Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT TWA

Ki objektif Bondye gen pou tè a?

Ki objektif Bondye gen pou tè a?
  • Ki objektif Bondye gen pou limanite?

  • Ki jan Bondye vin jwenn opozisyon?

  • Ki jan lavi sou tè a pral ye alavni?

1. Ki objektif Bondye gen pou tè a?

OBJEKTIF Bondye gen pou tè a vrèman mayifik. Jewova vle pou tè a plen ak moun ki gen kè kontan, ki an sante. Bib la di Bondye “te plante yon jaden ann Edenn”, e ladan l, li “te fè pouse [...] tout kalite pyebwa ki atiran nan je moun e ki bon pou moun manje”. Apre Bondye te fin kreye Adan ak Èv, premye gason an ak premye fi a, Li te mete yo nan yon andwa ki trè bèl, e li di yo: “Fè pitit, e vin anpil, ranpli tè a, e domine sou li.” ​(Jenèz 1:28; 2:8, 9, 15). Konsa, se te objektif Bondye pou moun fè pitit, pou yo etann fwontyè jaden sa a sou tout tè a, e pou yo pran swen bèt yo.

2. a) Ki jan nou fè konnen objektif Bondye gen pou tè a ap reyalize? b) Ki sa Bib la di konsènan kesyon pou lèzòm viv pou toutan an?

2 Èske w kwè objektif Jewova Dye pou moun viv nan yon paradi terès ap janm reyalize? Bondye deklare: “Mwen di l, [...] m ap fè l rive tou.” ​(Izayi 46:9-11; 55:11). Wi, sa Bondye deside a, l ap fè l san mank! Li di, li “pa t kreye [tè a] tou senpleman pou granmesi”, men li “te ba l fòm pou moun abite”. (Izayi 45:18.) Ki kalite moun Bondye te vle ki pou viv sou tè a? E pou konbyen tan li te vle yo viv sou li? Men repons Bib la bay: “Moun ki jis yo pral posede tè a, e sou li, y ap rete pou toutan.— Sòm 37:29; Revelasyon 21:3, 4.

3. Ki sitiyasyon deplorab ki egziste jodi a sou tè a, e ki kesyon sa soulve?

3 Li klè sa poko fèt. Pou lemoman, moun malad, moun mouri, moun ap goumen youn ak lòt, e youn ap touye lòt. Gen yon bagay ki pa t mache. Sepandan, nou mèt sèten Bondye pa t planifye pou tè a vin jan nou wè l jodi a! Ki sa k te pase? Poukisa objektif Bondye a pa t reyalize? Pa gen okenn liv istwa lèzòm ekri ki ka ban nou repons lan, paske pwoblèm yo te kòmanse nan syèl la.

YON ÈNMI VIN PARÈT

4, 5. a) Kiyès ki te sèvi ak yon sèpan pou l pale ak Èv? b) Kòman yon moun ki te gen bon prensip, ki te onèt, ka tounen yon vòlè?

4 Premye liv nan Bib la pale de yon opozan, ki kont Bondye, ki te parèt nan jaden Edenn nan. Yo dekri l kòm “sèpan an”, men, se pa t yon senp bèt li te ye. Dènye liv nan Bib la idantifye l kòm sila “yo rele Dyab la oswa Satan an, li menm k ap twonpe tout latè ki abite”. Yo rele l tou “sèpan ki te la o kòmansman an”. (Jenèz 3:1; Revelasyon 12:9.) Zanj pisan sa a, oswa kreyati espirityèl envizib sa a, te sèvi ak yon sèpan pou l pale ak Èv, menm jan yon moun ki gen ladrès ka bay enpresyon vwa l soti nan yon poupe oswa nan yon maryonèt ki toupre. Sandout, espri sa a te la lè Bondye t ap prepare tè a pou lèzòm. — Jòb 38:4, 7.

5 Men, piske tout kreyasyon Jewova yo san defo, kiyès ki te fè “Dyab” sa a, “Satan” sa a? Yon fason senp, nou ka di, youn nan pitit espirityèl Bondye yo te fè tèt li tounen Dyab. Kòman sa te fè posib? Ebyen, jodi a, yon moun gendwa te gen bon prensip, li gendwa te onèt, epi li tounen yon vòlè. Kòman sa ka rive? Petèt moun nan kite yon move dezi jèmen nan kè l. Si l kontinye ap reflechi sou sa, move dezi sa a ka vin trè pisan. E kou okazyon an prezante, move dezi li te gen nan panse l la ka pouse l aji. — Jak 1:13-15.

