Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT TRÈZ

Chèche gen menm pwennvi ak Bondye sou lavi

Chèche gen menm pwennvi ak Bondye sou lavi
  • Ki pwennvi Bondye sou lavi?

  • Ki pwennvi Bondye sou avòtman?

  • Kòman nou montre nou respekte lavi?

1. Kiyès ki kreye tout bagay ki vivan?

“JEWOVA se Dye an verite. Li se Bondye vivan an.” Se sa pwofèt Jeremi te di (Jeremi 10:10). Anplis de sa, Jewova Dye se Kreyatè tout bagay ki vivan. Men sa kreyati selès yo te di l: “Ou te kreye tout bagay, e akoz volonte w yo egziste, e yo te kreye.” ​(Revelasyon 4:11). Wa David te di, nan yon chan louwanj pou Bondye: “Se bò kote w sous lavi a ye.” ​(Sòm 36:9). Konsa, lavi se yon kado Bondye bay.

2. Ki sa Bondye fè pou l soutni lavi nou?

2 Jewova soutni lavi nou tou (Travay 17:28). Se li ki ban nou manje pou nou manje, dlo pou nou bwè, lè pou nou respire ak tè kote nou abite (Travay 14:15-17). Jewova fè sa yon fason pou lavi a ka agreyab. Men, pou nou pwofite lavi a nèt, nou dwe aprann lwa Bondye yo e nou dwe obeyi yo. — Izayi 48:17, 18.

ANNOU MONTRE NOU RESPEKTE LAVI

3. Kòman Bondye te konsidere zak asasinay ki te fèt sou Abèl la?

3 Bondye vle nou respekte lavi, kit se lavi pa nou, kit se lavi lòt moun. Pa egzanp, nan epòk Adan ak Èv, Kayen, yon pitit gason yo, te vin an kòlè kont Abèl, ti frè l la. Jewova avèti Kayen pou l fè l konnen kòlè l la ta ka fè l fè yon peche grav. Kayen pa koute avètisman sa a. Li “atake Abèl, frè l la, epi li touye l”. (Jenèz 4:3-8.) Jewova te pini Kayen poutèt li te asasinen frè l la. — Jenèz 4:9-11.

4. Nan Lalwa mozayik la, ki jan Bondye te mete aksan sou bon pwennvi moun dwe genyen sou lavi?

4 Plizyè milye ane apre sa, Jewova te bay pèp Izrayèl la yon seri lwa pou l ede pèp la sèvi l yon fason ki akseptab. Kòm se pa mwayen Moyiz yo te bay lwa sa yo, pafwa yo rele yo Lalwa mozayik. Nan Lalwa mozayik la, yo di: “Ou pa dwe asasinen.” ​(Detewonòm 5:17). Sa te fè Izrayelit yo konprann Bondye bay lavi moun anpil valè e yo menm tou yo dwe bay lavi moun anpil valè.

5. Ki pwennvi nou dwe genyen sou avòtman?

5 E pou lavi yon timoun ki anndan vant? Ebyen, selon Lalwa mozayik, se te yon bagay mal pou yon moun ta touye yon tibebe ki nan vant manman l. Wi, menm lavi yon tibebe nan vant gen anpil valè nan je Jewova (Egzòd 21:22, 23; Sòm 127:3). Sa vle di Bondye kondane avòtman.

6. Poukisa nou pa dwe rayi sanblab nou?

6 Respekte lavi siyifi tou gen bon pwennvi sou lòt moun. Bib la di: “Tout moun ki rayi frè li se yon asasen, e nou konnen okenn asasen pa gen lavi etènèl ki rete nan li.” ​(1 Jan 3:15). Si nou vle gen lavi etènèl, nou dwe derasinen kèlkeswa lahèn nou ta gen nan kè nou pou sanblab nou, paske se lahèn ki mennen pifò vyolans ki egziste (1 Jan 3:11, 12). Li esansyèl pou nou aprann renmen youn lòt.

