Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT DISÈT

Pwoche bò kote Bondye nan lapriyè

Pwoche bò kote Bondye nan lapriyè
  • Poukisa nou dwe priye Bondye?

  • Ki sa nou dwe fè pou Bondye tande nou?

  • Ki fason Bondye reponn priyè nou?

“Sila ki fè syèl la ak tè a” dispoze tande priyè nou yo.

1, 2. Poukisa nou dwe konsidere lapriyè kòm yon gwo privilèj, e poukisa nou bezwen konnen sa Labib anseye sou lapriyè?

LÈ NOU konpare tè a ak kokenn linivè a, li byen piti. Anfèt, pou Jewova, “Sila ki fè syèl la ak tè a”, nasyon yo tankou yon ti gout dlo nan yon bokit (Sòm 115:15; Izayi 40:15). Epoutan, Bib la di: “Jewova pre tout moun ki envoke li, wi, tout moun ki envoke l avèk fidelite. L ap reyalize dezi moun ki krenn li. L ap tande rèl yo fè pou mande l sekou.” ​(Sòm 145:18, 19). Imajine sa sa vle di! Kreyatè Toupisan an pre nou e l ap tande nou si nou “envoke l avèk fidelite”. Ala yon privilèj nou genyen pou nou pwoche bò kote Bondye nan lapriyè!

2 Sepandan, si nou vle Jewova koute priyè nou, nou dwe priye l fason li apwouve a. Ki jan nou ka fè sa si nou pa konprann sa Labib anseye sou lapriyè? Piske lapriyè ede nou vin pi pwòch Jewova, li trèzenpòtan pou nou konnen sa Ekriti yo di sou sa.

POUKISA POU NOU PRIYE JEWOVA?

3. Bay yon rezon enpòtan ki fè nou dwe priye Jewova.

3 Yon rezon enpòtan ki fè nou dwe priye Jewova se paske li envite nou fè sa. Men ankourajman nou jwenn nan Pawòl li: “Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay, fè Bondye konnen sa nou bezwen pa mwayen lapriyè e pa mwayen siplikasyon ansanm avèk aksyondegras. E lapè Bondye, ki depase tout panse, va pwoteje kè nou ak kapasite mantal nou pa mwayen Kris Jezi.” ​(Filipyen 4:6, 7). Se sèten, nou pa ta renmen inyore bèl posiblite sa a Chèf siprèm linivè a ban nou!

4. Ki jan lè nou priye regilyèman, sa fòtifye relasyon nou avèk Jewova?

4 Yon lòt rezon ki fè nou dwe priye regilyèman, se paske lapriyè se yon mwayen pou nou fòtifye relasyon nou avèk Jewova. Moun ki zanmi toutbon pa kominike sèlman lè yo bezwen yon bagay. Okontrè, bon zanmi enterese youn ak lòt, e zanmitay la vin pi solid lè yo pa jennen eksprime panse yo, sousi yo ak santiman yo. Sou kèk aspè, sitiyasyon sa a sanble ak sa ki konsène relasyon nou avèk Jewova Dye. Liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a aprann nou anpil bagay Labib anseye sou Jewova, sou pèsonalite li ak sou pwogram li. Nou vin konnen l kòm yon pèsòn reyèl. Lapriyè ban nou okazyon pou nou eksprime panse nou ak santiman entim nou devan Papa nou ki nan syèl la. Tank nou fè sa, se tank n ap vin pi pwòch Jewova. — Jak 4:8.

KI KONDISYON NOU DWE RANPLI?

5. Ki sa ki montre Jewova pa koute tout priyè?

5 Èske Jewova koute tout priyè? Ann egzamine sa l te di Izrayelit rebèl yo ki t ap viv nan epòk pwofèt Izayi: “Menmsi nou fè anpil priyè, mwen pap koute. Men nou plen ak san nou vèse.” ​(Izayi 1:15). Kidonk, gen aksyon nou fè ki ka fè Bondye pa koute priyè nou. Konsa, pou Bondye dakò tande priyè nou yo, gen kèk kondisyon fondamantal nou dwe ranpli.

6. Bay yon kondisyon ki trèzenpòtan pou Bondye koute priyè nou, e di ki jan n ap rive ranpli kondisyon sa a.

6 Yon kondisyon ki trèzenpòtan, se egzèse lafwa (Mak 11:24). Men sa apot Pòl te ekri: “San lafwa li enposib pou nou fè [Bondye] plezi kòmsadwa, paske moun k ap pwoche bò kote Bondye dwe kwè li la, e li tounen sila a ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre.” ​(Ebre 11:6). Gen lafwa toutbon pa vle di tou senpleman konnen Bondye egziste, konnen li konn tande priyè epi li konn reponn yo. Se aksyon nou poze k ap demontre lafwa nou. Nan fason n ap viv chak jou, nou dwe demontre aklè si nou se moun ki gen lafwa. — Jak 2:26.

