Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

APENDIS

Laverite sou Papa a, Pitit la ak lespri sen an

Laverite sou Papa a, Pitit la ak lespri sen an

MOUN ki kwè nan doktrin Trinite a di Bondye se twa pèsòn: Papa a, Pitit la ak lespri sen an. Yo di chak pèsòn sa yo, youn egal lòt, yo toupisan e yo pa gen kòmansman. Selon doktrin Trinite a, Papa a se Bondye, Pitit la se Bondye, lespri sen an se Bondye, epoutan, gen yon sèl Bondye.

Anpil moun ki kwè nan doktrin Trinite a admèt yo pa ka esplike ansèyman sa a. Men, yo ka panse Bib la anseye l. Li enteresan pou nou note mo “Trinite” a pa janm parèt nan Bib la. Men, èske nan Bib la nou pa jwenn lide ki apiye doktrin sa a? Pou nou reponn kesyon sa a, annou egzamine yon vèsè moun yo konn site byen souvan pou yo soutni doktrin Trinite a.

“PAWÒL LA TE BONDYE”

Jan 1:1 di: “Nan kòmansman, Pawòl la te la. Pawòl la te avèk Bondye. Pawòl la te Bondye.” ​(Nouvo Testaman ak Sòm yo, Sosyete Biblik Ayisyèn, 2000). Yon tikras pi lwen, nan menm chapit la, apot Jan montre aklè “Pawòl la” se Jezi (Jan 1:14). Men, kòm yo rele Pawòl la Bondye, gen moun ki konkli Pitit la ak Papa a dwe fè pati menm Bondye a.

Pa bliye, okòmansman pòsyon Labib sa a te ekri an grèk. Apre sa, tradiktè yo te mete tèks grèk la nan lòt lang. Men, gen tradiktè biblik ki pa t vin ak ekspresyon “Pawòl la te Bondye” a. Poukisa yo pa t fè sa? Tradiktè sa yo baze yo sou konesans yo genyen sou grèk biblik la, e yo konkli yo ta dwe tradui ekspresyon “Pawòl la te Bondye” a yon lòt jan. Ki lòt jan? Men kèk egzanp: “Logos [Pawòl] la te tankou yon dye.” ​(A New Translation of the Bible). “Pawòl la te yon dye.” ​(The New Testament in an Improved Version). “Pawòl la te avèk Bondye e li te gen menm nati avè l.” ​(The Translator’s New Testament). Selon tradiksyon sa yo, Pawòl la se pa Bondye li menm *. Olye de sa, akoz Pawòl la gen yon pozisyon elve pami kreyati Jewova yo, yo pale de li kòm “yon dye”. La a, mo “dye” a vle di “pisan”.

CHÈCHE KONN PLIS TOUJOU

Pifò moun pa konn grèk biblik. Donk, ki jan w ka konnen sa apot Jan te vle di reyèlman? Annou pran yon egzanp: Yon pwofesè lekòl ap esplike elèv li yo yon pwen. Apre esplikasyon an, chak elèv konprann pwen an jan pa yo. Ki jan yo ka rezoud pwoblèm nan? Yo ta ka mande pwofesè a plis esplikasyon toujou. Sandout, si yo jwenn plis enfòmasyon, sa ap ede yo pi byen konprann pwen an. Menm jan an tou, pou w byen konprann sans Jan 1:1, ou ka al gade nan Levanjil Jan an pou w jwenn plis enfòmasyon sou pozisyon Jezi. Lè w vin konn plis bagay sou sa, w ap ka rive nan konklizyon ki kòrèk la.

Pa egzanp, gade sa Jan te ekri pi lwen nan chapit 1 vèsè 18 la: “Pèsonn pa janm wè Bondye [Toupisan an].” Epoutan, moun yo te wè Jezi, Pitit la, paske Jan di: “Pawòl la [Jezi] tounen moun. Li te vin viv nan mitan nou, [...] nou wè pouvwa li.” ​(Jan 1:14, Bib la). Si se konsa, ki jan Pitit la ta ka fè pati Bondye Toupisan an? Jan te di tou Pawòl la te “avèk Bondye”. Men, ki jan yon moun ka avèk yon moun epi pou l se moun nan tou anmenmtan? Anplis de sa, jan nou jwenn sa nan Jan 17:3, Jezi te fè yon distenksyon klè ant li menm ak Papa li ki nan syèl la. Li rele Papa l “sèl vrè Dye a”. E nan fen Levanjil Jan an, Jan fè yon rezime kote li di: “Yo ekri bagay sa yo pou nou ka kwè Jezi se Kris la, Pitit Gason Bondye a.” ​(Jan 20:31). Note yo pa rele Jezi Bondye, men yo rele l Pitit Gason Bondye. Enfòmasyon sa a nou jwenn anplis nan Levanjil Jan an montre ki jan nou dwe konprann Jan 1:1. Jezi, Pawòl la, se “yon dye” nan sans li gen yon pozisyon elve, men li pa menm ak Bondye Toupisan an.

VERIFYE SA W APRANN NAN

Fè yon ti reflechi ankò sou egzanp pwofesè a ak elèv yo. Imajine gen nan elèv yo ki toujou gen dout, menm apre yo fin koute lòt esplikasyon pwofesè a bay. Ki sa yo ta ka fè? Yo ta ka al jwenn yon lòt pwofesè pou yo jwenn plis enfòmasyon sou menm kesyon an. Si lòt pwofesè a apiye esplikasyon premye a te bay la, dout elèv yo te genyen an ta ka tou disparèt. Menm jan an tou, si w pa sèten sou sa Jan, yon ekriven biblik, te vle di reyèlman konsènan relasyon ki egziste ant Jezi ak Bondye Toupisan an, ou ta ka al chèche plis enfòmasyon nan men yon lòt ekriven biblik. Pa egzanp, egzamine sa Matye te ekri. Konsènan lafen sistèm de choz la, li site pawòl sa yo Jezi te di: “Kanta pou jou sa a ak lè sa a, pèsonn pa konnen yo, ni zanj ki nan syèl la ni Pitit la, men se sèlman Papa a ki konnen yo.” ​(Matye 24:36). Kòman nou fè wè pawòl sa yo bay prèv Jezi se pa Bondye Toupisan an?

Jezi di Papa a konn plis bagay pase Pitit la. Men, si Jezi ta fè pati Bondye Toupisan an, li t ap konn menm bagay ak Papa l. Donk, Pitit la ak Papa a pa ka egal. Men, w ap jwenn moun k ap di w: ‘Jezi gen de nati. La a, se antanke imen l ap pale.’ Men, si se konsa, e lespri sen an? Si lespri sen fè pati Bondye menm jan ak Papa a, poukisa Jezi pa di lespri sen konnen sa Papa a konnen?

Etan w ap kontinye etid biblik ou, w ap vin abitye ak yon pakèt lòt pasaj biblik ki gen rapò ak pwen sa a. Pasaj sa yo vin kore laverite sou Papa a, Pitit la ak lespri sen an. — Sòm 90:2; Travay 7:55; Kolosyen 1:15.

^ § 3 Pou nou jwenn plis enfòmasyon sou Jan 1:1, gade Toudegad Janvye-mas 2009, paj 10-11. Se Temwen Jewova ki pibliye l.