Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 44

Zanmi nou yo dwe renmen Bondye

Zanmi nou yo dwe renmen Bondye

YON zanmi, se yon moun nou renmen pale avèk li, se yon moun nou renmen pase tan avèk li. Men, li enpòtan pou nou chwazi ak ki moun n ap fè zanmi. Dapre ou menm, ki meyè zanmi nou ka genyen? — Se Jewova Dye.

Èske nou ka zanmi Bondye toutbon? — Ebyen, Bib la fè konnen Abraram, yon nonm ki t ap viv sa gen trè lontan, se te “zanmi Jewova”. (Jak 2:23.) Èske w konn sa k fè sa? — Bib la bay repons lan, li fè konnen Abraram te konn obeyi Bondye. Li te konn obeyi menm lè sa Bondye te mande l fè a te difisil. Donk, pou nou ka zanmi Jewova, nou dwe fè sa ki fè l plezi, menm jan Abraram te fè sa, e menm jan gran Anseyan an te toujou konn fè sa. — Jenèz 22:1-14; Jan 8:28, 29; Ebre 11:8, 17-19.

Poukisa yo te rele Abraram “zanmi Jewova”?

Men sa Jezi te di apot li yo: “Nou se zanmi m si nou fè sa mwen òdone nou pou nou fè.” ​(Jan 15:14). Piske tout sa Jezi te konn di moun yo te vini de Jewova, Jezi te vle di zanmi l yo se te moun ki fè sa Bondye di yo dwe fè. An reyalite, tout zanmi Jezi yo te renmen Bondye.

Kèk nan pi bon zanmi gran Anseyan an se te apot li yo. Foto apot yo parèt nan paj 75 liv sa a. Yo te konn vwayaje avèk li e yo te konn ede l fè travay predikasyon an. Jezi te pase anpil tan ak mesye sa yo. Yo te konn manje ansanm. Yo te konn pale de Bondye ansanm, e yo te konn fè lòt aktivite ansanm. Men, Jezi te gen anpil lòt zanmi. Li te konn rete lakay yo, e yo te konn pase kèk bon moman ansanm.

Te gen yon fanmi Jezi te renmen rete lakay li, e fanmi sa a te abite nan yon ti vil yo te rele Betani, ki te tou kole gwo vil Jerizalèm. Èske w sonje moun ki te nan fanmi sa a? — Se te Mari, Mat ak Laza, frè yo. Jezi te rele Laza zanmi li (Jan 11:1, 5, 11). Rezon ki fè Jezi te renmen fanmi sa a, e li te renmen rete lakay yo, se paske yo te renmen Jewova e yo t ap sèvi Li.

Poukisa, byen souvan, Jezi te konn rete kay fanmi sa a etan l pral Jerizalèm? Èske w konn non yo?

Sa pa vle di Jezi pa t montre li janti anvè moun ki pa t ap sèvi Bondye. Li te montre li janti anvè yo menm tou. Li te menm konn al lakay yo e li te konn manje avèk yo. Se sa k fè, gen moun ki te di Jezi se te ‘zanmi pèseptè ak moun k ap pratike peche’. (Matye 11:19.) An reyalite, Jezi pa t konn al lakay moun sa yo paske li te renmen fason yo t ap viv la. Li te konn rann yo vizit pou l ka pale avèk yo konsènan Jewova. Li te konn eseye ede yo chanje move fason yo t ap viv pou yo vin sèvi Bondye.

Poukisa Zache te monte pyebwa sa a?

Se sa k te rive yon jou nan vil Jeriko. Jezi t ap travèse vil la pou l al Jerizalèm. Te gen yon foul moun, e ladan l, te gen yon mesye ki rele Zache. Li te vle wè Jezi. Men, kòm li te kout, li pa t ka wè Jezi akoz foul moun yo. Donk, li kouri al pi devan sou wout la, e li monte yon pyebwa pou l ka wè Jezi lè l ap pase.

Lè Jezi rive bò pyebwa a, li leve je l e li di: ‘Fè vit desann, paske jodi a, m ap vin lakay ou.’ Men, Zache se te yon moun rich ki te fè anpil move bagay. Poukisa Jezi te vle al lakay yon moun konsa? —

Se pa paske Jezi te renmen fason mesye sa a t ap viv la. Li te vini pou l pale ak Zache de Bondye. Li te rann li kont ki jan mesye sa a te fè anpil efò pou l wè l. Donk, li te konnen siman Zache t apral koute. Se te yon moman apwopriye pou l pale avèk li konsènan fason Bondye mande pou moun yo viv.

Poukisa Jezi al lakay Zache, e ki sa Zache pwomèt l ap fè?

Donk, ki rezilta ou wè sa te vin genyen? — Zache renmen ansèyman Jezi yo. Li regrèt dèske li te konn vòlè pèp la, e li pwomèt pou l remèt kòb li pa t gen dwa pran. Apre sa, li vin tounen yon disip Jezi. Se apati de lè sa a Jezi ak Zache te vin zanmi. — Lik 19:1-10.

Si nou suiv egzanp gran Anseyan an, èske n ap janm al wè moun ki pa zanmi nou? — Wi. Men, nou pa pral lakay yo paske nou renmen fason y ap viv la. E nou pa pral aji mal ansanm avèk yo. N apral wè yo pou nou ka pale avèk yo konsènan Bondye.

Men, pi bon zanmi nou, se moun sitou nou renmen pase tan ansanm avèk yo. Pou yo ka bonjan zanmi pou nou, yo dwe fè Bondye plezi. Genyen ki gendwa pa menm konnen kiyès Jewova ye. Men, si yo vle aprann konnen l, nou ka ede yo. E lè yo rive renmen Jewova menm jan avèk nou, lè sa a, nou ka vin bon zanmi yo.

Gen yon lòt fason ankò nou ka rann nou kont si yon moun ka yon bon zanmi pou nou. Gade pou w wè ki bagay moun sa a ap fè. Èske l ap aji mal ak moun epi apre sa l ap ri sa l sot fè a? Sa a pa bon, pa vre? — Èske li toujou ap mete tèt li nan pwoblèm? Nou pa ta renmen tonbe nan pwoblèm ansanm avè l, pa vre? — Oswa, èske li fè espre l ap aji mal, epi apre sa li panse li entèlijan paske yo pa kenbe l? Menmsi yo pa kenbe l, Bondye wè sa l te fè a, pa vre? — Èske w panse moun ki aji konsa ka yon bon zanmi pou nou? —

Tanpri, ouvri bib ou, epi annou wè sa li di konsènan fason moun n ap frekante enfliyanse lavi nou. Vèsè n ap li a se 1 Korentyen chapit 15, vèsè 33. Èske w jwenn li? — Men sa li di: “Pinga nou twonpe tèt nou. Move frekantasyon detwi abitid ki pwofitab.” Sa siyifi, si n ap frekante moun k ap aji mal, nou ka vin ap aji mal tou. E menm jan an tou, moun k ap aji byen ka ede nou pou nou vin gen bon abitid.

Pinga nou janm bliye moun ki pi enpòtan nan lavi nou se Jewova. Nou pa vle gate amitye nou avèk li, pa vre? — Donk, nou dwe fè atansyon pou nou fè zanmi sèlman ak moun ki renmen Bondye.

Nou wè enpòtans pou nou chwazi bon kalite zanmi, nan Sòm 119:115; Pwovèb 13:20; 2 Timote 2:22; ak nan 1 Jan 2:15.