Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 12

Se pou n di pawòl “ki bon pou fòtifye moun”

Se pou n di pawòl “ki bon pou fòtifye moun”

“Pa kite okenn pawòl pouri sot nan bouch nou, men sèl pawòl ki dwe sot nan bouch nou se pawòl ki bon pou fòtifye moun.” — EFEZYEN 4:29.

1-3. a) Site youn nan kado Jewova ban nou, e di ki jan nou ka mal sèvi ak kado sa a. b) Pou nou rete nan lanmou Bondye, ki jan nou dwe sèvi ak kapasite nou genyen pou nou pale a ki se yon kado?

SI W ta bay yon moun ou renmen yon kado, ki jan w t ap santi w si w ta wè li fè espre li mal sèvi avè l? Annou di ou ta ba l yon machin, e apre sa, ou aprann li kondui machin nan tankou moun fou, li menm frape kèk moun avè l. Èske w pa t ap regrèt ou te ba l kado sa a?

2 Kapasite nou genyen pou nou pale yon fason pou lòt moun konprann nou se yon kado Jewova fè nou, li menm ki se Sila a ki bay “tout bèl don ak tout kado pafè” a (Jak 1:17). Kado sa a ki fè lèzòm diferan parapò ak bèt yo pa sèlman ede nou fè lòt moun konnen panse nou, men tou li ede nou fè yo konnen santiman nou. Men, menm jan nou ka mal sèvi ak yon machin, se menm jan an tou nou ka mal sèvi ak kapasite nou genyen pou nou pale a. Ala sa dwe fè Jewova mal lè l wè lèzòm mal sèvi ak kapasite yo genyen pou yo pale a pou yo di moun pawòl ki fè yo soufri!

3 Pou nou rete nan lanmou Bondye, nou dwe sèvi ak kado sa a nou resevwa a, anpalan de kapasite nou genyen pou nou pale a, yon fason ki fè Moun ki ban nou kado sa a plezi. Jewova fè nou konnen aklè ki fason li vle pou nou sèvi ak kado sa a. Men sa Pawòl li a di: “Pa kite okenn pawòl pouri sot nan bouch nou, men sèl pawòl ki dwe sot nan bouch nou se pawòl ki bon pou fòtifye moun lè sa nesesè, yon fason pou pawòl sa a pote sa ki bon pou moun ki tande l yo.” ​(Efezyen 4:29). Annou egzamine rezon ki fè nou dwe fè atansyon ak fason n ap pale, e annou egzamine ki kalite pawòl nou pa dwe di, ak sa nou ka fè pou nou pale yon fason “ki bon pou fòtifye moun”.

REZON KI FÈ NOU DWE FÈ ATANSYON AK FASON N AP PALE

4, 5. Ki jan kèk pwovèb ki nan Bib la dekri pouvwa mo yo genyen?

4 Yon rezon enpòtan ki fè nou dwe fè atansyon ak fason n ap pale se paske mo yo gen pouvwa. Pwovèb 15:4 di: “Yon lang ki kalm se yon pyebwa ki bay lavi, men, pawòl kwochi fè moun pèdi espwa *.” Menm jan dlo fè yon pyebwa ki kòmanse fennen vin fre ankò, se konsa tou, lè nou pale yon fason ki kalm, sa ka ankouraje lòt moun. Men, si nou sèvi ak lang nou pou n di pawòl ki kwochi, sa ka dekouraje lòt moun. Vrèmanvre, pawòl nou di yo gen pouvwa swa pou yo blese moun swa pou yo geri moun. — Pwovèb 18:21.

