Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT SÈZ

Pran pozisyon pou vrè adorasyon an

Pran pozisyon pou vrè adorasyon an
  • Ki sa Labib anseye sou kesyon sèvi ak imaj oswa adore zansèt?

  • Ki pwennvi kretyen yo sou fèt relijye yo?

  • Ki jan w ka esplike lòt moun kwayans ou san w pa ofanse yo?

1, 2. Ki kesyon ou dwe poze tèt ou apre w fin kite yon fo relijyon e poukisa dapre ou menm kesyon sa a enpòtan?

IMAJINE yon jou ou aprann tout zòn kote w abite a kontamine. Sa l ye, yon moun lage dechè toksik nan zòn nan an kachèt, e sa mete lavi moun an danje. Sa w ap fè? Sandout, si w kapab, w ap deplase kite zòn nan. Men, menm nan ka sa a, kesyon sa a ap toujou twouble w: ‘Ou kwè m pa gentan kontamine?’

2 Gen yon sitiyasyon menm jan an ki rive avèk fo relijyon. Labib fè konnen adorasyon ki soti nan fo relijyon an kontamine avèk ansèyman ak pratik ki pa pwòp (2 Korentyen 6:17). Se pou rezon sa a li trèzenpòtan pou w soti nan “Gran Babilòn nan”, anpi mondyal fo relijyon an (Revelasyon 18:2, 4). Èske w fè sa? Si w deja fè sa, ou merite konpliman. Men, sa pa sifi pou w annik kite yon fo relijyon oswa pou w annik mande retire non w kòm yon manm ladan l. Apre sa, ou dwe mande tèt ou: ‘Èske gen tras fo adorasyon an nan mwen toujou?’ Annou pran kèk egzanp.

IMAJ AK ADORASYON ZANSÈT

3. a) Ki sa Labib di sou kesyon sèvi ak imaj, e poukisa li ka difisil pou kèk moun aksepte pwennvi Bondye sou kesyon sa a? b) Ki sa w dwe fè ak kèlkeswa bagay ou posede ki gen rapò ak fo adorasyon?

3 Gen moun, depi plizyè ane, ki gen imaj lakay yo oswa ki gen sangtyè lakay yo kote pou y al adore. Èske se ka pa w? Si se sa, petèt ou gen enpresyon li dwòl oswa li mal pou w ap priye Bondye san w pa sèvi ak yon bagay ou ka wè. Ou gendwa menm santi w atache ak kèk nan bagay sa yo. Men, se Bondye menm ki di fason moun dwe adore l, e Labib fè konnen li pa vle nou sèvi ak imaj (Egzòd 20:4, 5; Sòm 115:4-8; Izayi 42:8; 1 Jan 5:21). Donk, ou ka pran pozisyon pou vrè adorasyon an lè w detwi kèlkeswa bagay ou posede ki gen rapò ak fo adorasyon. Avèk yon fèm detèminasyon, chèche wè bagay sa yo kòm bagay ki “detestab” menm jan Jewova wè yo. — Detewonòm 27:15.

4. a) Kòman nou fè konnen adore zansèt se yon bagay ki initil? b) Poukisa Jewova te entèdi pèp li a patisipe nan kèlkeswa fòm espiritis la?

4 Adore zansèt, se yon bagay ki trè kouran nan anpil fo relijyon. Gen kèk moun, anvan yo te aprann laverite nan Bib la, ki te kwè mò yo konsyan nan yon zòn kote lespri yo abite e yo ka ede moun ki vivan oswa yo ka fè yo mal. Petèt ou te konn fè gwo efò pou zansèt ou yo ki mouri ka anpè. Men, jan w te aprann sa nan chapit 6 la, mò yo pa egziste okenn kote, e yo pa konsyan de anyen. Donk, li pa itil anyen pou n ap eseye kominike ansanm avèk yo. Kèlkeswa mesaj ki sanble ta vini de yon fanmi nou ki mouri, an reyalite, se demon yo ki dèyè mesaj sa a. Se poutèt sa Jewova te entèdi Izrayelit yo chèche pale avèk mò oswa patisipe nan kèlkeswa fòm espiritis la. — Detewonòm 18:10-12.

5. Ki sa w ka fè si nan fason w te konn adore lontan, ou te konn sèvi ak imaj oswa ou te konn adore zansèt?

5 Si nan fason w te konn adore lontan, ou te konn sèvi ak imaj oswa ou te konn adore zansèt, ki sa w ka fè? Li pasaj biblik ki montre w fason Bondye wè bagay sa yo epi medite sou yo. Priye Jewova chak jou pou w fè l konnen dezi w genyen pou w pran pozisyon pou vrè adorasyon an, epi mande l pou l ede w wè bagay yo menm jan avè l. — Izayi 55:9.

