Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT DIS

Kreyati espirityèl yo: enfliyans yo gen sou nou

Kreyati espirityèl yo: enfliyans yo gen sou nou
  • Èske zanj yo konn ede moun?

  • Ki jan espri mechan yo enfliyanse lèzòm?

  • Èske nou bezwen pè espri mechan yo?

1. Poukisa nou dwe anvi gen enfòmasyon sou zanj yo?

AN JENERAL, rive konnen yon moun mande pou nou gen enfòmasyon sou fanmi moun sa a. Menm jan an tou, rive konnen Jewova Dye gen ladan l vin pi byen konnen fanmi li ki nan syèl la, anpalan de zanj yo. Bib la rele zanj yo “pitit gason Bondye”. (Jòb 38:7.) Nan sans sa a, ki wòl yo jwe nan objektif Bondye? Èske yo jwe yon wòl nan istwa lèzòm? Èske zanj yo gen enfliyans sou lavi w? Si se wi, ki jan?

2. Ki kote zanj yo soti, e ki kantite yo ye?

2 Bib la pale de zanj yo plizyè santèn fwa. Ann reflechi sou kèk nan vèsè kote yo pale de zanj yo pou nou aprann plis bagay sou yo. Ki kote zanj yo soti? Kolosyen 1:16 di: “Pa mwayen li menm [Jezi Kris], tout lòt bagay yo te kreye ni nan syèl la ni sou tè a.” Konsa, tout kreyati espirityèl yo rele zanj yo, se Jewova Dye ki te kreye yo chak pa mwayen premye Pitit Gason l lan. Ki kantite zanj ki genyen? Bib la fè konnen yo te kreye plizyè santèn milyon zanj, e yo tout yo pisan. — Sòm 103:20 *.

3. Ki sa Jòb 38:4-7 aprann nou sou zanj yo?

3 Labib, Pawòl Bondye a, fè nou konnen lè yo te fè tè a, “tout pitit gason Bondye yo te pran bat bravo”. (Jòb 38:4-7.) Donk, zanj yo te egziste byen lontan anvan yo te kreye lèzòm, menm anvan yo te kreye tè a. Pasaj biblik sa a montre nou tou zanj yo gen santiman, paske li di “yo t ap pouse kri kè kontan ansanm”. N ap remake se “tout pitit gason Bondye yo” ki t ap rejwi ansanm. Nan epòk sa a, tout zanj yo te fè pati yon fanmi ini ki t ap sèvi Jewova Dye.

GEN ZANJ K AP SOUTNI NOU E K AP PWOTEJE NOU

4. Ki jan Bib la montre nou zanj fidèl yo enterese nan aktivite lèzòm?

4 Depi lè kreyati espirityèl fidèl yo te temwen kreyasyon premye moun yo, yo te montre yo enterese anpil nan limanite ki t ap ogmante antanke fanmi, e nan reyalizasyon objektif Bondye (Pwovèb 8:30, 31; 1 Pyè 1:11, 12). Avèk letan, sepandan, zanj yo vin remake pifò moun nan fanmi sa a vin sispann sèvi Kreyatè yo ki renmen yo a. Pa gen dout, sa te vin fè zanj fidèl sa yo tris. Yon lòt bò, menm lè yon sèl moun retounen vin jwenn Jewova, “gen kontantman nan mitan zanj” yo (Lik 15:10). Piske zanj yo enterese anpil konsa nan byennèt moun k ap sèvi Bondye, nou ka konprann sa k fè plizyè fwa Jewova sèvi ak zanj yo pou l fòtifye sèvitè fidèl li ki sou tè a e pou l pwoteje yo (Ebre 1:7, 14). Annou pran kèk egzanp.

“Bondye m nan voye zanj li an, e li fèmen bouch lyon yo.” — Dànyèl 6:22.

5. Ki egzanp kote zanj ap soutni moun nou jwenn nan Bib la?

5 Gen de zanj ki te mennen Lòt, yon nonm jis, ansanm avèk pitit fi l yo, pa deyò vil Sodòm ak Gomò, pou yo ka chape anba destriksyon vil sa yo ki te plen ak mechanste (Jenèz 19:15, 16). Plizyè syèk apre, yo te lage pwofèt Danyèl nan yon twou lyon, men, li te soti sennesòf. E apre sa, Danyèl di: “Bondye m nan voye zanj li an, e li fèmen bouch lyon yo.” ​(Danyèl 6:22). Nan premye syèk epòk nou an, yon zanj te libere apot Pyè nan prizon (Travay 12:6-11). Anplis de sa, zanj yo te soutni Jezi nan kòmansman ministè terès li (Mak 1:13). E yon tikras tan anvan Jezi te mouri, gen yon zanj ki te parèt sou Jezi, e li te “fòtifye l”. (Lik 22:43.) Sa te vrèman rekonfòte Jezi nan moman trèzenpòtan sa yo nan lavi li!