5 Men yon pawòl nou jwenn nan liv Pwovèb la ki montre pouvwa mo yo genyen: “Pawòl moun di san reflechi tankou kout epe.” ​(Pwovèb 12:18). Lè yon moun kouri pale san li pa reflechi, sa ka lakòz li blese santiman moun e sa ka menm kraze relasyon li gen ak lòt moun. Èske sa poko janm rive pou yo fann kè w ak yon pawòl ki tankou yon kout epe? Yon lòt bò, men sa ki di nan menm vèsè sa a ki ankourajan: “Lang moun ki gen sajès la geri moun.” Yon moun ki demontre sajès ki soti nan Bondye a ap reflechi anvan li pale, e pawòl li ka geri moun kè yo ap fann e yo ka amelyore relasyon l ak lòt moun. Èske w sonje yon lè yon moun te di w yon pawòl ki te tankou yon remèd ki te geri w? (Li Pwovèb 16:24.) Si nou rekonèt pawòl nou gen pouvwa, se sèten n ap fè efò pou pawòl nou tankou remèd ki geri moun olye yo blese moun.

Lè nou pale yon fason ki kalm, sa ankourajan.

6. Poukisa se yon gwo defi pou nou rive kontwole lang nou?

6 Kèlkeswa kantite efò nou fè, nou pap ka rive kontwole lang nou nèt. Dezyèm rezon ki fè nou bezwen fè atansyon ak fason n ap pale, se paske peche ak enpèfeksyon fè nou gen tandans mal sèvi ak lang nou. Pawòl moun di soti nan kè yo, e “tandans lòm gen nan kè l se fè sa k mal”. (Jenèz 8:21; Lik 6:45.) Se sa k fè se yon gwo defi sa ye pou nou rive bride lang nou. (Li Jak 3:2-4.) Menmsi nou pap rive kontwole lang nou nèt, nou ka kontinye fè efò pou nou amelyore fason nou sèvi avè l. Menm jan yon najè k ap naje nan sans kontrè ak yon kouran dlo dwe kontinye lite kont kouran dlo a, se konsa tou nou dwe kontinye lite kont tandans nou genyen pou nou mal sèvi ak lang nou.

7, 8. Ki sa ki montre jis nan ki pwen nou responsab devan Jewova pou pawòl ki sot nan bouch nou?

7 Yon lòt rezon ki fè nou dwe fè atansyon ak fason n ap pale se paske, devan Jewova, nou responsab pawòl ki sot nan bouch nou. Fason nou sèvi ak lang nou pa gen efè sèlman sou relasyon nou genyen ak lòt moun, men li gen efè tou sou fason Jewova wè nou. Men sa Jak 1:26 di: “Si yon moun panse l ap adore Bondye, epoutan li pa bride lang li, se twonpe l ap twonpe tèt li, e adorasyon l ap bay la pa gen valè *.” Jan nou te wè sa nan chapit ki vin anvan an, gen yon rapò sere sere ant langaj nou ak adorasyon n ap bay Jewova a. Si nou pa bride lang nou, si nou toujou ap di bagay ki fè moun mal, bagay ki tankou pwazon, tout travay n ap fè antanke kretyen ap vin san valè nan je Bondye. Èske sa pa montre nou dwe vrèman fè atansyon ak sa n ap di? — Jak 3:8-10.

8 Li klè, nou gen bonjan rezon pou nou veye pou nou pa mal sèvi ak kado sa a nou resevwa a, anpalan de kapasite nou genyen pou nou pale a. Anvan nou egzamine divès fason nou ka pale pou nou fòtifye moun, annou egzamine kalite langaj ki pa gen plas yo nan lavi yon vrè kretyen.

PAWÒL KI KRAZE MOUN

9, 10. a) Ki fason moun yo pale chak jou nan monn nan jodi a? b) Poukisa nou pa dwe di pawòl ki sal? (Gade nòt anba paj la.)

9 Pawòl ki sal. Nan monn nan jodi a, di betiz, joure moun ak lòt pawòl sal se bagay moun di chak jou. Gen anpil moun ki itilize vye mo lè y ap pale pou yo bay sa y ap di a fòs oswa paske yo pa konnen lòt mo yo ta ka itilize pou yo di sa yo vle di a. Souvan, komedyen yo itilize yon langaj ki sal oswa ki gen rapò ak sèks, nan objektif pou yo fè moun ri. Men, yon langaj ki sal pa ta dwe fè moun ri. Sa gen anviwon 2 000 an, Bondye te enspire apot Pòl pou l konseye moun nan kongregasyon ki te nan vil Kolòs la pou yo pa di “mo sal”. (Kolosyen 3:8.) Mete sou sa, Pòl te di kongregasyon Efèz la “blag betiz” fè pati ‘bagay ki pa konvnab’ vrè kretyen yo pa dwe mansyone nan mitan yo. — Efezyen 5:3, 4.

