Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 13

Fèt ki pa fè Bondye plezi

Fèt ki pa fè Bondye plezi

“Se pou nou kontinye verifye sa k ap fè Seyè a plezi.” — EFEZYEN 5:10.

1. Ki kalite moun Jewova atire vin jwenn li, e poukisa yo dwe veye pou yo toujou fè sa ki fè Bondye plezi?

MEN sa Jezi te di: “Vrè adoratè yo pral adore Papa a avèk lespri ak laverite, paske, vrèmanvre, se moun konsa Papa a ap chèche pou adore l.” ​(Jan 4:23). Lè Jewova jwenn moun ki vle adore l avèk lespri ak laverite, tankou ou menm, li atire yo vin jwenn Li menm ak Pitit gason l lan (Jan 6:44). Èske se pa yon gwo onè sa ye? Sepandan, moun ki renmen laverite yo dwe “kontinye verifye sa k ap fè Seyè a plezi”, paske Satan maton nan twonpe moun. — Efezyen 5:10; Revelasyon 12:9.

2. Esplike ki jan Jewova konsidere moun ki eseye melanje vrè relijyon an ak fo relijyon.

2 Ann konsidere sa k te rive toupre mòn Sinayi lè Izrayelit yo te mande Arawon pou l fè yon dye pou yo. Arawon te aksepte e li te fè yon ti bèf annò pou yo, men li te fè konprann ti bèf sa a te reprezante Jewova lè l te di: “N ap fè yon fèt pou Jewova demen.” Èske Jewova te aksepte pou yo melanje vrè relijyon an ak fo relijyon? Non. Jewova te detwi anviwon 3 000 moun ki te adore zidòl la (Egzòd 32:1-6, 10, 28). Ki leson nou aprann nan istwa sa a? Si nou vle rete nan lanmou Bondye, nou pa dwe “manyen anyen ki sal”, e nou dwe fè tout sa nou kapab pou nou pa kontamine adorasyon n ap bay Bondye a. — Ezayi 52:11; Ezekyèl 44:23; Galat 5:9.

3, 4. Poukisa nou ta dwe konsidere sa Labib di lè n ap egzamine yon seri koutim ak yon seri fèt?

3 Malerezman, apre tout apot yo te fin mouri, yo menm ki te sèvi kòm baryè kont kretyen ki te gen tandans vire do bay vrè adorasyon an, swadizan kretyen ki pa t renmen laverite toutbonvre yo te kòmanse adopte yon seri koutim payen. Yo te adopte yon seri fèt pwofàn ak yon seri fèt relijye, e yo te fè konprann kretyen yo te kapab patisipe nan fèt sa yo (2 Tesalonisyen 2:7, 10). Pandan n ap egzamine kèk nan fèt sa yo, n ap remake ki jan se lespri monn nan ki enfliyanse yo, se pa lespri Bondye. An jeneral, tout fèt monn nan selebre fè menm bagay la: yo ankouraje pratik ki gen rapò ak dezi lachè, yo soutni kwayans moun nan fo relijyon yo genyen ki pa kòrèk e yo ankouraje pratik ki gen rapò ak movèzespri, bagay ki se mak fabrik “Gran Babilòn nan” *. (Revelasyon 18:2-4, 23.) Yon lòt bagay nou bezwen sonje tou, sèke Jewova te la lè pratik ki bay degoutans ki soti nan fo relijyon ki te gen nan tan lontan yo te fèk parèt. E se nan pratik sa yo anpil koutim ki genyen jodi a soti. Se sèten, jodi a tou, jan de fèt sa yo pa fè l plezi. Èske se pa sa Jewova panse de bagay sa yo ki ta dwe gen plis enpòtans pou nou? — 2 Jan 6, 7.

4 Antanke vrè kretyen, nou konnen gen yon seri fèt ki pa fè Jewova plezi. Men, anplis de sa, nou bezwen pran detèminasyon fèm nan kè nou pou nou pa janm patisipe ladan yo. Si nou reegzamine rezon ki fè fèt sa yo pa fè Jewova plezi, sa ap ranfòse detèminasyon nou genyen pou nou evite fè nenpòt bagay ki ta ka anpeche nou rete nan lanmou Bondye.