7. Bay egzanp kèk abitid ki montre yon mank respè pou lavi.

7 E konsènan respekte pwòp lavi nou? An jeneral, moun pa dèyè mouri, men, gen moun ki pran risk ki mete lavi yo an danje jis pou yo pran plezi yo. Pa egzanp, anpil moun fimen sigarèt, yo pran priz tabak, yo moulen nwa betèl oswa yo pran lòt dwòg pou plezi yo jwenn ladan yo. Pwodui sa yo nui kò a e byen souvan yo touye moun ki sèvi avèk yo. Yon moun ki pran abitid sèvi ak pwodui sa yo pa konsidere lavi a kòm yon bagay sakre. Abitid sa yo sal nan je Bondye (Women 6:19; 12:1; 2 Korentyen 7:1). Pou nou sèvi Bondye yon fason ki akseptab, nou dwe abandone abitid sa yo. Menmsi li ka trè difisil pou nou rive fè sa, Jewova ka ban nou èd ki nesesè. Epitou li apresye efò n ap fè pou nou pran swen lavi nou yon fason ki montre nou konsidere lavi nou kòm yon kado li ban nou ki gen anpil valè.

8. Poukisa nou dwe toujou pran prekosyon pou nou evite danje?

8 Si nou respekte lavi, n ap sonje li nesesè pou nou toujou pran prekosyon pou nou evite danje. Nou pap neglijan, e nou pap pran risk senpleman pou plezi. N ap evite fè enpridans nan kondui machin, e n ap evite spò ki vyolan oswa ki danjere (Sòm 11:5). Lalwa Bondye te bay pèp Izrayèl la te di: “Si w ap bati yon kay tounèf, [e do kay la plat], ou fèt pou w fè yon balistrad [oswa yon ti mi] pou do kay la, poutèt pou w pa mete dèt san sou kay ou, paske yon moun k ap tonbe kapab byen sot tonbe la.” ​(Detewonòm 22:8). Ann amoni ak prensip ki nan lwa sa a, veye pou eskalye lakay ou an bon eta, yon fason pou moun pa kilbite oswa pou yo pa tonbe, sa ki ta ka fè yo blese grav. Si w gen yon machin, verifye li ann eta pou moun kondui l san danje. Pa kite machin ou oswa kay ou vin yon danje ni pou ou ni pou lòt moun.

9. Si nou respekte lavi, ki jan n ap trete bèt yo?

9 E lavi bèt yo menm? Se yon bagay ki sakre pou Kreyatè a. Bondye pèmèt moun touye bèt pou yo jwenn manje e pou yo abiye oswa pou pwoteje moun kont danje (Jenèz 3:21; 9:3; Egzòd 21:28). Men, se yon bagay ki mal pou moun trete bèt san pitye oswa pou moun touye bèt pou bon plezi, e sa montre yon mepri pou lavi a ki sakre. — Pwovèb 12:10.

ANNOU MONTRE NOU RESPEKTE SAN

10. Ki jan Bondye montre gen yon lyen trè sere ant lavi ak san?

10 Apre Kayen fin touye frè l Abèl, Jewova di Kayen: “San frè w la ap rele nan direksyon m etan l atè a.” ​(Jenèz 4:10). Lè Bondye te pale de san Abèl, li t ap pale de lavi Abèl. Kayen te retire lavi Abèl, e kounye a, li ta dwe jwenn yon pinisyon. Se kòmsi san Abèl oswa lavi Abèl t ap rele Jewova pou l jwenn jistis. Apre delij epòk Noye a, yon dezyèm fwa, yo te montre gen yon rapò ant lavi ak san. Anvan delij la, se sèlman fwi, legim, ak tout kalite manje angren moun te konn manje. Apre delij la, Jewova di Noye ak pitit gason l yo: “Tout bèt k ap deplase e ki vivan ka sèvi nouriti pou nou. Menm jan ak vejetasyon ki vèt, mwen ban nou tout sa.” Sepandan, Bondye te bay restriksyon sa a: “Sèlman, chè a ak nanm li [oswa lavi li], sa vle di san li, nou pa gen dwa manje l.” ​(Jenèz 1:29; 9:3, 4). Yon fason klè, Jewova montre gen yon lyen trè sere ant lavi yon kreyati ak san li.