6. a) Kòman zanj yo pwoteje pèp Bondye a jodi a? b) Ki kesyon nou pral egzamine kounye a?

6 Jodi a, zanj yo pa parèt yon fason vizib ankò sou pèp Bondye a sou tè a. Menmsi moun pa ka wè zanj yo, zanj pisan Bondye yo toujou ap pwoteje pèp Bondye a espesyalman pou anyen mal pa rive yo nan domèn espirityèl. Bib la di: “Zanj Jewova a kanpe toutotou moun ki krenn li, e li delivre yo.” ​(Sòm 34:7). Poukisa pawòl sa yo ta dwe rekonfòte nou anpil? Se paske gen yon seri kreyati espirityèl mechan e danjere ki vle detwi nou. Kiyès yo ye? Ki kote yo soti? Ki jan y ap eseye fè nou mal? Pou nou konnen, annou egzamine pandan yon ti moman sa k te rive nan kòmansman istwa lèzòm.

GEN KREYATI ESPIRITYÈL SE ÈNMI NOU YO YE

7. Jis nan ki pwen Satan reyisi fè moun vire do bay Bondye?

Jan nou te aprann sa nan chapit 3 a, youn nan zanj yo te devlope yon anvi pou l domine sou lòt kreyati, e konsa li vin vire kont Bondye. Annapre, zanj sa a vin pote non Satan Ledyab (Revelasyon 12:9). Nan peryòd 1 600 ane apre Satan te fin twonpe Èv, Satan reyisi fè prèske tout moun vire do bay Bondye, eksepte kèk moun fidèl tankou Abèl, Enòk ak Noye. — Ebre 11:4, 5, 7.

8. a) Ki jan kèk zanj te vin tounen demon? b) Pou demon yo te chape anba delij la, ki sa yo te oblije fè?

8 Nan epòk Noye, gen lòt zanj ki te vin rebele kont Jewova. Yo te kite plas yo nan fanmi selès Bondye a, yo desann sou tè a e yo pran kò moun. Poukisa? Men sa nou li nan Jenèz 6:2: “Lè sa a, pitit gason vrè Dye a vin remake pitit fi lèzòm yo, yo wè yo te bèl. E yo te vin ap pran madanm pou tèt yo, sa vle di, yo te pran tout sa yo te chwazi yo.” Men, Jewova Dye pa t pèmèt zanj sa yo kontinye aji pou kòwonp lèzòm. Li te fè yon delij kouvri tout tè a pou elimine tout moun ki mechan, e se sèl lavi sèvitè fidèl li yo li te prezève (Jenèz 7:17, 23). Konsa, zanj rebèl yo oswa demon yo te oblije abandone kò fizik yo te pran an, e yo te retounen al nan syèl la antanke kreyati espirityèl. Yo te vin pran pozisyon bò kote Dyab la, e konsa, li vin tounen “chèf demon yo”. — Matye 9:34.

9. a) Ki sa k te rive demon yo lè yo te retounen nan syèl la? b) Ki sa nou pral analize anrapò ak demon yo?

9 Lè zanj dezobeyisan yo te retounen nan syèl la, Bondye te rejte yo menm jan li te rejte Satan, chèf yo a (2 Pyè 2:4). Malgre kounye a yo pa ka pran kò moun ankò, yo toujou ap egzèse yon move enfliyans sou lèzòm. Anfèt, Satan, avèk èd demon sa yo, ap “twonpe tout latè ki abite”. (Revelasyon 12:9; 1 Jan 5:19.) Ki jan l fè sa? Prensipalman, demon yo sèvi ak yon seri teknik yo mete anplas pou twonpe moun (2 Korentyen 2:11). Ann analize kèk nan teknik sa yo.

FASON DEMON YO TWONPE MOUN

10. Ki sa espiritis ye?

10 Pou demon yo twonpe moun, yo sèvi ak espiritis. Yon moun ki pratike espiritis antre an kontak ak demon yo swa dirèkteman, swa pa mwayen yon moun ki sèvi kòm medyòm. Bib la kondane espiritis, e li avèti nou pou nou rete lwen tout sa ki gen rapò avèk espiritis (Galat 5:19-21). Demon yo itilize espiritis menm jan pechè pwason itilize lak oswa manje pou peche pwason. Yon pechè pwason itilize divès kalite lak pou l kenbe divès kalite pwason. Menm jan an tou, espri mechan yo sèvi ak divès fòm espiritis pou yo fè plizyè kalite moun vin anba enfliyans yo.