NWÈL: YON NOUVO NON YO BAY ADORASYON SOLÈY LA

5. Ki sa k fè nou ka sèten Jezi pa t fèt yon 25 desanm?

5 Bib la pa montre yo te konn fete anivèsè nesans Jezi. Anfèt, pa gen moun ki konnen ki dat Jezi te fèt egzakteman. Sepandan, nou ka sèten li pa t fèt nan sezon ivè nan dat 25 desanm, yon sezon ki fè frèt anpil nan peyi kote Jezi te fèt la *. Youn nan rezon ki fè nou ka sèten de sa, se paske disip Lik te di, lè Jezi te fèt, “te gen bèje ki te pase nuit yo deyò” ap siveye twoupo (Lik 2:8-11). Si se te pandan tout ane a bèje yo te gen abitid “pase nuit yo deyò”, sa Lik di a pa t ap gen okenn enpòtans. Sepandan, lefètke lapli ak nèj konn tonbe nan vil Betleyèm nan sezon ivè, yo te konn rantre twoupo bèt yo, e bèje yo pa t konn “pase nuit yo deyò” nan sezon sa a. Anplis de sa, Jozèf ak Mari te ale Betleyèm paske Seza Ogis te pase yon dekrè pou Izrayelit yo retounen al anrejistre nan vil kote fanmi yo te soti a (Lik 2:1-7). Piske Izrayelit yo te deja fache kont Women yo, sandout Seza pa t ap pase yo lòd pou yo retounen nan peyi yo nan mitan sezon ivè a.

6, 7. a) Ki kote anpil koutim ki makònen ak fèt Nwèl la soti? b) Ki diferans ki genyen ant lè moun yo ap bay kado nan epòk fèt Nwèl ak lè kretyen yo ap bay kado?

6 Se pa Labib ki mande pou moun fete fèt Nwèl. Fèt sa a pran rasin nan ansyen fèt payen, tankou fèt Women yo te konn fete ki rele Satinal la, yon fèt yo te konn selebre pou Satin, yon dye agrikilti. Dapre sa yon ansiklopedi fè konnen, adoratè Mitra yo te konn selebre jou solèy la te fèt la nan dat 25 desanm (New Catholic Encyclopedia). “Yo te kòmanse fete fèt Nwèl nan yon epòk kote adorasyon solèy la te monte an flèch nan vil Wòm”, anviwon twa syèk apre lanmò Kris.

Se lanmou ki pouse vrè kretyen yo bay.

7 Nan okazyon fèt sa a, payen yo te konn fè echanj kado e yo te konn manje bon manje, jan sa kontinye fèt lè moun yo ap fete fèt Nwèl. Sepandan, menm jan sa ye jodi a nan okazyon fèt Nwèl la, souvan, se pa prensip ki nan 2 Korentyen 9:7 la ki te fè moun nan tan lontan yo bay kado. Men sa nou li nan vèsè a: “Se pou chak moun fè jan l te deside nan kè l la, san l pa regrèt, san yo pa fòse l, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan.” Se lanmou ki pouse vrè kretyen yo bay lòt moun kado, yo pa santi yo oblije bay moun kado nan yon dat byen presi, e lè yo bay yon moun kado, yo pa atann pou moun nan ba yo yon kado tou (Lik 14:12-14; li Travay 20:35.) Anplis de sa, yo byen kontan lefètke yo libere anba tètchaje moun genyen nan epòk fèt Nwèl, e yo soulaje paske yo pa oblije fè gwo dèt, menm jan anpil moun fè sa chak ane nan epòk sa a. — Matye 11:28-30; Jan 8:32.

8. Èske se pou fete nesans Jezi astwològ yo te pote kado ba li? Esplike.

8 Men, gen kèk moun ki ka di: Èske se pa t pou fete nesans Jezi astwològ yo te pote kado yo te bay yo? Repons lan se non. Kado yo te pote yo se te senpleman yon fason pou yo te montre respè pou yon moun enpòtan, e sa se te yon koutim ki te genyen nan tan biblik yo (1 Wa 10:1, 2, 10, 13; Matye 2:2, 11). Anfèt, yo pa t menm vini nan nuit Jezi te fèt la. Lè yo te vini an, Jezi pa t yon tibebe ki te kouche nan yon manjwa ankò, men li te gentan gen plizyè mwa e se nan yon kay li te ye lè astwològ yo te rive a.

