Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 11

“Se pou tout moun onore maryaj”

“Se pou tout moun onore maryaj”

“Pran plezi w ak madanm ou genyen depi w jèn nan.” — PWOVÈB 5:18.

1, 2. Ki kesyon nou pral egzamine, e poukisa?

ÈSKE W marye? Si w marye, èske maryaj ou ba w kè kontan, oubyen èske w gen gwo pwoblèm nan maryaj ou? Èske chak jou ou santi w vin pi lwen moun ou marye avè l la? Èske se reziyen ou reziyen w kontinye viv avè l, men ou pa jwenn okenn jwa nan maryaj la? Si se sa, petèt ou tris paske w remake afeksyon nou te gen youn pou lòt la diminye. Antanke kretyen, se sèten ou ta renmen pou maryaj ou bay Jewova, Bondye ou renmen an, glwa. Se sa k fè sitiyasyon sa a ka enkyete w anpil e li ka fè w mal. Menmsi se konsa sa ye, tanpri pa panse pa gen okenn espwa.

2 Gen anpil kretyen ki marye k ap viv ak kè kontan jodi a, alòske gen yon lè maryaj yo pa t ap mache byen ditou e yo t ap viv san yo pa t jwenn okenn kè kontan nan maryaj yo. Men, yo te jwenn yon fason pou yo fè maryaj yo vin pi solid. Ou menm tou ou ka jwenn plis kè kontan nan maryaj ou. Ki sa w ka fè pou sa?

SE POU W VIN PI PWÒCH NI AK BONDYE NI AK MOUN OU MARYE AVÈ L LA

3, 4. Ki sa k fè de moun ki marye vin pi pwòch youn ak lòt lè yo fè efò pou yo vin pi pwòch Bondye? Bay yon egzanp.

3 Ou menm ak moun ou marye avè l la ap vin pi pwòch youn ak lòt si nou toule de fè efò pou nou vin pi pwòch ak Bondye. Sa k fè sa? Ann pran egzanp yon mòn ki apik. Anba mòn nan laj, men, tèt mòn nan piti. Gen yon gason ki kanpe nan pye mòn nan sou yon bò, alòske gen yon fi ki kanpe nan pye mòn nan tou sou lòt bò a. Yo toule de kòmanse monte mòn nan. Toutotan yo toule de toujou anba mòn nan, gen yon gwo distans ki separe yo. Men, ofiramezi y ap monte pi wo pou yo rive sou tèt mòn nan, distans ki genyen antre yo a vin pi piti. Èske w wè yon bèl leson nan egzanp sa a?

4 Nou ka konpare efò w ap fè pou w sèvi Jewova ak tout kè w ak efò sa mande pou w monte yon mòn. Piske w renmen Jewova, se kòmsi w ap monte yon mòn nan yon sans senbolik e w deja ap fè anpil efò pou w monte l. Sepandan, si w wè relasyon ou gen ak moun ou marye avè l la pa menm jan an ankò, se kòmsi ou sou yon bò mòn nan w ap monte, e li menm l ap monte sou lòt bò a. Men, ki sa k ap rive si nou kontinye monte? Se vre okòmansman ka gen yon gwo distans ki separe nou. Men, plis nou fè efò pou nou monte pi wo nan mòn nan, sètadi plis n ap fè efò pou nou vin pi pwòch ak Bondye, se plis n ap vin pi pwòch youn ak lòt. Anfèt, pi bon fason pou nou vin pi pwòch youn ak lòt se lè nou vin pi pwòch ak Jewova. Men, ki jan nou ka fè sa?

Lè w aplike prensip biblik yo, prensip sa yo gen pouvwa pou yo fè maryaj ou vin pi solid.

5. a) Ki jan yon moun ki marye ka vin pi pwòch ni ak Jewova ni ak moun li marye avè l la? b) Ki jan Jewova konsidere maryaj?

5 Yon bon fason ou menm ak moun ou marye avè l la ka monte mòn senbolik sa a se lè nou suiv konsèy Pawòl Bondye a bay sou maryaj (Sòm 25:4; Ezayi 48:17, 18). Se pou rezon sa a nou pral egzamine yon pwen byen presi nan yon konsèy apot Pòl te bay. Li te di: “Se pou tout moun onore maryaj.” ​(Ebre 13:4). Ki sa sa vle di? Mo “onore” a gen rapò ak yon bagay moun gen apresyasyon pou li, yon bagay ki gen anpil valè. Se egzakteman konsa Jewova konsidere maryaj, se yon bagay ki gen anpil valè pou li.

