Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT UIT

Ki sa Wayòm Bondye a ye?

Ki sa Wayòm Bondye a ye?
  • Ki sa Bib la di nou konsènan Wayòm Bondye a?

  • Ki sa Wayòm Bondye a pral fè?

  • Ki lè volonte Bondye pral fèt sou tè a grasa Wayòm nan?

1. Ki priyè moun byen konnen nou pral egzamine kounye a?

PLIZYÈ milyon moun nan lemonnantye byen konnen priyè anpil moun rele Nòtrepè a. Ekspresyon sa a gen rapò ak yon priyè moun byen konnen Jezi Kris li menm te bay kòm modèl. Se yon priyè ki gen anpil sans, e lè nou konsidere twa premye demann ki ladan l yo, sa pral ede nou aprann plis toujou sou sa Labib anseye toutbonvre.

2. Site twa nan bagay Jezi te anseye disip li yo pou yo priye pou yo.

2 Nan kòmansman priyè modèl sa a, men enstriksyon Jezi te bay moun ki t ap koute l yo: “Men ki jan nou dwe priye: ‘Papa nou ki nan syèl la, se pou non w sangtifye. Se pou wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a, kou nan syèl la.’” ​(Matye 6:9-13). Ki sans twa demann sa yo?

3. Ki sa nou bezwen konnen anrapò ak Wayòm Bondye a?

3 Nou deja aprann anpil bagay sou non Bondye, Jewova. E nou gentan fè yon bon ti rale sou volonte Bondye tou lè nou te pale de sa l fè ak sa l pral fè pou limanite. Men, ak ki sa Jezi t ap fè referans lè l te mande nou fè priyè sa a: “Se pou wayòm ou an vini”? Ki sa Wayòm Bondye a ye? Nan ki sans, vini l ap vini an pral sangtifye non Bondye, oswa fè l vin sen? Epitou, ki rapò ki genyen ant Wayòm nan k ap vini an avèk fè volonte Bondye?

SA WAYÒM BONDYE A YE

4. Ki sa Wayòm Bondye a ye, e kiyès ki Wa ladan l?

4 Wayòm Bondye a se yon gouvènman Jewova Dye tabli e ki gen yon Wa Bondye chwazi. Kiyès ki Wa nan Wayòm Bondye a? Se Jezi Kris. Antanke Wa, Jezi pi gran pase tout chèf imen yo, e yo rele l “li menm ki Wa moun k ap dirije antanke wa e li menm ki Seyè moun k ap dirije antanke seyè”. (1 Timote 6:15.) Li gen pouvwa pou l fè plis byen lontan pase nenpòt dirijan imen, menmsi w ta pran sa ki pi bon pami yo a.

5. Detan ki bò Wayòm Bondye a pral dirije, e ki sa li pral dirije?

5 Detan ki bò Wayòm Bondye a pral dirije? Anfèt, ki kote Jezi ye? Siman nou sonje yo te touye l sou yon poto soufrans, e apre sa li te resisite. Yon tikras tan apre, li te monte nan syèl la (Travay 2:33). Donk, se nan syèl la Wayòm Bondye a ye. Se sa k fè Bib la rele l yon “wayòm selès”. (2 Timote 4:18.) Menmsi Wayòm Bondye a se nan syèl la li ye, li pral dirije tout tè a. — Revelasyon 11:15.

6, 7. Ki sa k fè Jezi se yon Wa san parèy?

6 Ki sa k fè Jezi se yon Wa san parèy? Pou kòmanse, li pap janm mouri. Bib la konpare Jezi avèk wa imen yo, li rele l “li menm sèl ki gen imòtalite, li menm ki abite nan yon limyè moun pa ka pwoche”. (1 Timote 6:16.) Sa siyifi tout bon bagay Jezi fè yo ap dire. E nou konnen li pral fè gwo bagay, li pral fè bon bagay.

7 Reflechi sou pwofesi biblik sa a ki konsène Jezi: “Lespri Jewova a dwe poze sou li, lespri sajès ak entèlijans lan, lespri konsèy ak fòs la, lespri konesans lan ak lespri lakrentif pou Jewova a. E l ap pran plezi l nan lakrentif pou Jewova. E li pap jije dapre senp aparans ki devan je l ni li pap annik reprimande dapre sa zòrèy li tande a. E l ap jije piti yo avèk jistis, e avèk ladwati l ap bay reprimann an favè moun enb ki sou tè a.” ​(Izayi 11:2-4). Pawòl sa yo montre Jezi ta dwe yon Wa ki alatèt moun sou tè a, yon Wa ki jis e ki gen konpasyon. Ou pa ta renmen gen yon dirijan konsa?

