Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 9

“Kouri pou imoralite seksyèl”

“Kouri pou imoralite seksyèl”

“Se poutèt sa, fè manm kò nou ki sou tè a mouri anrapò ak imoralite seksyèl, salte, dezi seksyèl san kontwòl, anvi pou nou fè sa ki mal, e anrapò ak tanta, ki se idolatri.” — KOLOSYEN 3:5.

1, 2. Ki pyèj Balaam te tann pou pèp Jewova a pou l te ka lage yo nan pwoblèm?

PECHÈ pwason an ale nan zòn kote li pi renmen peche a. Jodi a, li ta renmen peche yon pwason byen presi. Li chwazi lak li vle a, li mete l nan zen an epi li voye liy lan nan dlo. Yon ti tan apre, liy lan detire epi gòl la koube. Li rale pwason li peche a monte. Li souri paske li wè li te chwazi bon lak la.

2 Nan ane 1473 anvan epòk nou an, te gen yon mesye ki rele Balaam ki te reflechi anpil sou ki pyèj li te kapab itilize. Sepandan, moun li te vle pran nan pyèj yo se te pèp Bondye a ki te tabli kan yo nan Plèn Mowab, yon plèn ki te toupre tè Bondye te pwomèt pèp li a. Balaam te pretann li se yon pwofèt Jewova, men an reyalite, li te tou senpleman yon moun ki ava, yon moun yo te peye pou l lage malediksyon sou pèp Izrayèl la. Sepandan, Jewova te entèvni, e sèl sa Balaam te kapab fè se beni pèp la. Men, piske Balaam te detèmine pou l jwenn rekonpans yo te ofri l pou l lage malediksyon sou pèp Izrayèl la, li te vin panse li kapab fè Bondye lage malediksyon sou pwòp pèp li, si l ta fè yo fè yon peche ki grav. Etandone Balaam te gen objektif sa a nan lespri l, li te tann yon pyèj pou mesye izrayelit yo. Pyèj sa a se te bèl jèn fi Mowab yo. — Nonb 22:1-7; 31:15, 16; Revelasyon 2:14.

3. Jis nan ki pwen pyèj Balaam nan te reyisi?

3 Èske pyèj sa a te mache? Nou ka di wi. Plizyè dizèn milye gason izrayelit te pran ladan l, yo te fè “imoralite seksyèl ak medam peyi Mowab yo”. Yo te menm kòmanse adore dye moun Mowab yo, san wete dye ki bay degoutans ki te rele Baal Peyò a, yon dye ki swadizan pèmèt moun fè pitit, oswa yon dye sèks. Te gen 24 000 Izrayelit ki te peri, alòske yo te toupre tè Bondye te pwomèt yo a. Ala sa te tris! — Nonb 25:1-9.

4. Sa k fè plizyè milye Izrayelit te tonbe nan imoralite?

4 Ki sa k te mennen nan kalamite sa a? Anpil moun pami pèp la te vin devlope yon kè ki mechan, e sa te mennen yo lwen Jewova, Bondye ki te libere yo lè l te fè yo kite peyi Ejip la, Bondye ki te ba yo manje nan dezè a e ki t ap pwoteje yo pou l mennen yo nan tè li te pwomèt yo a (Ebre 3:12). Pandan apot Pòl t ap reflechi sou sa, men sa l te ekri: “Annou pa pratike imoralite seksyèl, menm jan kèk nan yo te fè imoralite seksyèl, sa ki te lakòz 23 000 nan yo tonbe nan yon sèl jou *.” — 1 Korentyen 10:8.

5, 6. Sa k fè istwa konsènan peche Izrayelit yo te fè nan Plèn Mowab la itil nou jodi a?

5 Istwa sa a nou jwenn nan liv Nonb lan gen anpil enpòtans pou pèp Bondye a jodi a ki nan papòt Paradi Bondye pwomèt la (1 Korentyen 10:11). Pa egzanp, fason moun nan monn nan obsede ak sèks jodi a fè nou sonje moun Mowab yo ki te gen menm obsesyon sa a. Sèl diferans, sèke jodi a pwoblèm sa a gaye sou tout tè a nèt. Anplis de sa, chak ane, gen plizyè milye kretyen ki tonbe nan imoralite, menm pyèj Izrayelit yo te tonbe ladan l lan (2 Korentyen 2:11). Menm jan ak Zimri ki pa t pè antre ak yon fi ki te moun Madyan nan kan Izrayelit yo, e ki te mennen l nan pwòp tant li, jodi a gen kèk moun pami pèp Bondye a ki vin kòwonpi e ki gen move enfliyans sou lòt kretyen nan kongregasyon an. — Nonb 25:6, 14; Jid 4.

