Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 3

Renmen moun Bondye renmen

Renmen moun Bondye renmen

“Moun ki mache ak moun ki gen sajès ap vin gen sajès.” — PWOVÈB 13:20.

1-3. a) Ki verite Bib la di tout moun ap dakò avè l? b) Ki jan nou ka chwazi zanmi k ap gen bonjan enfliyans sou nou?

NAN yon sans, moun tankou eponj. Yo gen tandans absòbe nenpòt sa ki nan anviwònman yo. Li vrèman fasil pou nou vin wè bagay yo menm jan ak moun nou pwòch ak yo, pou nou vin gen menm prensip ak yo e pou nou vin gen menm pèsonalite ak yo, e sa ka rive san nou pa menm rann nou kont.

2 Bib la di yon verite tout moun ap dakò avè l. Men sa l di: “Moun ki mache ak moun ki gen sajès ap vin gen sajès, men, moun ki annafè ak moun ki sòt, sa ap mal pou li.” ​(Pwovèb 13:20). Pwovèb sa a pap pale de yon senp kontak nou gen ak yon moun detanzantan. Ekspresyon “mache ak” la montre pwovèb la ap pale de yon moun nou toujou avè l *. Men kòmantè yon ansiklopedi biblik fè konsènan ekspresyon sa a: “Pou w mache ak yon moun, sa mande pou w renmen l e sa mande pou w atache avè l.” Èske w pa dakò nou gen tandans imite moun nou renmen? Lefètke nou atache ak moun nou renmen yo, sa fè li posib pou yo gen yon gwo enfliyans sou nou, kit se an byen, kit se an mal.

3 Pou nou rete nan lanmou Bondye, li enpòtan anpil pou se moun k ap gen bonjan enfliyans sou nou nou chwazi kòm zanmi. Ki jan nou ka fè sa? N ap ka fè sa lè nou renmen moun Bondye renmen e nou fè zanmi ak moun ki zanmi Bondye. Reflechi sou sa: Èske gen pi bon moun pou nou frekante pase moun ki gen kalite Jewova ap chèche nan zanmi l yo? Kidonk, annou egzamine ki kalite moun Jewova renmen. Si nou rive byen konprann pwennvi Jewova nan domèn sa a, n ap pi byen konnen ki jan pou nou chwazi zanmi k ap gen bon enfliyans sou nou.

MOUN BONDYE RENMEN YO

4. Ki rezon ki fè Jewova gen dwa pou l chwazi kiyès li vle kòm zanmi, e poukisa Jewova te rele Abraram “zanmi m”?

4 Jewova pa chwazi nenpòt moun kòm zanmi. Èske li pa gen dwa pou l aji konsa? Wi, dayè, se li menm ki Seyè ki Souvren linivè a, e pi gwo onè yon moun ka genyen se vin zanmi l. Men, ki kalite moun Jewova chwazi kòm zanmi? Jewova pwoche bò kote moun ki gen konfyans nan li e ki mete tout lafwa yo nan li. Annou konsidere egzanp Abraram, yon patriyach, yon moun yo konnen kòm yon moun ki te gen yon lafwa estrawòdinè. Li difisil pou nou imajine yon pi gwo eprèv pou yon papa pase pou yo ta mande l ofri pitit li kòm sakrifis *. Epoutan, “se kòmsi [Abraram] te bay Izarak kòm sakrifis”, paske li te gen yon konfyans total “Bondye te ka menm leve l sot nan lanmò”. (Ebre 11:17-19.) Se paske Abraram te demontre yon lafwa konsa e li te obeyi Jewova ki fè Jewova te renmen l e li te rele l “zanmi m”. — Ezayi 41:8; Jak 2:21-23.

