Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT SENK

Ranson an: pi gwo kado Bondye bay

Ranson an: pi gwo kado Bondye bay
  • Ki sa ranson an ye?

  • Ki jan yo te bay li?

  • Ki byenfè li ka fè w jwenn?

  • Ki jan w ka montre ou gen rekonesans pou li?

1, 2. a) Ki lè yon kado gen anpil valè pou ou pèsonèlman? b) Poukisa nou ka di ranson an se kado ki gen plis valè ou te ka resevwa?

KI PI gwo kado ou te janm resevwa? Yon kado pa bezwen chè pou l gen enpòtans. Anfèt, se pa fòseman kantite lajan yon kado koute ki fè w konn vrè valè l. Okontrè, lè yon kado fè kè w kontan oswa li konble yon bezwen ou genyen toutbon nan lavi w, li gen anpil valè pou ou pèsonèlman.

2 Pami tout kado ou ka espere resevwa, gen youn ki depase tout lòt yo. Se yon kado Bondye bay limanite. Jewova ban nou anpil bagay, men pi gwo kado li ban nou se sakrifis ranson Pitit Gason l lan, Jezi Kris (Matye 20:28). Jan nou pral wè sa nan chapit sa a, ranson an se kado ki gen plis valè ou te ka resevwa, paske li ka fè w jwenn yon jwa ki estrawòdinè e li ka konble bezwen w genyen ki pi enpòtan yo. Vrèmanvre, ranson an se pi gwo demonstrasyon lanmou Jewova gen pou nou.

KI SA RANSON AN YE?

3. Ki sa ranson an ye, e ki sa nou bezwen konprann pou nou ka apresye valè kado sa a?

3 Yon fason senp, nou ka di ranson an se mwayen Jewova itilize pou l delivre limanite, pou l sove l anba peche ak lanmò (Efezyen 1:7). Pou nou byen konprann sans ansèyman biblik sa a, nou bezwen reflechi sou sa k te pase nan jaden Edenn nan. Se sèlman si nou konprann sa Adan te pèdi lè l te peche a, n ap ka konprann rezon ki fè ranson an se yon kado ki sitèlman gen valè pou nou.

4. Ki sa lavi antanke moun pafè te vle di pou Adan?

4 Lè Jewova te kreye Adan, li te ba li yon bagay ki vrèman gen anpil valè: lavi antanke moun pafè. Reflechi sou sa sa te vle di pou Adan. Piske li te fèt ak yon kò pafè e ak yon espri pafè, li pa t ap janm malad, li pa t ap janm vyeyi, li pa t ap janm mouri. Antanke yon moun ki pafè, li te gen yon relasyon espesyal avèk Jewova. Bib la di Adan se te yon “pitit gason Bondye”. (Lik 3:38.) Donk, Adan te gen yon relasyon sere sere avèk Jewova Dye, tankou relasyon yon pitit gason ak yon papa ki renmen l. Jewova te kominike avèk Adan, pitit gason terès li a, li te ba l fè travay ki bay satisfaksyon, e li te fè l konnen sa li te atann de li. — Jenèz 1:28-30; 2:16, 17.

5. Ki sa Bib la vle di lè l di Adan te fèt “pòtre ak Bondye”?

5 Adan te fèt “pòtre ak Bondye”. (Jenèz 1:27.) Sa pa t vle di Adan te sanble ak Bondye fizikman. Jan nou te aprann sa nan chapit 1 nan liv sa a, Jewova se yon espri ki envizib (Jan 4:24). Donk, Jewova pa gen yon kò ki gen chè ak san. Men nan ki sans Adan te fèt pòtre ak Bondye: li te kreye avèk yon seri kalite tankou pa Bondye yo, sa gen ladan l lanmou, sajès, jistis ak pisans. Yon lòt fason ki enpòtan Adan te tankou Papa l, sèke li te gen libète pou l deside. Konsa, Adan pa t tankou yon machin ki ka fè sèlman sa yo pwograme l pou l fè. Okontrè, li te ka pran desizyon pèsonèl, li te ka chwazi ant sa ki byen ak sa ki mal. Si l te chwazi obeyi Bondye, li t ap viv pou toutan nan Paradi a sou tè a.