KITE LANMOU SENSÈ OU GEN POU JEWOVA MOTIVE W

6. Lè nou konsidere kontèks Pòl te bay konsèy sou maryaj la, ki sa sa montre, e poukisa li enpòtan pou w toujou kenbe pwen sa a nan lespri w?

6 Natirèlman, antanke sèvitè Bondye, ni ou menm ni moun ou marye avè l la deja konnen maryaj se yon bagay ki gen anpil valè e ki menm sakre. Se Jewova li menm ki vin ak maryaj. (Li Matye 19:4-6.) Sepandan, si w ap fè fas ak kèk pwoblèm nan maryaj ou, lefètke w konnen maryaj se yon bagay ki onorab, sa gendwa pa sifi pou ou menm ak moun ou marye avè l la trete youn lòt avèk amou e avèk respè. Men, ki sa ki ka pouse nou fè sa? Gade ki jan Pòl te abòde kesyon onore maryaj la. Li pa di “maryaj onorab”, men li di “se pou tout moun onore maryaj”. La a, Pòl pa t annik fè konnen maryaj onorab, men se yon konsèy li t ap bay *. Si w kenbe pwen sa a nan lespri w, sa ap ba w plis motivasyon pou w retounen gen menm apresyasyon ou te gen pou li anvan an. Sa k fè sa?

7. a) Ki kòmandman biblik nou obeyi, e poukisa? b) Ki bon rezilta nou jwenn lè nou obeyi?

7 Kounye a, fè yon ti reflechi sou fason w konsidere lòt kòmandman ki nan Bib la, tankou misyon nou genyen pou nou fè disip la oubyen konsèy nou jwenn pou nou reyini pou nou adore Jewova a (Matye 28:19; Ebre 10:24, 25). Se vre li pa toujou fasil pou w obeyi kòmandman sa yo. Pafwa, moun w al preche yo konn mal reyaji, oubyen petèt travay ou fè w tèlman fatige, sa fè w oblije fè gwo efò pou w asiste reyinyon yo. Men, malgre sa, ou kontinye preche mesaj Wayòm nan e ou kontinye asiste reyinyon yo. Pa gen pèsonn ki ka fè w sispann fè sa, pa menm Satan! Poukisa? Paske ou renmen Jewova ak tout kè w e sa motive w pou w obeyi kòmandman l yo (1 Jan 5:3). Ki bon rezilta sa bay? Lè w patisipe nan travay predikasyon an e w asiste reyinyon yo, sa fè w gen lapè e sa fè w gen lajwa nan kè w paske w konnen ou fè volonte Bondye. E santiman sa yo reba w fòs (Neyemi 8:10). Ki leson nou ka aprann la a?

8, 9. a) Ki sa k ap pouse nou obeyi kòmandman ki di pou nou onore maryaj la, e poukisa? b) Site de pwen nou pral egzamine kounye a.

8 Menm jan gwo lanmou ou gen pou Jewova a pouse w obeyi kòmandman pou w preche e pou w reyini ansanm ak kretyen parèy ou yo malgre obstak ou rankontre, se menm jan an tou lanmou w gen pou Jewova ka pouse w obeyi konsèy ki di ‘se pou w onore maryaj’ la, menm lè sa parèt difisil (Ebre 13:4; Sòm 18:29; Eklezyas 5:4). Anplis de sa, menm jan efò w fè pou w preche e pou w asiste reyinyon yo fè Bondye vide benediksyon sou ou, se menm jan an tou Jewova wè efò w ap fè pou w onore maryaj ou e l ap beni w pou sa. — 1 Tesalonisyen 1:3; Ebre 6:10.

9 Men, ki sa w ka fè pou w onore maryaj ou? Ou dwe evite tout konduit ki ka kreye pwoblèm nan maryaj ou. Anplis de sa, ou bezwen fè yon seri aksyon k ap pèmèt relasyon w ak moun ou marye avè l la vin pi solid.

EVITE LANGAJ AK KONDUIT KI DEZONORE MARYAJ

10, 11. a) Ki konpòtman ki dezonore maryaj? b) Ki kesyon nou ta dwe poze moun nou marye avè l la?

10 Sa gen kèk tan, men sa yon kretyèn ki marye te di: “Mwen priye Jewova pou m mande l fòs pou m andire.” Andire ki sa? Men sa li esplike: “Mari m kale m ak bouch li. Mwen gendwa pa gen mak sou kò m, men li blese santiman m akoz l ap plede di m yon seri pawòl imilyan tankou: ‘Ou se yon pwa lou pou mwen!’ ‘Ou pa vo anyen!’” Madan marye sa a te mansyone yon pwoblèm grav ki konn genyen nan maryaj: moun yo konn itilize yon langaj ki blesan.