NWÈL: PREMYE KRETYEN YO PA T KONN SELEBRE L

6, 7. a) Ki sa Nwèl sanse komemore, epi èske premye disip Jezi yo te konn selebre l? b) Nan epòk premye disip Jezi yo, ak ki sa anivèsè nesans te gen rapò?

6 Fo relijyon ka kontamine adorasyon yon moun pa mwayen fèt popilè. Annou pran Nwèl pa egzanp. Nwèl sanse komemore nesans Jezi Kris, e prèske chak relijyon ki pretann yo se relijyon kretyen fete Nwèl. Epoutan, pa gen okenn prèv ki montre disip Jezi nan premye syèk la te konn selebre yon fèt konsa. Men sa liv Orijin sakre bagay pwofon yo (anglè) di: “Pandan de syèk apre nesans Kris, pèsonn pa t konnen egzakteman ki lè l te fèt, e sa pa t enterese anpil moun.”

7 Menmsi disip Jezi yo te konnen dat egzak nesans li, yo pa t ap fete l. Poukisa? Paske, jan The World Book Encyclopedia di l la, premye kretyen yo “te konsidere fèt anivèsè nesans nenpòt moun kòm yon koutim payen”. Sèl anivèsè nesans yo rapòte nan Bib la se anivèsè de dirijan ki pa t ap adore Jewova (Jenèz 40:20; Mak 6:21). Yo te konn selebre anivèsè nesans pou yo onore dye payen tou. Pa egzanp, chak 24 me, Women yo te konn selebre anivèsè nesans deyès Dyàn. Nan demen, yo te konn selebre anivèsè nesans Apolo, dye solèy yo a. Konsa, anivèsè nesans te gen rapò ak pratik payen, sa pa t gen rapò ak krisyanis.

8. Esplike rapò ki genyen ant anivèsè nesans ak sipèstisyon.

8 Gen yon lòt rezon ki fè premye kretyen yo pa t ap selebre anivèsè nesans Jezi. Sanble disip Jezi yo te konnen anivèsè nesans te gen rapò ak sipèstisyon. Pa egzanp, anpil Grèk ak Women nan tan lontan te kwè gen yon espri ki asiste nesans chak moun e ki pwoteje moun sa a pandan tout vi li. Liv Tradisyon anivèsè nesans yo (anglè) fè konnen “espri sa a te gen yon relasyon mistik avèk dye ki te gen anivèsè nesans li ki tonbe menm jou ak moun nan”. Se sèten, Jewova pa t ap pran plezi nan okenn selebrasyon ki t ap mele Jezi ak sipèstisyon (Izayi 65:11, 12). Si se konsa, ki jan Nwèl fè vin tounen yon fèt popilè konsa?

ORIJIN NWÈL

9. Kòman yo fè vin pran dat 25 desanm nan kòm jou pou yo selebre nesans Jezi?

9 Jezi te gentan kite tè a depi plizyè santèn ane lè moun yo te kòmanse komemore nesans li 25 desanm. Men, dat sa a, se pa t dat nesans Jezi, paske gen bonjan rezon pou nou panse Jezi te fèt ann oktòb *. Nan ka sa a, poukisa yo te chwazi dat 25 desanm nan? Sanble gen moun, anvan yo te deklare yo se kretyen, ki “te vle pou dat la koresponn ak fèt payen Women yo te konn fè pou yo selebre ‘nesans solèy yo pa ka venk lan’”. (The New Encyclopædia Britannica.) Ann ivè, lè solèy la sanble li pi fèb, payen yo te konn fè seremoni pou yo fè sous chalè sa a, sous limyè sa a, retounen sot nan vwayaj byen long li an. Yo te panse 25 desanm se te jou kote solèy la te kòmanse vwayaj retou sa a. Chèf relijye yo, ki t ap chèche konvèti payen yo, te adopte fèt sa a e yo te eseye fè l pase pou yon fèt “kretyen” *.

10. Nan tan lontan, poukisa gen moun ki pa t konn fete Nwèl?

10 Depi lontan, yo rekonèt Nwèl gen yon orijin payen. Akoz orijin Nwèl ki pa baze sou Labib, yo te entèdi l ann Angletè e nan kèk koloni ameriken pandan 17yèm syèk la. Yon moun ki ta pran chans ret lakay li epi li pa al travay jou Nwèl t ap oblije peye yon amann. Men, yon ti moman apre sa, ansyen koutim yo te vin popilè ankò, e yo te ajoute kèk sou yo. Nwèl te vin tounen yon gwo fèt ankò, e jiska prezan, li toujou yon gwo fèt nan anpil peyi. Sepandan, etandone Nwèl gen rapò ak fo relijyon, moun ki vle fè Bondye plezi yo pa ni fete l ni yo pa fete okenn lòt fèt ki makònen ak fason payen yo te konn adore *.