6. Lè Adan te dezobeyi Bondye, ki sa l te pèdi, e ki efè sa te genyen sou desandan l yo?

6 Se sa k fè li klè, lè Adan te dezobeyi Bondye e yo te kondane l amò, sa te koute l chè anpil. Peche l la te koute l lavi antanke moun pafè, ak tout byenfè sa t ap pote (Jenèz 3:17-19). Malerezman, Adan te pèdi bèl lavi sa a, non sèlman pou tèt li, men tou pou desandan li t apral genyen yo. Pawòl Bondye a di: “Akoz yon sèl òm [Adan], peche antre nan monn nan, e akoz peche lanmò antre, e konsa lanmò blayi sou tout moun paske tout moun te peche.” ​(Women 5:12). Vrèmanvre, nou tout nou eritye peche nan men Adan. Se sa k fè Bib la di li “vann” tèt li ansanm ak desandan l yo nan esklavaj anba peche ak lanmò (Women 7:14). Pa t gen okenn espwa pou Adan oswa pou Èv, paske se espre yo te fè lè yo te chwazi dezobeyi Bondye. Men, èske gen espwa pou desandan Adan ak Èv yo, tankou nou menm?

7, 8. Esansyèlman, ki de bagay kesyon ranson an gen ladan l?

7 Jewova te pote limanite sekou pa mwayen ranson an. Ki sa yon ranson ye? Esansyèlman, kesyon ranson an gen de bagay ladan l. Premyèman, yon ranson se pri yo peye pou libere yon moun oswa pou rachte yon bagay. Ou ka konpare l ak pri yo peye pou lage yon moun yo fè prizonye nan lagè. Dezyèmman, yon ranson se pri ki kouvri oswa ki peye sa yon bagay vo. Li tankou pri yo peye pou repare yon domaj ki fèt. Pa egzanp, si yon moun lakòz yon aksidan, li ta sipoze peye yon montan ki koresponn oswa ki egal san pou san ak pri bagay ki abime a.

8 Ki jan sa t ap fè posib pou yo kouvri gwosè pèt sa a Adan lakòz nou tout sibi e pou yo libere nou anba esklavaj peche ak lanmò? Annou konsidere ranson Jewova te bay la, e annou reflechi sou byenfè li ka fè nou jwenn.

FASON JEWOVA TE BAY RANSON AN

9. Ki kalite ranson ki te nesesè?

9 Piske se vi yon moun pafè ki te pèdi, okenn moun enpafè pa t ap ka janm rachte l (Sòm 49:7, 8). Sa ki te nesesè, se yon ranson ki egal ak valè pèt ki te fèt la. Sa ann amoni ak prensip jistis pafè nou jwenn nan Pawòl Bondye a, ki di: “Nanm pou nanm”. (Detewonòm 19:21.) Donk, ki sa yo t ap ka peye ki egal ak pri nanm pafè oswa lavi pafè Adan te pèdi a? Sa ki te nesesè kòm “ranson ki koresponn” nan, se te yon lòt vi moun pafè. — 1 Timote 2:6.

10. Ki jan Jewova te bay ranson an?

10 Ki jan Jewova te bay ranson an? Li te voye youn nan pitit gason espirityèl pafè li yo sou tè a. Men, Jewova pa t annik voye nenpòt ki kreyati espirityèl. Li te voye sila a li plis cheri a, sèl Pitit Gason li fè a (1 Jan 4:9, 10). Se ak tout volonte l Pitit Gason sa a te kite syèl la, kote l te abite a (Filipyen 2:7). Jan nou te aprann sa nan chapit anvan an, Jewova te fè yon mirak lè l te transfere lavi Pitit Gason l lan nan matris Mari. Pa mwayen lespri sen Bondye, Jezi te fèt antanke moun pafè e li pa t gen pou l sibi konsekans peche a. — Lik 1:35.

Jewova te bay sèl Pitit Gason li fè a kòm ranson pou nou.

11. Ki jan yon sèl gason ta ka sèvi kòm ranson pou plizyè milyon moun?

11 Ki jan yon sèl gason ta ka sèvi kòm ranson pou yon pakèt moun, anfèt, pou plizyè milyon moun? Annou reflechi. Toudabò, ki jan limanite ki gen plizyè milyon moun ladan l te fè vin tonbe nan peche? Pa bliye, lè Adan te peche, li te pèdi yon byen ki gen anpil valè: lavi li antanke moun pafè. Donk, li pa t ka transmèt desandan l yo yon lavi pafè. Olye de sa, se peche ak lanmò sèlman li te ka transmèt yo. Jezi, “dènye Adan an” selon Bib la, te gen lavi yon moun pafè, e li pa t janm peche (1 Korentyen 15:45). Nan yon sans, Jezi te pran plas Adan pou l ka sove nou. Etan Jezi te sakrifye lavi pafè li a e li te obeyi Bondye san fot, li te peye pri pou peche Adan an. Konsa, Jezi te pote espwa pou desandan Adan yo. — Women 5:19; 1 Korentyen 15:21, 22.

