Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT KATÒZ

Fason pou nou rann lavi fanmi nou agreyab

Fason pou nou rann lavi fanmi nou agreyab
  • Yon bon mari: ki sa sa mande?

  • Kòman yon madan marye ka byen jwe wòl li?

  • Yon bon paran: ki sa sa mande?

  • Kòman timoun yo ka kowopere pou rann lavi fanmi an agreyab?

1. Ki sa ki esansyèl pou lavi yon fanmi agreyab?

JEWOVA DYE vle pou lavi fanmi w agreyab. Pawòl li Labib bay prensip ki pou gide chak manm nan fanmi an, e li dekri wòl Bondye vle pou chak moun jwe. Lè tout moun nan fanmi an jwe wòl yo ann amoni ak konsèy Bondye bay, sa bay bon rezilta. Jezi te di: “Byennere moun ki koute pawòl Bondye a e ki pratike l!” — Lik 11:28.

2. Ki sa nou dwe rekonèt si nou vle lavi fanmi nou agreyab?

2 Pou nou jwenn bonè nan fanmi nou, li esansyèl pou nou rekonèt se Jewova ki kreye fanmi, li menm Jezi rele “Papa nou” an (Matye 6:9). Chak fanmi ki sou tè a egziste grasa Papa nou ki nan syèl la. E pa gen dout sou sa, li konnen sa ki ka rann lavi fanmi an agreyab (Efezyen 3:14, 15). Donk, nou ka mande tèt nou ki sa Labib anseye konsènan wòl chak manm nan fanmi an.

SE BONDYE KI KREYE FANMI

3. Kòman Bib la dekri fason fanmi te derape, e poukisa nou konnen sa l di a se laverite?

3 Jewova te kreye de premye moun yo, Adan ak Èv, e li te mete yo viv ansanm kòm mari ak madanm. Li te mete yo nan yon bèl paradi sou tè a yo rele jaden d Edenn, e li te di yo pou yo fè pitit. Jewova te di yo: “Fè pitit, e vin anpil, ranpli tè a.” ​(Jenèz 1:26-28; 2:18, 21-24). Se pa yon senp istwa oswa yon lejann sa ye, paske selon sa Jezi te montre, sa liv Jenèz la rapòte konsènan fason fanmi te derape se laverite (Matye 19:4, 5). Menmsi nou rankontre anpil pwoblèm, e menmsi lavi kounye a pa jan Bondye te deside pou l ye a, annou wè poukisa li posib pou moun viv ak kè kontan nan fanmi.

4. a) Kòman chak manm nan fanmi an ka potekole pou l rann lavi fanmi an agreyab? b) Poukisa li enpòtan anpil pou nou etidye lavi Jezi si nou vle lavi fanmi nou agreyab?

4 Chak manm nan fanmi an ka potekole pou l rann lavi fanmi an agreyab lè li imite Bondye nan demontre lanmou (Efezyen 5:1, 2). Men, ki jan nou ka imite Bondye, piske nou pa menm ka wè l? Nou ka aprann ki jan Jewova aji paske li te voye premye Pitit Gason l lan sot nan syèl la vin sou tè a (Jan 1:14, 18). Lè Jezi Kris, Pitit Gason sa a, te sou tè a, li te tèlman byen imite Papa li ki nan syèl la, lè yon moun te wè Jezi, lè yon moun te koute Jezi, se te kòmsi moun sa a te ansanm avèk Jewova, epi li t ap tande Li (Jan 14:9). Donk, nou chak, nou ka potekole pou nou rann lavi fanmi an pi agreyab lè nou chèche konnen lanmou Jezi te demontre, e lè nou suiv egzanp li.

YON MODÈL POU MARI YO

5, 6. a) Nan ki sans fason Jezi trete kongregasyon an se yon egzanp pou mari yo? b) Ki sa nou dwe fè pou nou jwenn padon pou peche nou?

