Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 46

Yon monn te detwi anba dlo. Èske sa ap refèt ankò?

Yon monn te detwi anba dlo. Èske sa ap refèt ankò?

ÈSKE w janm tande pale de lafendimonn? — Vrèmanvre, jodi a anpil moun ap pale de sa. Gen moun ki panse monn nan ap fini nan yon gè kote y ap sèvi ak bonm nikleyè. Èske w panse Bondye ap janm kite lèzòm detwi bèl tè nou an? —

Jan nou te aprann sa, Bib la pale de lafendimonn. Men sa Bib la di: “Monn nan ap pase.” ​(1 Jan 2:17). Dapre ou menm, èske lafendimonn se pral lafen tè a? — Non, paske Bib la di Bondye te fè tè a “pou moun abite”, wi, pou moun viv e pou yo pran plezi yo sou li (Izayi 45:18). Sòm 37:29 di: “Moun ki jis yo pral posede tè a, e sou li, y ap rete pou toutan.” Se pou rezon sa a tou Bib la fè konnen tè a ap rete pou toutan. — Sòm 104:5; Eklezyas 1:4.

Donk, si lafendimonn pa vle di lafen tè a, ki sa l vle di? — Nou ka jwenn repons lan lè nou egzamine sa k te pase nan epòk Noye a. Selon sa Bib la esplike, “monn nan epòk sa a te detwi lè delij dlo a te kouvri l”. — 2 Pyè 3:6.

Èske te gen moun ki te chape nan lafendimonn ki te rive pandan delij oswa gwo inondasyon ki te fèt nan epòk Noye a? — Bib la di Bondye “te prezève lavi Noye, yon nonm ki t ap preche sa ki jis, ansanm ak sèt lòt moun, lè l te fè yon delij vini sou yon monn ki chaje ak moun ki pa gen respè pou Bondye”. — 2 Pyè 2:5.

Ki monn ki te detwi nan epòk Noye a?

Men, ki monn sa a ki te detwi a? Èske se te tè a, oswa èske se te moun mechan yo? — Bib la di se te “moun ki pa gen respè pou Bondye” yo. E n ap note yo rele Noye “yon nonm ki t ap preche”. Dapre ou menm, ki sa li t ap preche? — Noye t ap avèti moun yo konsènan lafen “monn nan epòk sa a”.

Lè Jezi te pale de delij la, li te di disip li yo ki sa moun yo t ap fè yon tikras tan anvan lafen an te vini. Men sa l te di yo: “Nan jou sa yo anvan delij la, [moun] yo t ap manje yo t ap bwè, mesye yo t ap marye e yo t ap marye medam yo, jiskaske jou pou Noye antre nan lach la rive, e yo pa t remake anyen jiskaske delij la vini e l pote yo tout ale.” Apre sa, Jezi fè konnen moun k ap viv kounye a t ap aji menm jan an tou anvan monn sa a fini. — Matye 24:37-39.

Pawòl Jezi yo montre nou gen leson nou ka pran nan sa moun yo t ap fè anvan delij la. Nan lekti w te fè nan chapit 10 liv sa a, èske w sonje sa moun sa yo t ap fè? — Gen moun ki te sovaj e ki t ap fè vyolans. Men, selon sa Jezi di, gen anpil lòt moun ki te annik pa koute lè Bondye te voye Noye preche yo.

Finalman, jou a rive kote Jewova di Noye l ap sèvi ak yon delij pou l detwi moun mechan yo. Dlo a ta gen pou kouvri tout tè a, menm mòn yo. Jewova di Noye pou l bati yon gwo lach. Se te tankou yon gwo bwat, yon bwat ki long, ou ta ka di yon kòf, jan w wè sa lè w gade imaj ki nan paj 238 la.

Bondye di Noye pou l fè lach la ase gwo pou l ka kenbe ni li menm ni fanmi l ak anpil bèt an sekirite. Noye ak fanmi l travay anpil anpil. Yo koupe gwo pyebwa, e ak bwa sa yo, yo kòmanse bati lach la. Kòm lach la te gwo anpil, sa pran yo anpil anpil ane.

Èske w sonje ki lòt bagay Noye t ap fè pandan tout ane li t ap bati lach la? — Li t ap preche, li t ap avèti pèp la konsènan delij ki t ap vini an. Èske gen nan moun sa yo ki te koute? Yo youn pa t koute, eksepte fanmi Noye. Rès moun yo te twò okipe nan aktivite yo. Èske w sonje ki sa Jezi te di yo t ap fè? — Yo t ap manje, yo t ap bwè, yo t ap marye. Yo pa t panse yo te pi mechan pase sa, e yo pa t pran yon ti tan pou yo koute Noye. Donk, ann gade sa k te rive yo.

