Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

APENDIS

Rezon ki fè vrè kretyen yo pa sèvi ak kwa nan adorasyon yo

Rezon ki fè vrè kretyen yo pa sèvi ak kwa nan adorasyon yo

PLIZYÈ milyon moun adore kwa e yo onore l. Gen yon ansiklopedi (The Encyclopædia Britannica) ki pale de kwa a kòm “prensipal senbòl relijyon kretyen”. Sepandan, vrè kretyen yo pa sèvi ak kwa nan adorasyon yo. Poukisa yo pa fè sa?

Yon rezon enpòtan, sèke Jezi Kris pa t mouri sou yon kwa. Mo grèk lè yo tradui l yo mete “kwa” a se stauros. Fondamantalman, li vle di “yon poto ki kanpe”. Gen yon liv (The Companion Bible) ki fè konnen: “[Stauros] pa janm deziyen de moso bwa yo kwaze youn sou lòt, kèlkeswa ang yo ta fòme. [...] Pa gen anyen nan lang grèk [Nouvo Testaman] an ki ta menm lese konprann y ap pale de de moso bwa.”

Nan plizyè tèks, ekriven biblik yo sèvi ak yon lòt mo pou pale de enstriman ki te sèvi pou egzekite Jezi a. Se mo grèk xulon (Travay 5:30; 10:39; 13:29; Galat 3:13; 1 Pyè 2:24). Mo sa a vle di senpleman “bwa”, oswa “yon bout bwa, yon baton oswa yon pyebwa”.

Gen yon liv ann alman Hermann Fulda ekri, ki rele Das Kreuz und die Kreuzigung (Kwa ak egzekisyon sou kwa), ki esplike poukisa yo te konn sèvi byen souvan ak yon senp poto pou yo fè egzekisyon. Men sa l di: “Pa t toujou gen pyebwa ki disponib nan zòn yo te konn chwazi pou egzekite moun an piblik. Donk, yo te konn pike yon senp pout an bwa nan tè. Se sou pout sa a yo te konn mete kriminèl yo. Se sou li yo te konn mare men yo pa anlè oswa yo te konn kloure men yo, e byen souvan yo te konn mare pye yo oswa yo te konn kloure pye yo tou.”

Men, prèv ki pi solid la soti nan Pawòl Bondye a. Men sa apot Pòl di: “Kris la delivre nou anba madichon lalwa lè li te pran madichon an nan plas nou. Se konsa sa te ekri nan Liv la: Madichon pou moun yo pandye sou bwa a.” ​(Galat 3:13, Bib la). La a, Pòl site Detewonòm 21:22, 23 ki pale de yon poto, men ki pa pale de yon kwa. Piske mwayen sa a yo te konn sèvi pou egzekite moun te fè moun yo egzekite a vin “pran madichon”, li pa t ap kòrèk pou kretyen yo dekore kay yo ak imaj Kris ki kloure sou yon poto.

Pa gen okenn prèv ki montre pandan 300 an apre lanmò Kris, moun ki te konn di yo se kretyen yo te konn sèvi ak kwa nan adorasyon yo. Sepandan, nan katriyèm syèk la, yon anperè payen yo rele Konstanten te vin konvèti nan krisyanis aposta a e li te vin ap fè pwomosyon pou kwa antanke senbòl li. Kèlkeswa sa ki te motive Konstanten, kwa a pa t gen anyen pou l wè ak Jezi Kris. Anfèt, kwa a gen yon orijin payen. Gen yon ansiklopedi (New Catholic Encyclopedia) ki admèt: “Nou jwenn kwa ni nan koutim moun ki t ap viv anvan Kris, ni nan koutim moun ki pa kretyen.” Plizyè lòt liv referans makònen kwa a avèk adorasyon lanati epi avèk rit sèks yo te konn pratike pami payen yo.

Si se konsa, poukisa yo te vin fè pwomosyon pou senbòl payen sa a? Sanble se te pou fasilite payen yo aksepte swadizan krisyanis lan. Sepandan, Labib kondane aklè kèlkeswa atachman yon moun ta genyen pou senbòl payen (2 Korentyen 6:14-18). Epitou, Ekriti yo entèdi tout fòm idolatri (Egzòd 20:4, 5; 1 Korentyen 10:14). Se sa k fè, vrè kretyen yo gen tout rezon yo pou yo pa sèvi ak kwa nan adorasyon yo *.

^ § 4 Pou nou jwenn plis enfòmasyon sou kwa, gade nan liv Comment raisonner à partir des Écritures la, paj 77-81. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.