11 Ala tris sa tris lè yon mari ak yon madanm ki kretyen blese santiman youn lòt ak pawòl ki blesan, sa ki kapab fè yo soufri pandan lontan! Li klè, yon maryaj kote youn oubyen toule de moun yo itilize yon langaj blesan, se pa yon maryaj ki onorab. Nan domèn sa a, ki jan maryaj ou ye? Yon bagay ou ka fè k ap ede w jwenn repons lan se lè w mande moun ou marye avè l la avèk imilite: “Ki efè pawòl mwen gen sou ou?” Si l santi pawòl ou yo blese l souvan, ou dwe dispoze chanje fason w pale pou w ka amelyore sitiyasyon an. — Galat 5:15; li Efezyen 4:31.

12. Ki sa k ka fè Bondye konsidere adorasyon w ap ba li a pa gen valè?

12 Ou dwe toujou sonje fason w sèvi ak lang ou nan maryaj la gen efè sou relasyon w ak Jewova. Men sa Bib la di: “Si yon moun panse l ap adore Bondye, epoutan li pa bride lang li, se twonpe l ap twonpe tèt li, e adorasyon l ap bay la pa gen valè.” ​(Jak 1:26). Langaj ou gen yon rapò dirèk ak adorasyon w ap bay Bondye a. Bib la pa dakò ak moun ki panse, kèlkeswa sa k ap pase anndan lakay yo, sa pa gen gwo enpòtans, depi yo di y ap sèvi Bondye. Tanpri, pa twonpe tèt ou. Sa gen anpil enpòtans. (Li 1 Pyè 3:7.) Menmsi w gen kapasite e w zele, si w fè espre w ap blese moun ou marye avè l la ak pawòl ou, w ap dezonore maryaj ou, e adorasyon w ap bay Bondye a pap gen valè nan je l.

13. Ki sa yon moun ka fè ki ka fè moun li marye avè l la mal?

13 Moun ki marye yo bezwen veye pou yo pa blese moun yo marye avè l la yon lòt fason ankò. Ann pran de egzanp: Nan kongregasyon an, yon manman k ap leve pitit li poukont li pran abitid rele yon frè ki marye nan telefòn pou l mande l konsèy, e yo konn fè anpil tan ap pale. Chak wikenn, yon frè selibatè pase yon pakèt tan nan predikasyon ak yon sè ki marye. Nan egzanp sa yo, moun ki marye yo ka gen bonjan entansyon. Men, ki efè konduit yo genyen sou moun yo marye avè l la? Yon madan marye ki t ap fè fas ak yon sitiyasyon konsa te di: “Sa fè m mal lè m wè mari m pase tout tan sa a ak yon sè nan kongregasyon an, lè m wè li ba l tout atansyon sa a. Sa fè m santi m pa gen valè.”

14. a) Dapre Jenèz 2:24, ki obligasyon moun ki marye yo genyen? b) Ki sa nou ta dwe mande tèt nou?

14 Li nòmal pou madan marye sa a ak lòt moun marye ki nan menm sitiyasyon avè l santi sa fè yo mal, piske moun yo marye avè l la meprize enstriksyon Bondye bay pou moun ki marye yo ki di: “Yon gason ap kite papa l ak manman l, li pral atache ak madanm li.” ​(Jenèz 2:24). Se vre moun ki marye yo toujou respekte paran yo, men, se Bondye ki fè konnen se anvè moun yo marye avè l la yo gen plis obligasyon. Menm jan an tou, kretyen yo renmen kwayan parèy yo anpil, men premye moun yo gen responsablite anvè l se moun yo marye avè l la. Se sa k fè, lè yon kretyen ki marye pase twòp tan ak yon lòt kwayan parèy li, oubyen li vin twò pwòch ak moun sa a, sitou si moun sa a pa menm sèks avè l, sa ka fè gen pwoblèm nan maryaj li. Èske petèt se sa ki fè w gen pwoblèm nan maryaj ou? Mande tèt ou: ‘Èske mwen bay moun mwen marye avè l la tan m, atansyon m ak afeksyon m, jan mwen dwe fè sa?’

15. Ann amoni ak Matye 5:28, poukisa kretyen ki marye yo ta dwe evite pase twòp tan avèk moun ki pa menm sèks avèk yo?

15 Anplis de sa, lè kretyen ki marye yo bay yon moun ki pa menm sèks avèk yo twòp atansyon, se mete yo mete tèt yo an danje. Malerezman, gen kèk kretyen ki marye ki konn vin devlope santiman pou lòt moun yo te vin twò pwòch avèk yo (Matye 5:28). Kòm rezilta, sa konn mennen nan konduit ki dezonore maryaj la plis toujou. Ann konsidere sa apot Pòl te di sou kesyon sa a.

