Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 43

Kiyès ki frè nou ak sè nou?

Kiyès ki frè nou ak sè nou?

TE GEN yon lè, gran Anseyan an te poze yon kesyon ki te siprann anpil moun. Men kesyon li te poze: “Kiyès ki manman m e kiyès ki frè m?” ​(Matye 12:48.) Èske w ta ka reponn kesyon sa a? — Siman ou konn sa: manman Jezi te rele Mari. Men, èske w konn non frè l yo? — Èske l te gen sè tou? —

Bib la di frè Jezi yo te rele “Jak, Jozèf, Simon ak Jida”. E Jezi te gen sè tou lè l t ap preche. Piske Jezi se te premye pitit, tout frè l yo ak sè l yo te pi piti pase l. — Matye 13:55, 56; Lik 1:34, 35.

Èske frè Jezi yo se te disip li yo te ye tou? — Selon Bib la, okòmansman, yo “pa t egzèse lafwa nan li”. (Jan 7:5.) Men, annapre, Jak ak Jida (ki rele Jid tou) te vin disip li, e yo te menm ekri liv nan Bib la. Èske w konn ki liv yo te ekri? — Se lèt Jak ak lèt Jid.

Menmsi yo pa nonmen non sè Jezi yo nan Bib la, nou konnen li te gen omwen de sè. Men, yo te ka plis. Èske sè l yo te vin disip li? — Kòm Bib la pa di sa, nou pa konnen. Men, èske w konnen poukisa Jezi te poze kesyon sa a: “Kiyès ki manman m e kiyès ki frè m?” — Annou wè poukisa.

Pandan Jezi t ap anseye disip li yo, yon moun entèwonp li, moun nan di li: “Manman w ak frè w yo kanpe deyò a, y ap chèche pale avè w.” Donk, Jezi sèvi ak opòtinite sa a pou l anseye yon leson enpòtan. Se sa k fè li poze kesyon etonan sa a: “Kiyès ki manman m e kiyès ki frè m?” Li lonje men l sou disip li yo e li reponn kesyon an, li di: “Gade! Manman m ak frè m!”

Apre sa, Jezi esplike sa l te vle di, li di: “Kèlkeswa moun ki fè volonte Papa m ki nan syèl la, moun sa a se frè m, li se sè m, li se manman m.” ​(Matye 12:47-50). Sa montre nan ki pwen Jezi te santi l pwòch disip li yo. Li t ap fè nou konnen disip li yo se tankou frè, sè ak manman yo ye pou li.

Kiyès Jezi te di ki frè l ak sè l?

Nan epòk sa a, pwòp frè Jezi yo (Jak, Jozèf, Simon ak Jida) pa t kwè Jezi se te Pitit Gason Bondye. Siman yo pa t kwè sa zanj Gabriyèl te di manman yo (Lik 1:30-33). Donk, sanble yo te konn mal boule ak Jezi. Yon moun ki aji konsa, se pa yon frè oswa yon sè toutbon. Èske w konnen yon moun ki te mechan ak frè l oswa ak sè l? —

Bib la pale nou de Ezayi ak Jakòb, e li fè nou konnen, yon lè Ezayi te vin tèlman fache, li di: “M ap touye Jakòb, frè m nan.” Manman yo, Rebeka, te tèlman pè, li fè Jakòb ale byen lwen pou Ezayi pa touye l (Jenèz 27:41-46). Sepandan, plizyè ane apre sa, Ezayi te chanje, e li te bay Jakòb akolad, e li te anbrase li. — Jenèz 33:4.

Rive yon lè, Jakòb vin gen 12 pitit. Men, pi gran pitit gason Jakòb yo pa t renmen ti frè yo a Jozèf. Yo t ap fè jalouzi, paske Jozèf se te pitit gason papa yo te plis renmen. Donk, yo vann li bay kèk machann esklav ki t apral ann Ejip. Apre sa, yo di papa yo gen yon bèt sovaj ki te touye Jozèf (Jenèz 37:23-36). Èske se pa t yon vye zak yo te fè la a? —

Kèk tan apre, frè Jozèf yo te regrèt sa yo te fè a. Se pou sa, Jozèf padone yo. Ou pa wè jan Jozèf te sanble ak Jezi? — Pwòp apot Jezi yo te abandone l lè l te nan pwoblèm, e Pyè te memn di li pa konnen l. Malgre sa, menm jan ak Jozèf, Jezi te padone yo tout.

