Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT SIS

Ki kote mò yo ye?

Ki kote mò yo ye?
  • Ki sa k rive nou lè nou mouri?

  • Poukisa nou mouri?

  • Èske sa pa t ap rekonfòtan pou nou konnen laverite sou lanmò?

1-3. Ki kesyon moun yo poze sou lanmò, e ki repons divès relijyon bay?

KESYON sa yo, moun ap reflechi sou yo sa fè plizyè milye ane. Se kesyon ki trèzenpòtan. Kèlkeswa moun nou ye, kèlkeswa kote n ap viv, repons kesyon sa yo konsène nou tout.

2 Nan chapit anvan an, nou te pale sou fason sakrifis Jezi Kris te bay kòm ranson an te ouvri chemen pou lavi etènèl. Nou te aprann tou Bib la predi yon epòk kote “lanmò pap la ankò”. (Revelasyon 21:4.) Annatandan, nou tout nou mouri. Wa Salomon, yon wa ki saj, te di: “Moun ki vivan yo konnen y ap mouri.” ​(Eklezyas 9:5). N ap fè efò pou nou viv otan nou kapab. Men, sa pa anpeche nou mande tèt nou nan ki kondisyon n ap ye lè nou mouri.

3 Lè moun pa nou mouri, nou andèy, e petèt n ap mande: ‘Nan ki kondisyon yo ye? Èske y ap soufri? Èske y ap veye sou nou? Èske nou ka ede yo? Èske n ap janm wè yo ankò?’ Relijyon nan monn nan reponn kesyon sa yo plizyè fason. Genyen ki fè konnen si w mennen yon vi ki dwat, ou pral nan syèl, men si w mennen yon move vi, ou pral boule nan yon zòn kote y ap toumante moun. Gen lòt relijyon ki fè konnen lè yon moun mouri, li ale nan zòn kote espri yo abite pou l ka ansanm avèk zansèt li yo. Gen lòt ankò ki fè konnen mò yo ale nan yon monn anba tè pou yo jije epi apre sa, yo refèt ankò nan yon lòt kò.

4. Ki ide fondamantal anpil relijyon anseye sou lanmò?

4 Tout ansèyman relijye sa yo gen yon ide fondamantal: yo fè konnen gen yon pati nan nou ki toujou ap viv apre lanmò kò fizik la. Selon sa prèske tout relijyon yo anseye, kit se relijyon nan tan lontan, kit se relijyon kounye a, apre nou fin mouri, yon fason oswa yon lòt, nou kontinye ap viv pou toutan avèk kapasite pou nou wè, pou nou tande e pou nou reflechi. Men, ki jan sa fè posib? Sans nou yo, ansanm ak panse nou makònen ak fonksyònman sèvo nou. Lè nou mouri, sèvo nou sispann travay. Memwa nou, santiman nou ak sans nou pa kontinye fonksyone poukont yo, yon fason nou pa konprann. Yo pa kontinye viv apre sèvo nou fin detwi.

KI SA K RIVE TOUTBONVRE LÈ YON MOUN MOURI?

5, 6. Ki ansèyman Bib la bay anrapò ak kondisyon mò yo?

5 Sa ki rive lè yon moun mouri pa yon mistè pou Jewova, Kreyatè sèvo a. Li konn laverite, e nan Pawòl li Labib, li esplike nan ki kondisyon mò yo ye. Men ansèyman klè li bay: lè yon moun mouri, li sispann egziste. Lanmò se kontrè lavi. Yon moun ki mouri pa ni wè, ni tande, ni reflechi. Pa menm gen yon ti moso nan nou ki kontinye viv lè kò a mouri. Nou pa gen yon nanm imòtèl, nou pa gen yon espri imòtèl *.

Ki kote flanm nan ale?

6 Apre Salomon te fin rann li kont moun ki vivan yo konnen yo gen pou yo mouri, li ekri: “Moun ki mouri yo, yo menm, yo pa konn anyen ditou.” Apre sa, li bay plis esplikasyon sou verite fondamantal sa a, li fè konnen mò yo pa ka ni renmen, ni rayi, e li fè konnen “pa gen ni travay, ni pwojè, ni konesans, ni sajès, nan [tonm nan]”. (Eklezyas 9:5, 6, 10.) Menm jan an tou, Sòm 146:4 fè konnen lè yon moun mouri, “panse l peri”. Nou pa imòtèl, e nou pa kontinye viv lè kò a mouri. Lavi nou genyen an tankou flanm yon balèn. Lè flanm nan etenn, li pa al okenn kote. Tou senpleman, li pa egziste ankò.