5. Ki jan Jewova konsidere moun ki obeyi l fidèlman yo?

5 Obeyisans gen anpil valè nan je Jewova. Li renmen moun ki kwè rete fidèl ak Jewova se sa ki pi enpòtan. (Li 2 Samyèl 22:26.) Jan nou te wè sa nan chapit 1 liv sa a, Jewova pran anpil plezi nan moun ki chwazi obeyi l paske yo renmen l. Pwovèb 3:32 di: “Li bon zanmi ak moun ki dwat.” Moun ki fè sa Bondye mande yo fidèlman resevwa yon envitasyon nan men l: Yo ka moun li envite nan “tant” li, sa vle di l ap akeyi yo pou yo vin adore l e li ba yo garanti yo ka priye l nenpòt lè. — Sòm 15:1-5.

6. Ki jan nou ka montre nou renmen Jezi, e ki santiman Jewova genyen pou moun ki renmen Pitit li a?

6 Jewova renmen moun ki renmen Jezi, sèl Pitit li a. Men sa Jezi te di: “Si yon moun renmen m, l ap obeyi pawòl mwen, Papa m ap renmen l, n ap vin jwenn li, e n ap abite avèk li.” ​(Jan 14:23). Ki jan nou ka montre nou renmen Jezi? Se lè nou obeyi kòmandman l yo, sa ki gen ladan l preche bon nouvèl la epi fè disip (Matye 28:19, 20; Jan 14:15, 21). Yon lòt fason nou montre nou renmen Jezi se lè nou “suiv tras li pye pou pye”, lè nou fè tout sa n kapab pou nou imite l ni nan pawòl nou ni nan aksyon nou, malgre enpèfeksyon nou (1 Pyè 2:21). Sa touche kè Jewova lè l wè lanmou yon moun gen pou Pitit li a pouse l fè tout sa l kapab pou l viv tankou yon vrè kretyen.

7. Poukisa li saj pou se moun ki zanmi Jewova nou chwazi kòm zanmi?

7 Lafwa, fidelite, obeyisans, lanmou pou Jezi ak pou fason l te viv fè pati bagay Jewova ap chèche lakay moun ki zanmi l yo. Li ta bon pou nou mande tèt nou: ‘Èske moun ki bon zanmi m yo gen bagay sa yo lakay yo? Èske se moun ki zanmi Jewova mwen chwazi kòm zanmi?’ Li saj pou nou fè sa, paske moun ki gen kalite ki fè Bondye plezi yo e ki chofe nan preche bon nouvèl Wayòm nan ap gen bon enfliyans sou nou. Jan de moun sa yo ap fè nou detèmine pou nou viv yon fason ki fè Bondye plezi. — Gade kare ki gen tit: “ Ki lè yon moun se yon bon zanmi?

YON EGZANP BIBLIK KI APRANN NOU YON LESON

8. Ki sa k plis touche w nan amitye ki te genyen ant a) Nawomi ak Rit? b) Twa jèn Ebre yo? c) Pòl ak Timote?

8 Bib la gen egzanp yon pakèt moun ki te jwenn byenfè paske yo te chwazi bonjan zanmi. Nan Bib la, ou ka li istwa ki pale de amitye ki te genyen ant Nawomi ak Rit, bèlfi l la, ant twa jèn Ebre yo ki te rete bon zanmi pandan yo te nan peyi Babilòn, oubyen ant Pòl ak Timote (Rit 1:16; Dànyèl 3:17, 18; 1 Korentyen 4:17; Filipyen 2:20-22). Sepandan, annou rete sou yon lòt egzanp estrawòdinè: amitye ki te genyen ant David ak Jonatan an.

9, 10. Ki sa k fè David ak Jonatan te zanmi?

9 Apre David te fin touye Golyat, “Jonatan ak David te vin bon zanmi e Jonatan te vin renmen David menm jan l te renmen pwòp tèt li”. (1 Samyèl 18:1.) Se konsa yon amitye solid te kòmanse ant David ak Jonatan, malgre yo pa t gen menm laj. Amitye sa a te kontinye jiskaske Jonatan te mouri nan lagè * (2 Samyèl 1:26). Ki sa k fè de mesye sa yo te gen yon amitye solid konsa?