ÈSKE ORIJIN FÈT YO GEN ENPÒTANS?

11. Poukisa kèk moun selebre fèt, men ki sa nou ta dwe bay plis enpòtans?

11 Gen moun ki rekonèt fèt tankou Nwèl gen orijin payen, men, dapre yo menm, se pa yon mal pou yo selebre yo. Anfèt, pifò moun pap panse ak fo adorasyon lè y ap selebre fèt sa yo. Epitou, moman sa yo pèmèt fanmi yo reyini ansanm. Èske se konsa w wè sa? Nan ka sa a, siman se paske ou renmen fanmi w ki fè sa parèt difisil pou w pran pozisyon pou vrè adorasyon an. Se pa paske ou renmen fo relijyon. Ou mèt sèten, Jewova, li menm ki te kreye fanmi, vle pou w gen bon relasyon ak fanmi w (Efezyen 3:14, 15). Men, ou ka fòtifye relasyon sa yo yon fason Bondye dakò. Men sa apot Pòl ekri konsènan sa nou ta dwe bay plis enpòtans: “Se pou nou kontinye verifye sa k ap fè Seyè a plezi.” — Efezyen 5:10.

Èske w t ap manje yon sirèt ou ranmase nan yon rigòl?

12. Bay yon egzanp ki montre poukisa nou dwe evite koutim ak selebrasyon ki gen orijin ki pa pwòp.

12 Petèt ou gen enpresyon orijin fèt yo pa vrèman enfliyanse fason yo fete fèt yo jodi a. Èske orijin fèt yo gen enpòtans? Wi! Ann pran yon egzanp. Imajine ou wè yon sirèt nan yon rigòl. Èske w ap ranmase l pou w manje? Non! Sirèt sa a pa pwòp. Ebyen, menm jan ak sirèt sa a, fèt yo ka parèt atiran, men kote yo soti a pa pwòp. Pou nou pran pozisyon pou vrè adorasyon an, nou bezwen gen menm pwennvi ak pwofèt Izayi, ki te di vrè adoratè yo: “Pa touche anyen ki pa pwòp.” — Izayi 52:11.

SÈVI AK DISÈNMAN NAN FASON N AP BOULE AK LÒT MOUN

13. Ak ki pwoblèm nou ka fè fas lè nou deside pou nou pa patisipe nan fèt?

13 Nou ka fè fas ak kèk pwoblèm lè nou deside pou nou pa patisipe nan fèt. Pa egzanp, kèk konpayon travay gendwa ap mande poukisa nou pa patisipe nan kèk aktivite ki makònen ak fèt nan zòn kote n ap travay la. E si yo ofri w yon kado Nwèl? Èske sa t ap mal pou w aksepte l? Sa w ap fè si moun ou marye avè l la pa gen menm kwayans avè w? Ki jan w ka asire w pitit ou yo pa santi yo manke yon bagay dèske yo pa selebre fèt?

14, 15. Ki sa w ka fè si yon moun fè w yon swè nan okazyon yon fèt, oswa si yon moun vle ba w yon kado?

14 Sa mande bon disènman pou nou konn ki jan pou nou trete chak sitiyasyon. Si yon moun fè nou yon swè nan okazyon yon fèt, nou gendwa annik remèsye moun nan. Men, si se yon moun nou wè regilyèman oswa nou travay avèk li regilyèman, nan ka sa a, nou ka chwazi fè yon ti pale avè l. Kèlkeswa sitiyasyon an, se pou w aji avèk tak. Bib la bay konsèy sa a: “Se pou pawòl nou toujou gen cham, se pou l toujou sizonnen ak sèl, yon fason pou nou konnen jan nou dwe reponn chak moun.” ​(Kolosyen 4:6). Veye pou w pa manke respè pou moun. Okontrè, esplike pozisyon w avèk tak. Fè konnen aklè ou pa kont pou moun bay kado oswa pou moun reyini ansanm, men ou prefere patisipe nan aktivite sa yo yon lòt lè.

