Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

APENDIS

1914: yon ane ki gen anpil enpòtans nan pwofesi biblik yo

1914: yon ane ki gen anpil enpòtans nan pwofesi biblik yo

PLIZYÈ dizèn ane alavans, etidyan Labib yo te fè konnen pral gen yon seri evènman enpòtan k ap fèt an 1914. Ki evènman sa yo, e ki prèv ki montre 1914 se yon ane ki gen anpil enpòtans?

Jan sa rapòte nan Lik 21:24, Jezi te di: “Nasyon yo pral pilonnen Jerizalèm anba pye jiskaske tan ki fikse pou nasyon yo akonpli.” Jerizalèm se te kapital nasyon juif la, se te syèj dominasyon liy wa ki soti nan mezon wa David (Sòm 48:1, 2). Sepandan, wa sa yo te espesyal parapò ak dirijan nasyon yo. Yo te chita “sou twòn Jewova” kòm reprezantan Bondye li menm (1 Kwonik 29:23). Konsa, Jerizalèm te yon senbòl dominasyon Jewova.

Men, ki lè e kòman ‘nasyon yo te kòmanse pilonnen’ dominasyon Bondye a? Sa te pase nan ane 607 anvan epòk nou an lè Babilonyen yo te mache pran Jerizalèm. Lè sa a, “twòn Jewova” a te vin pa gen pèsonn sou li, e liy wa ki soti nan David la te vin sispann egziste (2 Wa 25:1-26). Èske ‘travay pilonnen’ sa a t ap kontinye nètale? Non, paske men sa pwofesi Ezekyèl la te di konsènan Sidkiya, dènye wa Jerizalèm nan: “Wete bando a, e retire kouwòn nan. [...] Li pap vin pou pèsonn jiskaske sila ki gen dwa legal la vini, e m ap ba li l san mank.” ​(Ezekyèl 21:26, 27). Sila a ki gen “dwa legal” pou l jwenn kouwòn mezon David la se Kris Jezi (Lik 1:32, 33). Donk, ‘travay pilonnen’ an t ap sispann lè Jezi ta vin Wa.

Ki lè gran evènman sa a t ava fèt? Jezi te fè konnen nasyon Janti yo t ap domine pandan yon peryòd tan ki fiks. Sa yo rapòte nan Danyèl chapit 4 la pèmèt nou kalkile konbyen tan peryòd sa a t ava dire. Chapit sa a pale de yon rèv pwofetik Neboukadnetsa, wa Babilòn, te fè. Li te wè yon gwo pyebwa yo te vide atè. Chouk li pa t ka pouse paske yo te sèke l ak fè ak kuiv. Gen yon zanj ki deklare: “Se pou sèt tan pase sou li.” — Danyèl 4:10-16.

Nan Bib la, pafwa yo konn sèvi ak pyebwa pou reprezante dominasyon (Ezekyèl 17:22-24; 31:2-5). Donk, vide yo te vide pyebwa senbolik la atè a reprezante fason dominasyon Bondye a, ki te parèt pa mwayen wa Jerizalèm yo, t ava sispann egziste. Sepandan, vizyon an fè wè aklè peryòd kote ‘yo t apral pilonnen Jerizalèm’ nan pa t ap dire nètale: se t ava yon peryòd “sèt tan”. Ki kantite tan sa reprezante?

Revelasyon 12:6, 14 fè konnen twa tan edmi egal “mil de san swasant jou”. Donk, “sèt tan” t ap dire de fwa plis, swa 2 520 jou. Men, nasyon Janti yo pa t sispann ‘pilonnen’ dominasyon Bondye a 2 520 jou sèlman apre Jerizalèm tonbe. Konsa, li klè pwofesi sa a kouvri yon peryòd tan ki pi long lontan. Sou baz Nonb 14:34 ak Ezekyèl 4:6, ki pale de “yon jou pou yon ane”, “sèt tan” yo kouvri yon peryòd 2 520 an.

Peryòd 2 520 an an te kòmanse ann oktòb 607 anvan epòk nou an, lè Jerizalèm te tonbe nan men Babilonyen yo e lè yo te retire wa ki soti nan mezon David la sou twòn nan. Peryòd sa a te fini ann oktòb 1914. Nan moman sa a, “tan ki fikse pou nasyon yo” fini, e Bondye enstale Jezi Kris kòm Wa selès *. — Sòm 2:1-6; Danyèl 7:13, 14.

Egzakteman jan Jezi te predi l la, gen yon seri evènman mondyal frapan tankou lagè, grangou, tranblemanntè ak epidemi ki make “prezans” li antanke Wa selès (Matye 24:3-8; Lik 21:11). Evènman sa yo bay yon temwayaj pisan ki pwouve vrèmanvre 1914 make nesans Wayòm selès Bondye a, e li se kòmansman “dènye jou” sistèm de choz mechan ki la kounye a. — 2 Timote 3:1-5.

^ § 4 Soti oktòb 607 anvan epòk nou an, pou rive oktòb ane 1 anvan epòk nou an, sa fè 606 an. Piske pa gen ane zewo, soti oktòb ane 1 anvan epòk nou an pou rive oktòb 1914 epòk nou an, sa fè 1 914 an. Lè nou ajoute 606 an sou 1 914 an, sa bay 2 520 an. Pou nou jwenn enfòmasyon sou Jerizalèm ki te tonbe an 607 anvan epòk nou an, gade atik “Chronologie” nan liv “Étude perspicace des Écritures” la. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.