10 Rezon ki fè David ak Jonatan te zanmi konsa se paske yo toule de te renmen Jewova e yo te vle rete fidèl ak li. De mesye sa yo te byen paske yo te vle fè Bondye plezi. Yo chak te demontre yon seri kalite ki te fè youn renmen lòt. Sandout, Jonatan te enpresyone devan kouraj David ak fason li te chofe pou l defann non Jewova san l pa pè, alòske li te yon jèn tigason. Siman David te respekte Jonatan, ki te pi gran pase l, ki t ap soutni dispozisyon Jewova yo fidèlman e ki te mete enterè David anvan enterè pa l. Pa egzanp, ann konsidere sa k te rive lè David te nan yon moman kote l te dekouraje anpil. Li t ap viv nan mawon nan yon dezè pou l te ka chape anba kòlè wa Sayil ki te papa Jonatan e ki te mechan. Jonatan te montre li fidèl ak David lè l te pran inisyativ pou l al “kot David [...] e li te ede l vin gen plis konfyans nan Jewova”. (1 Samyèl 23:16.) Imajine ki jan David dwe te santi l lè zanmi li te renmen anpil la te vin ankouraje l *!

11. Lè w konsidere egzanp Jonatan ak David, ki sa sa aprann ou sou amitye?

11 Ki sa nou aprann nan egzanp Jonatan ak David la? Nou rann nou kont bagay ki pi enpòtan ki dwe fè de moun vin bon zanmi se pou yo gen bon relasyon ak Bondye. Lè nou pwòch ak moun ki gen menm kwayans ak nou, ki gen menm prensip ak nou e ki gen dezi pou yo rete fidèl ak Bondye menm jan ak nou, lè sa a nou ka pataje panse, santiman ak eksperyans k ap ankouraje nou e k ap fòtifye nou. (Li Women 1:11, 12.) Se pami moun k ap adore Jewova ansanm avèk nou yo n ap jwenn kalite zanmi sa yo, zanmi ki detèmine pou yo rete fidèl ak Bondye. Sepandan, èske sa vle di tout moun ki vin asiste reyinyon nan Sal Wayòm nan se moun nou ka chwazi kòm zanmi nou? Non.

FASON POU NOU CHWAZI BON ZANMI

12, 13. a) Poukisa nou dwe chwazi ak kiyès n ap fè zanmi menm pami kretyen parèy nou yo? b) Nan premye syèk la, ki pwoblèm ki te gen nan kongregasyon an, e ki avètisman Pòl te oblije bay?

12 Menm nan kongregasyon an, nou bezwen byen chwazi ak kiyès n ap fè zanmi, si nou vle pou zanmi nou yo se moun k ap ede nou gen pi bon relasyon ak Jewova. Èske sa ta dwe etone nou? Pa vrèman. Gen kèk moun nan kongregasyon an ki ka pran plis tan pase lòt pou yo vin kretyen ki gen matirite, menm jan nan yon pye fwi kèk fwi konn pran plis tan pase lòt pou yo mi. Se sa k fè, nan tout kongregasyon yo, tout moun pa pwogrese ak menm vitès nan relasyon yo ak Bondye (Ebre 5:12–6:3). Natirèlman, nou demontre pasyans anvè moun ki nouvo yo e anvè moun ki pa djanm yo e nou montre nou renmen yo paske nou vle ede yo vin kretyen ki gen matirite. — Women 14:1; 15:1.