SA JEZI TE DI SOU LANMÒ

7. Ak ki sa Jezi te konpare lanmò?

7 Jezi Kris te pale konsènan kondisyon mò yo. Li te fè sa nan ka Laza, yon mesye li te byen konnen e ki te mouri. Jezi te di disip li yo: “Laza, zanmi nou an, al repoze.” Disip yo te panse Jezi te vle di Laza t ap dòmi pou l pran yon ti repo pou l ka reprann li apre yon maladi. Men, se pa t sa Jezi te vle di. Jezi fè yo konnen “Laza mouri”. (Jan 11:11-14.) N ap remake Jezi te konpare lanmò ak repo ak somèy. Laza pa t ni nan syèl la, ni nan yon dife lanfè. Li pa t avèk zanj oswa avèk zansèt li yo. Laza pa t ap vin fèt ankò sou fòm yon lòt moun. Li t ap repoze nan lanmò, kòmsi li nan yon pwofon somèy san rèv. Gen lòt vèsè tou ki konpare lanmò ak somèy. Pa egzanp, lè yo te lapide Etyèn ak kout wòch jiskaske l mouri, Bib la di “li dòmi”. (Travay 7:60.) Menm jan an tou, apot Pòl te ekri konsènan kèk moun nan epòk li a ki te “dòmi” nan lanmò. — 1 Korentyen 15:6.

Jewova te fè lèzòm pou yo viv pou toutan sou tè a.

8. Ki jan nou fè konnen se pa t objektif Bondye pou moun mouri?

8 Èske objektif Bondye okòmansman, se te pou moun mouri? Pa ditou! Jewova te fè lòm pou l viv sou tè a pou toutan. Jan nou te aprann sa anvan nan liv sa a, Bondye te mete de premye mesyedam yo nan yon bèl paradi. Li te ba yo yon sante pafè. Se bon bagay sèlman Jewova te vle pou yo. Èske yon paran ki gen lanmou t ap swete pou pitit li yo soufri doulè vyeyès epi pou yo mouri? Non, natirèlman! Jewova te renmen pitit li yo e li te vle yo viv nètale ak kè kontan sou tè a. Konsènan lèzòm, men sa Bib la di: ‘[Jewova] mete tan endefini nan kè yo.’ ​(Eklezyas 3:11). Bondye te kreye nou ak dezi pou nou viv pou toutan. E li pran dispozisyon pou dezi sa a reyalize.

REZON KI FÈ MOUN MOURI

9. Ki restriksyon Jewova te bay Adan, e poukisa kòmandman sa a pa t difisil pou yon moun obeyi?

9 Si se konsa, poukisa moun mouri? Pou nou jwenn repons lan, nou dwe reflechi sou sa k te pase lè te gen sèlman yon gason ak yon fi sou tè a. Men sa Bib la fè konnen: “Jewova Dye te fè pouse sou tè a tout kalite pyebwa ki atiran nan je moun e ki bon pou moun manje.” ​(Jenèz 2:9). Sepandan, te gen yon restriksyon. Men sa Jewova te di Adan: “Nan tout pyebwa nan jaden an ou mèt manje jis ou rasazye. Men kanta pou pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la, ou pa dwe manje ladan l, paske lejou w manje ladan l, w ap mouri san mank.” ​(Jenèz 2:16, 17). Li pa t difisil pou yon moun obeyi kòmandman sa a. Te gen anpil lòt pyebwa Adan ak Èv te ka manje ladan yo. Men, kòmandman sa a te ba yo okazyon pou yo montre rekonesans yo pou Sila a ki te ba yo tout bagay la, san wete lavi pafè yo te genyen an. Obeyisans yo t ap pwouve tou yo respekte otorite Papa selès yo a e sa t ap pwouve yo vle mache sou direksyon li ki chaje ak lanmou.

10, 11. a) Ki fason de premye mesyedam yo te rive dezobeyi Bondye? b) Sa k fè dezobeyisans Adan ak Èv la se yon bagay ki te grav?

