Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 47

Ki jan nou fè konnen Amagedòn toupre?

Ki jan nou fè konnen Amagedòn toupre?

OU KONN ki sa yon siy ye, pa vre? — Nan chapit 46 la, nou te aprann Bondye bay yon siy pou l montre li pap janm detwi monn nan ak yon delij ankò. Te gen yon lè tou, apot yo te mande yon siy ki t ap pèmèt yo konnen ki lè Jezi t ap retounen e ki lè lafendimonn, oswa lafen sistèm de choz la, t ap toupre. — Matye 24:3.

Piske Jezi t ap envizib nan syèl la, li te vin nesesè pou gen yon siy ki montre li te kòmanse reye. Donk, Jezi pale de yon seri bagay disip li yo ta dwe ap siveye sou tè a. Lè bagay sa yo ta rive, sa ta vle di li retounen e li kòmanse reye kòm Wa nan syèl la.

Pou Jezi anseye disip li yo enpòtans pou yo rete ap veye, li di yo: “Gade pye fig frans lan ak tout lòt pyebwa yo: Depi nou wè yo kòmanse fè boujon, nou konnen poukont nou kounye a sezon ete a toupre.” Nou konnen ki lè ete a tou pre rive. Ou ka konnen Amagedòn prèske rive lè w wè bagay Jezi te pale yo ap rive vre. — Lik 21:29, 30.

Ki leson Jezi t ap anseye lè l te pale konsènan pye fig frans lan?

Annou fè yon koudèy nan foto nou jwenn nan paj sa a e nan paj ki vin apre a. Foto sa yo montre bagay Jezi te di ki t ap fè pati siy ki bay prèv Wayòm Bondye a toupre. Lè tout bagay sa yo rive, Wayòm Bondye a, Wayòm Kris ap dirije a, pral kraze tout lòt gouvènman yo, jan nou te li sa nan chapit 46 la.

Byen gade foto ki nan de paj anvan yo, nou pral fè yon ti pale sou yo. Nan Matye 24:6-14, e nan Lik 21:9-11, ou ka li pawòl ki konsène foto sa yo. Epitou, gade ti nimewo ki nan chak foto yo. Nou jwenn menm nimewo a nan kòmansman paragraf ki bay esplikasyon sou foto a. Kounye a, annou wè si tout pati siy Jezi te bay la ap akonpli jodi a.

1) Jezi te di: “Nou pral tande pale de lagè ak nouvèl lagè. [...] Nasyon ap leve kont nasyon, e wayòm kont wayòm.” Èske w konn tande pale de lagè? — Premye Gè mondyal la te fèt nan ane 1914 pou rive 1918. Apre sa, te vin gen Dezyèm Gè mondyal la, ki te fèt soti nan ane 1939 pou rive nan ane 1945. Anvan sa, pa t janm gen gè mondyal! Kounye a, gen gè k ap fèt nan lemonnantye. W a di chak jou, kit se nan televizyon, nan radyo oswa sou jounal, nou tande pale de lagè, oswa nou li kèk bagay sou sa.

2) Yon lòt bò, Jezi te di: “Pral gen rate manje [...] nan yon zòn apre yon lòt.” Tankou w konnen, se pa tout moun ki gen ase manje pou yo manje. Chak jou, plizyè milye moun mouri paske yo pa manje ase.

3) Jezi ajoute: “Nan yon zòn apre yon lòt, pral gen epidemi mòtèl.” Èske w konn ki sa yon epidemi mòtèl ye? — Se yon maladi ki touye anpil moun. Te gen yon gwo epidemi mòtèl yo rele grip espayòl, ki te touye anviwon 20 milyon moun nan apeprè ennan. Jodi a, sanble plis moun toujou pral mouri anba maladi sida, san konte kansè, maladi kè, ak lòt maladi k ap touye plizyè milye moun chak ane.

4) Jezi te bay yon lòt aspè nan siy lan. Li di: ‘Pral gen tranblemanntè nan yon zòn apre yon lòt.’ Èske w konnen ki sa yon tranblemanntè ye? — Lè gen tranblemanntè, tè a souke anba pye w, kay yo vide atè, e byen souvan moun mouri. Depi ane 1914, gen anpil tranblemanntè ki fèt chak ane. Èske w konn tande pale de tranblemanntè? —

5) Jezi te pale de yon lòt aspè siy lan. Li te di ‘t ap vin gen plis mechanste chak jou’. Se sa k fè gen tout vòl ak tout vyolans sa yo k ap fèt. Tout kote, moun yo pè pou yo pa kase kay yo. Pa t janm gen tout krim ak tout vyolans sa yo toupatou nan monn nan tankou jan sa ye kounye a.

6) Jezi te bay yon pati nan siy lan ki trèzenpòtan, lè l di: “Bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan, yo pral preche l sou tout latè ki abite kòm temwayaj pou tout nasyon. Epi apre sa lafen an ap vini.” ​(Matye 24:14). Donk si w kwè nan “bon nouvèl” sa a, ou ta dwe pale de li ak lòt moun. Konsa, w ap patisipe nan akonplisman pati sa a nan siy lan.

Gen moun ki gendwa di bagay Jezi te predi yo te toujou konn rive. Men, anvan sa, tout bagay sa yo pa t janm rive yon pakèt kote konsa nan monn nan ni yo pa t konn fèt anmenmtan. Donk, èske w konprann sa siy nan vle di? — Li vle di, depi nou wè tout bagay sa yo ap rive, talè konsa, monn nouvo Bondye a pral ranplase monn mechan sa a.

Lè Jezi te bay siy sa a, li te pale tou konsènan yon sezon espesyal nan ane a. Li di: ‘Kontinye priye pou kouri nou an pa fèt ann ivè.’ ​(Matye 24:20). Dapre ou menm, ki sa l te vle di la a? —

Ebyen, si yon moun oblije kouri pou yon katastwòf ann ivè, yon moman kote li difisil oswa li danjere pou yon moun vwayaje akoz tan an, ki sa k ka rive? — Si pou moun sa a chape, se anba gwo difikilte. Èske sa pa t ap byen regretab pou yon moun mouri nan yon move tan jis paske li te twò okipe ap regle lòt bagay, e sa te fè l pa t kòmanse vwayaj li a pi bonè? —

Lè Jezi te pale konsènan moun k ap eseye chape pandan ivè a, ki leson li te anseye?

Èske w konprann kote Jezi te vle rive lè l te di pou yon moun pa ret tann ivè pou l kouri? — Li te vle di nou, piske nou konnen Amagedòn tou pre, nou dwe aji vit pou nou sèvi Bondye, konsa n ap montre nou renmen l. Si n ap ranvwaye sa nou gen pou nou fè, lè nou va deside sèvi Jewova a, li ka gentan twò ta. Konsa, nou t ap vin menm jan ak moun ki t ap viv nan epòk delij la. Yo te tande avètisman Noye t ap bay la, men, yo pa t antre anndan lach la.

Kounye la a, annou pale konsènan jan sa pral ye lè lagè Amagedòn nan fini. N ap gen pou n konnen sa Bondye sere pou nou tout ki renmen l e k ap sèvi l depi kounye a.

Men lòt vèsè ankò ki montre Amagedòn toupre: 2 Timote 3:1-5; ak 2 Pyè 3:3, 4.