10 Lè yon moun di pawòl ki sal, sa bay Jewova degoutans. Moun ki renmen Jewova yo tou gen degoutans pou kalite pawòl sa yo. Kidonk, lanmou nou gen pou Jewova fè nou rejte kalite pawòl sa yo. Lè Pòl t ap site “zèv lachè yo”, li te pale de “konduit ki pa pwòp”, e ekspresyon sa a ka fè referans tou ak yon langaj ki pa pwòp (Galat 5:19-21). Se yon bagay ki grav. Si yon moun nan kongregasyon an gen bouch sal, si l toujou ap di vye pawòl, pawòl ki degradan e ki ka kòwonp moun, e li pa chanje malgre yo ba l konsèy plizyè fwa sou sa, yo ka eskominye l nan kongregasyon an *.

11, 12. a) Ki tandans anpil moun genyen, e ki lè sa ka tounen tripotay? b) Poukisa adoratè Jewova yo bezwen evite fè medizans?

11 Tripotay, medizans. Moun gen tandans pale de lòt moun e yo gen tandans pale de sa k ap pase nan lavi lòt moun. Èske li toujou mal pou nou pale de moun? Li pa mal si nou fè sa san nou pa gen anyen mal nan lespri nou, nan yon konvèsasyon ki pozitif, oswa si nou fè sa pou nou bay nouvèl ki ankourajan, tankou kiyès ki fèk batize, kiyès ki bezwen ankourajman. Premye kretyen yo te enterese konnen ki jan youn lòt ye e yo te konn pataje enfòmasyon ki apwopriye konsènan kretyen parèy yo (Efezyen 6:21, 22; Kolosyen 4:8, 9). Men, pale de moun ka tounen tripotay si enfòmasyon an defòme oswa si n ap fè moun konnen sa k ap pase nan vi prive moun. E sa ki pi grav la, li ka mennen nan medizans, e medizans toujou fè moun ditò. Medizans se lè yon moun “fè manti sou yon lòt moun, [...] sa ki denigre moun nan e ki sal repitasyon l”. Pa egzanp, Farizyen yo te konn fè medizans sou Jezi, yo te konn chèche sal repitasyon l (Matye 9:32-34; 12:22-24). Souvan, medizans mennen kont. — Pwovèb 26:20.

12 Lè yon moun sèvi ak kado li resevwa a, anpalan de kapasite li genyen pou l pale a, pou l denigre lòt moun oswa pou l lakòz divizyon, Jewova pa pran sa alalejè. Li rayi moun k ap “simen divizyon nan mitan frè”. (Pwovèb 6:16-19.) Mo grèk lè yo tradui l yo mete “moun k ap pale moun mal” pou li a se dyabolòs, e se youn nan tit yo bay Satan. Wi, Satan se “Dyab” la, li mechan e li te fè medizans sou Bondye (Revelasyon 12:9, 10). Se sèten nou vle evite di pawòl ki ka fè nou vin yon dyab. Pa gen plas nan kongregasyon an pou medizans, pawòl k ap lakòz “chirepit” ak “divizyon”, yon seri bagay ki se zèv lachè (Galat 5:19-21). Se sa k fè, anvan nou repete yon enfòmasyon nou tande konsènan yon moun, nou dwe mande tèt nou: ‘Èske se vre? Èske mwen t ap montre mwen gen bonte si mwen ta repete pawòl sa a? Èske li nesesè oswa èske li saj pou m pataje enfòmasyon sa a ak lòt moun?’ — Li 1 Tesalonisyen 4:11.