11. Ki sa divinasyon ye, e poukisa nou dwe evite l?

11 Youn nan lak demon yo sèvi, se divinasyon. Ki sa divinasyon an ye? Se chèche yon moun ap chèche konnen sa k ap pase demen, oswa l ap chèche konnen yon bagay lòt moun pa konnen. Nan divinasyon an gen astwoloji (owoskòp ladan l tou), pase kat, gade nan boul kristal, fè entèpelasyon nan glas, li nan men moun ak entèprete rèv. Menmsi anpil moun panse pa gen danje nan pratike divinasyon, Bib la montre moun k ap di lòt moun sa ki pral rive yo demen, se ak espri mechan y ap travay. Pa egzanp, Travay 16:16-18 pale de yon “demon divinasyon” ki te pèmèt yon tifi pratike “metye prediksyon”. Men, li te pèdi kapasite sa a lè yo te chase demon an sou li.

Demon yo itilize divès mwayen pou yo twonpe moun.

12. Poukisa li danjere pou nou eseye kominike ak mò?

12 Yon lòt fason demon yo twonpe moun, se lè yo ankouraje moun entèpele mò. Byen souvan, moun ki nan lapenn dèske yo gen yon moun pa yo ki mouri konn twonpe akoz yon seri ide ki pa vre k ap sikile sou mò. Yon medyòm ka bay yon seri enfòmasyon espesyal oswa li ka pale avèk yon vwa ki sanble ak vwa yon moun ki mouri. Kòm rezilta, anpil moun vin kwè mò yo vivan toutbon, e yo kwè si moun ki vivan yo kontakte mò yo, sa pral ede moun ki vivan yo sipòte lapenn yo a. Men an reyalite, jan de “konsolasyon” sa yo se blòf yo ye e yo gen danje ladan yo. Poukisa? Paske demon yo ka imite vwa yon moun ki mouri, e yo ka bay medyòm nan enfòmasyon konsènan moun sa a (1 Samyèl 28:3-19). Plis ankò, jan nou te aprann sa nan chapit 6 la, mò yo sispann egziste (Sòm 115:17). Konsa, “nenpòt moun k ap entèpele mò” se twonpe espri mechan yo ap twonpe l, e moun sa a ap aji yon fason kontrè ak volonte Bondye (Detewonòm 18:10, 11; Izayi 8:19). Kidonk, se pou nou veyatif pou nou rejte lak danjere sa a demon yo sèvi avè l la.

13. Ki sa anpil moun ki te konn pè demon rive fè?

13 Espri mechan yo pa kontante yo twonpe moun, men yo fè moun pè tou. Jodi a, Satan ak demon l yo konnen yo rete sèlman ‘yon peryòd tan tou kout’ anvan yo bloke aktivite yo, e kounye a, yo vin pi mechan pase tout tan (Revelasyon 12:12, 17). Men, sa pa anpeche plizyè milye moun ki te konn viv chak jou nan laperèz akoz espri mechan sa yo vin pa pè ankò. Kòman yo rive fè sa? E ki sa yon moun ka fè menmsi li deja ap pratike espiritis?

FASON POU NOU REZISTE KONT ESPRI MECHAN YO

14. Menm jan ak premye kretyen ki t ap viv nan vil Efèz, ki jan nou ka libere anba espri mechan yo?

14 Bib la di nou ni ki jan pou nou reziste kont espri mechan yo, ni ki jan pou nou libere anba yo. Annou pran egzanp premye kretyen ki t ap viv nan vil Efèz. Gen kèk ladan yo ki te konn ap pratike espiritis anvan yo te vin kretyen. Lè yo te deside kite espiritis la, ki sa yo te fè? Bib la di: “Anpil nan moun ki te konn pratike maji te rasanble liv yo te genyen, e yo te boule yo devan tout moun.” ​(Travay 19:19). Etan nouvo kretyen sa yo detwi liv maji yo te genyen yo, yo trase yon egzanp pou moun ki ta renmen reziste kont espri mechan yo jodi a. Moun ki vle sèvi Jewova bezwen debarase yo ak tout bagay ki gen rapò ak espiritis. Sa gen ladan l liv, jounal, fim, foto ak anrejistreman mizik ki ankouraje moun pratike espiritis e ki fè l parèt bèl e atiran. Yo dwe debarase yo tou ak bagay moun konn met sou yo pou yo pwoteje tèt yo kont sa ki mal. — 1 Korentyen 10:21.