7. a) Poukisa nou dwe montre respè lè n ap pale ak Jewova nan lapriyè? b) Lè n ap priye Bondye, ki jan nou ka montre nou fè sa avèk imilite e avèk senserite?

7 Jewova mande tou pou moun k ap pwoche bò kote l nan lapriyè fè sa avèk imilite e avèk senserite. Èske pa gen rezon pou nou enb lè n ap pale ak Jewova? Lè moun yo jwenn okazyon pou yo pale ak yon wa oswa ak yon prezidan, an jeneral, yo fè sa avèk respè, yo rekonèt gwo pozisyon dirijan an genyen. Nou pa bezwen mande jan nou dwe montre respè plis toujou lè n ap pwoche bò kote Jewova (Sòm 138:6)! Dayè, li se “Bondye Toupisan” an (Jenèz 17:1). Lè n ap priye Bondye, fason nou pwoche bò kote l dwe montre nou rekonèt pozisyon nou devan l avèk imilite. Imilite sa a ap pouse nou tou pou nou fè priyè ki sot nan kè nou e pou nou priye avèk senserite, san nou pa tonbe nan woutin e san nou pa repete menm bagay yo. — Matye 6:7, 8.

8. Ki jan nou ka aji ann amoni ak sa nou di nan priyè nou?

8 Yon lòt bagay ki nesesè pou Bondye ka koute priyè nou se pou nou aji ann amoni ak priyè nou yo. Jewova atann aske nou fè tout sa nou kapab pou nou aji nan sans sa nou mande a. Pa egzanp, si nou di nan priyè nou: “Ban nou pen pou jounen an jodi a”, nou dwe travay di nan kèlkeswa travay nou jwenn e nou ka fè (Matye 6:11; 2 Tesalonisyen 3:10). Si nou priye pou nou jwenn èd pou nou konbat yon feblès chanèl, nou dwe evite sitiyasyon ak sikonstans ki ka fè nou jwenn tantasyon (Kolosyen 3:5). Apa kondisyon esansyèl sa yo, gen kesyon sou lapriyè nou bezwen jwenn repons yo.

REPONS KÈK KESYON SOU LAPRIYÈ

9. Kiyès nou dwe priye, e pa mwayen kiyès?

9 Kiyès nou dwe priye? Jezi te anseye disip li yo pou yo priye “Papa nou ki nan syèl la”. (Matye 6:9.) Kidonk, se Jewova Dye sèlman nou dwe priye. Sepandan, Jewova mande pou nou rekonèt pozisyon sèl Pitit Gason li fè a, Jezi Kris. Jan nou te aprann sa nan chapit 5 lan, yo te voye Jezi sou tè a pou l sèvi kòm ranson pou rachte nou anba peche ak lanmò (Jan 3:16; Women 5:12). Yo nome l Gran Prèt e yo nome l Jij (Jan 5:22; Ebre 6:20). Se sa k fè Ekriti yo mande nou pou nou priye pa mwayen Jezi. Jezi li menm te di: “Se mwen ki chemen an, ak laverite a, ak lavi a. Pèsonn pap vin jwenn Papa a si l pa pase pa mwen.” ​(Jan 14:6). Pou Bondye kapab tande priyè nou, nou dwe priye Jewova sèlman, pa mwayen Pitit Gason l lan.

10. Poukisa nou pa oblije rete nan yon pozisyon espesyal lè n ap priye?

10 Èske nou dwe rete nan yon pozisyon espesyal lè n ap priye? Non. Jewova pa egzije yon pozisyon espesyal, keseswa pou men nou keseswa pou tout kò nou. Labib fè nou konnen nou kapab priye nan divès pozisyon. Nou ka chita, nou ka pwostène, nou ka met ajenou e nou ka kanpe (1 Kwonik 17:16; Neyemya 8:6; Danyèl 6:10; Mak 11:25). Sa ki reyèlman enpòtan an se pa rete nan yon pozisyon espesyal lòt moun ka wè, men se genyen yon kondisyon kè ki kòrèk. Anfèt, nan aktivite n ap mennen chak jou oswa lè nou devan yon ka ijan, nou ka priye an silans, nenpòt kote nou ye. Jewova tande priyè sa yo menmsi moun ki alantou nou yo pa remake si n ap priye menm. — Neyemya 2:1-6.