8. Kiyès ki pral dirije avèk Jezi?

8 Men yon lòt verite anrapò ak Wayòm Bondye a: Jezi pap dirije poukont li. Li pral gen moun k ap dirije avèk li. Pa egzanp, apot Pòl te di Timote konsa: “Si nou kontinye andire, n ap dirije ansanm tou antanke wa.” ​(2 Timote 2:12). Wi, Pòl, Timote ak lòt moun fidèl Bondye te chwazi yo pral dirije ansanm avèk Jezi nan Wayòm selès la. Konbyen moun k ap jwenn privilèj sa a?

9. Konbyen moun ki pral dirije avèk Jezi, e depi ki lè Bondye te kòmanse chwazi yo?

Jan nou te wè sa nan chapit 7 la, yo te bay apot Jan yon vizyon, e nan vizyon sa a li te wè “Timouton an [Jezi Kris] ki kanpe sou mòn Siyon [pozisyon li nan syèl la antanke Wa], e ansanm avè l gen san karannkat mil moun ki gen non l ak non Papa l ekri sou fwon yo”. Kiyès 144 000 moun sa yo ye? Jan li menm di nou: “Se moun ki kontinye suiv Timouton an kèlkeswa kote l ale. Yo te achte yo nan mitan limanite kòm premye fwi pou Bondye ak Timouton an.” ​(Revelasyon 14:1, 4). Wi, se disip fidèl Jezi Kris yo ye, e yo chwazi yo espesyalman pou yo dirije ansanm avèk li nan syèl la. Apre yo fin resisite pou lavi selès la, “yo gen pou yo dirije tè a kòm wa” ansanm avèk Jezi (Revelasyon 5:10). Depi epòk apot yo, Bondye ap chwazi kretyen fidèl yo pou l ka konplete kantite a pou l rive 144 000.

10. Poukisa dispozisyon pou Jezi ak 144 000 moun yo dirije limanite a se yon dispozisyon ki demontre lanmou?

10 Dispozisyon sa a pou Jezi ak 144 000 yo dirije limanite a se yon dispozisyon ki demontre anpil lanmou. Pou kòmanse, Jezi konnen sa sa vle di viv antanke imen epi soufri. Pòl te di, Jezi “se pa yon moun ki pa ka konprann feblès nou, men se yon moun ki te sibi eprèv nan tout domèn tankou nou menm, men ki san peche”. (Ebre 4:15; 5:8.) Moun k ap dirije ansanm avèk Jezi yo, yo menm tou yo soufri e yo andire antanke imen. Anplis de sa, yo batay avèk enpèfeksyon an e yo lite anba tout kalite maladi. Sètènman, y ap konprann pwoblèm lèzòm ap rankontre!

KI SA WAYÒM BONDYE A PRAL FÈ?

11. Poukisa Jezi te di disip li yo yo dwe priye pou volonte Bondye fèt nan syèl la?

11 Lè Jezi te di disip li yo yo dwe priye pou Wayòm Bondye a vini, li te di yo tou yo dwe priye pou volonte Bondye fèt “sou tè a, kou nan syèl la”. Bondye se nan syèl la li ye, e zanj fidèl yo toujou fè volonte l nan syèl la. Sepandan, nan chapit 3 a nou te aprann gen yon zanj mechan ki te sispann fè volonte Bondye, e ki te vin lakòz Adan ak Èv peche. Nan chapit 10 la, nou pral aprann plis bagay toujou sou sa Labib anseye konsènan zanj mechan sa a yo rele Satan Ledyab la. Yo te pèmèt Satan rete nan syèl la pou yon ti tan ansanm ak yon seri kreyati espirityèl oswa zanj ki chwazi suiv li, anpalan de demon yo. Donk, se pa t tout kreyati nan syèl la lè sa a ki t ap fè volonte Bondye. Sa ta gen pou l chanje lè Wayòm Bondye a t apral kòmanse reye. Jezi Kris, Wa yo te fèk mete sou twòn nan t ap gen pou l fè lagè ak Satan. — Revelasyon 12:7-9.

12. Ki de gwo evènman yo dekri nan Revelasyon 12:10?

12 Pawòl pwofetik ki vin apre yo dekri sa k ta gen pou rive: “Mwen tande yon vwa fò nan syèl la ki di: ‘Kounye a, delivrans Bondye nou an bay la rive, ansanm ak pisans li ak wayòm li an ak pouvwa Kris li a, paske yo pimpe akizatè frè nou yo anba, li menm k ap akize yo lajounen kou lannuit devan Bondye nou an!’” ​(Revelasyon 12:10). Èske w te remake de gwo evènman Bib la dekri nan vèsè sa a? Premyèman, Wayòm Bondye a kòmanse reye anba direksyon Jezi Kris. Dezyèmman, yo chase Satan nan syèl la e yo voye l sou tè a.

