Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 41

Timoun ki fè kè Bondye kontan

Timoun ki fè kè Bondye kontan

DAPRE ou menm, nan tout timoun ki te viv sou tè a, kiyès ladan yo ki te plis fè kè Jewova kontan? — Se te Jezi, Pitit Gason l lan. Annou fè yon ti pale sou kèk bagay Jezi te fè pou l fè kè Papa l kontan.

Fanmi Jezi te abite nan yon zòn kote yon moun te dwe vwayaje twa jou pou l rive Jerizalèm, e se la bèl tanp Jewova a te ye. Jezi te rele tanp lan “lakay Papa mwen”. Li menm ak tout fanmi l te konn al la chak ane pou yo asiste fèt Pak la.

Gen yon ane, lè sa a Jezi te gen 12 an, fanmi l te nan wout pou yo retounen lakay yo apre fèt Pak la. Se jis lè yo rete yon kote pou yo pase nuit lan, yo rann yo kont Jezi pa t avèk ni fanmi yo ni zanmi yo. Donk, san pèdi tan, Mari ak Jozèf retounen Jerizalèm pou yo chèche Jezi. Dapre ou menm, ki kote l te ye? —

Yo jwenn Jezi nan tanp lan ap koute anseyan yo e l ap poze yo kesyon. E lè anseyan yo poze l kesyon, li toujou reponn. Yo sezi wè bèl repons li t ap bay. Èske w wè poukisa Bondye te kontan Pitit Gason l lan? —

Lè finalman Mari ak Jozèf jwenn Jezi, yo santi yo soulaje. Men, Jezi pa t enkyete. Li te konnen si li rete nan tanp lan, anyen pa t ap rive l. Donk, li mande: “Nou pa t konnen fòk se lakay Papa m pou m ye?” Li te konnen tanp lan se te lakay Bondye, e li te santi l byen lè l la.

Apre sa, Mari ak Jozèf pran Jezi, ki te gen 12 an, yo retounen Nazarèt avèk li. Dapre ou menm, ki jan Jezi te konn aji anvè paran l? — Ebyen, Bib la di li te “kontinye soumèt devan yo”. Dapre ou menm, sa sa vle di? — Sa vle di li te konn obeyi yo. Wi, li te konn fè sa paran l te mande l pou l fè, menmsi se te travay nan kay tankou tire dlo nan pui. — Lik 2:41-52.

Lè Jezi te timoun, ki jan l te fè kè Bondye kontan?

Donk, reflechi sou pwen sa a: Malgre Jezi te pafè, li te konn obeyi paran l, aktout yo enpafè. Èske sa te fè kè Bondye kontan? — San mank, paske Pawòl Bondye a di timoun yo: “Se pou nou obeyi paran nou.” ​(Efezyen 6:1). Ou menm tou, w ap fè kè Bondye kontan si w obeyi paran w, menm jan Jezi te fè sa.

Yon lòt fason ou ka fè kè Bondye kontan, se pale de li ak lòt moun. Bon, gen moun ki gendwa di se pa travay timoun piti. Men, lè gen moun ki t ap eseye anpeche kèk tigason fè sa, Jezi te di: ‘Nou pa janm li sa nan Ekriti yo, “Se nan bouch timoun piti Bondye pral fè louwanj soti”?’ ​(Matye 21:16). Donk, si reyèlman nou vle, nou tout ka pale de Jewova ak lòt moun, nou ka fè yo konnen jan li se yon Bondye ki estrawòdinè. E si nou fè sa, n ap fè kè Bondye kontan.

Ki kote nou aprann bagay ki konsène Bondye nou gen posiblite pale ak lòt moun? — Nan Labib, grasa etid biblik nou fè lakay nou. Men, nou aprann plis bagay toujou kote sèvitè Bondye yo reyini pou yo etidye. Men, ki jan n ap fè konnen kiyès ki sèvitè Bondye yo? —

Pa egzanp, ki sa moun yo fè nan reyinyon yo òganize? Èske se sa k nan Bib la yo anseye vre? Èske yo li Bib la? Èske yo pale sou li? Sa w panse, se konsa pou nou koute Bondye, pa vre? — Epitou, nan reyinyon kretyen yo òganize, nou dwe atann nou n ap tande sa Bondye di, pa vre? — Men, e si gen moun ki di ou pa bezwen viv selon sa Bib la di? Èske w t ap di moun sa yo se sèvitè Bondye yo ye? —