6. Ki jan yon pitit espirityèl Bondye te fè tounen Satan Ledyab?

6 Se sa k te rive nan ka Satan Ledyab. Aparamman, li te tande Bondye ki t ap di Adan ak Èv pou yo fè pitit e pou yo ranpli tè a ak desandan yo (Jenèz 1:27, 28). Sandout, men ki refleksyon Satan te fè: ‘Tout moun sa yo ta ka adore m olye pou yo adore Bondye!’ Konsa, yon move dezi te kòmanse jèmen nan kè l. Finalman, li aji pou l twonpe Èv: li ba l manti sou Bondye (Jenèz 3:1-5). Donk, li vin yon “Dyab”, ki vle di “medizan”. Anmenmtan, li vin “Satan”, ki vle di “opozan”.

7. a) Poukisa Adan ak Èv mouri? b) Poukisa tout desandan Adan yo vyeyi e yo mouri?

7 Satan Ledyab te sèvi ak manti ak trik, pou l fè Adan ak Èv dezobeyi Bondye (Jenèz 2:17; 3:6). Kòm rezilta, finalman, yo mouri, e sa te tonbe daplon ak sa Bondye te di ki t ap rive yo si yo ta dezobeyi (Jenèz 3:17-19). Piske Adan te vin enpafè lè l te peche, tout desandan l yo eritye peche a nan li (Women 5:12). Nou ka konpare sitiyasyon an ak yon moul yo konn sèvi pou fè pen. Si moul la kolboso, ki sa k ap pase chak pen ki fèt nan moul sa a? Chak pen ap soti ak menm mak kolboso a, ak menm defo a. Menm jan an tou, chak moun eritye yon “mak kolboso” li pran nan enpèfeksyon Adan an. Se poutèt sa, tout moun vyeyi e tout moun mouri. — Women 3:23.

8, 9. a) Aparamman, ki akizasyon Satan te lanse? b) Poukisa Bondye pa t detwi rebèl yo tousuit?

8 Lè Satan te pouse Adan ak Èv peche kont Bondye, an reyalite, se yon rebelyon li t ap manniganse. Li t ap konteste fason Jewova t ap dirije. Anfèt, Satan t ap di: ‘Bondye se yon move dirijan. L ap bay manti e li pa kite moun l ap dirije yo jwenn bagay k ap bon pou yo. Lèzòm pa bezwen Bondye pou dirije yo. Yo ka deside poukont yo sa ki byen ak sa ki mal. Epitou, y ap pi byen anba dominasyon m.’ Ki jan Bondye t ap reyaji devan yon akizasyon derespektan konsa? Gen moun ki panse Bondye te dwe annik touye rebèl yo. Men, èske sa t ap yon repons pou akizasyon Satan an? Èske sa t ap pwouve fason Bondye ap dirije a kòrèk?

9 Sans jistis pafè Jewova genyen an pa t ap pèmèt li detwi rebèl yo tousuit. Li te wè li t ap bezwen tan pou l reponn akizasyon Satan an yon fason ki bay satisfaksyon, e pou l pwouve Dyab la se yon mantè. Donk, Bondye deside pèmèt lèzòm dirije tèt yo pandan kèk tan anba enfliyans Satan. Nan chapit 11 liv sa a, n ap wè poukisa Jewova te aji konsa e poukisa li te kite tout tan sa a pase anvan li rezoud pwoblèm sa yo. Men, kounye a, nou ta dwe poze tèt nou kesyon sa a: Èske Adan ak Èv te gen rezon kwè Satan ki potko fè anyen ki bon pou yo? Èske se te byen pou yo te met nan tèt yo, Jewova ki te ba yo tout sa yo genyen se yon mantè ki san pitye? Si se te ou, ki sa w t ap fè?

10. Ki jan ou ka pran pozisyon pou Jewova fas ak akizasyon Satan an?

10 Li bon pou nou reflechi sou kesyon sa yo paske nou chak n ap fè fas ak kesyon konsa jodi a. Wi, ou gen posiblite pran pozisyon pou Jewova fas ak akizasyon Satan an. Ou ka aksepte Jewova kòm Dirijan w e konsa, ou ka bay patisipasyon pa w nan montre Satan se yon mantè (Sòm 73:28; Pwovèb 27:11). Malerezman, pami plizyè milya moun ki nan monn nan, se sèlman kèk ladan yo ki fè chwa sa a. Sa soulve yon kesyon ki enpòtan: Èske Labib anseye toutbon se Satan k ap dirije monn sa a?