Ki leson nou dwe aprann nan sa Kayen te fè Abèl la?

Ann pran egzanp de lòt frè ankò: Kayen ak Abèl. Nou ka aprann yon leson nan istwa yo toule de a. Bondye te wè nan kè Kayen li pa t vrèman renmen frè l la. Donk, Bondye di Kayen li dwe chanje konpòtman. Si Kayen te vrèman renmen Bondye, li t ap koute sa Bondye di l la. Men, li pa t renmen Bondye. Yon jou, Kayen di Abèl konsa: “Ann al nan savann nan.” Abèl ale avèk Kayen. Epi, etan yo te poukont yo nan savann nan, Kayen frape frè l la tèlman fò, li touye l. — Jenèz 4:2-8.

Bib la di nou gen yon leson espesyal nou dwe aprann la a. Èske w konn ki leson sa a? — ‘Men mesaj nou te tande depi okòmansman: nou fèt pou nou youn renmen lòt, non pa tankou Kayen, ki te soti nan mechan an.’ Donk, frè ak sè dwe renmen youn lòt. Yo pa dwe sanble ak Kayen. — 1 Jan 3:11, 12.

Poukisa li pa bon pou nou sanble ak Kayen? — Se paske Bib la di li te ‘soti nan mechan an’, Satan Ledyab. Piske Kayen te aji menm jan ak Dyab la, se kòmsi Dyab la se te papa l.

Èske w wè poukisa li enpòtan pou w renmen frè w yo ak sè w yo? — Si ou pa renmen yo, pitit kiyès ou t ap imite? — Pitit Dyab la. Se pa sa w ta renmen ye, pa vre? — Donk, ki jan w ka pwouve ou vle vin yon pitit Bondye? — Se lè ou gen lanmou pou frè w ak sè w toutbon.

Men, ki sa lanmou an ye? — Lanmou, se yon kokenn santiman ki anndan nou ki fè nou anvi fè byen pou lòt moun. Nou demontre nou gen lanmou pou lòt moun lè nou gen afeksyon pou yo e lè nou aji byen avèk yo. E ki frè ak sè nou dwe renmen? — Pa bliye, Jezi te anseye nou se moun ki anndan gwo fanmi kretyen nou fòme a.

Ki jan w ka montre ou renmen frè w?

Jis nan ki pwen sa enpòtan pou nou renmen frè ak sè kretyen sa yo? — Men sa Bib la di: “Yon moun ki pa renmen frè l [oswa sè l] li wè, pa ka renmen Bondye li pa wè.” ​(1 Jan 4:20). Donk, nou pa ka annik renmen kèk moun nan fanmi nou fòme antanke kretyen an. Nou dwe renmen yo tout. Jezi te di: “Se konsa tout moun ap konnen nou se disip mwen, si nou gen lanmou nan mitan nou.” ​(Jan 13:35). Èske w renmen tout frè ak sè yo? — Pa bliye, si w pa renmen yo, ou pa ka renmen Bondye toutbon.

Ki jan nou ka montre nou renmen frè ak sè nou yo toutbon? — Ebyen, si nou renmen yo, nou pap evite yo paske nou pa vle pale avèk yo. N ap byen aji anvè yo tout. N ap toujou byen boule avèk yo e n ap anvi pataje sa nou genyen avèk yo. E si jamè yo nan pwoblèm, n ap vin pote yo sekou paske nou fòme vrèman yon gwo fanmi.

Lè nou renmen tout frè ak sè nou yo toutbon, ki sa sa demontre? — Sa pwouve nou se disip Jezi, gran Anseyan an. Èske se pa sa nou vle ye? —

Yo pale tou konsènan fason pou nou montre nou renmen frè ak sè nou yo, nan Galat 6:10; ak nan 1 Jan 4:8, 21. Tanpri, ouvri bib ou epi li vèsè sa yo.