15 E si yon moun vle ba w yon kado? Sa depan anpil de sikonstans yo. Moun k ap bay kado a gendwa di: “Mwen konnen ou pa selebre fèt sa a. Men, sa se yon kado mwen te vle ba w kanmenm.” Petèt ou ka deside aksepte kado a nan sikonstans sa a, paske ou santi se pa patisipe w ap patisipe nan fèt la. Natirèlman, si moun k ap bay kado a pa fin byen konn kwayans ou, ou ka fè l konnen ou pa selebre fèt sa a. Sa ap ede l konprann poukisa w aksepte kado a epi ou pa ba l youn tou nan okazyon sa a. Yon lòt bò, li ta saj pou w pa aksepte yon kado si moun k ap bay kado a bay li nan entansyon pou l montre ou pa yon moun ki respekte kwayans ou, oswa pou l montre w ap fè konpwomi si w jwenn yon avantaj materyèl.

KÒMAN POU W BOULE AK MANM FANMI W?

16. Ki jan w ka montre ou gen tak nan sa ki gen rapò ak fèt?

16 Ki sa pou nou fè si nou gen manm fanmi nou ki pa gen menm kwayans avèk nou? La ankò, nou bezwen tak. Li pa nesesè pou nou fè diskisyon ak moun lakay nou pou chak koutim oswa pou chak selebrasyon yo chwazi obsève. Okontrè, se pou nou respekte dwa yo genyen pou yo gen pwennvi pa yo, menm jan nou vle yo respekte dwa nou genyen pou nou gen pwennvi pa nou (Matye 7:12). Evite aji yon fason k ap fè w patisipe nan fèt la. Men, montre w rezonab konsènan bagay ki pa vrèman gen rapò ak fèt y ap selebre a. Natirèlman, ou dwe toujou aji yon fason pou konsyans ou rete klè. — 1 Timote 1:18, 19.

17. Ki jan w ka ede pitit ou pou yo pa santi yo manke yon bagay lè yo wè lòt moun ap fete?

17 Ki sa w ka fè pou pitit ou yo pa santi yo manke yon bagay dèske yo pa fete fèt ki pa ann amoni ak Labib? Sa depan anpil de sa w fè nan lòt moman nan ane a. Gen kèk paran ki pran dispozisyon pou yo bay pitit yo kado lòt lè. Youn nan pi bon kado ou ka bay pitit ou, se tan ou pase avèk yo ak enterè ki plen lanmou ou demontre pou yo.

PRATIKE VRÈ ADORASYON AN

Pratike vrè adorasyon an bay bonjan kè kontan.

18. Kòman reyinyon yo ka ede w pran pozisyon pou vrè adorasyon an?

18 Pou w fè Bondye plezi, ou dwe rejte fo adorasyon epi pran pozisyon pou vrè adorasyon an. Ki sa sa gen ladan l? Men sa Bib la di: “Annou voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon, pandan nou pap abandone reyinyon nou, jan se abitid kèk moun, men pandan n ap ankouraje nou youn lòt, e n ap fè sa plis toujou vin jwenn nou wè se pwoche jou a ap pwoche.” ​(Ebre 10:24, 25). Reyinyon yo se moman pou w adore Bondye yon fason li apwouve, e moman sa yo bay kè kontan (Sòm 22:22; 122:1). Nan reyinyon sa yo, “gen yon echanj ankourajman” pami kretyen fidèl yo. — Women 1:12.

19. Poukisa li enpòtan pou w pale ak lòt moun konsènan sa w aprann nan Bib la?

19 Yon lòt fason ou ka pran pozisyon pou vrè adorasyon an se lè w pale ak lòt moun konsènan sa w aprann nan etid biblik ou fè ak Temwen Jewova yo. Anpil moun ‘ap soupire e y ap jemi’ akoz mechanste k ap fèt nan monn nan jodi a (Ezekyèl 9:4). Petèt ou konn kèk moun ki konsa. Poukisa w pa pale avèk yo sou espwa Labib bay pou demen? Tank w ap frekante vrè kretyen yo e tank w ap pale ak lòt moun konsènan bèl verite biblik ou aprann yo, w ap wè tout atirans ki te ka rete nan kè w pou koutim ki gen rapò ak fo adorasyon ap disparèt ofiramezi. Ou mèt sèten w ap trè kontan e w ap resevwa anpil byenfè si w pran pozisyon pou vrè adorasyon an. — Malaki 3:10.

^ § 9 Fèt Satinal la te jwe yon wòl tou nan chwa 25 desanm nan. Yo te konn selebre fèt sa a soti 17 pou rive 24 desanm, pou onore dye women moun yo te konsidere kòm patwon agrikilti a. Pandan fèt Satinal la, te konn gen gwo manje, te konn gen anmizman e yo te konn bay kado.

^ § 10 Pou nou konnen ki pwennvi kretyen yo sou lòt fèt popilè yo, gade nan apendis la, nan paj 222-3.