5 Bib la di mari yo dwe trete madanm yo menm jan Jezi te konn trete disip li yo. Reflechi sou enstriksyon biblik sa a: “Mari, se pou nou kontinye renmen madanm nou, tankou Kris tou te renmen kongregasyon an, e li te livre tèt li pou li. [...] Se nan sans sa a mari yo dwe renmen madanm yo tankou pwòp kò yo. Moun ki renmen madanm li se tèt li l renmen, paske pa gen moun ki janm rayi pwòp chè l. Men li nouri l epi li pran swen l, tankou Kris fè tou pou kongregasyon an.” — Efezyen 5:23, 25-29.

6 Lanmou Jezi pou kongregasyon l lan, ki fòme ak disip li yo, se yon bèl egzanp pou mari yo. Jezi “te renmen yo jiska lafen”, e li te sakrifye lavi l pou yo aktout yo te enpafè (Jan 13:1; 15:13). Nan menm sans lan, men yon egzòtasyon yo bay mari yo: “Se pou nou kontinye renmen madanm nou e pinga nou egri kont yo.” ​(Kolosyen 3:19). Ki sa k ap ede yon mari mete konsèy sa a an pratik, sitou si detanzantan, madanm li pa aji avèk sajès? Li dwe sonje li menm tou, li konn fè fot, e li dwe sonje sa li dwe fè pou l jwenn padon nan men Bondye. Ou konn ki sa? Li dwe padone moun ki peche kont li, e pami moun sa yo, madanm li ladan l tou. Natirèlman, madanm nan dwe fè menm jan an tou (Matye 6:12, 14, 15). Èske w konprann sa k fè kèk moun di yon maryaj ki reyisi se inyon de moun ki konn padone?

7. Ki sa Jezi te konn pran an konsiderasyon, e konsa, ki egzanp li kite pou mari yo?

7 L ap bon tou pou mari yo note pwen sa a: Jezi te toujou montre konsiderasyon pou disip li yo. Li te konn pran limit yo ak bezwen fizik yo an konsiderasyon. Pa egzanp, yon lè yo te fatige, li te di yo: “Nou menm, vini yon kote ki apa pou nou pran yon ti repo.” ​(Mak 6:30-32). Madanm yo tou, yo merite bonjan konsiderasyon. Bib la dekri yo kòm “yon veso ki pi fèb”, e li òdone mari yo pou yo “ba yo onè”. Poukisa? Se paske ni mari ni madanm gen menm ‘lavi yo fè yo favè a, favè moun pa merite a’. (1 Pyè 3:7.) Mari yo dwe sonje se fidelite yon moun ki fè li gen anpil valè nan je Bondye, se pa lefètke li se yon gason oswa li se yon fi. — Sòm 101:6.

8. a) Nan ki sans yon mari ki “renmen madanm li se tèt li l renmen”? b) Ki sa “yon sèl chè” vle di pou yon mari ak madanm li?

8 Bib la di yon mari ki “renmen madanm li se tèt li l renmen”. Se paske, jan Jezi te fè remake sa, yon gason ansanm ak madanm li “pa de ankò, men yo se yon sèl chè”. (Matye 19:6.) Donk, nan domèn sèks, youn dwe enterese sèlman ak lòt la (Pwovèb 5:15-21; Ebre 13:4). Yo ka fè sa si yo montre yo sousye yo de bezwen youn lòt san se pa yon enterè yo wè (1 Korentyen 7:3-5). Li enpòtan pou nou raple nou pawòl sa yo: “Pa gen moun ki janm rayi pwòp chè l. Men li nouri l epi li pran swen l.Mari yo bezwen renmen madanm yo menm jan yo renmen tèt yo, e yo dwe sonje yo gen kont pou yo rann pwòp chèf yo, Jezi Kris. — Efezyen 5:29; 1 Korentyen 11:3.

9. Ki kalite Jezi gen lakay li yo mansyone nan Filipyen 1:8, e poukisa mari yo dwe egzèse kalite sa a anvè madanm yo?

9 Apot Pòl pale de ‘afeksyon ki gen tandrès tankou sa Kris Jezi genyen an’. (Filipyen 1:8.) Tandrès Jezi te demontre se yon kalite ki bay rekonfò, se yon kalite ki te atire medam ki te vin disip li yo (Jan 20:1, 11-13, 16). Madanm yo swaf jwenn afeksyon ki gen tandrès nan men mari yo.

