Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 45

Ki sa Wayòm Bondye a ye? Kòman n ap montre nou vle li vini?

Ki sa Wayòm Bondye a ye? Kòman n ap montre nou vle li vini?

ÈSKE w konnen priyè Jezi te montre disip li yo fè a? — Si w pa konnen l, nou ka li l ansanm nan Bib la nan Matye 6:9-13. Priyè sa a, anpil moun rele Notrepè a, gen pawòl sa yo ladan l: “Se pou wayòm ou an vini.” Èske w konnen ki sa Wayòm Bondye a ye? —

Ebyen, yon wa se chèf yon peyi oswa yon zòn. E yo rele gouvènman l lan wayòm. Nan kèk peyi, moun ki pi enpòtan nan gouvènman an rele prezidan. Ki jan yo rele Chèf gouvènman Bondye a? — Yo rele l Wa. Se sa k fè yo rele gouvènman Bondye a Wayòm.

Èske w konn kiyès Jewova Dye chwazi pou vin Wa nan gouvènman l lan? — Se Pitit Gason l lan, Jezi Kris. Poukisa Jezi se pi bon chèf pase nenpòt chèf lèzòm ta ka chwazi? — Se paske Jezi renmen Papa l Jewova toutbon. Donk, li toujou fè sa ki dwat.

Byen lontan anvan Jezi te fèt Betleyèm, Bib la te pale de nesans li, e li te di se li Bondye chwazi pou vin Chèf. Annou li sa nan Izayi 9:6, 7. Men sa l di: “Gen yon timoun ki fèt pou nou, gen yon pitit gason yo ban nou, e dominasyon prens lan ap sou zepòl li. E yo pral rele non l [...] Prens lapè. Ni abondans dominasyon Prens lan, ni lapè pap janm fini.” — Se nou ki mete mo yo ann italik.

Èske w konnen poukisa yo rele chèf Wayòm Bondye a “Prens”? — Ebyen, yon prens se pitit gason yon wa. E Jezi se Pitit Gason Jewova, Gran Wa a. Men, Jewova fè Jezi vin Wa tou nan gouvènman L lan, ki pral domine tè a pandan mil an (Revelasyon 20:6). Apre Jezi fin batize, li te kòmanse ‘preche, li t ap di: “Se pou nou repanti paske wayòm syèl la vin pi pre.”’ — Matye 4:17.

Dapre ou menm, poukisa Jezi te di Wayòm nan vin pi pre? — Se paske Wa ki t ap gen pou domine nan syèl la te la ansanm avèk yo. Se poutèt sa Jezi te di moun yo: “Wayòm Bondye a nan mitan nou.” ​(Lik 17:21). Ou pa ta renmen pou Wa Jewova a tèlman pwòch avèk ou, ou ta ka menm touche l? —

Bon, di m non, ki travay enpòtan Jezi te vin fè sou tè a? — Jezi te reponn kesyon sa a. Li di: “Nan lòt vil yo tou, fòk mwen al anonse bon nouvèl wayòm Bondye a, paske se pou sa yo te voye m.” ​(Lik 4:43). Jezi te konnen li pa t ap ka fè tout travay predikasyon an poukont li. Donk, sa w panse l te fè? —

Ki travay Jezi te vin fè sou tè a?

Jezi mennen kèk moun ansanm avèk li, e li montre yo ki jan pou yo fè travay predikasyon an. Se 12 apot yo li te fòme an premye (Matye 10:5, 7). Men, èske se sèlman apot li yo li te fòme pou fè travay sa a? Non, paske Bib la di Jezi te fòme anpil lòt moun tou pou yo preche. Rive yon lè, li te voye 70 disip devan l de pa de. E ki sa yo te anseye moun yo? — Jezi di yo: “Kontinye di yo: ‘Wayòm Bondye a vin pre nou.’” ​(Lik 10:9). Konsa, moun yo te aprann konnen gouvènman Bondye a.

Sa gen lontan, ann Izrayèl, wa yo fèk nome yo te konn monte sou yon ti bourik pou yo parèt nan vil la devan moun yo. E se sa Jezi fè etan l ap vizite Jerizalèm yon dènye fwa. Se Jezi ki pral Chèf Wayòm Bondye a. Èske moun yo vle l pou Wa yo? —

Ebyen, pandan li sou ti bourik la, pifò moun nan foul la kòmanse ap etann rad yo sou wout la devan l. Gen lòt moun ki koupe branch bwa nan pyebwa yo e yo mete yo sou wout la. Sa montre yo vle pou se Jezi ki Wa yo. Yo rele byen fò: “Benediksyon pou Moun ki vini kòm Wa nan non Jewova a!” Men, se pa tout moun ki kontan. An reyalite, kèk chèf relijye menm rive di Jezi pou l ‘mande disip li yo pou yo pe bouch yo’. — Lik 19:28-40.

Poukisa anvan sa, moun yo te vle Jezi kòm Wa, epi apre sa, yo rejte l?