KIYÈS K AP DIRIJE MONN SA A?

Ki jan Satan ta fè ofri Jezi tout wayòm ki nan monn nan si yo pa t pou li?

11, 12. a) Ki jan yon tantasyon Jezi te sibi revele se Satan ki chèf monn sa a? b) Ki lòt prèv ki montre se Satan ki chèf monn sa a?

11 Jezi pa t janm doute se Satan ki chèf monn sa a. Yon lè, pa mwayen yon sòt de mirak, Satan montre Jezi “tout wayòm monn nan ak glwa yo genyen”, e li fè Jezi pwomès sa a: “Tout bagay sa yo, m ap ba ou yo si w tonbe devan m epi ou fè yon jès adorasyon pou mwen.” ​(Matye 4:8, 9; Lik 4:5, 6). Fè yon ti reflechi: Èske òf sa a t ap yon tantasyon pou Jezi si Satan pa t chèf wayòm sa yo? Jezi pa t nye tout gouvènman sa yo ki nan monn nan se pou Satan yo ye. Se sèten li t ap fè konn sa si Satan se pa t pisans ki dèyè yo a.

12 Natirèlman, Jewova se Bondye Toupisan li ye, li se Kreyatè linivè a ki se yon mèvèy (Revelasyon 4:11). Epoutan, pa gen okenn kote nan Bib la yo di swa Jewova Dye, swa Jezi Kris se chèf monn sa a. Anfèt, Jezi te pale dirèkteman de Satan kòm “chèf monn nan”. (Jan 12:31; 14:30; 16:11.) Bib la menm pale de Satan Ledyab kòm “dye sistèm de choz sa a”. (2 Korentyen 4:3, 4.) Konsènan opozan sa a, Satan, men ki sa apot Jan, yon kretyen, te ekri: “Lemonnantye anba pouvwa mechan an.” — 1 Jan 5:19.

FASON MONN SATAN AN PRAL DISPARÈT

13. Poukisa yon monn nouvo nesesè?

13 Chak ane ki pase, monn nan ap vin pi danjere. Li chaje ak lame k ap fè lagè, politisyen malonèt, chèf relijye ipokrit ak gwo kriminèl. Globalman, monn nan san remèd. Bib la fè konnen moman an toupre rive kote Bondye pral elimine monn mechan an nan lagè Amagedòn nan. Konsa, yon monn nouvo jis pral ranplase monn sa a. — Revelasyon 16:14-16.

14. Kiyès Bondye te chwazi pou vin Dirijan nan Wayòm Li an, e ki jan yo te predi sa?

14 Jewova Dye te chwazi Jezi Kris kòm Dirijan Wayòm selès Li a, sa vle di gouvènman selès Li a. Sa gen lontan, Bib la te predi: “Gen yon timoun ki fèt pou nou, gen yon pitit gason yo ban nou, e gouvènman an pral sou zepòl li. E yo pral rele non l [...] Prens lapè. Nan ekstansyon gouvènman l lan e nan lapè, pap gen fen.” ​(Izayi 9:6, 7, Labib wa Jak, ann anglè). Konsènan gouvènman sa a, Jezi te montre disip li yo pou yo priye konsa: “Se pou wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a, kou nan syèl la.” ​(Matye 6:10). Tankou nou pral wè sa pi devan nan liv sa a, Wayòm Bondye a pral efase tout gouvènman ki nan monn sa a, e li pral ranplase yo tout (Danyèl 2:44). Apre sa, Wayòm Bondye a pral tabli yon paradi terès.

YON MONN NOUVO TOUPRE!

15. Ki sa “tè tounèf” la ye?

15 Bib la ban nou asirans sa a: “N ap tann, selon pwomès [Bondye], syèl tounèf ak yon tè tounèf kote jistis ap abite.” ​(2 Pyè 3:13; Izayi 65:17). Pafwa, lè Bib la pale de “tè a”, li vle pale de moun k ap viv sou tè a (Jenèz 11:1). Donk, “tè tounèf” ki jis la, se yon sosyete ki fòme ak moun Bondye apwouve.