YON EGZANP POU MADAN MARYE YO

10. Ki egzanp Jezi bay madan marye yo?

10 Yon fanmi se yon òganizasyon, e pou l mache swa, li bezwen yon chèf. Menm Jezi gen yon Moun li soumèt anba l kòm Chèf li. “Chèf Kris se Bondye”, menm jan “chèf yon fi se gason an”. (1 Korentyen 11:3.) Soumisyon Jezi anba direksyon Bondye se yon bèl egzanp, piske nou tout nou gen yon chèf nou dwe soumèt anba l.

11. Ki atitid yon madanm dwe genyen anvè mari li, e ki efè konduit li ka genyen?

11 Piske mesye yo enpafè, yo konn fè fot e byen souvan yo konn pa montre yo se bonjan chèf fanmi. Nan ka sa a, ki sa madanm nan dwe fè? Li pa dwe denigre sa mari l fè, ni li pa dwe eseye jwe wòl chèf la nan plas mari a. L ap bon pou madanm nan sonje yon lespri ki pezib e ki dou gen anpil valè nan je Bondye (1 Pyè 3:4). Lè li demontre yon etadespri konsa, l ap twouve li pi fasil pou l demontre yon soumisyon ki fè Bondye plezi, menm lè sitiyasyon an pa fasil. Anplis de sa, Bib la di: “Madanm nan dwe gen yon gwo respè pou mari l.” ​(Efezyen 5:33). Men, e si mari a pa aksepte Kris pou Chèf li? Men egzòtasyon Bib la bay madanm yo: “Se pou nou soumèt nou devan pwòp mari nou, yon fason pou, si genyen ki pa obeyi pawòl la, konduit madanm yo ka ramne yo san pawòl, paske yo temwen ak je yo jan nou gen yon konduit dwat ansanm ak yon gwo respè.1 Pyè 3:1, 2.

12. Poukisa se pa yon mal pou yon madan marye eksprime opinyon l avèk respè?

12 Kit mari a kwayan, kit li pa kwayan, lefètke yon madan marye eksprime yon opinyon ki pa menm ak pa mari l, sa pa montre li manke mari l respè pou sa, si li pale avèk tak. Pwennvi madanm nan gendwa kòrèk, e si mari a koute l, tout fanmi an ta ka tire pwofi. Malgre Abraram pa t dakò ak madanm li Sara, lè Sara te sijere yon solisyon pratik pou yon pwoblèm ki te parèt anndan fwaye a, Bondye te di Abraram: “Koute vwa l.” ​(Jenèz 21:9-12). Natirèlman, lè yon mari fin pran yon desizyon ki pa depaman ak lwa Bondye, madanm li ap soutni desizyon sa a, konsa, l ap montre li soumèt li devan mari l. — Travay 5:29; Efezyen 5:24.

Ki bèl egzanp Sara kite pou madan marye yo?

13. a) Ki sa Tit 2:4, 5 egzòte madan marye yo fè? b) Ki sa Bib la di sou separasyon ak divòs?

13 Yon madan marye ka ranpli wòl li nan fanmi an divès fason. Pa egzanp, Bib la montre madan marye yo dwe ‘renmen mari yo, yo dwe renmen pitit yo, yo dwe gen bonsans, yo dwe pwòp moralman, yo dwe okipe kay yo byen, yo dwe bon moun, yo dwe soumèt yo devan mari yo’. (Tit 2:4, 5.) Yon fi ki aji fason sa a nan wòl l ap ranpli antanke madan marye oswa antanke manman, fanmi l ap renmen l, fanmi l ap respekte l (Pwovèb 31:10, 28). Men, etandone maryaj se inyon moun ki enpafè, gen kèk sitiyasyon ekstrèmman grav ki ka debouche sou separasyon oswa sou divòs. Nan kèk sikonstans, Bib la pèmèt separasyon. Men, moun pa dwe pran sa alalejè, paske Bib la bay konsèy sa a: “Yon madanm pa dwe separe ak mari l. [...] E yon mari pa dwe kite madanm li.” ​(1 Korentyen 7:10, 11). Epi se sèlman si youn nan konjwen yo ta fè fònikasyon t ap gen yon baz biblik pou divòs. — Matye 19:9.