13 Pafwa, ka gen kèk sitiyasyon nan kongregasyon an ki mande pou nou fè atansyon ak moun n ap frekante yo. Gen kèk moun ki konn vin gen yon konduit ki pa kòrèk. Gen kèk lòt ki konn vin pa kontan pou yon rezon kèlkonk e ki konn vin gen tandans toujou ap kritike. Nan premye syèk la, gen kèk kongregasyon ki t ap fè fas ak yon pwoblèm konsa. Byenke pifò moun nan kongregasyon sa yo te fidèl, gen kèk moun ki pa t gen yon konduit ki kòrèk. Gen kèk moun nan kongregasyon Korent lan ki pa t dakò ak kèk nan bagay kretyen yo t ap anseye yo. Se sa k te pouse apot Pòl avèti kongregasyon an. Li te di yo: “Pinga nou twonpe tèt nou. Move frekantasyon fè moun pèdi bon abitid yo genyen.” ​(1 Korentyen 15:12, 33). Pòl te avèti Timote, li te fè l konnen menm pami kretyen parèy li yo te ka gen kèk moun ki pa aji yon fason ki kòrèk. Li te di Timote pou l rete lwen moun sa yo e pou l pa fè zanmi ak yo. — Li 2 Timote 2:20-22.

14. Ki jan nou ka aplike prensip nou jwenn nan avètisman Pòl te bay konsènan frekantasyon an?

14 Ki jan nou ka aplike prensip nou jwenn nan avètisman sa a? Se lè nou pa fè zanmi ak moun ki ka gen move enfliyans sou nou, kit se nan kongregasyon an, kit se deyò kongregasyon an (2 Tesalonisyen 3:6, 7, 14). Nou dwe pwoteje relasyon nou ak Bondye. Pa bliye, nou tankou eponj, sa vle di nou gen tandans vin ap panse menm jan ak moun ki bon zanmi nou e pou n vin ap aji menm jan ak yo. Menm jan nou pa ka plonje yon eponj nan vinèg e pou nou espere se dlo k ap antre ladan l, se konsa tou nou pa ka ap frekante moun ki gen move enfliyans sou nou e pou nou espere y ap ede nou fè sa ki byen. — 1 Korentyen 5:6.

W ap jwenn bon zanmi pami moun k ap adore Jewova ansanm avèk ou yo.

15. Ki sa w ka fè pou w jwenn zanmi ki djanm nan kongregasyon an?

15 Erezman, gen anpil posiblite pou nou jwenn bon zanmi pami moun k ap adore Jewova ansanm avèk nou yo (Sòm 133:1). Ki sa w ka fè pou w jwenn zanmi ki djanm nan kongregasyon an? Si w fè efò pou w gen yon seri bèl kalite ki fè Bondye plezi e w aji yon fason ki fè l plezi tou, se sèten w ap atire lòt moun k ap fè efò nan sans sa yo tou. Anplis de sa, ou ka bezwen fè efò pou w fè nouvo zanmi ak kretyen ki djanm. (Gade kare ki gen tit: “ Sa nou te fè pou nou jwenn bon zanmi.”) Chèche moun ki demontre kalite ou ta renmen genyen. Suiv konsèy Bib la bay la, ‘ouvri kè w’, chèche fè zanmi ak kwayan parèy ou yo kèlkeswa ras yo, nasyonalite yo ak kilti yo. (2 Korentyen 6:13; li 1 Pyè 2:17.) Pa fè zanmi ak moun ki gen apeprè menm laj avè w sèlman. Pa bliye, Jonatan te pi gran lontan pase David. Si w fè zanmi ak frè ak sè ki aje, w ap kapab pwofite eksperyans yo ak sajès yo.

LÈ GEN PWOBLÈM

16, 17. Si yon moun k ap adore Jewova ansanm avèk nou fè nou fache, poukisa nou pa dwe vire do bay kongregasyon an?

