Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 38

Rezon ki fè nou dwe renmen Jezi

Rezon ki fè nou dwe renmen Jezi

IMAJINE ou nan yon bato k ap koule. Èske w pa ta renmen yon moun sove w? — Ki jan w t ap santi w si yon moun ta sakrifye pwòp vi pa l pou l sove w? — Ebyen, se sa menm Jezi te fè. Tankou nou te aprann sa nan chapit 37 la, li te bay vi li kòm ranson pou nou ka sove.

Natirèlman, Jezi pa t sove nou pandan nou t ap nwaye. Anba ki sa li te sove nou? Èske w sonje? — Se anba peche ak lanmò nou eritye nan men Adan. Menmsi gen kèk moun k ap aji mal anpil, Jezi te mouri pou yo tou. Èske w t ap riske vi w pou w eseye sove jan de moun konsa? —

Bib la di: “Se apèn si yon moun ap mouri pou yon moun ki jis. Vrèmanvre, pou yon moun ki bon, petèt, yon moun ap oze mouri.” Epoutan, Bib la fè nou konnen Jezi “mouri pou moun ki san respè pou Bondye”. Sa vle di moun ki pa menm ap sèvi Bondye! Apre sa, Bib la di: “Alòske nou te toujou pechè [nou te toujou ap aji mal], Kris mouri pou nou.” — Women 5:6-8.

Èske w sonje yon apot ki te konn aji mal anpil nan tan lontan? — Men sa apot sa a te ekri: “Kris Jezi te vin nan monn nan pou l sove pechè yo. Pami moun sa yo, mwen se premye a.” Se apot Pòl ki te di pawòl sa yo. Li di ‘te gen yon lè li te ensanse’ e li te konn ap fè “sa ki mal”. — 1 Timote 1:15; Tit 3:3.

Fè yon ti reflechi, pou Bondye voye Pitit Gason l lan vin mouri pou moun ki te konn aji mal konsa, se pa ti lanmou li gen lakay li! Tanpri, pran bib ou epi annou li sa Jan chapit 3 vèsè 16 di sou sa. Men sa l di: “Bondye tèlman renmen lemonn, [sa vle di moun k ap viv sou tè a], li bay sèl Pitit Gason li fè a, poutèt pou nenpòt moun ki mete lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi etènèl.”

Ki soufrans Jezi te andire lè l t ap bay vi l pou nou?

Jezi te demontre li renmen nou menm jan Papa l renmen nou. Petèt ou sonje nan chapit 30 liv sa a, nou te wè kèk soufrans Jezi te andire jou swa yo te arete l la. Yo te mennen l lakay Kayif, gran prèt la, kote yo te jije l. Yo fè fo temwen vin bay manti sou li, e moun yo te ba l kout pwen. Se lè sa a Pyè te di li pa konn Jezi. Kounye a, annou sipoze nou nan zòn nan e nou gen posiblite wè sa k ap pase.

Li kòmanse fè jou. Jezi pa t fèmen je l tout nuit la. Kòm pwosè ki te fèt nan nuit lan pa t fèt selon lalwa, prèt yo kouri rasanble Sanedren an, lakou siprèm Juif yo, e yo fè yon lòt pwosè. La ankò, yo akize Jezi, yo di li komèt krim kont Bondye.

Apre sa, prèt yo fè mare Jezi, e yo mennen l bay Pilat, gouvènè women an. Yo di Pilat konsa: ‘Jezi kont gouvènman an. Li merite mouri.’ Men, Pilat gentan konprann se manti prèt yo ap fè. Se sa k fè, Pilat di yo: ‘Mwen pa jwenn anyen ki mal lakay mesye sa a. M ap lage l.’ Men, prèt yo ak kèk lòt moun tonbe rele: ‘Non! Touye l!’