YON EGZANP PAFÈ POU PARAN YO

14. Kòman Jezi te konn boule ak timoun, e ki sa timoun yo bezwen nan men paran yo?

14 Jezi kite yon egzanp pafè pou paran yo nan fason li te konn boule ak timoun. Yon lè, lòt moun t ap eseye anpeche timoun yo pwoche bò kote Jezi. Lè sa a, Jezi di: “Kite timoun piti yo vin jwenn mwen, pa eseye bloke yo.” E apre sa, selon sa Labib rapòte, “li pran timoun yo nan bra li, e li kòmanse beni yo, toutpandan li poze men l sou yo”. (Mak 10:13-16.) Etandone Jezi te konn pase tan ak timoun piti yo, èske w pa ta dwe fè menm jan an tou ak pitit gason w ak pitit fi w? Sa yo bezwen, se pa pou w annik pase kèk moman toupiti avèk yo, men se pou w pase yon bon kou tan avèk yo. Ou bezwen pran tan pou w anseye yo, paske se sa Jewova mande paran yo pou yo fè. — Detewonòm 6:4-9.

15. Ki sa paran yo ka fè pou yo pwoteje pitit yo?

15 Kòm monn nan ap vin pi mechan chak jou, timoun yo bezwen pou paran yo pwoteje yo kont moun k ap chèche fè yo mal, pa egzanp moun k ap chèche atire timoun pou fè abi seksyèl sou yo. Fè yon ti reflechi sou fason Jezi te pwoteje disip li yo li te konn rele “timoun” avèk afeksyon. Lè yo te arete Jezi e yo te san lè touye l, li te pran dispozisyon pou disip li yo chape (Jan 13:33; 18:7-9). Antanke paran, ou dwe konsyan Dyab la ap chèche fè timoun ou yo mal. Ou dwe avèti yo alavans * (1 Pyè 5:8). Menas pou sekirite fizik yo, sekirite espirityèl yo ak sekirite moral yo pa t janm rive nan degre li ye jodi a.

Ki sa paran yo ka aprann nan fason Jezi te konn boule ak timoun?

16. Ki sa paran yo ka aprann nan fason Jezi te konn reyaji devan defo disip li yo?

16 Lannuit anvan Jezi te mouri a, disip li yo t ap diskite pou konnen kiyès nan yo ki pi enpòtan. Olye pou Jezi te vin an kòlè kont yo, avèk amou, li te pale avèk yo, e li te ba yo egzanp pou l kontinye egzòte yo (Lik 22:24-27; Jan 13:3-8). Si w se yon paran, èske w wè ki jan w ta ka suiv egzanp Jezi nan fason ou korije pitit ou? Se vre, yo bezwen disiplin, men sa ta dwe fèt “nan yon mezi ki apwopriye”, sa pa ta dwe janm fèt nan kòlè. Ou pa ta dwe pale san reflechi “tankou se avèk kout epe”. (Jeremi 30:11; Pwovèb 12:18.) Fason w ap bay disiplin nan dwe pèmèt pitit ou a rann li kont apre sa, se te yon disiplin ki te nan plas li. — Efezyen 6:4; Ebre 12:9-11.

YON MODÈL POU TIMOUN YO

17. Nan ki sans Jezi kite yon egzanp pafè pou timoun yo?

17 Èske timoun yo ka aprann nan men Jezi? Wi, yo kapab! Egzanp Jezi kite montre timoun yo ki jan pou yo obeyi paran yo. Li te di: “Jan Papa a anseye m, mwen di bagay sa yo.” Li te ajoute: “Mwen toujou fè sa ki fè l plezi.” ​(Jan 8:28, 29). Jezi te konn obeyi Papa l ki nan syèl la, e Labib di pou timoun yo obeyi paran yo (Efezyen 6:1-3). Malgre Jezi te yon timoun ki pafè, ki san defo, li te konn obeyi paran l, Jozèf ak Mari, ki yo menm te enpafè. Siman sa te kontribye pou chak manm nan fanmi Jezi viv ak kè kontan! — Lik 2:4, 5, 51, 52.