13, 14. a) Lè yo joure yon moun, ki efè sa ka gen sou li? b) Ki lè yon moun joure yon moun, e poukisa kretyen ki aji konsa yo mete tèt yo nan yon move sitiyasyon?

13 Joure moun. Jan nou te wè sa deja, mo yo gen pouvwa pou yo blese moun. Se vre, akoz enpèfeksyon nou, pafwa nou konn di bagay nou regrèt apre. Sepandan, Bib la avèti nou kont abitid pou nou itilize langaj ki pa gen plas li ditou ni anndan kay yon kretyen, ni nan kongregasyon an. Men sa Pòl te di kretyen yo: “Se pou nou retire tout kalite rankin malveyan lakay nou ansanm ak kòlè ak move san. Sispann rele sou moun, sispann joure moun.” ​(Efezyen 4:31). Gen lòt tradiksyon Labib ki tradui ekspresyon “joure moun” nan konsa: “blasfèm”, “denigre moun”. Joure moun, bay moun vye non, plede kritike moun yon fason ki di, tout sa se bagay ki ka retire diyite yon moun e ki ka fè moun santi yo pa vo anyen. Kalite pawòl sa yo gen move efè sitou sou timoun paske timoun yo sansib anpil. — Kolosyen 3:21.

14 Se avèk anpil fòs Labib kondane kesyon joure moun nan. Moun ki fè sa yo konn di lòt moun yon seri pawòl pou rabese yo, imilye yo oubyen pou manke yo dega. Yon moun ki gen yon langaj konsa mete tèt li nan yon move sitiyasyon, paske si li pa chanje malgre efò yo fè pou ede l, li gendwa vin pa gen plas li nan kongregasyon an ankò. Si moun sa a pa chanje konpòtman, li ka pèdi benediksyon Wayòm nan ap pote yo (1 Korentyen 5:11-13; 6:9, 10). Donk li klè, pa gen okenn mwayen pou nou rete nan lanmou Bondye si n ap di bagay ki pa kòrèk, n ap bay manti oswa n ap pale mal ak moun. Kalite langaj sa yo se kraze yo kraze moun.

PAWÒL KI “BON POU FÒTIFYE MOUN”

15. Ki kalite pawòl ki “bon pou fòtifye moun”?

15 Ki jan nou ka sèvi ak kapasite nou genyen pou nou pale a, jan Sila a ki te fè nou kado sa a vle l la? Pa bliye, Pawòl Bondye a fè konnen “sèl pawòl ki dwe sot nan bouch nou se pawòl ki bon pou fòtifye moun”. (Efezyen 4:29.) Jewova kontan lè n ap di pawòl ki fòtifye lòt moun, pawòl ki ankouraje yo e ki fè yo santi yo byen. Pou nou fè sa, sa mande pou nou byen reflechi. Bib la pa di nou egzakteman ki sa pou n di, li pa gen yon lis “pawòl ki kòrèk” ladan l (Tit 2:8). Pou nou di pawòl ki “bon pou fòtifye moun”, nou bezwen sonje twa bagay byen senp, men ki enpòtan, k ap pèmèt nou fè sa. Pawòl n ap di yo dwe kòrèk, yo dwe laverite e yo dwe janti. Pandan nou gen twa bagay sa yo nan lespri nou, annou egzamine kèk pawòl nou kapab di k ap fòtifye moun. — Gade kare ki gen tit: “ Èske pawòl ki sot nan bouch mwen se pawòl ki ankourajan?

16, 17. a) Poukisa nou ta dwe felisite lòt moun? b) Ki okazyon nou genyen pou nou felisite moun nan kongregasyon an ak moun nan fanmi nou?