16. Ki kado ki gen anpil valè Bondye ap bay moun li apwouve yo, e ki sa nou dwe fè pou nou resevwa kado sa a?

16 Jezi te pwomèt nan monn nouvo k ap vini an, moun Bondye apwouve yo pral resevwa “lavi etènèl” kòm kado (Mak 10:30). Tanpri, ouvri bib ou nan Jan 3:16 ak nan Jan 17:3, epi li sa Jezi te di nou dwe fè pou nou jwenn lavi etènèl. Kounye a, ann sèvi ak Bib la pou nou reflechi sou benediksyon k ap tann moun ki kalifye pou yo resevwa bèl kado Bondye pral bay nan Paradi terès la.

17, 18. Ki jan nou ka sèten lapè ak sekirite pral blayi tout kote sou tè a?

17 Mechanste, lagè, krim ak vyolans ap disparèt. “Mechan an pap la ankò. [...] Men moun ki enb yo yo menm, yo pral posede tè a.” ​(Sòm 37:10, 11). Lapè pral egziste paske ‘Bondye pral fè lagè sispann jis nan dènye bout tè a’. (Sòm 46:9; Izayi 2:4.) Lè sa a, “moun ki jis la pral boujonnen, epi ap gen abondans lapè jiskaske lalin nan pa la ankò”, sa vle di pou toutan! — Sòm 72:7.

18 Adoratè Jewova yo pral viv an sekirite. Toutotan pèp Izrayèl nan tan lontan an te konn obeyi Bondye, yo te konn viv an sekirite (Levitik 25:18, 19). Ala bèl sa ap bèl pou nou viv an sekirite menm jan an nan Paradi a! — Izayi 32:18; Mika 4:4.

19. Ki jan nou fè konnen pral gen anpil manje nan monn nouvo Bondye a?

19 Pap gen rate manje ankò. “Pral gen anpil manje angren sou tè a,” se sa salmis la te chante. “Sou tout tèt mòn se pral abondans.” ​(Sòm 72:16). Jewova Dye pral beni jis li yo, e “se sèten, tè a pral pwodui”. — Sòm 67:6.

20. Poukisa nou mèt sèten tout tè a pral tounen yon paradi?

20 Tout tè a pral tounen yon paradi. Pral gen bèl kay e yo pral fè bèl jaden sou tè lèzòm pechè te fin depafini an (Izayi 65:21-24; Revelasyon 11:18). Ofiramezi tan ap pase, yo pral etann pati nan tè a yo deja soumèt yo, jiskaske tout glòb tè a nèt vin bèl e vin bay rannman tankou jaden Edenn nan. E Bondye pap manke pa ‘ouvri men l epi li satisfè dezi tout kreyati vivan’. — Sòm 145:16.

21. Ki sa ki montre moun ak bèt pral viv anpè?

21 Moun ak bèt pral viv anpè. Bèt nan bwa ak bèt ki viv ak moun pral manje ansanm. Menm yon timoun piti pap pè bèt ki danjere kounye a. — Izayi 11:6-9; 65:25.

22. Konsènan maladi, ki sa k pral rive?

22 Maladi pral disparèt. Antanke Dirijan Wayòm selès Bondye a, Jezi pral fè plis gerizon lontan pase sa l te fè lè l te sou tè a (Matye 9:35; Mak 1:40-42; Jan 5:5-9). Lè sa a, “pa gen moun ki abite la k ap di: ‘Mwen malad.’” — Izayi 33:24; 35:5, 6.

23. Poukisa rezirèksyon an pral fè kè nou kontan?

23 Moun pa nou yo ki te mouri pral rejwenn lavi avèk posiblite pou yo pa janm mouri ankò. Tout moun ki dòmi nan lanmò e ki nan memwa Bondye pral retounen viv ankò. Anfèt, “pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis ni pou moun ki enjis”. — Travay 24:15; Jan 5:28, 29.

24. Ki jan w santi w dèske w gen posiblite viv nan Paradi sou tè a?

24 Ala yon bèl avni k ap tann moun ki chwazi pou yo aprann konnen Gran Kreyatè nou an Jewova Dye, e ki chwazi pou yo sèvi l! Lè Jezi te pwomèt malfektè ki te mouri bò kote l la ‘l ap avèk li nan Paradi a’, se sou Paradi ki pral sou tè a li t ap atire atansyon l (Lik 23:43). Li esansyèl pou nou aprann konnen Jezi Kris pi plis toujou, piske se pa mwayen li menm tout benediksyon sa yo ap posib.