18. Poukisa Jezi te toujou konn obeyi Papa l ki nan syèl la, e kiyès ki kontan lè timoun yo obeyi paran yo jodi a?

18 Èske timoun yo ka chèche fason pou yo plis sanble ak Jezi, epi fè kè paran yo kontan? Se vre, gende lè jèn yo ka twouve li difisil pou yo obeyi paran yo, men, se sa Bondye mande timoun yo pou yo fè (Pwovèb 1:8; 6:20). Jezi te toujou konn obeyi Papa l ki nan syèl la, menm lè l konn nan sitiyasyon ki difisil. Yon lè, se te volonte Bondye pou Jezi fè yon bagay ki difisil anpil. Jezi te di: “Retire koup sa a [egzijans sa a] devan m.” Sepandan, Jezi te fè sa Bondye mande l la, paske li te rann li kont Papa l pi byen konnen sa ki pi bon pou l ta fè (Lik 22:42). Timoun ki aprann obeyi yo ap fè ni paran yo, ni Papa yo ki nan syèl la kontan anpil *. — Pwovèb 23:22-25.

Sou ki sa jèn yo ta dwe reflechi lè yo jwenn tantasyon?

19. a) Ki fason Satan tante timoun yo? b) Ki efè move konpòtman timoun yo ka fè sou paran yo?

19 Dyab la te tante Jezi, e nou mèt sèten l ap tante jèn yo tou pou yo fè sa ki mal (Matye 4:1-10). Satan Ledyab sèvi ak kamarad nou pou l fè presyon sou nou, e sa gendwa difisil pou nou reziste. Se sa k fè li vrèman enpòtan pou timoun yo pa frekante moun k ap aji mal (1 Korentyen 15:33)! Dina, pitit fi Jakòb la, te konn ap frekante moun ki pa t ap adore Jewova, e sa te lakòz yon pakèt pwoblèm (Jenèz 34:1, 2). Reflechi sou jan sa ta ka fè yon fanmi soufri si youn nan moun ki fè pati fanmi sa a ta vin tonbe nan imoralite seksyèl! — Pwovèb 17:21, 25.

SA KI ESANSYÈL POU LAVI FANMI AN AGREYAB

20. Pou lavi fanmi an ka agreyab, ki sa chak manm nan fanmi an dwe fè?

20 Li pi fasil pou nou fè fas ak pwoblèm nan fanmi lè nou mete konsèy Bib la an pratik. Anfèt, se sa ki esansyèl pou lavi fanmi an agreyab. Donk, mari, renmen madanm nou, epi trete l menm jan Jezi trete kongregasyon l lan. Medam ki marye yo, soumèt nou anba direksyon mari nou, epi suiv egzanp madan marye konpetan yo dekri nan Pwovèb 31:10-31. Paran, bay timoun nou yo fòmasyon (Pwovèb 22:6). Papa, ‘dirije pwòp fwaye nou yon fason ki kòrèk’. (1 Timote 3:4, 5; 5:8.) E nou menm timoun, obeyi paran nou (Kolosyen 3:20). Pèsonn nan fanmi an pa pafè, paske tout moun fè erè. Donk, se pou nou gen imilite, pou nou youn pran abitid mande lòt padon.

21. Ki bèl bagay ki sere pou nou pi devan, e ki jan nou ka gen yon lavi fanmi ki agreyab depi kounye a?

21 Vrèmanvre, Labib gen yon pakèt konsèy ak enstriksyon ki trèzenpòtan anrapò ak lavi fanmi. Anplis de sa, li ban nou enfòmasyon konsènan monn nouvo Bondye a e konsènan yon paradi terès ki peple ak moun ki gen kè kontan k ap adore Jewova (Revelasyon 21:3, 4). Ala bèl bagay ki sere pou nou pi devan! Si nou aplike enstriksyon Bondye nou jwenn nan Pawòl li, Labib, menm depi kounye a, nou ka gen yon lavi fanmi ki agreyab.

^ § 15 N ap jwenn èd konsènan fason nou ka pwoteje timoun yo nan chapit 32 liv Koute gran Anseyan an. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

^ § 18 Se sèl nan ka kote yon paran mande yon timoun pou l vyole lwa Bondye, li kòrèk pou timoun nan dezobeyi. — Travay 5:29.