Yon lòt fwa ankò, Pilat pale ak pèp la pou l wè si l a lage Jezi. Men, prèt yo enfliyanse foul moun yo e yo tonbe rele: ‘Si w lage l, ou kont gouvènman an tou! Touye l!’ Foul la tonbe fè bri. Ou konn sa Pilat fè? —

Li ba yo legen. Toudabò, li fè kale Jezi. Apre sa, li remèt Jezi bay sòlda yo pou yo touye l. Yo mete yon kouwòn pikan sou tèt Jezi e yo pwostène devan l pou yo pase l nan rizib. Apre sa, yo bay Jezi yon gwo poto pou l pote e yo mennen l deyò vil la yon kote yo rele Zòn Zo kràn. Lè yo rive la, yo kloure Jezi nan men ak nan pye sou poto a. Annapre, yo mete poto a kanpe pou Jezi ka ret pandye sou li. San ap koule. Doulè a rèd.

Jezi pa mouri tousuit. Etan li rete pandye sou poto a, prèt an chèf yo tonbe pase l nan rizib. Epi, kèk moun k ap pase di l: “Si w se yon pitit Bondye, desann sot sou poto soufrans lan!” Men, Jezi konnen sa Papa l te voye l fè. Li konnen li dwe bay vi pafè li a pou nou ka gen posiblite jwenn lavi etènèl. Finalman, vè twazè nan aprèmidi, Jezi rele Papa l byen fò epi apre sa, li mouri. — Matye 26:36–27:50; Mak 15:1; Lik 22:39–23:46; Jan 18:1–19:30.

Jezi ak Adan te vrèman diferan! Adan pa t montre li renmen Bondye, li te dezobeyi l. Adan pa t montre li renmen nou tou. Akoz peche Adan an, nou tout nou fèt nan peche. Men, Jezi te demontre li renmen ni Bondye ni nou menm. Li te toujou obeyi Bondye. E li te bay vi li yon fason pou l te elimine mal Adan te fè nou an.

Ki sa nou ka fè pou nou montre nou renmen Jezi?

Èske w gen rekonesans pou bèl aksyon sa a Jezi te fè? — Lè w ap priye Bondye, èske w sonje remèsye l pou Pitit Gason l lan li te ban nou an? — Apot Pòl te gen rekonesans pou sa Kris te fè pou li. Men sa Pòl te ekri: ‘Pitit Gason Bondye a renmen m, e li livre tèt li pou mwen.’ ​(Galat 2:20). Jezi mouri pou ou e li mouri pou mwen tou. Li te bay vi pafè li a pou nou ka gen lavi etènèl! Vrèmanvre, sa a se yon gwo rezon ki fè nou dwe renmen Jezi.

Men sa apot Pòl te ekri kretyen ki nan vil Korent yo: “Lanmou Kris genyen an oblije nou.” Dapre ou menm, li oblije nou fè ki sa? — Gade repons Pòl bay: ‘Kris mouri pou tout moun yon fason pou nou pa viv pou pwòp tèt nou ankò, men pou nou viv pou li.’ — 2 Korentyen 5:14, 15.

Èske w wè ki fason ou ka montre w ap viv pou w fè Kris plezi? — Yon fason ou ka fè sa, se lè w fè lòt moun konnen sa w aprann sou li. Men, gen lòt fason toujou. Imajine ou poukont ou lakay ou. Ni papa w, ni manman w, ni pèsonn lòt moun pa wè sa w ap fè. Èske w ap gade pwogram nan televizyon oswa sou Entènèt ou konnen ki pa t ap fè Jezi plezi? — Pa bliye, Jezi vivan kounye a, e li ka wè tout sa n ap fè!

Kiyès ki kapab wè tout sa n ap fè?

Nou gen yon lòt rezon ki fè nou dwe renmen Jezi: nou vle imite Jewova. Jezi te di: “Papa a renmen m.” Èske w konn poukisa li renmen Jezi e poukisa nou dwe renmen Jezi tou? — Se paske Jezi te dispoze mouri pou volonte Bondye te ka fèt (Jan 10:17). Donk, annou fè sa Bib la di nou an: ‘Antanke pitit yo renmen anpil, se pou nou vin moun k ap imite Bondye, e annou kontinye mache nan lanmou, menm jan Kris tou te renmen nou e li te bay tèt li pou nou.’ — Efezyen 5:1, 2.

Pou nou ogmante rekonesans nou pou Jezi e pou sa l te fè pou nou, annou li Jan 3:35; 15:9, 10; ak 1 Jan 5:11, 12.