16 Piske moun ki fè pati kongregasyon an pa gen menm pèsonalite e yo pa t leve menm jan, detanzantan ka gen ti pwoblèm. Yon kwayan parèy nou ka fè yon bagay oswa li ka di yon bagay ki fè nou fache (Pwovèb 12:18). Pafwa, sa ki konn lakòz pwoblèm yo se oubyen diferans nou gen nan pèsonalite nou, oubyen youn pa byen konprann lòt, oubyen nou pa wè bagay yo menm jan. Èske n ap kite difikilte sa yo fè nou trebiche epi n pran distans nou ak kongregasyon an? Nou pap fè sa si nou renmen Jewova toutbon e si nou renmen moun li renmen yo.

17 Antanke Kreyatè nou e antanke Sila a ki ban nou sa nou bezwen pou nou rete an vi, Jewova merite pou nou renmen l e pou nou atache avè l ak tout kè nou (Revelasyon 4:11). Anplis de sa, kongregasyon an merite pou nou soutni l piske Jewova pran plezi pou l sèvi avè l (Ebre 13:17). Konsa, si yon moun k ap adore Jewova ansanm avèk nou ta fè nou fache oswa li ta desevwa nou yon fason kèlkonk, nou pap vire do bay kongregasyon an pou nou montre nan ki pwen nou pa kontan. Piske Jewova pa fè nou anyen, ki jan pou n ta fè yon bagay konsa? Lanmou nou gen pou Jewova pa t ap janm pèmèt nou kite ni Jewova ni pèp li a! — Li Sòm 119:165.

18. a) Ki sa nou ka fè pou nou favorize lapè nan kongregasyon an? b) Lè nou chwazi padone paske nou gen bonjan rezon pou sa, ki benediksyon nou jwenn?

18 Lanmou nou gen pou moun k ap adore Jewova ansanm avèk nou yo ap pouse nou travay pou gen lapè nan kongregasyon an. Jewova pa atann pou moun li renmen yo pafè, e nou menm tou nou pa ta dwe atann sa lakay yo. Lanmou ap ede nou pase sou ti fot frè nou yo, l ap ede nou sonje nou tout nou enpafè e nou tout konn fè erè (Pwovèb 17:9; 1 Pyè 4:8). Lanmou ap ede nou pou youn kontinye “padone lòt ak tout kè nou”. (Kolosyen 3:13.) Li pap toujou fasil pou nou suiv konsèy sa a si nou kite santiman negatif anvayi nou, si nou gen tandans kenbe rankin paske nou panse se yon fason pou nou pini moun ki aji mal ak nou an. An reyalite, lè nou kenbe rankin, se pou nou sa pa bon. Lè nou chwazi padone paske nou gen bonjan rezon pou nou fè sa, sa fè nou jwenn anpil benediksyon (Lik 17:3, 4). Lespri nou ak kè nou anpè, nou prezève lapè nan kongregasyon an, e sa ki pi enpòtan, nou prezève bon relasyon nou genyen ak Jewova. — Matye 6:14, 15; Women 14:19.

KI LÈ POU NOU SISPANN ZANMI YON MOUN?

19. Ki sa k ka rive ki ka fè li nesesè pou nou sispann frekante yon moun ki te fè pati kongregasyon an?

19 Pafwa, yo ka mande nou pou nou sispann frekante yon moun ki te nan kongregasyon an. Sa ka rive lè moun sa a vyole lwa Bondye, li pa repanti, e yo eskominye l. Oubyen sa ka rive si moun nan aji yon fason ki montre li pa kretyen ankò, li kòmanse anseye fo doktrin, oubyen li fè konnen li pa Temwen Jewova ankò. Pawòl Bondye a di nou aklè pou nou “sispann frekante” jan de moun sa yo *. (Li 1 Korentyen 5:11-13; 2 Jan 9-11.) Sa gendwa pa fasil pou nou evite yon moun ki te zanmi nou oubyen ki fanmi nou. Èske n ap pran pozisyon fèm pou Jewova? Èske n ap rete fidèl ak li? Èske n ap bay lwa l yo plis enpòtans pase tout lòt bagay? Pinga nou bliye sa, fidelite nou ak obeyisans nou gen anpil enpòtans nan je Jewova.