6 Èske w konprann ou nan yon sitiyasyon ki sanble ak sitiyasyon ki te gen nan Plèn Mowab la? Èske w wè rekonpans k ap tann ou an ki prèske rive, anpalan de monn nouvo a moun ap tann depi byen lontan an? Si w wè rekonpans lan, se pou w fè tout sa w kapab pou w rete nan lanmou Bondye lè w obeyi kòmandman ki di pou nou “kouri pou imoralite seksyèl” la. — 1 Korentyen 6:18.

Plèn Mowab

KI SA IMORALITE SEKSYÈL YE?

7, 8. Ki sa “imoralite seksyèl” ye, e ki jan moun k ap pratike l yo rekòlte sa yo simen?

7 Selon jan yo itilize mo “imoralite seksyèl” la (pòneya an grèk) nan Bib la, li gen rapò ak relasyon seksyèl ki pa fèt nan kad yon maryaj ki fèt selon Labib. Li gen ladan l adiltè, pwostitisyon, relasyon seksyèl ant moun ki pa marye youn ak lòt, san wete sèks nan bouch ak sèks nan dèyè. Li gen ladan l tou jwe moun ap jwe nan pati jenital youn lòt pou youn fè lòt jwenn plezi, alòske moun sa yo pa marye youn ak lòt. Mete sou sa, li gen ladan l kalite relasyon seksyèl sa yo ant de moun ki gen menm sèks, san wete relasyon seksyèl ak bèt *.

8 Labib klè sou sa: Moun k ap pratike imoralite seksyèl pa ka rete nan kongregasyon kretyen an e yo pap jwenn lavi ki pap janm fini an (1 Korentyen 6:9; Revelasyon 22:15). Anplis de sa, depi kounye a, yo fè tèt yo ditò paske lòt moun pa fè yo konfyans ankò, yo pèdi respè tèt yo, yo gen pwoblèm nan fwaye yo, konsyans yo ap kale yo, yo tonbe ansent san yo pa vle, yo pran maladi, e yo menm mouri. (Li Galat 6:7, 8.) Poukisa pou nou ta pran yon chemen k ap mennen nou nan kalite kalamite sa yo? Malerezman, gen anpil moun ki pa reflechi ak sa ki ka rive yo anvan yo fè premye pa ki mennen nan pwoblèm sa yo, e byen souvan, premye pa a se pònografi.

PÒNOGRAFI: YON PREMYE PA

9. Èske pònografi pa gen anyen mal ladan l jan kèk moun fè konn sa? Esplike.

9 Nan anpil peyi, pònografi gaye toupatou: Li nan jounal, nan mizik, nan televizyon ak Entènèt *. Gen kèk moun ki pretann pa gen okenn danje ladan l. Èske se vre? Non, se pa vre! Moun ki pran abitid gade pònografi konn vin gen abitid fè mastibasyon e yo konn vin gen “dezi seksyèl san kontwòl” *. Sa ka fè yo vin esklav sèks, yo vin gen yon seri vye dezi, yo vin gen gwo pwoblèm nan maryaj yo, e sa ka fè yo menm divòse ak moun yo marye avè l la (Women 1:24-27; Efezyen 4:19). Gen yon moun ki konn fè rechèch ki fè konnen pwoblèm moun ki esklav sèks yo genyen an sanble ak maladi kansè. Men sa l di: “Li kontinye ogmante e li kontinye gaye, se raman li diminye poukont li, epitou li vrèman difisil pou trete.”

N ap montre nou saj si nou sèvi ak Entènèt sèlman kote lòt moun ka wè nou anndan kay la.

10. Nan ki domèn nou ka aplike konsèy nou jwenn nan Jak 1:14, 15 lan? (Gade kare ki gen tit: “ Mwen te jwenn fòs pou m pirifye lavi m” tou.)