13. Ki rezilta sa bay dèske yo chase Satan nan syèl la?

13 Ki rezilta de evènman sa yo bay? Konsènan sa ki te pase nan syèl la, men sa nou li: “Se poutèt sa, nou menm syèl, e nou menm ki abite nan syèl, nou mèt rejwi!” ​(Revelasyon 12:12). Wi, zanj fidèl ki nan syèl yo gen kè kontan paske avèk Satan ak demon yo ki pa la ankò, tout kreyati ki nan syèl la ap sèvi Jewova Dye fidèlman. Gen yon lapè ak yon amoni totalkapital nan zòn sa a, yon lapè ak yon amoni ki pa ka kraze. Volonte Bondye ap fèt nan syèl la.

Lefètke yo chase Satan ak demon l yo nan syèl la, sa vin fè gen malè sou tè a. Talè konsa pwoblèm sa yo pral fini.

14. Ki sa k rive dèske yo voye Satan jete sou tè a?

14 Men, e tè a menm? Bib la di: “Malè pou latè ak lanmè paske Dyab la desann vin jwenn nou avèk yon gwo kòlè, piske li konnen kantite tan li rete a kout.” ​(Revelasyon 12:12). Satan an kòlè dèske yo chase l nan syèl la e dèske se yon tikras tan li rete. Piske l an kòlè, li lakòz detrès, oubyen “malè”, sou tè a. N ap aprann plis toujou sou “malè” sa a nan lòt chapit la. Men, etandone yo chase Satan nan syèl la e li lakòz malè sou tè a, nou ta ka mande tèt nou: ki jan volonte Bondye pral fèt sou tè a grasa Wayòm nan?

15. Ki volonte Bondye gen pou tè a?

15 Ebyen, pa bliye ki volonte Bondye gen pou tè a. Ou te aprann sa nan chapit 3 a. Nan jaden Edenn nan, Bondye te fè konnen, volonte l se pou tè a vin tounen yon paradi ki plen ak moun jis ki pap mouri. Satan te lakòz Adan ak Èv peche, e sa te gen efè sou akonplisman volonte Bondye pou tè a, men sa pa t chanje l. Selon objektif Jewova toujou genyen, “moun ki jis yo pral posede tè a, e sou li, y ap rete pou toutan”. (Sòm 37:29.) E Wayòm Bondye a pral reyalize sa. Ki jan l pral fè sa?

16, 17. Ki sa Danyèl 2:44 fè nou konnen sou Wayòm Bondye a?

16 Reflechi sou pwofesi nou jwenn nan Danyèl 2:44 la. Nan vèsè sa a, men sa nou li: “Nan jou wa sa yo, Bondye nan syèl la ap tabli yon wayòm ki pap janm kraze. E yo pap pase wayòm nan bay okenn lòt pèp. Li pral krabinen tout wayòm sa yo, e l ap fini ak yo, epi li menm l ap la pou tan endefini.” Ki sa sa aprann nou sou Wayòm Bondye a?

17 Premyèman, sa aprann nou Wayòm Bondye a ta dwe tabli “nan jou wa sa yo”, oswa pandan gen lòt wayòm ki toujou egziste. Dezyèmman, sa fè nou konnen Wayòm nan ap rete pou toutan. Pa gen lòt gouvènman k ap venk li oswa k ap ranplase l. Twazyèmman, nou wè pral gen lagè ant Wayòm Bondye a ak wayòm ki nan monn nan. Wayòm Bondye a ap pote laviktwa. Finalman se pral sèl gouvènman ki pral dirije limanite. Lè sa a, lèzòm pral jwenn meyè gouvènman an, yon gouvènman ki pi bon lontan pase tout sa yo te konnen.

18. Ki jan yo rele dènye lagè ant Wayòm Bondye a ak gouvènman ki nan monn nan?

18 Bib la aprann nou anpil bagay konsènan dènye lagè sa a ant Wayòm Bondye a ak gouvènman ki nan monn nan. Pa egzanp, li fè nou konnen, ofiramezi lafen ap apwoche, espri mechan yo pral gaye manti pou twonpe “wa ki sou tout kò tè a ki abite”. Nan ki entansyon? Se “pou rasanble yo [wa yo] ansanm pou lagè gran jou Bondye Toupisan an”. E yo pral rasanble wa latè yo ansanm nan “zòn yo rele ann ebre Amagedòn” nan (Revelasyon 16:14, 16). Akoz sa yo di nan de vèsè sa yo, yo rele dènye konfli ant gouvènman lèzòm yo ak Wayòm Bondye a batay Amagedòn.

19, 20. Ki sa ki anpeche volonte Bondye fèt sou tè a depi kounye a?