12. Ki sa soufrans Jezi yo te pwouve?

12 Bib la byen detaye soufrans Jezi te andire anvan li mouri. Yo te bat li byen bat, yo te kloure l san pitye sou yon poto soufrans kote li te mouri yon fason tèrib (Jan 19:1, 16-18, 30; apendis, paj 204-6). Poukisa li te nesesè pou Jezi soufri anpil konsa? Nan yon lòt chapit, n ap aprann Satan te soulve yon kesyon kote l te pretann pa gen okenn moun k ap sèvi Jewova k ap rete fidèl si l jwenn eprèv. Jezi te andire fidèlman malgre li te jwenn gwo soufrans, e se meyè repons li te ka bay defi Satan te lanse a. Jezi te pwouve yon moun ki pafè e ki gen libète pou l deside ka kenbe yon entegrite san fay devan Bondye kèlkeswa sa Dyab la fè. Se pa ti kontan Jewova dwe te kontan pou fidelite Pitit Gason cheri l la te demontre! — Pwovèb 27:11.

13. Ki jan yo te peye ranson an?

13 Ki jan yo te peye ranson an? Nan 14yèm jou mwa juif Nizan ane 33 epòk nou an, Bondye te pèmèt yo egzekite Pitit Gason l lan ki pafè e ki san peche. Konsa, Jezi te sakrifye lavi li antanke moun pafè “yon fwa pou tout”. (Ebre 10:10.) Sou twazyèm jou apre lanmò Jezi, Jewova te leve l pou lavi espirityèl. Nan syèl la, Jezi te prezante bay Bondye pri lavi l li te sakrifye antanke moun pafè kòm yon ranson ann echanj pou desandan Adan yo (Ebre 9:24). Jewova te aksepte pri sakrifis Jezi a kòm ranson ki te nesesè pou delivre limanite anba esklavaj peche ak lanmò. — Women 3:23, 24.

BYENFÈ W KA JWENN GRASA RANSON AN

14, 15. Pou nou resevwa “padon pou peche nou”, ki sa nou dwe fè?

14 Malgre nou se pechè, ranson an ka fè nou jwenn byenfè ki san parèy. Annou egzamine kèk nan byenfè pi gwo kado sa a Bondye ban nou an ka pote pou nou kounye a e alavni.

15 Padon pou peche nou. Akoz enpèfeksyon nou eritye a, vrèmanvre se goumen n ap goumen pou nou fè sa ki byen. Nou tout nou fè peche, kit se nan pawòl, kit se nan aksyon. Men, grasa sakrifis Jezi te bay kòm ranson an, nou ka resevwa “padon pou peche nou”. (Kolosyen 1:13, 14.) Sepandan, pou nou benefisye padon sa a, nou dwe repanti toutbon. Epitou, avèk imilite, nou dwe rele Jewova e nou dwe mande l padon sou baz lafwa nou nan sakrifis ranson Pitit Gason l lan. — 1 Jan 1:8, 9.

16. Ki sa ki pèmèt nou adore Bondye avèk yon konsyans ki klè, e ki enpòtans yon konsyans konsa genyen?

16 Yon konsyans klè devan Bondye. Lè konsyans yon moun ap kale l, sa ka fè l vin sanzespwa, e li ka santi li pa vo anyen. Men, grasa padon ki vin posib pa mwayen ranson an, avèk bonte, Jewova pèmèt nou adore l avèk yon konsyans ki klè, malgre nou enpafè (Ebre 9:13, 14). Sa fè li posib pou nou pale ak Jewova avèk franchiz. Konsa, nou pwoche alèz kote l nan lapriyè (Ebre 4:14-16). Lè konsyans nou toujou klè, sa fè lespri nou anpè, sa fè nou santi nou diy, e sa bay kè kontan.

17. Ki byenfè ki vin posib paske Jezi te mouri pou nou?

17 Espwa lavi etènèl nan Paradi sou tè a. Women 6:23 di: “Salè peche peye se lanmò.” E menm vèsè a ajoute: “Men kado Bondye bay se lavi etènèl pa mwayen Kris Jezi, Seyè nou an.” Nan chapit 3 a, nou te pale de byenfè Paradi terès la pral pote (Revelasyon 21:3, 4). Tout byenfè sa yo nou pral jwenn alavni, sa gen ladan l lavi etènèl ak yon sante pafè, vin posib paske Jezi te mouri pou nou. Pou nou resevwa byenfè sa yo, nou bezwen montre nou gen rekonesans pou ranson an yo ban nou an kado.