10 Reflechi sou pawòl ki nan Jak 1:14, 15 yo, pawòl ki di: “Chak moun pase anba eprèv lè l kite pwòp dezi l mennen l, lè l kite pwòp dezi l sedui l. Epi dezi a, lè yo nouri l, li bay peche, e peche a li menm, lè l fin fèt, li bay lanmò.” Donk, si yon move dezi antre nan lespri w, se pou w chase l menm kote a! Pa egzanp, si pandan w ap gade televizyon oubyen ou sou òdinatè ou tonbe sou yon imaj endesan, san w pa t vle sa, se pou w vire tèt ou byen vit, oubyen se pou w fèmen òdinatè a, oubyen chanje chèn televizyon an. Fè tout sa w kapab pou w goumen ak move dezi yo pou yo pa vin kontwole lespri w e pou yo pa fè w fè sa k pa bon. — Li Matye 5:29, 30.

11. Lè n ap lite kont move dezi, ki jan nou ka demontre nou gen konfyans nan Jewova?

11 Sila a ki konnen nou pi byen pase nou konn tèt nou an gen rezon pou l di nou: “Se poutèt sa, fè manm kò nou ki sou tè a mouri anrapò ak imoralite seksyèl, salte, dezi seksyèl san kontwòl, anvi pou nou fè sa ki mal, e anrapò ak tanta, ki se idolatri.” ​(Kolosyen 3:5). Se vre, li ka difisil pou nou suiv konsèy sa a. Men, nou dwe sonje Papa nou ki nan syèl la renmen nou, li pasyan, e nou ka konte sou li pou l ede nou (Sòm 68:19). Se sa k fè, lè w gen move panse ki antre nan lespri w, se pou w priye l tousuit pou l ede w. Mande l pou l ba w “yon pisans ki depase yon pisans nòmal”, epi fòse lespri w pou l konsantre sou lòt bagay. — 2 Korentyen 4:7; 1 Korentyen 9:27; gade kare ki gen tit: “ Ki jan mwen ka venk yon move abitid?

12. Ki sa “kè” nou ye, e poukisa nou dwe pwoteje l?

12 Men sa wa Salomon, yon wa ki te saj, te ekri: “Plis pase tout lòt bagay, pwoteje kè w, paske se ladan l sous ki bay lavi yo soti.” ​(Pwovèb 4:23). “Kè” nou reprezante sa nou ye pa anndan an, sa nou ye toutbonvre nan je Bondye. Epitou, se jan Bondye konsidere “kè” nou k ap detèmine si n ap jwenn lavi ki pap janm fini an ak si nou pap jwenn li, se pa sa nou parèt ye nan je lòt moun. Se yon bagay ki tou senp, men se yon bagay nou dwe pran oserye. Pou Jòb te ka pa gade fi ak move lide, li te fè yon alyans, oswa yon kontra, ak je l (Jòb 31:1). Ala yon bèl egzanp pou nou! Gen yon salmis ki te montre li gen menm detèminasyon sa a tou. Nan yon priyè, li te di: “Pa kite je m ret ap gade sa k pa vo anyen.” — Sòm 119:37.

DINA TE FÈ YON MOVE CHWA

13. Kiyès Dina te ye, e poukisa kalite moun li te chwazi kòm zanmi yo te montre li pa t saj?

13 Jan nou te wè sa nan chapit 3 a, moun nou chwazi kòm zanmi ka enfliyanse nou, swa an byen, swa an mal. (Pwovèb 13:20; li 1 Korentyen 15:33.) Ann pran egzanp Dina, pitit fi Jakòb, yon patriyach. Malgre Dina te jwenn bon fòmasyon depi l piti, li te montre li manke sajès lè li te chwazi fè zanmi ak yon seri jèn medam kananeyèn. Menm jan ak moun Mowab yo, Kananeyen yo te gen repitasyon moun ki imoral anpil (Levitik 18:6-25). Nan je mesye kananeyen yo, san wete Sichèm, ki te moun “yo te pi respekte” lakay papa l, Dina pa t ap gen pwoblèm pou yo ta tcheke l. — Jenèz 34:18, 19.