11. Site kèk pwoblèm pèsonèl ki apwopriye pou nou mansyone nan priyè n ap fè?

11 Pou ki bagay nou ka priye? Men sa Bib la esplike: “Kèlkeswa sa nou mande [Jewova] selon volonte l, li tande nou.” ​(1 Jan 5:14). Kidonk, nou ka priye konsènan nenpòt bagay ki ann amoni ak volonte Bondye. Èske se volonte l pou nou priye pou pwoblèm pèsonèl nou? Sètènman! Lè n ap priye Jewova, se kòmsi n ap pale ak yon zanmi pwòch. Nou lib pou nou pale, pou nou ‘vide kè nou bay’ Bondye (Sòm 62:8). Li apwopriye pou nou mande l lespri sen, paske l ap ede nou fè sa ki dwat (Lik 11:13). Nou ka mande direksyon tou pou nou pran desizyon ki saj e pou nou jwenn fòs pou nou konbat difikilte (Jak 1:5). Lè nou fè peche, nou dwe mande padon sou baz sakrifis Kris la (Efezyen 1:3, 7). Natirèlman, nou pa dwe priye sèlman pou zafè pèsonèl nou. Nou dwe priye pou lòt moun, tankou manm fanmi nou ak adoratè Jewova parèy nou yo, konsa, n ap elaji priyè nou. — Travay 12:5; Kolosyen 4:12.

12. Ki jan nou ka bay bagay ki gen rapò ak Papa nou ki nan syèl la premye plas nan priyè nou yo?

12 Bagay ki gen rapò ak Jewova Dye dwe okipe premye plas nan priyè nou. Se sèten nou gen rezon bay Jewova louwanj ki sot nan kè nou e nou gen rezon remèsye l pou tout bonte li demontre (1 Kwonik 29:10-13). Jezi te bay yon priyè modèl e nou jwenn priyè sa a nan Matye 6:9-13. Ladan l li aprann nou priye pou non Bondye sangtifye, sa vle di pou moun konsidere l kòm sakre oswa kòm sen. Tousuit apre sa, li di se pou Wayòm Bondye a vini e se pou volonte l fèt sou tè a kou nan syèl la. Se sèlman apre Jezi fin pale sou kesyon enpòtan sa yo konsènan Jewova li te pale konsènan pwoblèm pèsonèl. Menm jan an tou, lè nou bay Bondye plas ki pi enpòtan nan priyè nou yo, n ap demontre se pa sèlman nan byennèt pèsonèl nou nou enterese.

13. Ki sa Bib la di konsènan longè priyè ki akseptab yo?

13 Ki longè priyè nou yo ta dwe ye? Bib la pa met okenn limit sou longè priyè nou, kit se priyè nou fè an prive, kit se priyè nou fè an piblik. Gen priyè tout longè, soti nan yon priyè tou kout anvan yon repa, rive nan yon priyè byen long nou fè an prive, kote nou vide kè nou bay Jewova (1 Samyèl 1:12, 15). Sepandan, Jezi te kondane moun ki te kwè yo pi jis pase lòt moun e ki t ap fè egzibisyon priyè byen long an piblik (Lik 20:46, 47). Priyè sa yo pa enpresyone Jewova. Sa ki enpòtan, se pou nou priye ak tout kè nou. Kidonk, longè priyè ki akseptab yo depann de sa nou bezwen e de sikonstans yo.

Bondye ka tande priyè w fè nan nenpòt okazyon.

14. Ki sa Bib la vle di lè li ankouraje nou pou nou “kontinye priye” e ki sa ki rekonfòtan nan pawòl sa yo?

14 Chak ki lè nou dwe priye? Bib la ankouraje nou pou nou “kontinye priye”, pou nou “pèsevere nan lapriyè” e pou nou “priye toutan”. (Matye 26:41; Women 12:12; 1 Tesalonisyen 5:17.) Natirèlman, pawòl sa yo pa vle di nou dwe priye Jewova tout lajounen. Bib la ankouraje nou pito pou nou priye regilyèman, pou nou toujou ap remèsye Jewova pou bonte l anvè nou e pou nou toujou ap chèche direksyon, rekonfò ak fòs nan men l. Èske sa pa rekonfòtan pou nou konnen Jewova pa mete okenn limit sou longè priyè nou ni sou kantite fwa nou ka pale avè l nan lapriyè? Si nou vrèman apresye privilèj nou genyen pou nou priye, n ap jwenn anpil okazyon pou nou priye Papa nou ki nan syèl la.