Senk jou apre, yo arete Jezi e yo mennen l nan yon palè pou l parèt devan gouvènè Pons Pilat. Ènmi Jezi yo fè konnen Jezi pretann li se yon wa e li kont gouvènman women an. Donk, Pilat poze Jezi kesyon sou sa. Jezi di li pap chèche pran pouvwa a. Li di Pilat: “Wayòm mwen an pa fè pati monn sa a.” — Jan 18:36.

Apre sa, Pilat fè yon soti epi li di pèp la li pa jwenn okenn fot lakay Jezi. Men, kounye a, moun yo pa vle Jezi kòm Wa yo. Yo pa vle pou yo lage l (Jan 18:37-40). Pilat pale yon lòt fwa avèk Jezi, e li vin gen asirans Jezi pa fè anyen ki mal. Donk, finalman, Pilat mennen Jezi deyò yon dènye fwa, apre sa, li di: “Gade! Wa nou an!” Men, pèp la tonbe rele: “Ale avè l! Ale avè l! Kloure l sou yon poto!”

Pilat mande: “Èske se pou m kloure wa nou an sou yon poto?” Prèt an chèf yo reponn: “Nou pa gen lòt wa apa Seza.” Ou rann ou kont? Prèt mechan sa yo reyisi fè moun yo vire kont Jezi! — Jan 19:1-16.

Jodi a, sitiyasyon an sanble ak sa ki te pase nan epòk sa a. Pifò moun pa vle Jezi kòm Wa. Yo gendwa di yo kwè nan Bondye, men, yo pa vle ni Bondye ni Kris di yo sa pou yo fè. Yo vle pwòp gouvènman pa yo isit sou tè a.

E nou menm? Lè nou tande pale de Wayòm Bondye a, e tout bèl bagay li pral reyalize, ki santiman sa fè nou genyen sou Bondye? — Nou vin renmen l, pa vre? — Donk, ki jan nou ka fè Bondye konnen nou renmen l e nou vle pou Wayòm li an dirije nou? —

Poukisa Jezi te batize, e ki jan Bondye te montre li apwouve batèm Jezi a?

Nou ka montre Bondye sa ki nan kè nou lè nou suiv egzanp Jezi. Èske w sonje ki sa Jezi te fè pou l pwouve li renmen Jewova? — Jezi te di: “Mwen toujou fè sa ki fè l plezi.” ​(Jan 8:29). Wi, Jezi te vin sou tè a ‘pou l fè volonte Bondye’ e ‘pou l fin fè travay li’. (Ebre 10:7; Jan 4:34.) Gade sa Jezi te fè anvan l te kòmanse travay predikasyon l lan.

Jezi desann al kot Jan Batis nan rivyè Jouden an. Apre yo fin antre nan dlo a, Jan plonje Jezi nèt anba dlo a, epi apre, li leve l sot anba dlo a. Èske w konnen poukisa Jan te batize Jezi? —

Nan ki okazyon nou ka pale ak moun konsènan Wayòm Bondye a?

Se Jezi ki te mande Jan pou l fè sa. Men, ki jan nou fè konnen Bondye te vle pou Jezi batize? — Se paske lè Jezi te soti nan dlo a, li te tande vwa Bondye ki sot nan syèl la ki di: “Ou se Pitit Gason m, byenneme a, mwen apwouve w.” Bondye te menm voye lespri sen l desann sou Jezi sou fòm yon pijon. Donk, lè Jezi te batize, li te montre li vle sèvi Jewova tout vi li, wi, pou toutan. — Mak 1:9-11.

Kounye a se timoun ou ye toujou. Men, ki sa w ap fè lè w vin pi gran? — Èske w ap fè menm jan ak Jezi, èske w ap batize? — Ou ta dwe imite l, paske Bib la di li kite “yon modèl pou nou, pou nou ka suiv tras li fidèlman”. (1 Pyè 2:21.) Lè w batize, se montre w ap montre ou vle pou Wayòm Bondye a dirije w toutbonvre. Men, batize sèlman pa sifi.

Nou dwe obeyi tout sa Jezi te anseye. Jezi te di nou pa dwe “fè pati monn nan”. Èske nou t ava montre nou obeyisan si nou ta kite koutim ak atitid monn nan detenn sou nou? Jezi ak apot li yo te bay bagay ki nan monn nan yon kanpe lwen (Jan 17:14). Ki sa yo te pito fè? — Yo te pito pale ak lòt moun konsènan Wayòm Bondye a. Se te travay ki te pi enpòtan nan lavi yo. Èske nou ka fè menm jan an tou? — Wi. E n ap fè sa si nou sensè nan sa n ap di lè n ap priye pou Wayòm Bondye a vini.

Tanpri, gade lòt vèsè sa yo ki di nou sa nou ka fè pou nou montre nou vle pou Wayòm Bondye a vini: Matye 6:24-33; 24:14; 1 Jan 2:15-17; ak 1 Jan 5:3.