“SE POU KABANN MARYAJ LA SAN SALTE”

16. Ki lòd Pòl te bay anrapò ak maryaj?

16 Tousuit apre Pòl te fin bay konsèy ki di “se pou tout moun onore maryaj” la, men yon lòt avètisman li te bay: “Se pou kabann maryaj la san salte, paske Bondye pral jije ni moun k ap fè imoralite seksyèl, ni moun k ap fè adiltè.” ​(Ebre 13:4). Pòl te itilize ekspresyon “kabann maryaj la” pou l fè referans ak relasyon seksyèl. Relasyon sa a ap “san salte”, oswa l ap pwòp, si l fèt sèlman ant mari ak madanm. Se sa k fè kretyen yo suiv konsèy sa a: “Se pou w pran plezi w ak madanm ou genyen depi w jèn nan.” — Pwovèb 5:18.

17. a) Poukisa kretyen yo pa dwe kite pwennvi monn nan genyen konsènan adiltè enfliyanse yo? b) Ki jan nou ka suiv egzanp Jòb?

17 Yon moun ki gen relasyon seksyèl ak yon moun li pa marye avè l montre li pa gen okenn respè pou lwa Bondye yo. Se vre, jodi a anpil moun konsidere adiltè kòm yon bagay ki akseptab. Men, se pa sa lèzòm panse konsènan adiltè ki ta dwe enfliyanse fason kretyen yo konsidere pratik sa a. Kretyen yo konnen finalman se “Bondye [ki] pral jije ni moun k ap fè imoralite seksyèl, ni moun k ap fè adiltè”, se pa lèzòm (Ebre 10:31; 12:29). Se sa k fè vrè kretyen yo gen menm pwennvi ak Jewova sou sijè sa a. (Li Women 12:9.) Sonje sa Jòb, yon patriyach, te di: “Mwen fè yon alyans ak je m.” ​(Jòb 31:1). Wi, pou yon vrè kretyen evite fè menm yon pa sou wout ki ta ka mennen nan adiltè a, li kontwole je l pou l pa janm gade yon moun ki pa menm sèks avè l ak lide pou l ta fè sèks avè l, alòske li pa marye ak moun sa a. — Gade nan Apendis la, nan atik ki gen tit: “Pwennvi Bib la sou divòs ak separasyon.”

18. a) Jis nan ki pwen adiltè se yon bagay ki grav nan je Jewova? b) Ki resanblans ki genyen ant adiltè ak idolatri?

18 Jis nan ki pwen adiltè se yon bagay ki grav nan je Jewova? Lalwa Moyiz la ede nou konprann ki jan Jewova konsidere kesyon an. Ann Izrayèl, adiltè ak idolatri te fè pati peche ki te lakòz yon moun pèdi lavi l (Levitik 20:2, 10). Èske w wè yon resanblans ant adiltè ak idolatri? Ebyen, yon Izrayelit ki t ap adore zidòl te vyole alyans li te fè ak Jewova a. Menm jan an tou, yon Izrayelit ki te fè adiltè te vyole alyans li te fè ak moun li marye avè l la. Ni Izrayelit ki adore zidòl la, ni sa ki fè adiltè a aji an trèt. (Egzòd 19:5, 6; Detewonòm 5:9; li Malachi 2:14.) Kidonk, yo toule de koupab devan Jewova, yon Bondye ki fidèl e nou ka fè konfyans. — Sòm 33:4.

19. Ki sa ki ka ranfòse detèminasyon yon kretyen genyen pou l pa fè adiltè, e poukisa?

19 Kretyen yo pa anba Lwa Moyiz la ankò. Men, lè nou sonje jan yo te konsidere adiltè kòm yon peche ki grav nan Izrayèl tan lontan an, sa ka ranfòse detèminasyon nou pran antanke kretyen pou nou pa fè adiltè. Poukisa? Ann konsidere konparezon sa a: Èske w t ap janm antre nan yon legliz, ou mete ajenou epi w priye devan yon imaj? Siman w ap di: ‘Jamè!’ Men, èske w t ap dispoze fè sa si yo ta ofri w yon pakèt lajan? Sandout w ap di: ‘Mwen pa t ap janm fè sa!’ Menm lide pou vrè kretyen yo ta adore zidòl, e konsa pou yo ta trayi Jewova, ba yo degoutans. Menm jan an tou, lide pou kretyen yo ta trayi Jewova, Bondye yo a, e pou yo ta trayi moun yo marye avè l la lè yo fè adiltè, se yon lide ki ba yo degoutans, kèlkeswa jan peche sa a ta parèt atiran (Sòm 51:1, 4; Kolosyen 3:5). Nou pa t ap janm renmen fè yon aksyon k ap fè Satan kontan, k ap dezonore Jewova e k ap dezonore maryaj ki se yon aranjman ki sakre.