15. Poukisa nou dwe di “amèn” nan fen yon priyè, kit se an prive, kit se an piblik?

15 Poukisa nou dwe di “amèn” nan fen yon priyè? Mo “amèn” nan vle di “sètènman” oswa “se pou sa fèt konsa”. Egzanp nou jwenn nan Bib la montre li apwopriye pou nou di “amèn” nan fen yon priyè, kit se an prive, kit se an piblik (1 Kwonik 16:36; Sòm 41:13). Lè nou di “amèn” nan fen priyè pa nou, nou fè konnen nou sot pale avèk senserite. Lè nou di “amèn”, kit se nan kè nou, kit se avivwa, nan fen yon priyè yon moun fè an piblik, nou montre nou dakò ak panse moun nan te eksprime yo. — 1 Korentyen 14:16.

FASON BONDYE REPONN PRIYÈ NOU YO

16. Ki asirans nou ka genyen konsènan lapriyè?

16 Èske Jewova konn reponn priyè toutbonvre? Wi, se sèten! Nou gen yon baz solid pou nou gen konfyans ‘Sila ki konn tande priyè’ a ap reponn priyè sensè plizyè milyon moun ap fè (Sòm 65:2). Jewova ka reponn priyè nou divès fason.

17. Poukisa nou ka di Jewova itilize zanj li yo ak sèvitè li ki sou tè a pou l reponn priyè?

17 Jewova itilize zanj li yo ak sèvitè li ki sou tè a pou l reponn priyè (Ebre 1:13, 14). Gen anpil ka kote moun te priye Bondye pou l ede yo konprann Bib la, epi yon ti tan apre, yon Temwen Jewova kontakte yo. Eksperyans sa yo montre aklè zanj yo ap dirije travay predikasyon Wayòm nan (Revelasyon 14:6). Pou Jewova reponn priyè nou fè lè nou nan gwo nesesite, li ka pouse yon kretyen pou l ede nou. — Pwovèb 12:25; Jak 2:16.

Pou Jewova reponn priyè nou, li ka pouse yon kretyen vin ede nou.

18. Kòman Jewova sèvi ak lespri sen li ak Pawòl li pou l reponn priyè sèvitè l yo?

18 Anplis de sa, Jewova Dye sèvi ak lespri sen l ansanm ak Pawòl li, Labib, pou l reponn priyè sèvitè l yo. Pou li reponn priyè nou fè lè nou devan eprèv, pafwa li itilize lespri sen li pou l gide nou e pou l ban nou fòs (2 Korentyen 4:7). Byen souvan, se nan Labib nou jwenn repons priyè nou fè pou nou mande Bondye pou l dirije nou. Nan liv sa a, Jewova ban nou èd pou nou pran desizyon ki saj. Nou ka jwenn vèsè k ap itil nou, pandan n ap fè etid pèsonèl nou e pandan n ap li piblikasyon kretyen yo, tankou liv sa a. Sa nou tande nan reyinyon oswa remak yon ansyen nan kongregasyon an ki enterese nan byennèt nou fè, ka atire atansyon nou sou pwen nan Bib la ki gen rapò ak bezwen nou. — Galat 6:1.

19. Ki sa nou dwe sonje si kèk fwa priyè nou ta sanble pa jwenn repons?

19 Si Jewova sanble pran tan pou l reponn priyè nou, se pa janm paske li pa kapab reponn yo. Okontrè, nou dwe sonje Jewova reponn priyè yo selon volonte l e nan moman li menm li fikse. Li konnen sa nou bezwen e li konnen fason pou l konble bezwen sa yo pi byen pase nou lontan. Byen souvan, li kite nou ‘kontinye mande, kontinye chèche, e kontinye frape’. (Lik 11:5-10.) Lè nou pèsevere konsa, Bondye wè sa nou vle a enpòtan anpil pou nou e li wè tou nou gen lafwa toutbon. Anplis de sa, Jewova ka reponn priyè nou yon fason ki pa fin klè pou nou. Pa egzanp, anrapò ak yon eprèv byen presi, li gendwa pa retire eprèv la pou nou, men li ban nou fòs pou nou andire l. — Filipyen 4:13.

20. Poukisa nou dwe pwofite o maksimòm bèl privilèj sa a nou genyen pou nou priye?

20 Nou mèt vrèman rekonesan dèske Kreyatè kokenn linivè a pwòch tout moun ki envoke l nan lapriyè yon fason ki kòrèk (Sòm 145:18)! Nou swete pou nou pwofite o maksimòm bèl privilèj sa a nou genyen pou nou priye. Si nou fè sa, n ap ka anvizaje ak kè kontan vin pi pwòch Jewova toujou, Sila ki konn tande priyè a.