16 Felisitasyon ki sensè. Ni Jewova ni Jezi rekonèt enpòtans pou yo felisite lòt moun e pou yo di yo pawòl ki montre moun sa yo fè yo plezi (Matye 3:17; 25:19-23; Jan 1:47). Antanke kretyen, nou menm tou nou dwe felisite lòt moun ak tout kè nou. Poukisa? Men repons Pwovèb 15:23 bay: “Lè yon moun di yon pawòl nan moman l dwe di l la, se pa ti bon sa bon!” Mande tèt ou: ‘Ki jan m santi m lè yon moun felisite m ak tout kè l? Èske sa pa fè kè m kontan e èske sa pa ankouraje m?’ Anfèt, lè yon moun felisite w ak tout kè l, sa fè w wè gen yon moun ki remake sa w fè a, moun nan enterese nan ou, e efò w te fè yo te vo lapenn. Yon ankourajman konsa fè w vin gen plis konfyans nan tèt ou e l ap fè w anvi fè plis efò toujou. Piske ou menm ou renmen lè moun felisite w, èske li pa ta bon pou w fè efò pou w felisite lòt moun? — Li Matye 7:12.

17 Aprann chèche sa k bon lakay moun epi felisite yo pou sa. Ou ka jwenn okazyon pou w fè sa nan kongregasyon an, lè w tande yon bon diskou nan reyinyon, lè yon jèn atenn objektif li fikse nan sèvis l ap bay Bondye a, oswa lè w ap gade yon moun ki aje ki toujou asiste reyinyon malgre li limite akoz laj li. Lè w felisite jan de moun sa yo ak tout kè w, sa ka touche kè yo e sa ka ba yo plis detèminasyon pou yo sèvi Jewova. Nan yon fanmi, ni mari ni madanm bezwen tande felisitasyon ki sensè ak pawòl ki montre apresyasyon yo genyen youn pou lòt (Pwovèb 31:10, 28). Timoun yo espesyalman bezwen santi moun enterese ak yo e yo apresye yo. Menm jan solèy ak lapli bon pou yon plant, se konsa tou felisitasyon ak apresyasyon bon pou timoun. Paran, li bon pou w chèche okazyon pou w felisite pitit ou pou bèl kalite yo genyen e pou efò yo fè. Jan de felisitasyon sa yo ap fè yo vin gen plis kran ak plis konfyans nan tèt yo e y ap fè yo fè plis efò toujou pou yo fè sa ki dwat.

18, 19. Poukisa nou ta dwe fè tout sa nou kapab pou nou ankouraje kwayan parèy nou yo e pou nou konsole yo, e ki jan nou ka fè sa?

18 Ankourajman ak konsolasyon. Jewova gen anpil sousi pou “moun ki piti yo” ak “moun ki kraze yo”. (Ezayi 57:15.) Pawòl li a mande “pou youn kontinye ankouraje lòt” e pou nou “pale yon fason pou nou konsole moun ki tris yo”. (1 Tesalonisyen 5:11, 14.) Nou sèten Bondye remake ni efò n ap fè pou n ankouraje kwayan parèy nou yo ki gen tristès nan kè yo, ni efò n ap fè pou nou konsole yo.

Jewova kontan lè nou di pawòl ki fòtifye lòt moun.

19 Men, si yon kretyen parèy ou dekouraje oswa li deprime, ki sa w ka di pou w fòtifye l? Pa panse ou oblije rezoud pwoblèm nan. Nan anpil ka, se konn kèk pawòl byen senp ki plis rekonfòte moun nan. Ou ka bay moun nan asirans ou gen sousi pou li. Ou ka pwopoze l pou w priye avè l. Nan priyè a, ou ka sipliye Jewova pou l ede moun nan konnen jis nan ki pwen lòt moun renmen l e jis nan ki pwen Bondye renmen l (Jak 5:14, 15). Ba l asirans antanke moun ki fè pati kongregasyon an, li gen valè e kongregasyon an bezwen l (1 Korentyen 12:12-26). Li yon vèsè ankourajan avè l pou w asire l Jewova enterese avè l pèsonèlman (Sòm 34:18; Matye 10:29-31). Si w pran tan pou w di moun nan kèk “bèl ti pawòl” ki soti nan kè w, sandout sa ap fè l santi gen moun ki renmen l e ki apresye l. — Li Pwovèb 12:25.

20, 21. Site kèk bagay ki ka fè yon moun bay konsèy yon fason ki efikas.