SA BIB LA DI SOU ANIVÈSÈ NESANS

9. Ki sa Bib la montre ki te fèt pandan de anivèsè nesans li mansyone yo?

9 Byenke lè yon tibebe fèt se toujou yon moman ki bay anpil kè kontan, Bib la pa fè konnen gen sèvitè Bondye ki te konn selebre anivèsè nesans yo (Sòm 127:3). Èske se yon erè? Non, paske Bib la pale de de anivèsè nesans: anivèsè nesans yon Farawon nan peyi Ejip ak anivèsè nesans Ewòd Antipas. (Li Jenèz 40:20-22; Mak 6:21-29.) Sepandan, Bib la montre gen kèk move aksyon ki te fèt pandan de anivèsè sa yo, sitou pandan anivèsè Ewòd Antipas la, paske se nan okazyon sa a yo te koupe tèt Jan ki te konn batize moun nan.

10, 11. Ki jan premye kretyen yo te konsidere koutim fete anivèsè nesans lan, e poukisa?

10 Men sa yon ansiklopedi fè remake: “Premye kretyen yo te konsidere fete anivèsè nesans kèlkeswa moun nan kòm yon koutim payen.” ​(The World Book Encyclopedia). Pa egzanp, nan tan lontan, Grèk yo te kwè chak moun gen yon espri k ap pwoteje l. Yo te kwè espri sa a te la lè moun nan t ap fèt e li kontinye veye sou li apre sa. Gen yon liv ki fè konnen espri sa a “te gen yon relasyon mistik ak dye anivèsè nesans li tonbe nan jou moun nan te fèt la”. (The Lore of Birthdays.) Anplis de sa, depi lontan, anivèsè nesans te toujou gen yon rapò sere sere ni ak astwoloji ni ak owoskòp.

11 Nonsèlman premye kretyen yo te rejte koutim selebre anivèsè nesans lan paske li soti nan yon koutim payen e li gen rapò ak movèzespri, men, sanble yo te rejte l tou sou baz prensip yo te genyen. Poukisa nou di sa? Kretyen sa yo se te gason ak fi ki te gen imilite. Yo pa t konsidere nesans yo kòm yon evènman yo ta dwe selebre tèlman li enpòtan * (Mika 6:8; Lik 9:48). Olye de sa, yo te glorifye Jewova e yo te remèsye l poutèt lavi li ba yo ki se yon kado ki gen anpil valè *. — Sòm 8:3, 4; 36:9; Revelasyon 4:11.

12. Nan ki sans jou lanmò yon moun pi bon pase jou l fèt?

12 Lè yon moun ki fidèl mouri, li an sekirite nan memwa Bondye e lavi li pral jwenn alavni an asire (Jòb 14:14, 15). Men sa Eklezyas 7:1 di: “Yon bon repitasyon pi bon pase yon bon pafen, e jou lanmò yon moun pi bon pase jou l te fèt la.” Nou vin gen “bon repitasyon” devan Bondye lè nou sèvi l fidèlman. Li enpòtan pou nou note sèl komemorasyon kretyen yo resevwa lòd pou yo selebre a pa gen rapò ak yon nesans, men li gen rapò ak yon lanmò, anpalan de lanmò Jezi. Jezi gen yon bèl “non”, sa vle di yon bèl repitasyon, se sa k fè Jezi se kle k ap pèmèt nou jwenn delivrans. — Ebre 1:3, 4; Lik 22:17-20.

FÈT PAK: YON ADORASYON KI GEN RAPÒ AK FÈ PITIT

13, 14. Ki kote koutim ki makònen ak fèt Pak la soti?

13 Yo pretann fèt Pak se selebrasyon rezirèksyon Jezi, men an reyalite se nan fo relijyon fèt sa a soti. Nan lang kreyòl ak nan lang fransè, non Pak la fè konprann fèt sa a gen rapò ak fèt Pak juif yo. Sepandan, nan kèk lòt lang, non fèt sa a (Easter ann anglè, Ostern ann alman) soti nan mo Eostre oubyen Ostara, yon deyès anglosakson, yon deyès douvanjou ak prentan. E poukisa yo makònen ze ak lapen ak fèt Pak la? Gen yon ansiklopedi ki fè konnen ze “se te senbòl yon nouvo vi ak rezirèksyon” ​(Encyclopædia Britannica), alòske lapen te toujou senbolize kapasite pou fè pitit. Kidonk, fèt Pak la se yon fèt pou selebre kapasite pou fè pitit, byenke yo fè l pase pou yon fèt ki selebre rezirèksyon Kris *.

14 Èske Jewova t ap dakò pou yo sèvi ak yon fèt ki bay degoutans konsa pou yo komemore rezirèksyon Pitit li a? Jamè (2 Korentyen 6:17, 18)! Anfèt, Bib la pa ni ban nou lòd pou nou komemore rezirèksyon Jezi, ni otorize moun fè sa. Lè yo komemore rezirèksyon Jezi alòske Labib pa otorize sa, se yon bagay ki grav. Mete sou sa, lè yo makònen fèt sa a ak yon fèt payen, sa pi grav toujou.