14. Ki malè ki te rive Dina lefètke l te fè move zanmi?

14 Sanble Dina pa t gen afè relasyon seksyèl nan lespri l lè l te wè Sichèm. Men, Sichèm li menm te fè sa pifò Kananeyen yo t ap fè lè yo anvi yon fi. Kèlkeswa sa Dina te eseye fè pou l lite ak misye, sa pa t itil li anyen paske Sichèm te “met men sou li” e li te “vyole l”. Sanble apre sa, Sichèm te “tonbe damou” pou Dina, men sa l te fè a, li te fè l nèt. (Li Jenèz 34:1-4.) Kòm rezilta, se pa Dina sèlman ki te soufri. Lefètke l te fè move zanmi, sa te mete l nan yon sitiyasyon ki te lage lawont ak dezonè sou fanmi l. — Jenèz 34:7, 25-31; Galat 6:7, 8.

15, 16. Ki jan nou ka rive gen vrè sajès la? (Gade kare ki gen tit: “ Vèsè pou nou medite sou yo” tou.)

15 Si Dina te aprann yon leson enpòtan, se apre malè a te fin rive l. Moun ki renmen Jewova e ki obeyi l pa oblije fè move eksperyans pou yo pran leson. Lefètke yo koute Bondye, yo chwazi “mache ak moun ki gen sajès”. (Pwovèb 13:20a.) Konsa, yo vin konprann “tout sa ki byen” e yo evite gen pwoblèm ak lapenn pou granmesi. — Pwovèb 2:6-9; Sòm 1:1-3.

16 Sajès Bondye disponib pou tout moun ki ta renmen genyen l e ki fè efò pou sa lè yo pèsevere nan lapriyè e yo etidye Pawòl Bondye a regilyèman ansanm ak lòt piblikasyon esklav fidèl ki prevwayan an ban nou yo (Matye 24:45; Jak 1:5). Li enpòtan tou pou nou gen imilite. Sa ap pèmèt nou dispoze obeyi tout konsèy nou jwenn ki sot nan Bib la (2 Wa 22:18, 19). Pa egzanp, yon kretyen ka admèt kè l trèt e kè l pa bon menm (Jeremi 17:9). Men, lè yon sitiyasyon rive kote kè l trayi l, èske l ap ase enb pou l aksepte bon konsèy yo ba li pou ede l?

17. Dekri yon sitiyasyon ki ta ka rive nan yon fanmi, e montre ki jan yon papa ta ka rezone ak pitit fi l.

17 Reflechi sou sitiyasyon sa a: Yon papa pa kite pitit fi l soti ak yon jèn frè san yo pa gen yon lòt moun ki akonpaye yo. Pitit fi a reyaji konsa: “Men papa, èske w pa fè m konfyans? Nou pa pral fè anyen ki mal!” Pitit fi a ka renmen Jewova e li ka gen bon entansyon, sepandan èske l montre li gen “sajès [ki soti nan Bondye]”? Èske l montre l ap “kouri pou imoralite seksyèl”? Oubyen èske se kwè li “kwè nan tèt li” tankou yon moun sòt (Pwovèb 28:26)? Petèt ou ka panse ak lòt prensip toujou ki t ap ka ede papa sa a ak pitit fi l la rezone sou kesyon an. — Gade Pwovèb 22:3; Matye 6:13; 26:41.

JOZÈF TE KOURI POU IMORALITE SEKSYÈL

18, 19. Ki tantasyon Jozèf te rankontre nan lavi l, e ki jan li te fè fas avè l?

18 Yon jèn ki te renmen Jewova e ki te kouri pou imoralite seksyèl se te Jozèf, yon frè Dina bò kot papa (Jenèz 30:20-24). Lè Jozèf te timoun, li te wè sa k te pase poutèt Dina pa t aji avèk sajès. Sandout, lefètke Jozèf te sonje sa ki te rive sè l la, e lefètke li te vle rete nan lanmou Bondye, sa te pwoteje l annapre lè li te esklav ann Ejip, kote madanm mèt li t ap eseye sedui l “chak jou”. Antanke esklav, Jozèf pa t ap ka annik kite travay la. Li te oblije fè fas ak sitiyasyon an avèk sajès e avèk kouraj. Li te demontre sajès ak kouraj, paske li te toujou di madan Potifa non e finalman li te kouri pou li. — Li Jenèz 39:7-12.