Apre Noye ak fanmi li fin antre nan lach la, Jewova fèmen pòt la. Moun yo pa deyò lach la te toujou pa t kwè delij la t ap vini. Men, bridsoukou, dlo kòmanse tonbe sot nan syèl la! Se pa t nenpot lapli. Se te yon gwo gwo lapli! Yon ti moman, dlo a te vin fòme gwo rivyè k ap fè anpil bri, k ap lage gwo pyebwa atè e k ap woule gwo wòch tankou se ti wòch piti yo te ye. E moun ki te deyò lach la menm, sa k te rive yo? — Jezi di: “Delij la vini e l pote yo tout ale.” Tout moun ki te pa deyò lach la te mouri. Poukisa? Tankou Jezi te di sa, “yo pa t remake anyen”, yo pa t koute! — Matye 24:39; Jenèz 6:5-7.

Poukisa nou pa dwe ap chèche pran plezi nou sèlman?

Kounye a, pa bliye, Jezi te di sa k te rive moun sa yo se yon leson pou nou jodi a. Ki leson nou ka aprann? — Ebyen, moun yo te detwi, non sèlman paske yo te mechan, men tou paske yo te twò okipe pou yo pran tan pou yo aprann konnen Bondye ak pwogram li genyen. Nou dwe fè atansyon pou nou pa sanble avèk yo, pa vre? —

Èske w panse Bondye pral detwi monn nan ankò nan yon delij? — Non. Bondye pwomèt li pap fè sa ankò. Men sa li di: “Mwen mete lakansyèl mwen nan nyaj la, e li dwe sèvi kòm siy.” Jewova di lakansyèl la t ap yon siy ki montre “dlo yo pap janm tounen yon delij ankò pou detwi tout chè”. — Jenèz 9:11-17.

Donk, nou mèt sèten Bondye pap janm sèvi ak yon delij pou l detwi monn nan ankò. Epoutan, jan nou te wè sa, Bib la pale de lafendimonn toutbonvre. Lè Bondye ap detwi monn sa a, kiyès l ap sove? — Èske se moun ki te tèlman enterese nan lòt aktivite, sa te fè yo pa t janm vle aprann konnen Bondye? Èske se moun ki te toujou twò okipe, yo pa t gen tan pou yo etidye Labib? Sa w panse? —

Nou ta renmen pami moun Bondye ap sove yo, pa vre? — Ou pa panse sa t ap bèl si fanmi nou ta sanble ak fanmi Noye, yon fason pou Bondye sove nou tout? — Si nou vle chape anba destriksyon monn nan, nou bezwen konprann ki jan Bondye pral detwi monn sa a pou l vini ak monn nouvo jis la. Annou wè ki jan l ap fè sa.

Bib la ban nou repons lan nan Danyèl chapit 2 vèsè 44. Se konsènan epòk nou an vèsè sa a ap pale lè l di: “Nan jou wa sa yo, Bondye nan syèl la ap tabli yon wayòm [oswa yon gouvènman] ki pap janm kraze. E yo pap pase wayòm nan bay okenn lòt pèp. Li pral krabinen tout wayòm sa yo, e l ap fini ak yo, epi li menm l ap la pou tan endefini.”

Ou konprann sa? — Bib la di gouvènman Bondye a pral detwi tout gouvènman lèzòm yo. Poukisa? — Se paske yo pa obeyi Moun Bondye nome kòm Wa a. Kiyès sa a? — Wi, se Jezi Kris!

Jezi Kris, Wa Bondye chwazi a, pral detwi monn sa a nan Amagedòn.

Jewova Dye gen dwa pou l deside ki kalite gouvènman ki dwe dirije tè a, e li chwazi Pitit Gason l lan, Jezi, kòm Wa. Talè konsa, Chèf Bondye chwazi a, Jezi Kris, pral pran latèt pou l detwi tout gouvènman ki nan monn sa a. Nan Revelasyon chapit 19 vèsè 11 a 16, Bib la pale de li antanke moun k ap fè travay destriksyon sa a, jan nou wè sa nan imaj la. Nan Bib la, lagè Bondye pral fè pou l detwi tout gouvènman yo, yo rele l Amagedòn.

Kounye a, Bondye di Wayòm li an pral detwi gouvènman lèzòm yo. Men, èske li di nou pou nou patisipe nan detwi gouvènman sa yo? — Non. Nan Bib la, Amagedòn se “lagè k ap fèt nan gran jou Bondye ki Toupisan an”. (Revelasyon 16:14, 16.) Wi, Amagedòn se lagè Bondye, e Bondye sèvi ak Jezi Kris pou dirije lame selès yo nan batay sa a. Èske lagè Amagedòn nan toupre rive? Ann al gade pou n wè.

Annou li ansanm kèk vèsè ki pale de epòk kote Bondye ap elimine tout mechan yo e kote l ap sove moun k ap sèvi l yo. N ap li Pwovèb 2:21, 22; Izayi 26:20, 21; Jeremi 25:31-33; ak Matye 24:21, 22.