an, ansanm ak madanm li viv nan yon paradi sou tè a. Yo te rele paradi sa a jaden Edenn. Te gen bèt nan jaden sa a, men yo pa t konn fè pyès moun mal. E te gen pyebwa ki gen anpil fwi ki gen bon gou, e te gen yon gwo rivyè tou. Se te yon bèl kote pou moun viv! — Jenèz 2:8-10.

Donk, lè n ap panse a Paradi kriminèl la ap ladan l lan, nou dwe imajine tè a ki tounen yon bèl kote pou nou viv. Dapre ou menm, èske Jezi ap vin viv sou tè a nan Paradi a ansanm ak ansyen kriminèl la? — Non. Èske w konn poukisa Jezi pap sou tè a? —

Se paske Jezi ap ret nan syèl la, l ap reye kòm Wa sou Paradi k ap gen sou tè a. Donk, lè Jezi di l ap avèk mesye sa a , sa vle di l ap resisite l epi l ap fè l jwenn tout sa l bezwen. Men, poukisa Jezi ap pèmèt yon ansyen kriminèl al viv nan Paradi a? — Annou chèche jwenn repons kesyon sa a.

Anvan kriminèl la te pale ak Jezi, èske l te konnen objektif Bondye genyen? — Non, li pa t konnen. Li te konn aji mal paske li pa t konnen laverite sou Bondye. Nan Paradi a, l ap aprann objektif Bondye genyen. Lè sa a, l ap gen posiblite pou l fè volonte Bondye, e sa ap pwouve li renmen l toutbon.

Èske tout moun k ap resisite yo pral viv sou tè a nan Paradi a? — Non. Ou konn sa k fè sa? — Se paske gen moun k ap resisite pou y al viv avèk Jezi nan syèl la. Yo pral dirije Paradi terès la antanke wa avèk li. Ann al wè ki jan nou fè konn sa.

Lavèy jou Jezi pral mouri a, nan aswè, men sa li te di apot li yo: ‘Lakay Papa m, gen anpil kote pou moun rete, e mwen prale pou m prepare yon plas pou nou.’ Apre sa, Jezi fè yo pwomès sa a: “M ap vini ankò e m ap resevwa nou lakay mwen, dekwa pou kote m ye a se la nou ye tou.”— Jan 14:2, 3.

Ki kote Jezi ale apre l fin resisite? — Wi, li retounen al viv ansanm ak Papa l nan syèl la (Jan 17:4, 5). Se konsa tou Jezi pwomèt apot li yo ansanm ak lòt disip ankò l ap resisite yo pou yo ka viv avè l nan syèl la. Ki sa yo pral fè nan syèl la ansanm ak Jezi? — Selon Bib la, disip li yo k ap patisipe nan “premye rezirèksyon an” pral viv nan syèl la e yo pral dirije tè a “kòm wa avèk li pandan mil an”. — Revelasyon 5:10; 20:6; 2 Timote 2:12.

Konbyen moun k ap patisipe nan “premye rezirèksyon an” e k ap reye kòm wa avèk Jezi? — Jezi te di disip li yo: “Nou pa bezwen pè, ti twoupo, paske Papa nou dakò pou l ban nou wayòm nan.” ​(Lik 12:32). “Ti twoupo” sa a gen ladan l yon kantite moun byen presi k ap resisite pou yo viv avèk Jezi nan Wayòm selès li a. Bib la bay kantite a: “San karannkat mil” moun. — Revelasyon 14:1, 3.

Ki kote moun k ap resisite yo pral viv, e ki sa yo pral fè?

Konbyen moun ki pral viv nan Paradi sou tè a? — Bib la pa di konbyen. Men, lè Adan ak Èv te nan jaden Edenn nan, Bondye te di yo pou yo fè pitit e pou yo ranpli tè a. Se vre, yo pa t fè sa. Men, objektif Bondye genyen pou tè a ranpli ak moun ki bon, l ap veye pou l reyalize. — Jenèz 1:28; Izayi 45:18; 55:11.

Imajine ki jan lavi a pral bèl nan Paradi a! Tout tè a ap vin tankou yon bèl jaden ki plen ak zwazo ak bèt ak tout kalite pyebwa ak flè. Maladi pap fè pèsonn soufri, e pèsonn pap gen pou yo mouri. Tout moun ap zanmi. Si nou vle viv pou toutan nan Paradi a, se kounye a pou nou prepare nou pou sa.

Ou ka jwenn plis enfòmasyon toujou sou objektif Bondye gen pou tè a, nan Pwovèb 2:21, 22; Eklezyas 1:4; Izayi 2:4; 11:6-9; 35:5, 6; ak nan Izayi 65:21-24.