19 Ki sa Wayòm Bondye a pral reyalize pa mwayen Amagedòn? Fè yon ti reflechi ankò konsènan volonte Bondye gen pou tè a. Jewova Dye te deside pou tè a ranpli ak moun ki jis, moun ki san defo k ap sèvi l nan Paradi a. Ki sa ki anpeche sa fèt depi kounye a? Premyèman, nou se pechè, e nou konn tonbe malad epi nou mouri. Sepandan, nan chapit 5 lan, nou te aprann Jezi te mouri pou nou yon fason pou nou ka viv pou toutan. Siman nou sonje pawòl sa yo ki rapòte nan evanjil Jan an: “Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit Gason li fè a, poutèt pou nenpòt moun ki mete lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi etènèl.” — Jan 3:16.

20 Yon lòt pwoblèm, sèke yon pakèt moun ap fè move bagay. Y ap bay manti, y ap triche e y ap fè imoralite. Yo pa vle fè volonte Bondye. Moun k ap fè mechanste yo pral detwi nan Amagedòn, lagè Bondye a (Sòm 37:10). Epi yon lòt rezon ki esplike sa k fè volonte Bondye pap fèt sou tè a depi kounye a sèke gouvènman yo pa ankouraje moun fè volonte Bondye. Yon pakèt gouvènman, swa yo fèb, swa yo san pitye, swa yo kòwonpi. Bib la di kareman: “Lòm domine sou lòm pou fè l ditò.” — Eklezyas 8:9.

21. Ki jan Wayòm nan pral pèmèt volonte Bondye fèt sou tè a?

21 Apre Amagedòn, limanite pral viv anba yon sèl gouvènman: Wayòm Bondye a. Gouvènman sa a pral fè volonte Bondye e l ap pote bonjan byenfè. Pa egzanp, li pral retire Satan ak demon l yo (Revelasyon 20:1-3). Grasa pouvwa sakrifis Jezi a, moun ki fidèl yo pap malad e yo pap mouri ankò. Anba dominasyon Wayòm nan, yo pral kapab viv pou toutan (Revelasyon 22:1-3). Tè a pral tounen yon paradi. Kidonk, Wayòm nan pral pèmèt volonte Bondye fèt sou tè a e li pral sangtifye non Bondye. Ki sa sa vle di? Sa vle di finalman anba Wayòm Bondye a tout moun ki vivan pral onore non Jewova.

KI LÈ WAYÒM BONDYE A PRAL PASE ALAKSYON?

22. Kòman nou fè konnen Wayòm Bondye a pa t vini lè Jezi te sou tè a oswa tousuit apre rezirèksyon l?

22 Lè Jezi te di disip li yo pou yo fè priyè sa a: “Se pou wayòm ou an vini”, li te klè Wayòm nan potko vini nan epòk sa a. Èske l te vini lè Jezi te monte nan syèl la? Non, paske selon sa ni Pyè ni Pòl te deklare, apre rezirèksyon Jezi, pwofesi ki nan Sòm 110:1 an akonpli sou li. Pwofesi sa a di: “Deklarasyon Jewova pou Seyè mwen an: ‘Chita adwat mwen jiskaske mwen plase ènmi w yo tankou yon tabourè anba pye w.’” ​(Travay 2:32-35; Ebre 10:12, 13). Donk, te gen yon sèten tan ki te dwe pase.

Lè Wayòm nan pral dirije, volonte Bondye pral fèt sou tè a menm jan l fèt nan syèl la.

23. a) Ki lè Wayòm Bondye a te kòmanse reye? b) Sou ki sa chapit ki vin apre a pral pale?

23 Konbyen tan ki te dwe pase? Pandan 19yèm syèk la ak 20yèm syèk la, etidyan Labib ki sensè te vin konprann ti kras pa ti kras, tan sa a t apral fini an 1914. (Konsènan dat sa a, gade nan apendis la, nan paj 215-18.) Evènman mondyal yo ki te kòmanse an 1914 vin kore konpreyansyon etidyan Labib sa yo te genyen an, e yo montre sa yo te konprann nan te kòrèk. Akonplisman pwofesi biblik yo montre, an 1914, Kris te vin Wa e Wayòm selès Bondye a te kòmanse reye. Kidonk, n ap viv nan ‘peryòd tan kout’ Satan rete a (Revelasyon 12:12; Sòm 110:2). Avèk asirans, nou ka di tou, volonte Bondye pral fèt sou tè a grasa Wayòm Bondye a ki pral pase alaksyon talè konsa. Ou pa wè se yon bon nouvèl? Èske w kwè sa ap fèt vre? Chapit ki vin apre a pral ede w rann ou kont Labib anseye bagay sa yo toutbonvre.