10 Malerezman, de premye mesyedam yo te chwazi pou yo dezobeyi Jewova. Satan te sèvi ak yon sèpan, li te mande Èv: “Èske se vre Bondye te di nou pa dwe manje nan tout pyebwa nan jaden an?” Èv te reponn: “Nou ka manje fwi pyebwa ki nan jaden an. Men, kanta pou nou manje fwi pyebwa ki nan mitan jaden an, Bondye di: ‘Nou pa dwe manje ladan l. Non, nou pa dwe manyen l pou nou pa mouri.’” — Jenèz 3:1-3.

11 Men sa Satan te di: “Nou pap mouri pyès. Bondye konnen lejou nou manje ladan l, je nou pap manke pa ouvri, e san mank, n ap vin tankou Bondye, n ap konnen sa ki byen ak sa ki mal.” ​(Jenèz 3:4, 5). Satan te vle pou Èv kwè li t ap tire pwofi lè li manje fwi yo te defann li manje a. Selon li, Èv ta ka deside poukont li sa ki byen ak sa ki mal. Li ta ka fè sa l vle. Epitou, Satan te akize Jewova kòmkwa li te bay manti konsènan sa k t ap rive si Èv ta manje fwi a. Èv te kwè Satan. Donk, li pran nan fwi a e li manje. Apre sa, li bay mari l ladan l e li menm tou, li manje. Yo pa t aji san konprann. Yo te byen konnen, sa yo t ap fè a se te egzakteman sa Bondye te di yo pou yo pa . Manje yo te manje fwi a, se espre yo te fè yo dezobeyi yon kòmandman ki senp e ki rezonab. Yo te montre yo meprize Papa selès yo a e yo meprize otorite l. Yo pa t gen okenn eskiz pou mank respè sa a anvè Kreyatè yo ki te renmen yo a!

12. Ki sa ki ka ede nou konprann ki jan Jewova te santi l lè Adan ak Èv te antre nan opozisyon kont li?

12 Annou pran yon egzanp: Ki jan w ta santi w si w leve yon pitit gason oswa yon pitit fi, ou pran swen l, epi apre sa, li dezobeyi w yon fason ki montre li san respè pou ou e li pa renmen w? Sa t ap fè w mal anpil. Ebyen, imajine nan ki pwen Jewova dwe te santi l blese, lè ni Adan ni Èv te antre nan opozisyon kont li.

Adan soti nan pousyè, e li retounen nan pousyè.

13. Ki sa Jewova te di ki t ap rive Adan lè l mouri, e ki sa sa vle di?

13 Jewova pa t gen yon rezon valab pou l kontinye kenbe Adan ak Èv an vi pou toutan, alòske yo te rebele kont li. Jan l te di sa a, yo mouri. Adan ak Èv sispann egziste. Yo pa t al viv yon lòt kote antanke espri. Nou konn sa akoz sa Jewova te di Adan apre li te mande l kont pou dezobeyisans li an. Bondye te di l: “W [ap] retounen nan tè a, paske se ladan l ou te soti. Paske ou se pousyè, e w ap retounen nan pousyè.” ​(Jenèz 3:19). Se ak pousyè tè Bondye te fè Adan (Jenèz 2:7). Anvan sa, Adan pa t egziste. Donk, lè Jewova te di Adan li t ap retounen nan pousyè, li te vle di Adan t ap retounen nan yon eta kote l pa egziste. Adan t ap vin san vi menm jan ak pousyè yo te fè l la.

14. Poukisa nou mouri?

14 Adan ak Èv te ka ret viv jis jounen jodi a, men yo te mouri paske yo te chwazi dezobeyi Bondye e konsa yo te peche. Rezon ki fè nou mouri, sèke Adan transmèt tout desandan l yo peche ak lanmò (Women 5:12). Peche sa a tankou yon maladi tèrib pèsonn pa ka chape anba l. Konsekans li, lanmò, se yon malediksyon. Lanmò se yon ènmi, se pa yon zanmi (1 Korentyen 15:26). Nou mèt vrèman gen anpil rekonesans dèske Jewova te bay ranson an pou delivre nou anba ènmi tèrib sa a!