ALOWIN PA GEN OKENN RAPÒ AK KRETYEN

15. Ki kote Alowin soti, e ki sa nou remake anrapò ak dat yo chwazi pou yo selebre fèt sa a?

15 Pami bagay ki gen rapò ak fèt Alowin nan, gen dekorasyon ki gen fòm sòsye ak fòm demon ak lòt dekorasyon ankò ki dwòl. (Literalman mo Alowin nan vle di “lavèy fèt tout sen” oswa “lavèy Latousen”.) Fèt sa a gen rapò ak koutim ki te egziste nan peyi Grann Bretay ak peyi Ilann depi nan epòk Sèlt yo, yon pèp ki te egziste nan tan lontan. Pandan peryòd plèn lin ki te pi pwòch ak dat 1ye novanm nan, yo te konn selebre fèt Samen, yon mo ki vle di “fen sezon ete”. Yo te kwè, pandan peryòd fèt Samen an, li te vin posib pou espri yo kite monn kote y ap viv la pou yo antre nan monn kote lèzòm ap viv la. Konsa, tout espri yo, kit yo bon kit yo mechan, vin ap flannen sou tè a. Yo te panse nanm mò yo te retounen lakay yo. Konsa, fanmi yo te konn mete manje ak bwason deyò kay la pou espri ki ta vin vizite yo, yon fason pou yo kalme espri sa yo. Kidonk, jodi a, lè timoun yo abiye an fantòm oswa an sòsye, y ap pase kay an kay, e yo menase mèt kay yo y ap fè yon move aksyon si yo pa ba yo ti kado, se menm tradisyon fèt Samen an y ap suiv san yo pa rann yo kont.

SE POU MARYAJ NOU TOUJOU PWÒP

16, 17. a) Poukisa de kretyen k ap planifye maryaj yo ta dwe egzamine koutim ki genyen nan zòn kote y ap viv la sou baz prensip biblik yo? b) Anrapò ak yon seri koutim tankou voye diri oswa lòt bagay sou moun k ap marye yo, ki sa kretyen yo ta dwe sonje?

16 Talè konsa, “moun pap janm tande vwa gason k ap marye, ni vwa fi k ap marye [nan Gran Babilòn nan] ankò”. (Revelasyon 18:23.) Poukisa? Youn nan rezon yo se pratik li yo ki makònen ak movèzespri, pratik ki sal maryaj la depi nan jou nòs la menm. — Mak 10:6-9.

17 Koutim yo varye selon peyi yo. Gen kèk koutim ki ka parèt inosan men ki soti nan Babilòn, kote moun yo te gen yon seri pratik ki swadizan pote ‘chans’ pou moun k ap marye yo oswa pou envite yo (Ezayi 65:11). Youn nan tradisyon sa yo gen ladan l voye diri oswa lòt bagay sou moun k ap marye yo. Petèt koutim sa a soti nan kwayans ki fè konnen manje kalme espri mechan yo e li anpeche yo fè moun k ap marye yo mal. Anplis de sa, depi lontan, yo toujou konsidere diri kòm yon senbòl mistik ki gen rapò ak fè pitit ak lajwa e ak yon vi ki long. Li klè, tout moun ki vle rete nan lanmou Bondye ap rejte tout pratik ki gen rapò ak sipèstisyon. — Li 2 Korentyen 6:14-18.

18. Ki prensip biblik ki ta dwe gide moun ki pral marye yo lè y ap planifye maryaj yo e ki ta dwe gide envite yo?

18 Anplis de sa, sèvitè Jewova yo evite yon seri pratik ki kouran nan monn nan ki ka retire sou diyite seremoni maryaj yo ak sou diyite resepsyon maryaj yo, oswa menm ki ka twouble konsyans kèk moun. Pa egzanp, yo pa fè diskou ki gen pawòl pou pase moun k ap marye yo nan rizib e ki ka blese yo, yo pa bay blag betiz sou yo e yo pa ni fè blag ni fè remak ki ka anbarase ni moun ki sot marye yo ni envite yo (Pwovèb 26:18, 19; Lik 6:31; 10:27). Anplis de sa, yo evite fè resepsyon ki estravagan, ki se “egzibisyon yon moun ap fè ak mwayen l genyen pou l viv”. (1 Jan 2:16.) Si w ap planifye pou w marye, pinga w janm bliye Jewova pa vle pou jou espesyal sa a ba w move souvni, men li vle pou w gen lajwa lè w sonje jou sa a *.