11. Ki fason Bondye entèdi moun sèvi ak san depi nan epòk Noye a?

11 Nou montre nou respekte san lè nou pa manje l. Nan Lalwa Jewova te bay Izrayelit yo, li te bay lòd sa a: “Nenpòt moun [...] ki al lachas ki pran yon bèt sovaj oswa yon zwazo moun ka manje, nan ka sa a, li dwe vèse san li epi li dwe kouvri l ak pousyè. [...] Mwen di pitit gason Izrayèl yo: ‘Nou pa dwe manje san okenn chè.’” ​(Levitik 17:13, 14). Kòmandman Bondye te bay Noye sa gen anviwon 800 ane pou moun pa manje san bèt la te toujou an vigè. Pwennvi Jewova te parèt klè. Sèvitè l yo te ka manje vyann bèt, men yo pa t ka manje san. Yo te dwe vide san an atè, kòmsi yo remèt lavi kreyati a nan men Bondye.

12. Anrapò ak san, ki kòmandman yo te bay pa mwayen lespri sen nan premye syèk la ki toujou valab jodi a?

12 Gen yon kòmandman yo bay kretyen yo ki sanble ak kòmandman sa a. Apot yo ak lòt mesye ki te alatèt pami disip Jezi yo nan premye syèk la te reyini ansanm pou yo te deside ki kòmandman tout moun ki nan kongregasyon kretyen an dwe obeyi. Yo rive nan konklizyon sa a: “Lespri sen ansanm ak nou menm twouve li bon pou nou pa ajoute lòt fado sou nou, eksepte bagay sa yo ki nesesè: kontinye evite ni bagay yo sakrifye pou zidòl ni san oswa sa ki mouri toufe [kote san an rete nan vyann nan], ni fònikasyon.” ​(Travay 15:28, 29; 21:25). Donk, nou dwe ‘kontinye evite san’. Nan je Bondye, sa gen menm enpòtans avèk evite idolatri oswa evite imoralite seksyèl.

Si medsen w ta mande w pou w evite bwason ki gen alkòl, èske w t ap fè yo antre l nan venn ou?

13. Bay yon egzanp pou w montre poukisa kòmandman pou nou evite san an gen ladan l evite pran san.

13 Èske kòmandman pou nou evite san an gen ladan l evite pran san? Wi. Ann pran yon egzanp. Ann sipoze yon medsen mande w pou w evite bwason ki gen alkòl. Èske sa ta vle di sèlman ou pa dwe bwè alkòl, men ou ka fè yo antre l nan venn ou? Natirèlman non! Menm jan an tou, evite san siyifi pou w pa antre l nan kò w okenn fason. Konsa, kòmandman pou nou evite san an vle di pou nou pa pèmèt pèsonn antre l nan venn nou.

14, 15. Si medsen yo di yon kretyen fòk li pran san, ki sa kretyen an ap fè, e poukisa?

14 E si yon kretyen blese grav oswa si li bezwen fè yon gwo operasyon? Ann sipoze medsen yo di l fòk li pran san, si se pa sa, l ap mouri. Natirèlman, kretyen an pa dèyè mouri. Pou l prezève lavi Bondye ba li a ki gen anpil valè, l ap aksepte lòt kalite tretman ki pa mande pou l mal sèvi ak san. Donk, l ap chèche tretman konsa si yo disponib e l ap aksepte yon seri pwodui nan plas san an.

15 Èske yon kretyen ap pase lwa Bondye a anba pye jis pou l rete an vi yon ti tan anplis nan sistèm sa a? Jezi te di: “Nenpòt moun ki vle sove nanm li [oswa vi li] ap pèdi l, men nenpòt moun ki pèdi nanm li poutèt mwen ap jwenn li.” ​(Matye 16:25). Nou pa dèyè mouri. Men, si nou ta pase lwa Bondye anba pye pou nou prezève lavi nou gen kounye a, nou t ap riske pèdi lavi etènèl la. Konsa, li saj pou nou montre nou kwè se lwa Bondye ki kòrèk, e nou gen yon konfyans total si nou mouri, Moun ki ban nou lavi a ap sonje nou nan moman rezirèksyon an e l ap reban nou lavi. — Jan 5:28, 29; Ebre 11:6.