20, 21. a) Poukisa dispozisyon pou eskominye moun nan se yon dispozisyon ki demontre lanmou? b) Poukisa li enpòtan pou nou chwazi zanmi nou avèk sajès?

20 Dispozisyon yo pran pou eskominye moun nan se yon dispozisyon ki montre Jewova renmen nou. Ki sa k fè nou di sa? Ebyen, lè kongregasyon an eskominye yon pechè ki pa repanti, se yon dispozisyon ki demontre lanmou moun nan kongregasyon an genyen pou non Jewova ki sen e pou tout sa non sa a reprezante (1 Pyè 1:15, 16). Grasa dispozisyon sa a, kongregasyon an jwenn pwoteksyon. Kretyen ki fidèl yo jwenn pwoteksyon kont move enfliyans moun k ap pratike peche volontèman. Konsa, yo ka kontinye sèvi Jewova toutpandan yo sèten kongregasyon an se yon kote yo ka jwenn pwoteksyon, yon kote ki pa anba enfliyans monn mechan sa a (1 Korentyen 5:7; Ebre 12:15, 16). Disiplin fèm sa a se yon prèv ki montre Jewova gen lanmou pou moun ki mal aji a. Petèt disiplin sa a kapab se boustè moun nan te bezwen pou l retounen nan bonsans li e pou l fè tout sa l kapab pou l retounen vin jwenn Jewova. — Ebre 12:11.

21 Pa gen dout nan sa, moun ki bon zanmi nou gen yon gwo enfliyans sou nou. Kidonk, li enpòtan anpil pou nou chwazi zanmi nou yo avèk sajès. Lè nou fè zanmi ak moun ki zanmi Jewova, lè nou renmen moun Jewova renmen, zanmi n ap vin genyen yo se pral pi bon zanmi nou ta ka genyen. Enfliyans moun sa yo ap gen sou nou ap fè nou gen plis detèminasyon toujou pou nou fè Jewova plezi.

^ § 2 Mo ebre lè yo tradui l yo mete “annafè ak” pou li a, yo konn mete “akonpaye” oswa “mache ak” pou yo tradui l tou. — Jij 14:20; Pwovèb 22:24.

^ § 4 Lè Jewova te mande Abraram pou l ofri Izarak kòm sakrifis la, li te montre ki kalite sakrifis li menm li t apral fè lè l t apral bay sèl Pitit li fè a (Jan 3:16). Nan ka Abraram nan, Jewova te anpeche Abraram touye Izarak e li te fè l jwenn yon mal mouton pou l ofri kòm sakrifis nan plas Izarak. — Jenèz 22:1, 2, 9-13.

^ § 9 David te jèn lè l te touye Golyat, li te “yon timoun” lè sa a. Li te gen anviwon 30 an lè Jonatan te mouri (1 Samyèl 17:33; 31:2; 2 Samyèl 5:4). Jonatan te gen anviwon 60 an lè l te mouri. Donk, Jonatan te gen anviwon 30 an anplis David.

^ § 10 Jan yo rapòte sa nan 1 Samyèl 23:17, Jonatan te di David senk bagay pou ankouraje l: 1) Li te di David pinga l pè. 2) Li te ba l asirans Sayil ap echwe. 3) Li te raple David se David k ap vin wa, jan Jewova te pwomèt sa. 4) Li te pwomèt David l ap toujou fidèl ak li. 5) Li te di David menm Sayil konnen li menm Jonatan te fidèl ak David.

^ § 19 Pou nou jwenn plis detay sou fason pou nou konpòte nou ak yon moun ki eskominye oswa ki fè retrè volontè, sa vle di ki fè konnen aklè li pa Temwen Jewova ankò, gade nan Apendis la, nan atik ki gen tit: “Fason pou nou konpòte nou ak yon moun ki eskominye.”