19 Reflechi sou sa: Si Jozèf te konn ap imajine tèt li k ap fè lanmou ak madan Potifa oswa si l te gen abitid ap reflechi sou sèks, èske li t ap ka kenbe entegrite l? Sandout li pa t ap kapab. Olye pou Jozèf te pran plezi pou l ap reflechi sou move bagay, li te pito konsantre l sou relasyon l ak Jewova ki te gen anpil valè pou li, e sa te parèt nan pawòl li te di madan Potifa yo. Li te di l: “Mèt mwen ban m pouvwa sou tout bagay, sof sou ou paske w se madanm li. Ki jan pou m ta ka fè gwosè mechanste sa a e pou m ta peche kont Bondye?” — Jenèz 39:8, 9.

20. Ki jan Jewova te fè bagay yo vire pou Jozèf?

20 Imajine jan Jewova dwe te santi l kontan lè l ap gade Jozèf, yon jèn ki te lwen fanmi l, men ki te kenbe entegrite l jou apre jou (Pwovèb 27:11). Annapre, Jewova te fè yon fason pou Jozèf te ka soti nan prizon, pou yo te ka te mete l premye minis e pou yo te ka fè l vin responsab tout depo manje ki te gen nan peyi Ejip (Jenèz 41:39-49). Vrèmanvre, pawòl ki nan Sòm 97:10 yo se verite: “Nou menm ki renmen Jewova, rayi sa ki mal. Li pwoteje lavi moun ki fidèl ak li yo, li sove yo anba men mechan yo.”

21. Nan youn nan peyi ann Afrik yo, ki jan yon jèn frè te demontre li gen kouraj pou l fè sa ki byen?

21 Menm jan an tou jodi a, gen anpil sèvitè Bondye ki demontre yo “rayi sa ki mal e [yo] renmen sa ki byen”. (Amòs 5:15.) Nan yon peyi ann Afrik, gen yon jèn frè ki sonje jan yon jèn fi ki te kamarad lekòl li te ofri l kareman pou l kouche avè l si l ede l fè yon egzamen matematik. Men sa frè a di: “Mwen te rejte òf li a menm kote a, e lefètke m te kenbe entegrite m, mwen te reyisi kenbe diyite m ak respè tèt mwen, sa ki gen plis valè lontan pase lò ak ajan.” Se vre, peche ka bay “plezi pou yon ti tan”, men, souvan, plezi sa yo pote anpil lapenn (Ebre 11:25). Anplis de sa, plezi sa yo pa reprezante anyen lè nou konpare yo ak kè kontan n ap jwenn pou tout tan gen tan lè nou obeyi Jewova. — Pwovèb 10:22.

AKSEPTE ÈD NAN MEN BONDYE KI GEN MIZÈRIKÒD

22, 23. a) Si yon kretyen fè yon peche grav, ki sa k fè sitiyasyon l lan pa sanzespwa? b) Ki èd moun ki fè peche yo ka resevwa?

22 Lefètke nou enpafè, se lite nou tout ap lite pou nou kontwole dezi lachè nou gen lakay nou e pou nou fè sa ki byen nan je Bondye (Women 7:21-25). Jewova konnen sa, “li sonje se pousyè nou ye”. (Sòm 103:14.) Men, sa konn rive yon kretyen fè yon peche grav. Èske sa vle di pa gen okenn espwa pou li ankò? Non! Se vre moun ki fè peche a ap rekòlte move konsekans akoz peche l la, menm jan wa David te rekòlte move konsekans akoz peche li te fè yo. Men, Bondye toujou “dispoze padone” moun ki regrèt peche yo te fè e ki “konfese” peche sa yo. — Sòm 86:5; Jak 5:16; li Pwovèb 28:13.

23 Anplis de sa, nan bonte Bondye, li bay kongregasyon an “gason kòm kado”, anpalan de bèje yo ki gen matirite. Nonsèlman bèje yo kalifye, men tou yo dispoze ede nou (Efezyen 4:8, 12; Jak 5:14, 15). Objektif yo se ede moun ki fè peche yo retounen gen bon relasyon ak Bondye e, jan Salomon te di sa, pou yo vin gen “bon konprann”, yon fason pou yo pa refè menm peche a. — Pwovèb 15:32.