16. Ki desizyon fèm sèvitè Bondye yo pran anrapò ak san?

16 Jodi a, sèvitè fidèl Bondye yo pran desizyon fèm pou yo suiv enstriksyon li bay anrapò ak san. Yo pap manje l sou okenn fòm. Ni nonplis yo pap aksepte pran san pou rezon medikal *. Yo sèten Kreyatè san an konnen sa ki pi bon pou yo. Èske w kwè sa?

SÈL BON FASON POU YO ITILIZE SAN

17. Nan tan lontan ann Izrayèl, ki sèl fason yo te itilize san ki te akseptab pou Jewova Dye?

17 Lalwa mozayik te mete aksan sou sèl bon fason pou yo itilize san. Konsènan adorasyon Izrayelit nan tan lontan yo, Jewova te bay lòd sa a: “Nanm [oswa lavi] chè a se nan san an li ye, e mwen menm mwen mete l sou lotèl la pou l fè pwopisyasyon pou nanm nou, paske se san an ki fè pwopisyasyon.” ​(Levitik 17:11). Lè Izrayelit yo te fè peche, yo te ka jwenn padon si yo ta ofri yon bèt e si yo ta fè mete yon pati nan san bèt la sou lotèl nan tabènak la, e avèk letan, nan tanp Bondye a kote yo te vin ap fè sakrifis. Sèl bon fason pou yo te itilize san se te nan sakrifis sa yo.

18. Ki byenfè e ki benediksyon nou ka jwenn grasa san Jezi ki vèse a?

18 Vrè kretyen yo pa sou Lalwa mozayik. Konsa, yo pa ofri bèt an sakrifis e yo pa mete san bèt sou lotèl (Ebre 10:1). Sepandan, fason yo te konn sèvi ak san sou lotèl nan epòk Izrayelit yo nan tan lontan te dirije atansyon sou sakrifis ki gen anpil valè Pitit Gason Bondye a, Jezi Kris, te fè. Jan nou te aprann sa nan chapit 5 lan, Jezi te pèmèt san l koule an sakrifis, e konsa, li te bay lavi l pou nou antanke yon imen. Apre sa, li monte nan syèl la epi yon fwa pou tout, li prezante pri san li ki koule a bay Bondye (Ebre 9:11, 12). Sa te poze baz pou padon peche nou e sa te ouvri chemen pou nou jwenn lavi etènèl (Matye 20:28; Jan 3:16). Ala sa te gen yon kokenn enpòtans, fason sa a yo te sèvi ak san an (1 Pyè 1:18, 19)! Se sèlman grasa lafwa nan pri san Jezi te vèse a, nou ka rive sove.

Ki jan w ka montre ou respekte lavi e ou respekte san?

19. Ki sa nou dwe fè pou nou ka “pwòp konsènan san tout moun”?

19 Ala rekonesans nou genyen pou lavi Jewova Dye ban nou an kado avèk amou! Epitou, èske sa pa ta dwe pouse nou al fè lòt moun konnen posiblite yo genyen pou yo jwenn lavi etènèl sou baz lafwa yo nan sakrifis Jezi a? Piske menm jan ak Bondye, nou sousye nou pou lavi moun yo, sa ap pouse nou fè sa avèk antouzyas e avèk zèl (Ezekyèl 3:17-21). Si nou akonpli responsablite sa a avèk dilijans, n ap kapab di, menm jan ak apot Pòl: “Mwen pwòp konsènan san tout moun, paske mwen pa t ezite fè nou konnen tout konsèy Bondye bay.” ​(Travay 20:26, 27). Pale n ap pale ak moun yo konsènan Bondye e konsènan objektif li, se yon bèl fason pou nou montre nou bay lavi ak san pi gwo enpòtans posib.

^ § 16 Pou plis enfòmasyon sou lòt tretman ki pa mande pou moun pran san, gade nan paj 13-17 nan bwochi Comment le sang peut-il vous sauver la vie? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.