LI PWOFITAB POU NOU KONNEN LAVERITE SOU LANMÒ

15. Poukisa li rekonfòtan pou nou konnen laverite sou lanmò?

15 Sa Labib anseye konsènan sitiyasyon moun ki mouri yo bay rekonfò. Jan nou sot wè l la a, mò yo pa gen ni doulè ni lapenn. Pa gen okenn rezon pou nou pè yo, paske yo pa ka fè nou mal. Yo pa bezwen èd nou, e yo pa ka ede nou. Nou pa ka pale avèk yo, e yo pa ka pale avèk nou. Anpil chèf relijye ap bay manti, yo pretann yo ka ede moun ki mouri, e konsa, moun ki kwè nan chèf relijye sa yo pote lajan ba yo. Men, lefètke nou konnen laverite, sa anpeche moun k ap anseye manti sa yo twonpe nou.

16. Kiyès ki enfliyanse ansèyman anpil relijyon, e ki fason l fè sa?

16 Èske relijyon w lan dakò ak sa Labib anseye konsènan mò yo? Pifò relijyon pa dakò. Sa k fè sa? Se paske Satan enfliyanse ansèyman relijyon yo. Li sèvi ak fo relijyon pou l fè moun yo kwè, apre kò yo fin mouri, y ap kontinye viv yon lòt kote antanke espri. Se yon manti Satan itilize ansanm ak lòt manti pou l fè moun yo vire do bay Jewova Dye. Kòman sa?

17. Sa k fè ansèyman ki fè konprann moun ap toumante pou toutan, se yon ansèyman ki dezonore Jewova?

17 Nou te deja pale de sa, gen relijyon ki fè konnen si yon moun mennen yon move vi, lè li mouri, li pral nan yon zòn kote l ap toumante nan dife e l ap soufri pou toutan. Ansèyman sa a dezonore Bondye. Jewova se yon Bondye lanmou e li pa t ap janm fè moun soufri nan fason sa a (1 Jan 4:8). Ki jan w ta santi w si w ta aprann gen yon mesye, pou l pini yon timoun ki dezobeyisan, li pran men timoun nan, li kenbe l nan dife? Èske w t ap gen konsiderasyon pou mesye sa a? Anfèt, èske w t ap menm chèche konnen l? Jamè! Siman ou t ap twouve misye mechan anpil. Epoutan, Satan vle fè moun kwè Jewova ap tòtire moun nan dife pou toutan.

18. Sou ki manti relijyon yo bay adorasyon mò yo chita?

18 Satan sèvi tou ak kèk relijyon pou l fè konnen moun ki mouri yo tounen espri, e moun ki vivan yo dwe respekte yo e yo dwe onore yo. Selon ansèyman sa a, espri mò yo ka vin tounen zanmi ki gen pisans oswa gwo advèsè. Anpil moun kwè nan manti sa a. Yo pè mò yo, yo onore yo e yo adore yo. Okontrè, dapre sa Labib anseye, mò yo ap dòmi e se sèl vrè Dye a, Jewova, Kreyatè nou an, Sila a ki bay tout bagay la, nou dwe adore. — Revelasyon 4:11.

19. Lefètke w konnen laverite sou mò yo, ki lòt ansèyman biblik sa ede w konprann?

19 Lefètke w konnen laverite sou mò yo, sa pwoteje w pou manti relijyon yo bay yo pa twonpe w. Sa ede w tou pou w konprann lòt ansèyman biblik yo. Pa egzanp, lè w rann ou kont moun yo pa ale yon lòt kote antanke espri lè yo mouri, pwomès lavi etènèl sou tè a k ap tounen yon paradi vin gen yon vrè sans pou ou.

20. Ki kesyon chapit ki vin apre a pral analize?

20 Sa gen lontan, Jòb, yon mesye ki jis, te poze kesyon sa a: “Si yon gason vanyan mouri, èske l ka reviv?” ​(Jòb 14:14). Èske yon moun san vi k ap dòmi nan lanmò ka retounen viv ankò? Sa Labib anseye sou pwen sa a rekonfòtan anpil, jan chapit ki vin apre a pral montre sa.

^ § 5 Tanpri, gade nan apendis la, nan paj 208-11, n ap jwenn plis detay sou mo “nanm” nan ak mo “espri” a.