‘SE POU NOU VIN GEN BONSANS’

24, 25. a) Ki jan jèn gason yo pale de li nan Pwovèb 7:6-23 a montre li “pa gen bonsans”? b) Ki sa nou ka fè pou nou “vin gen bonsans”?

24 Labib pale de moun ki “pa gen bonsans” ak moun ki “vin gen bon konprann”. (Pwovèb 7:7.) Yon kretyen ki “pa gen bonsans” gendwa pa wè lwen e li gendwa pa gen bon jijman paske li poko gen matirite antanke kretyen ak eksperyans nan sèvis l ap bay Bondye a. Menm jan ak jèn gason yo dekri nan Pwovèb 7:6-23 a, yon kretyen ki konsa ka pi fasil tonbe nan peche grav. Men, “yon moun ki vin gen bonsans” byen reflechi sou moun li ye pa anndan an lefètke li etidye Pawòl Bondye a regilyèman e li priye regilyèman. Nan degre enpèfeksyon l pèmèt li, li fè efò pou panse l, dezi l, emosyon l ak objektif li pa depaman ak sa ki fè Bondye plezi. Konsa, li montre li “renmen tèt li”, oswa li fè l posib pou l jwenn benediksyon. Epitou, l ap “reyisi” nan tout sa l fè. — Pwovèb 19:8.

25 Mande tèt ou: ‘Èske m gen konviksyon prensip Bondye yo bon? Èske m kwè toutbon lè m suiv yo m ap gen plis kè kontan?’ ​(Sòm 19:7-10; Ezayi 48:17, 18). Si w ta gen yon ti dout toupiti, fè sa w kapab pou w pa gen dout ankò. Reflechi sou konsekans sa ka genyen si w pa suiv lwa Bondye yo. Anplis de sa, ‘goute pou w ka wè jan Jewova bon’. W ap rive fè sa lè w kite laverite dirije lavi w e lè w ranpli lespri w ak bon panse, sa vle di ak tout sa ki vrè, tout sa ki jis, tout sa ki pwòp, tout sa ki merite pou moun renmen yo ak tout sa ki se bèl kalite (Sòm 34:8; Filipyen 4:8, 9). Ou mèt sèten, plis ou fè sa, se plis w ap vin renmen Bondye, w ap vin renmen sa l renmen e w ap vin rayi sa l rayi. Jozèf te yon moun tankou tout moun. Men, li te rive “kouri pou imoralite seksyèl” paske li te kite Jewova fòme l pandan plizyè ane, sa ki te ede l vin gen bonsans. Nou swete pou w fè menm bagay la tou. — Ezayi 64:8.

26. Ki sijè enpòtan nou pral egzamine nan de chapit ki vin apre yo?

26 Kreyatè nou an pa t fè ògàn seksyèl nou yo pou yo tankou jwèt ki annik la pou ban nou gwo sansasyon, men li te fè yo pou nou ka fè pitit e pou moun ki marye kapab pran plezi yo ansanm (Pwovèb 5:18). Nan de chapit ki vin apre yo, nou pral egzamine sa Jewova di sou maryaj.

^ § 4 Sanble chif yo bay nan liv Nonb lan gen ladan l “moun ki [te] alatèt” pèp la, moun jij yo te egzekite yo. Petèt yo te anviwon 1 000 gason, e kantite sa a ajoute sou kantite moun Jewova te egzekite dirèkteman yo. — Nonb 25:4, 5.

^ § 7 Pou w jwenn plis enfòmasyon sou ki konduit ki pa pwòp ak ki konduit ki derespektan, gade “Questions des lecteurs” ki nan Toudegad 15 jiyè 2006 la (fransè). Se Temwen Jewova ki pibliye peryodik sa a.

^ § 9 “Pònografi” n ap pale de li la a gen ladan l foto, pawòl ki ekri oswa pawòl moun ap di nan objektif pou fè moun anvi fè sèks. Se kapab foto yon moun ki nan yon pozisyon ki kapab fè moun anvi fè sèks oswa foto ki montre de moun oswa plizyè moun k ap fè sèks yon fason ki chokan.

^ § 9 Yo pale sou mastibasyon nan Apendis la, nan atik ki gen tit: “Fason pou yon moun venk mastibasyon.”