15. Pou nou reziste kont fòs espirityèl mechan yo, ki sa nou bezwen fè?

15 Kèk ane apre kretyen ki t ap viv nan vil Efèz yo te fin detwi liv maji yo te genyen yo, apot Pòl te ekri yo: “Nou gen yon lit n ap mennen [...] kont fòs espirityèl mechan” yo (Efezyen 6:12). Demon yo pa t kite sa. Yo te toujou ap eseye pran kontwòl sitiyasyon an. Kidonk, ki lòt bagay ankò kretyen sa yo te bezwen fè? Pòl di: “Sitou, pran gwo boukliye lafwa a ki kapab pèmèt nou etenn tout boulèt flanm mechan an.” ​(Efezyen 6:16). Plis boukliye lafwa nou an solid, se plis n ap ka reziste kont fòs espirityèl mechan yo. — Matye 17:20.

16. Ki jan nou ka fòtifye lafwa nou?

16 Nan ka sa a, ki jan nou ka fòtifye lafwa nou? Se lè nou etidye Bib la. Menm jan solidite yon mi depann anpil de fòs fondasyon mi an, se konsa solidite lafwa nou depann anpil de fòs ki se baz lafwa nou, anpalan de konesans egzak Labib, Pawòl Bondye a. Si nou li Labib chak jou e si nou etidye l chak jou, lafwa nou ap vin solid. Menm jan ak yon mi ki solid, yon lafwa konsa ap pwoteje nou kont enfliyans espri mechan yo. — 1 Jan 5:5.

17. Ki sa ki nesesè pou nou ka reziste kont espri mechan yo?

17 Ki lòt etap kretyen sa yo ki t ap viv nan vil Efèz te dwe franchi ankò? Yo te bezwen plis pwoteksyon toujou paske yo t ap viv nan yon vil kote enfliyans demon te gaye toupatou. Se poutèt sa Pòl te di yo: “Priye nan tout okazyon, ann espri, ak tout kalite priyè ak siplikasyon.” ​(Efezyen 6:18). Piske nou menm tou, n ap viv nan yon monn kote enfliyans demon gaye toupatou, yon bagay ki esansyèl pou nou reziste kont espri mechan yo, se pou nou priye Jewova avèk senserite, etan nou nonmen non l, pou nou jwenn pwoteksyon nan men l (Pwovèb 18:10). Se pou rezon sa a nou dwe kontinye priye Bondye pou l “delivre nou anba mechan an”, Satan Ledyab (Matye 6:13). Jewova ap reponn priyè sensè konsa. — Sòm 145:19.

18, 19. a) Poukisa nou mèt sèten n ap pote laviktwa nan konba n ap mennen kont espri mechan yo? b) Ki kesyon yo pral reponn nan chapit ki vin apre a?

18 Espri mechan yo danjere, men, si nou opoze ak Dyab la e si nou pwoche bò kote Bondye etan n ap fè volonte l, nou pa bezwen pè yo (Jak 4:7, 8). Pouvwa espri mechan yo gen limit. Yo te deja pini yo nan epòk Noye e y ap tann jijman final yo alavni (Jid 6). N ap sonje tou, nou gen pwoteksyon zanj pisan Jewova yo (2 Wa 6:15-17). Zanj sa yo enterese anpil pou yo wè nou reyisi reziste kont espri mechan yo. Se kòmsi m ta di w zanj ki jis yo la ap chofe nou. Kidonk, annou rete toupre Jewova e annou rete toupre fanmi selès li a, anpalan de kreyati espirityèl fidèl yo. Annou evite tout kalite fòm espiritis, e annou toujou aplike konsèy nou jwenn nan Pawòl Bondye a (1 Pyè 5:6, 7; 2 Pyè 2:9). Konsa, nou mèt sèten n ap pote laviktwa nan konba n ap mennen kont espri mechan yo.

19 Men, poukisa Bondye tolere mechan ak mechanste ki tèlman fè moun soufri? Y ap reponn kesyon sa a nan chapit ki vin apre a.

^ § 2 Konsènan zanj ki jis yo, Revelasyon 5:11 di: “Kantite a se te dè e dè miryad” oswa “dimil fwa dimil”. (Nòt anba paj la.) Konsa, Bib la sètifye yo te kreye plizyè santèn milyon zanj.