Gen yon lòt bagay ankò pou w konsidere. Selon Bib la, pèp Bondye a ta dwe “yon pèp pou non l”. (Travay 15:14.) Piske non Bondye se Jewova, nou ka mande moun yo si se Jewova ki Bondye yo. Si yo di se pa li menm, nou tou konprann yo pa pèp pa l la. Sèvitè Bondye yo ta dwe ap pale ak lòt moun tou konsènan Wayòm Bondye a. Yo ta dwe suiv kòmandman Bondye yo, konsa, y ap montre yo renmen l. — 1 Jan 5:3.

Si w konnen moun ki fè tout bagay sa yo, ou ta dwe ale kote yo reyini pou w adore Bondye ansanm avèk yo. Nan reyinyon sa yo, ou dwe koute avèk atansyon e ou dwe reponn kesyon yo poze. Se sa Jezi te konn fè lè li te lakay Bondye. E si w fè tout bagay sa yo, w ap fè kè Bondye kontan, menm jan Jezi te fè sa.

Èske w konn ki lòt timoun nan Bib la ki te fè kè Bondye kontan? — Yon bèl egzanp, se Timote. Papa l pa t kwè nan Jewova. Men manman l Enis ak granmè l Loyis te kwè. Timote te koute yo e li te aprann konnen Jewova.

Malgre papa Timote pa t kwè nan Jewova, ki sa Timote te vle fè?

Lè Timote te vin pi gran, apot Pòl te vizite vil kote Timote t ap viv la. Pòl te remake nan ki pwen Timote te vle sèvi Jewova. Donk, li envite Timote pou l vini avèk li yon fason pou l ka fè plis nan sèvis Bondye. Tout kote yo vwayaje, yo pale ak moun yo konsènan Wayòm Bondye a e konsènan Jezi. — Travay 16:1-5; 2 Timote 1:5; 3:14, 15.

Men, èske se tigason sèlman Bib la site kòm egzanp moun ki te konn fè kè Bondye kontan? — Pa ditou. Ann pran egzanp yon tifi izrayelit. Nan epòk li t ap viv la, nasyon Siri te ènmi ak nasyon Izrayèl. Yon jou, Siryen yo te goumen ak Izrayelit yo e yo te mennen tifi sa a kòm kaptif. Yo te mete l lakay chèf lame a, yon mesye ki te rele Naamàn. Se la li vin tounen domestik madan Naamàn.

Naamàn te gen yon maladi ki rele lèp. Okenn doktè pa t ka ede l. Men, tifi izrayelit la te kwè gen yon pwofèt, youn nan sèvitè espesyal Bondye yo, ki te ka ede Naamàn. Men, nou konnen Naamàn ak madanm li pa t ap adore Jewova. Èske tifi a t ap enfòme yo sou sa l te konnen an? Si se te ou menm, ki sa w t ap fè? —

Ki jan tifi izrayelit sa a te fè kè Bondye kontan?

Ebyen, tifi a di: ‘Si sèlman Naamàn ta ale devan pwofèt Jewova a ann Izrayèl, Naamàn t ap geri anba maladi lèp li a.’ Naamàn koute tifi a, e li al jwenn pwofèt Jewova a. Lè l fè sa pwofèt la te mande l pou l fè a, li geri. Sa te fè Naamàn vin yon adoratè vrè Dye a. — 2 Wa 5:1-15.

Èske w ta renmen ede yon moun aprann konnen Jewova ak sa li ka fè, menm jan tifi a te fè sa? — Kiyès konsa ou ta ka ede? — Okòmansman, gen moun ki gendwa panse yo pa bezwen èd. Men, ou ta kapab fè yo konnen bon bagay Jewova fè. E petèt y ap koute. Ou mèt sèten sa ap fè kè Bondye kontan.

N ap jwenn lòt ankourajman pou jèn yo pran plezi nan sèvi Bondye, nan Sòm 122:1; 148:12, 13 ; Eklezyas 12:1; 1 Timote 4:12; ak nan Ebre 10:23-25.