ÈSKE LI MAL POU N TOKE VÈ EPI BWÈ BWASON POU N ONORE LÒT MOUN

19, 20. Ki sa yon sous pwofàn fè konnen konsènan orijin koutim toke vè epi bwè bwason pou onore lòt moun nan, e poukisa koutim sa a pa akseptab pou kretyen yo?

19 Yon pratik ki kouran nan maryaj ak nan lòt okazyon se toke vè epi bwè bwason pou onore lòt moun. Men sa yon liv ki te parèt an 1995 fè konnen: “Li pwobab pou koutim sa a se yon koutim payen yo te konn suiv nan sakrifis yo te konn fè nan lantikite, kote yo te konn vide yon likid sakre bay fo dye yo [...], dekwa pou dye sa yo te ka fè sa moun yo swete a [...] lè yo di ‘se pou w rete an sante’, oubyen ‘se pou w viv lontan’.” — International Handbook on Alcohol and Culture.

20 Se vre, anpil moun konsidere toke vè epi bwè yon bwason pou onore lòt moun pa gen okenn rapò ak relijyon oswa ak sipèstisyon. Men, koutim leve vè diven anlè a ka sanble ak yon demann yon moun fè “syèl” la, sètadi fòs ki nan monn envizib la, pou l ka jwenn benediksyon, sa ki depaman ak sa Bib la di. — Jan 14:6; 16:23 *.

“NOU MENM KI RENMEN JEWOVA, RAYI SA KI MAL”

21. Ki kalite fèt kretyen yo rejte menmsi fèt sa yo pa soti nan relijyon, e poukisa?

21 Nan kèk peyi, yo òganize kanaval oubyen madi gra chak ane. Fèt sa yo montre jan monn nan fin kòwonpi jodi a, e tandans sa a pou moun yo vin pi kòwonpi a se yon tandans Gran Babilòn nan ap ankouraje swa dirèkteman, swa endirèkteman. Nan fèt sa yo, moun yo danse yon fason ki chokan, e yo menm ankouraje moun montre aklè yo se omoseksyèl oswa yo se lesbyèn. Èske li t ap nòmal pou yon moun ki renmen Jewova ta patisipe nan fèt sa yo oswa pou l ta gade yo nan televizyon? Si li ta aji konsa, èske li t ap montre se toutbonvre li rayi sa ki mal (Sòm 1:1, 2; 97:10)? L ap pi bon lontan pou nou imite atitid yon salmis ki te priye Jewova konsa: “Pa kite je m ret ap gade sa k pa vo anyen.” — Sòm 119:37.

22. Ki lè yon kretyen ka deside selon konsyans li si l ka patisipe nan yon fèt oswa si l pa ka patisipe ladan l?

22 Nan jou fèt moun nan monn nan selebre yo, li ta bon pou yon kretyen veye pou fason li konpòte l pa bay enpresyon l ap patisipe nan fèt sa yo. Pòl te ekri: “Kit n ap manje, kit n ap bwè, kit n ap fè nenpòt lòt bagay, fè tout bagay pou glwa Bondye.” ​(1 Korentyen 10:31; gade kare ki gen tit: “ Se pou nou pran bon desizyon”.) Yon lòt bò, si li klè yon koutim oswa yon fèt pa gen okenn rapò ak fo relijyon, li pa gen okenn rapò ak politik oswa li pa yon fèt nasyonal e li pa vyole okenn prensip biblik, chak kretyen ka deside si wi ou non l ap patisipe ladan l. Anmenmtan, l ap bon pou l pran santiman lòt moun an konsiderasyon yon fason pou l pa fè yo bite.

GLORIFYE BONDYE NI NAN PAWÒL NOU NI NAN AKSYON NOU

23, 24. Ki jan nou ka ede moun yo apresye prensip Jewova yo ki jis?

23 Gen anpil moun ki konsidere kèk jou fèt kòm yon okazyon pou yo reyini ak fanmi yo e ak zanmi yo. Sepandan, si yon moun mal konprann pwennvi nou genyen konsènan fèt sa yo, pwennvi ki baze sou Bib la, si l ta panse se paske nou pa gen konsiderasyon pou lòt moun oswa se paske nou fanatik ki fè nou gen pwennvi nou genyen an, avèk jantiyès, nou ka esplike l jan Temwen Jewova yo apresye pase bon ti moman ak fanmi yo oswa ak zanmi yo (Pwovèb 11:25; Eklezyas 3:12, 13; 2 Korentyen 9:7). Nou renmen pase bon ti moman ak moun nou renmen yo e nou fè sa pandan tout ane a, men, lefètke nou renmen Bondye e nou renmen prensip li yo ki jis, nou pa vle sal bèl okazyon sa yo ak koutim ki pa fè Bondye plezi. — Gade kare ki gen tit: “ Vrè adorasyon an fè nou jwenn pi gwo jwa ki genyen an.