FASON W KA FÈ MARYAJ OU VIN PI SOLID

20. Ki sa ki konn rive nan kèk maryaj? Bay yon egzanp.

20 Apa evite konduit ki dezonore maryaj, ki lòt bagay ou ka fè pou w demontre plis respè pou mari w oswa madanm ou? Pou w reponn kesyon sa a, ann konpare maryaj ak yon kay. E ann konpare bèl ti pawòl, bèl ti jès ak lòt bagay ou ka fè pou w onore moun ou marye avè l la ak bagay ki dekore kay la, ki fè l vin pi bèl. Si w pwòch ak moun ou marye avè l la, maryaj ou ap sanble ak yon kay ki gen dekorasyon ki fè l bèl e ki fè moun kontan viv ladan l. Men, si afeksyon ou gen pou moun ou marye avè l la ap diminye, dekorasyon yo ap disparèt tikras pa tikras, e finalman maryaj ou ap vin tankou yon kay ki pa gen okenn dekorasyon ladan l. Men, piske w vle obeyi kòmandman ki di “se pou tout moun onore maryaj” la, sa ap fè w amelyore sitiyasyon an. Lè w byen gade, yon bagay ki gen anpil valè e ki onorab merite pou yo repare l. Ki jan w ka fè sa? Men sa Pawòl Bondye a di: “Se grasa sajès y ap bati yon kay, e se bon konprann k ap fè l rete djanm. Se grasa konesans chanm li yo ap plen ak tout kalite bon bagay ki gen valè.” ​(Pwovèb 24:3, 4). Ann egzamine ki jan w ka aplike pawòl sa yo nan maryaj ou.

21. Ki sa nou ka fè pou maryaj nou vin pi solid tikras pa tikras? (Gade kare ki gen tit: “ Ki sa m ka fè pou m amelyore maryaj mwen?” tou.)

21 Pami bagay ki gen valè ki gen nan yon fanmi kote moun yo ap viv ak kè kontan, nou ka site vrè lanmou, krent pou Bondye ak yon lafwa ki solid (Pwovèb 15:16, 17; 1 Pyè 1:7). Bagay sa yo fè yon maryaj vin pi solid. Men, èske w te remake ki sa k fè chanm yo mansyone nan pwovèb yo site pi wo a ranpli ak bagay ki gen valè? “Se grasa konesans.” Wi, lè de moun ki marye aplike konesans ki nan Bib la, konesans sa a gen pouvwa pou l fè yo panse yon lòt jan e pou l fè yo retounen gen lanmou yo te gen youn pou lòt la (Women 12:2; Filipyen 1:9). Kidonk, chak fwa ou menm ak moun ou marye avè l la chita ansanm pou n egzamine yon vèsè biblik ki gen rapò ak maryaj, tankou lè n ap egzamine tèks pou jounen an, oswa yon atik ki baze sou Bib la nan Toudegad oswa nan Réveillez-vous!, se kòmsi nou t ap egzamine yon bèl dekorasyon ki ka fè kay la vin pi bèl. Lè lanmou w gen pou Jewova pouse w aplike konsèy ou sot egzamine a, se kòmsi ou pote dekorasyon sa a anndan chanm kay la. Kòm rezilta, kay la ap retounen gen yon bèl anbyans ladan l.

22. Ki satisfaksyon n ap jwenn si nou fè efò pou nou fè maryaj nou vin pi solid?

22 Natirèlman, sa ap mande anpil tan ak efò pou w remete dekorasyon sa yo nan plas yo youn pa youn. Men, si w fè efò pa w, w ap gen anpil satisfaksyon lè w konnen ou obeyi Bib la ki di: “Pran devan nan onore youn lòt.” ​(Women 12:10; Sòm 147:11). Epitou, efò w ap fè ak tout kè w pou w onore maryaj ou ap fè w rete nan lanmou Bondye.

^ § 6 Kontèks la montre konsèy Pòl te bay sou maryaj la fè pati yon pakèt lòt konsèy li te bay. — Ebre 13:1-5.