20 Bon konsèy. Piske nou enpafè, nou tout bezwen konsèy detanzantan. Men yon ankourajman Bib la bay: “Koute konsèy epi aksepte disiplin pou w ka vin gen sajès demen.” ​(Pwovèb 19:20). Se pa ansyen yo sèlman ki ka bay moun konsèy. Paran yo dwe bay pitit yo konsèy (Efezyen 6:4). Sè ki gen matirite yo ka bay jèn sè yo konsèy (Tit 2:3-5). Lanmou nou gen pou lòt moun fè nou vle ba yo konsèy yon fason k ap fè li pi fasil pou yo aksepte konsèy la e ki pap kraze yo. Ki sa k ap ede nou fè sa? Ann egzamine twa bagay k ap ede nou: atitid moun k ap bay konsèy la ak rezon ki fè li bay li, sou ki sa konsèy la baze, epi, fason li bay li.

21 Pou yon moun bay konsèy yon fason ki efikas, sa depann toudabò de moun nan. Mande tèt ou: ‘Ki lè li pi fasil pou m aksepte yon konsèy?’ Lè w konnen moun k ap ba w konsèy la gen sousi pou ou, li pa gen pwoblèm avè w e li pa gen move entansyon, l ap pi fasil pou w aksepte konsèy l ap ba w la. Kidonk, lè w ap konseye lòt moun, èske atitid ou pa ta dwe montre ou gen sousi pou moun nan, ou pa gen pwoblèm avè l e w pa gen move entansyon? Pou yon konsèy efikas, li dwe baze sou sa Pawòl Bondye a di (2 Timote 3:16). Kit pawòl n ap di moun nan se dirèkteman nan Bib la nou li yo, kit nou pa li yo dirèkteman nan Bib la, yo dwe toujou baze sou sa Bib la di. Se sa k fè ansyen yo fè atansyon pou yo pa enpoze lòt moun pwòp pwennvi pa yo, ni yo pa tòde sans Ekriti yo pou yo fè yo soutni pwennvi pa yo. Anplis de sa, yon konsèy ap pi efikas lè moun ki bay li a bay li yon fason ki kòrèk. Lè yon moun bay konsèy yon fason ki demontre li gen bonte, li pap atake diyite moun k ap resevwa konsèy la, e li pi fasil pou moun nan aksepte konsèy la. — Kolosyen 4:6.

22. Ki detèminasyon w pran anrapò ak fason w ap itilize kapasite w genyen pou w pale a?

22 Se sèten, kapasite nou genyen pou nou pale a se yon kado presye Bondye ban nou. Lanmou nou gen pou Jewova ta dwe pouse nou byen itilize kado sa a. Se pou nou toujou sonje sa, pawòl ki sot nan bouch nou gen pouvwa pou l fòtifye lòt moun oswa pou l kraze yo. Kidonk, annou fè efò pou nou itilize kado sa a jan Moun ki ban nou l lan vle nou itilize l la, sa vle di pou nou “fòtifye moun”. Konsa, nonsèlman pawòl nou ap yon benediksyon pou moun ki nan antouraj nou, men tou y ap ede nou rete nan lanmou Bondye.

^ § 4 Mo ebre lè yo tradui l yo mete kwochi pou li nan Pwovèb 15:4 la, yo te ka mete “move; vye” pou li tou.

^ § 7 Mo grèk lè yo tradui l yo mete “pa gen valè” pou li a, yo konn mete “pa itil anyen” pou yo tradui l tou. — 1 Korentyen 15:17.

^ § 10 Jan yo itilize ekspresyon “konduit ki pa pwòp” la nan Bib la, li gen yon sans laj e li ka gen rapò ak divès kalite peche. Byenke se pa tout kalite konduit ki pa pwòp ki ka fè yo rele yon moun devan yon komite disiplin, yo ka eskominye yon moun nan kongregasyon an si l gen yon konduit ki pa pwòp ki grav e li refize repanti. — 2 Korentyen 12:21; Efezyen 4:19; gade “Questions des lecteurs” ki nan Toudegad 15 jiyè 2006 (fransè).