24 Gen kèk Temwen Jewova ki jwenn bon rezilta lè yo pataje enfòmasyon ki nan chapit 16 liv Ki sa Labib kapab anseye nou? * an ak moun ki sensè. Sepandan, nou pa dwe janm bliye, objektif nou se pa montre moun yo yo nan erè, men, se atire yo vin adore Jewova. Kidonk, se pou nou montre nou gen respè pou moun yo, se pou nou toujou gen yon tanperaman ki dou, “se pou pawòl nou toujou bèl, se pou l sizonnen ak sèl”. — Kolosyen 4:6.

25, 26. Ki sa paran yo ka fè pou yo ede pitit yo vin gen plis lafwa e pou yo vin gen plis lanmou pou Jewova?

25 Antanke sèvitè Jewova, nou tout nou jwenn bonjan enstriksyon nan divès domèn. Nou konnen poukisa nou kwè yon seri bagay, poukisa nou pratike yo e nou konnen poukisa nou evite pratike kèk lòt (Ebre 5:14). Se sa k fè ou menm paran ou dwe anseye pitit ou pou yo aprann rezone sou baz prensip ki nan Bib la. Lè w fè sa, w ap fè lafwa yo vin solid, e sa ap ede yo pou yo ka bay repons ki baze sou Ekriti yo lè moun poze yo kesyon konsènan kwayans yo. Mete sou sa, w ap konvenk yo Jewova renmen yo. — Ezayi 48:17, 18; 1 Pyè 3:15.

26 Tout moun k ap adore Jewova “avèk lespri ak laverite” pa sèlman evite fèt ki depaman ak sa Bib la di, men tou yo fè efò pou yo rete onèt nan tout aspè nan lavi yo (Jan 4:23). Jodi a, anpil moun panse sa pa itil anyen pou yo onèt. Men, jan nou pral wè sa nan chapit ki vin apre a, se chemen Bondye yo ki toujou pi bon.

^ § 3 Gade kare ki gen tit: “ Èske m dwe patisipe nan fèt la?” Nan Index des publications Watch Tower ak nan Gid pou Temwen Jewova yo fè rechèch, gen yon lis fèt byen presi yo bay enfòmasyon sou yo. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa yo.

^ § 5 Lè nou baze sou sa Bib la di e sou sa listwa di, nou ka panse li pwobab pou Jezi te fèt nan ane 2 anvan epòk nou an, nan mwa Etanim, yon mwa nan kalandriye juif la ki kòmanse nan mwa septanm e ki fini nan mwa oktòb. — Gade Étude perspicace des Écritures, volim 2, paj 20-21. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

^ § 11 Gade kare ki gen tit: “ Jou fèt ak Satanis”.

^ § 11 Alyans Lalwa a te mande pou fi yo ofri yon sakrifis pou peche apre yo fin fè yon tibebe (Levitik 12:1-8). Se yon rapèl ki fè sonje paran yo transmèt peche bay pitit yo. Egzijans sa a te ede Izrayelit yo gen yon pwennvi ekilibre sou nesans yon timoun, e petèt sa te fè yo pa adopte koutim payen yo te genyen pou yo selebre anivèsè nesans. — Sòm 51:5.

^ § 13 Eostre oubyen Ostara te yon deyès fètilite tou. Selon yon diksyonè, “Eostre te gen yon lapen ki renmen ze ki t ap viv nan lalin nan, e pafwa yo te konn prezante tèt Eostre sou fòm tèt lapen.” — The Dictionary of Mythology.

^ § 18 Gade de atik ki pale sou maryaj ak kèk aktivite an gwoup nan Toudegad 1ye novanm 2006, paj 8-17 ak yon lòt atik an fransè ki pale sou maryaj ak aktivite an gwoup tou nan Toudegad 15 oktòb 2006, paj 28-31 (fransè).

^ § 20 Gade Toudegad 15 fevriye 2007, paj 30-31 (fransè).

^ § 24 Se Temwen Jewova ki pibliye l.