KI JAN W KA MONTRE OU GEN REKONESANS?

18. Poukisa nou ta dwe rekonesan anvè Jewova pou ranson li bay la?

18 Poukisa nou ta dwe gen anpil rekonesans anvè Jewova pou ranson an? Ebyen, yon kado gen plis valè lè moun k ap bay kado a te fè sakrifis tan ak efò pou l bay li, e lè sa te koute l chè. Kè nou touche lè nou rann nou kont kado nou resevwa a se prèv moun ki ban nou l lan gen bonjan lanmou pou nou. Pami tout kado ki genyen, ranson an se li ki gen plis valè, paske Bondye te fè pi gwo sakrifis ki posib pou l bay li. Jan 3:16 di: “Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit Gason li fè a.” Ranson an se prèv ki pi klè ki montre lanmou Jewova gen pou nou. Li se yon prèv tou ki montre lanmou Jezi gen pou nou, paske ak tout volonte l, li te bay lavi l pou nou (Jan 15:13). Donk, ranson an nou resevwa an kado a ta dwe konvenk nou Jewova ak Pitit Gason l lan renmen nou pèsonèlman. — Galat 2:20.

Lè w aprann konnen Jewova pi plis, se youn nan fason w montre ou gen rekonesans pou ranson an, kado sa a li bay la.

19, 20. Ki jan w ka montre ou gen rekonesans pou ranson an, kado sa a Bondye bay la?

19 Piske se konsa, ki jan w ka demontre ou gen rekonesans pou ranson an, kado sa a Bondye bay la? Pou kòmanse, aprann konnen Jewova pi plis, li menm ki ban nou ranson an (Jan 17:3). Yon etid biblik grasa liv sa a ap ede w fè sa. Etan w ap vin gen plis konesans sou Jewova, lanmou w pou li ap ogmante, e lanmou sa a ap fè w anvi fè l plezi. — 1 Jan 5:3.

20 Egzèse lafwa nan sakrifis ranson Jezi a. Men sa Labib di anpalan de Jezi: “Yon moun ki egzèse lafwa nan Pitit Gason an gen lavi etènèl.” ​(Jan 3:36). Ki jan nou ka egzèse lafwa nan Jezi? Pawòl nan bouch pa sifi pou nou demontre yon lafwa konsa. Jak 2:26 di: “Lafwa ki san zèv la mouri.” Wi, vrè lafwa a kore ak “zèv”, sa vle di ak aksyon nou poze. Yon fason nou ka montre nou gen lafwa nan Jezi, se lè nou fè tout sa nou kapab pou nou imite l, nonsèlman nan sa n ap di, men tou nan sa n ap fè. — Jan 13:15.

21, 22. a) Poukisa nou dwe asiste selebrasyon Soupe Seyè a ki fèt chak ane? b) Ki sa yo pral esplike nan chapit 6 la ak nan chapit 7 la?

21 Asiste selebrasyon Soupe Seyè a ki fèt chak ane. Nan lannuit jou ki te 14 Nizan ane 33 epòk nou an, Jezi te vin avèk yon selebrasyon espesyal Bib la rele “soupe Seyè a”. (1 Korentyen 11:20; Matye 26:26-28.) Yo rele selebrasyon sa a tou Memoryal lanmò Kris. Jezi te mete l sou pye pou l ede apot li yo ak tout moun ki t ap vin vrè kretyen apre sa, pou yo sonje se pa mwayen lanmò li antanke moun pafè, li te bay nanm li oswa lavi li kòm ranson. Konsènan selebrasyon sa a, Jezi te bay lòd sa a: “Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m.” ​(Lik 22:19). Lè nou obsève Memoryal la, sa raple nou gwo lanmou Jewova ak Jezi demontre anrapò ak ranson an. Nou ka montre nou gen rekonesans pou ranson an lè nou la nan selebrasyon Memoryal lanmò Jezi a ki fèt chak ane *.

22 Vrèmanvre, ranson sa a Jewova bay la se yon kado ki san parèy (2 Korentyen 9:14, 15). Menm moun ki mouri ka benefisye kokenn kado sa a. Chapit 6 la ak chapit 7 la ap esplike ki jan.

^ § 21 Pou nou jwenn plis enfòmasyon sou sans Soupe Seyè a, gade nan apendis la, nan paj 206-8.